Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w aksepte èd Jewova ?

Èske w aksepte èd Jewova ?

Èske w aksepte èd Jewova ?

“ Se Jewova ki èd mwen, mwen pap pè. ” — EBRE 13:6.

1, 2. Poukisa li enpòtan pou nou aksepte èd Jewova e pou nou kite l gide nou nan lavi nou ?

IMAJINE w ap fè yon long pwomnad nan yon wout jennen nan yon mòn. Men, ou pa poukont ou, paske gen yon gid ki te mande w pou l akonpaye w, e moun sa a se pi bon gid ki te ka genyen. Li gen plis eksperyans e li gen plis rezistans pase w lontan. Epoutan, avèk pasyans, l ap mache ansanm avè w. Li remake pafwa ou trebiche. Etan nou rive yon kote ki danjere, kòm li pa vle anyen mal rive w, li lonje men l ba ou pou l ede w. Èske ou t ap refize èd li ? Piske se pou byen w, ou pa t ap janm refize yon èd konsa.

2 Antanke kretyen, nou gen yon wout difisil n ap fè. Èske nou ta dwe mache nan wout jennen sa a poukont nou (Matye 7:14) ? Non, Labib montre nou Jewova Dye, pi bon Gid ki te ka genyen, pèmèt imen mache ansanm avè l (Jenèz 5:24 ; 6:9). Èske Jewova ede sèvitè l yo etan y ap mache avè l ? Men sa l di : “ Mwen menm, Jewova Bondye w la, m ap pran men dwat ou, Sila a ki di w : ‘ Ou pa bezwen pè. Mwen menm, m ap ede w. ’ ” ​(Izayi 41:13). Menm jan ak gid nan egzanp nou te pran an, avèk bonte, Jewova lonje men l, li ofri amitye l bay tout moun k ap chèche mache avè l. Asireman, pa gen nou youn ki ta renmen refize èd li !

3. Ki kesyon nou pral egzamine nan atik sa a ?

3 Nan atik ki vin anvan an, nou te pale de kat fason Jewova te ede sèvitè l yo nan tan lontan. Èske li ede sèvitè l yo menm jan an jodi a ? Kòman nou ka fè sèten nou aksepte tout fason li ede nou ? Annou egzamine kesyon sa yo. Konsa, n ap vin gen plis konfyans se Jewova ki Èd nou toutbonvre. — Ebre 13:6.

Li ede nou pa mwayen zanj yo

4. Poukisa sèvitè Bondye nan epòk nou an dwe gen konfyans zanj yo ap soutni yo ?

4 Èske zanj yo ede sèvitè Jewova yo jodi a ? Wi, yo fè sa. Se vre jodi a, yo pa parèt byen vizib pou vin delivre vrè adoratè yo lè yo an danje. Menm nan tan biblik yo, se raman zanj yo te konn entèvni yon fason ki vizib. Pifò aksyon zanj yo te konn akonpli, moun pa t konn wè yo, menm jan ak jodi a. Men, lè sèvitè Bondye yo te reyalize gen zanj ki la pou soutni yo, sa te ba yo anpil fòs (2 Wa 6:14-17). Nou gen tout rezon pou nou santi nou menm jan an tou.

5. Ki jan Bib la montre zanj yo ap patisipe nan travay predikasyon an jodi a ?

5 Zanj Jewova yo sitou enterese nan yon travay espesyal n ap patisipe ladan l. Ki travay sa a ? N ap jwenn repons lan nan Revelasyon 14:6, li di : “ Mwen te wè yon lòt zanj ki t ap vole nan mitan syèl la, e li te gen yon bon nouvèl etènèl pou l anonse kòm evanjil pou moun ki abite sou tè a, pou tout nasyon, ak tribi, ak lang, ak pèp. ” Li evidan, “ bon nouvèl etènèl ” sa a gen yon lyen avèk ‘ bon nouvèl wayòm nan ’ Jezi te predi ki t ava “ preche sou tout latè ki abite kòm temwayaj pou tout nasyon ” anvan lafen sistèm de choz sa a (Matye 24:14). Natirèlman, se pa zanj yo dirèkteman k ap preche. Se imen Jezi te bay akonpli misyon enpòtan sa a (Matye 28:19, 20). Men, èske sa pa ankourajan pou nou konnen pandan n ap akonpli misyon sa a, zanj yo, kreyati espirityèl ki sen, ki pisan e ki saj sa yo, ap ede nou ?

6, 7. a) Ki sa ki montre zanj yo ap soutni travay predikasyon nou an ? b) Ki sa pou nou fè pou nou sèten n ap resevwa soutyen nan men zanj Jewova yo ?

6 Gen anpil prèv ki montre zanj yo ap soutni travay nou an. Pa egzanp, souvan nou tande gen Temwen Jewova, pandan yo t ap preche, ki rankontre ak yon moun ki te apèn fin priye Bondye pou ede l jwenn laverite. Eksperyans sa yo rive twò souvan pou nou ta rele yo kowensidans. Kòm rezilta èd zanj yo, gen plis moun toujou k ap aprann fè sa ‘ zanj k ap vole nan mitan syèl la ’ ap pwoklame a, sa vle di y ap aprann “ krenn Bondye ” e y ap aprann “ ba li glwa ”. — Revelasyon 14:7.

7 Èske w ta swete zanj pisan Jewova yo soutni w tou ? Ebyen, fè tout sa w kapab pou bay tout ou menm nan ministè a (1 Korentyen 15:58). Lè nou depanse nou san konte nan travay espesyal sa a Jewova konfye nou an, nou kapab konte sou èd zanj yo.

Èd nan men Chèf zanj yo

8. Ki gwo pozisyon Jezi okipe nan syèl la, e poukisa sa ban nou asirans ?

8 Jewova fè nou jwenn èd zanj yon lòt fason ankò. Revelasyon 10:1 pale de yon “ zanj ki gen fòs ”, yon zanj enpresyonan, “ figi l te tankou solèy la ”. Asireman, zanj sa a ki parèt nan vizyon an se Jezi Kris nan pisans li nan syèl la (Revelasyon 1:13, 16). Èske vrèman Jezi se yon zanj ? Nan yon sans, wi, paske li se yon akanj (1 Tesalonisyen 4:16). Ki sa yon akanj ye ? Mo sa a vle di “ zanj prensipal ” oswa “ zanj an chèf ”. Nan tout pitit espirityèl Jewova yo, se Jezi ki pi pisan. Jewova mete l alatèt tout lame zanj Li yo. Akanj sa a se vrèman yon èd ki pisan. Nan ki sans ?

9, 10. a) Ki jan Jezi sèvi tankou yon “ asistan ” pou nou lè nou peche ? b) Ki jan egzanp Jezi ede nou ?

9 Apot Jan, nan vyeyès li, te ekri pawòl sa yo : “ Si sa rive yon moun fè yon peche, nou gen yon asistan bò kot Papa a, Jezi Kris, yon moun ki jis. ” ​(1 Jan 2:1). Poukisa Jan di Jezi se yon “ asistan ” pou nou espesyalman lè nou “ fè yon peche ” ? Pa bliye, nou peche chak jou, e peche mennen nan lanmò (Eklezyas 7:20 ; Women 6:23). Men, Jezi bay lavi l kòm sakrifis pou peche nou. Li bò kote Papa nou ki plen mizèrikòd, l ap fè siplikasyon pou nou. Se nou tout ki bezwen yon èd konsa. Ki sa pou nou fè pou nou aksepte èd sa a ? Nou bezwen repanti pou peche nou e nou bezwen chèche padon sou baz sakrifis Jezi a. Anplis de sa, nou bezwen fè efò pou nou pa retonbe nan peche sa yo.

10 Non sèlman Jezi te mouri pou nou, men li ban nou yon egzanp pafè tou (1 Pyè 2:21). Egzanp li gide nou, li ede nou mennen lavi nou yon fason pou nou pa fè peche grav, yon fason ki pèmèt nou fè Jewova Dye plezi. Èske nou pa byen kontan jwenn èd sa a ? Jezi te pwomèt disip li yo yo t ap resevwa yon lòt asistan ankò.

Li ede nou pa mwayen lespri sen

11, 12. Ki sa lespri Jewova ye, ki kalite pisans li genyen, e poukisa nou bezwen l jodi a ?

11 Men pwomès Jezi te fè : “ Mwen va mande Papa a e li va ban nou yon lòt asistan ki pou avèk nou toutan, lespri verite a, lespri monn nan pa ka resevwa a. ” ​(Jan 14:16, 17). “ Lespri verite ” sa a, oubyen ankò lespri sen, se pa yon moun, men se pito yon fòs, se pwòp fòs aktif Jewova. Li gen yon pisans ki san limit. Se fòs sa a Jewova te itilize pou l kreye linivè, pou l fè mirak estrawòdinè e pou l revele volonte l nan yon seri vizyon. Etandone Jewova pa itilize lespri li nan fason espesyal sa yo jodi a, èske sa vle di nou pa bezwen lespri sa a pou otan ?

12 Okontrè ! Nan “ tan ki kritik e ki difisil pou moun sipòte ” n ap viv la yo, se kounye a nou plis bezwen lespri Jewova (2 Timote 3:1). Li fòtifye nou pou nou andire anba eprèv. Li ede nou kiltive bèl kalite ki fè nou vin pi pwòch Jewova e pi pwòch frè ak sè espirityèl nou yo (Galat 5:22, 23). Alò, ki sa pou n fè pou n benefisye èd estrawòdinè sa a Jewova bay la ?

13, 14. a) Sa k fè nou kapab sèten Jewova dispoze bay sèvitè l yo lespri sen l ? b) Ki kalite konpòtman nou ka genyen k ap montre nou pa vrèman aksepte kado Bondye ban nou an, anpalan de lespri sen ?

13 Premyèman, nou bezwen priye pou nou resevwa lespri sen. Jezi te di : “ Si nou menm, malgre nou mechan, nou konnen pou nou bay pitit nou bonjan kado, alewè pou Papa a ki nan syèl la, moun ki mande l lespri sen, l ap ba yo l. ” ​(Lik 11:13). Wi, Jewova se pi bon Papa yon moun te ka genyen. Si, ak lafwa e ak senserite, nou mande l lespri sen, li pa posib pou l ta refize nou kado sa a. Kounye a, se pou n mande tèt nou, èske nou mande l li ? Nou ta dwe mande sa nan priyè nou chak jou.

14 Dezyèmman, nou aksepte kado sa a lè nou aji ann amoni avè l. Ann pran yon egzanp : sipozon yon kretyen gen tandans gade pònografi. Nan lit l ap mennen kont tandans sa a, li priye Bondye pou ba l lespri sen pou ede l reziste devan vye abitid sal sa a. Li chèche konsèy nan men ansyen yo, e yo ankouraje l pou l aji avèk fèmte, pou l pa menm pase toupre imaj degradan sa yo (Matye 5:29). E si kounye a, lè l devan yon tantasyon, li vag sou konsèy ansyen yo ba li, li kontinye gade imaj sa yo ? Èske li aji ann amoni ak priyè li te fè pou lespri sen ede l ? Oubyen èske li pa riske atriste lespri sen Bondye, sa ki ka fè l pèdi kado sa a (Efezyen 4:30) ? Pa gen dout, se nou tout ki bezwen fè tout sa nou kapab pou nou asire nou n ap kontinye resevwa èd estrawòdinè sa a nan men Jewova.

Li ede nou pa mwayen Pawòl li

15. Ki jan nou ka montre nou pa pran Labib kòm yon liv òdinè ?

15 Depi plizyè syèk, Labib te toujou yon èd pou sèvitè fidèl Jewova yo. Olye pou nou ta pran Ekriti sakre yo tankou yon liv òdinè, nou ta dwe met nan tèt nou li se yon èd ki pisan. Men, pou nou aksepte èd sa a, sa mande efò. Nou ta dwe pran abitid li Labib chak jou.

16, 17. a) Ki jan Sòm 1:2, 3 dekri byenfè moun ki li lwa Bondye a ap jwenn ? b) Ki jan Sòm 1:3 montre nou dwe fè gwo efò ?

16 Tande sa Sòm 1:2, 3 di konsènan yon moun ki fè Bondye plezi : “ Tout plezi l se nan lwa Jewova, e nan lwa l, li li tou ba lajounen kou lannuit. E vrèmanvre, l ap vin tankou yon pyebwa ki plante bò kouran dlo, ki bay fwi lè sezon l rive, fèy li pa fennen, e tout sa l fè ap reyisi. ” Èske w wè ide enpòtan ki nan pasaj sa a ? Li fasil pou w li pawòl sa yo epi pou w panse se yon bèl ti kote trankil y ap dekri, yon pyebwa ki bò yon rivyè, ki bay anpil lonbray. Ala bon sa t ap bon si yon moun ta jwenn yon kote konsa pou l fè syès ! Men sòm sa a pa envite nou pran lèz kò nou. Okontrè, li dekri yon imaj ki toutafè diferan, yon travay ki mande gwo efò. Nan ki sans ?

17 Yon bagay pou nou remake sèke pyebwa a se pa yon pyebwa ki bay lonbray sèlman e ki pouse bò yon rivyè pa aza. Se yon pyebwa ki bay fwi, yon pyebwa yo “ plante ” yon kote yo chwazi pou sa, “ bò kouran dlo ”. Men, ki jan yon pyebwa fè pouse bò kote plizyè kouran dlo ? An jeneral, yon moun ki gen yon jaden fwi fouye plizyè rigòl dlo pou fè dlo rive nan rasin pyebwa yo. Èske kounye a nou konprann pwen an ? Si nou fleri tankou pyebwa sa a nan yon sans espirityèl, se paske gen anpil travay ki te fèt pou ede nou. Nou fè pati yon òganizasyon ki mennen dlo laverite ki pwòp vin jwenn nou, men nou dwe jwe wòl pa nou. Se nou ki dwe fè efò pou nou absòbe dlo presye sa a lè nou medite e lè nou fè rechèch yon fason pou nou fè verite nou jwenn nan Pawòl Bondye a antre nan lespri nou ak nan kè nou. Konsa, nou menm tou n ap rive pwodui bon fwi.

18. Pou nou ka jwenn repons biblik pou kesyon nou yo, ki sa pou nou fè ?

18 Labib pap itil nou anyen si nou kite l fèmen sou yon etajè. Se pa yon liv ki gen pouvwa majik, kòmsi nou ta ka fèmen je nou, nou ouvri l nan nenpòt paj epi n ap jwenn repons kesyon nou yo nan paj ki ouvri devan nou an. Lè nou gen desizyon pou nou pran, n ap bezwen fouye pou n jwenn “ konesans Bondye bay la ” kòmsi nou t ap chèche yon trezò anba tè (Pwovèb 2:1-5). Pou nou jwenn konsèy nan Bib la sou yon bezwen espesyal nou genyen, byen souvan nou bezwen pran san nou pou nou fè bonjan rechèch. Nou gen anpil piblikasyon ki baze sou Bib la ki ka ede nou nan rechèch nou yo. Lè nou sèvi avèk yo pou nou fouye avèk dilijans pou nou ka jwenn sajès ki gen nan Pawòl Bondye a, yon sajès ki itil anpil, n ap montre vrèman nou aksepte èd sa a Jewova ban nou.

Li ede nou pa mwayen kwayan parèy nou

19. a) Sa k fè nou ka konsidere atik ki parèt nan Toudegad oswa nan Réveillez-vous ! yo kòm yon èd nou jwenn pa mwayen kwayan parèy nou ? b) Ki jan yon atik byen presi ki te parèt nan peryodik nou yo te ede w ?

19 Depi tout tan, sèvitè Jewova yo te toujou yon èd youn pou lòt. Èske Jewova vle pou sa chanje ? Non. Nou chak nou gen nan tèt nou yon sitiyasyon kote yon kwayan parèy nou te ban nou egzakteman èd nou te bezwen an e nan moman nou te bezwen l lan. Pa egzanp, èske w sonje yon atik nan Toudegad oswa nan Réveillez-vous ! ki te konsole w nan yon moman ou te bezwen sa, oswa ki te ede w rezoud yon pwoblèm oubyen tou ki te ede w afwonte yon eprèv ki te menase lafwa w ? Lè konsa, se Jewova ki ede w pa mwayen “ esklav fidèl ki prevwayan ” li etabli pou bay ‘ manje nan moman apwopriye ’. — Matye 24:45-47.

20. Ki fason ansyen yo ka montre yo se “ kado ” Bondye bay ?

20 Souvan, èd nou jwenn nan men konpayon nou yo konn pi dirèk toujou. Petèt yon ansyen te bay yon diskou ki te touche kè w, oubyen li te rann ou yon vizit pastoral ki te ede w travèse yon peryòd difisil, oubyen tou li te ba w bon ti konsèy ki te ede w dekouvri yon feblès ou te gen lakay ou jiskaske w rive venk feblès sa a. Gade sa yon kretyèn te ekri pou eksprime rekonesans li apre yon ansyen te fin ede l : “ Pandan nou te nan predikasyon, li te pran tan l pou l ankouraje m di sa k nan kè m. Lavèy, nan aswè, mwen te priye Jewova pou l fè m jwenn yon moun pou m pale. Nan demen, frè sa a te pale avè m avèk konpasyon. Li fè m wè fason Jewova ap ede m depi lontan. Mwen di Jewova mèsi poutèt li te voye ansyen sa a pou mwen. ” Lè ansyen yo aji nan fason sa yo, yo montre se Jewova, pa mwayen Jezi Kris, ki bay ‘ gason sa yo kòm kado ’ pou ede nou andire sou chemen lavi a. — Efezyen 4:8.

21, 22. a) Ki rezilta sa bay lè manm kongregasyon an aplike konsèy nou jwenn nan Filipyen 2:4 la ? b) Poukisa nou kapab di aksyon ki gen bonte yo, menmsi yo piti, yo gen enpòtans ?

21 Apa de ansyen yo, tout kretyen ta renmen aplike egzòtasyon enspire ki mande pou nou “ montre nou pa enterese sèlman nan zafè pa nou, men nou enterese tou nan sa ki konsène lòt moun ”. (Filipyen 2:4.) Lè manm kongregasyon an aplike konsèy sa a, sa vin fè youn manifeste bonte anvè lòt. Ann konsidere egzanp sa a : gen yon fanmi, sanzatann, ki te viv plizyè sitiyasyon trajik. Papa a te mennen yon pitit fi l al achte ansanm avè l. Pandan y ap tounen lakay yo, yo fè yon aksidan machin. Tifi a mouri, epi papa a blese grav. Lè papa a kite lopital la, misye te tèlman pa t bon, li pa t ka fè anyen pou kò l. Trajedi sa a te afekte madanm li anpil, sa te fè li pa t menm ka pran swen mari l poukont li. Gen yon koup nan kongregasyon an ki te pran yo lakay yo e ki te pran swen yo pandan plizyè semèn.

22 Natirèlman, se pa sèlman lè gen trajedi tankou sa a moun konn fè tout sakrifis sa a pou fè aksyon ki gen bonte. Pafwa, èd nou jwenn yo se nan bagay ki pi piti. Men piti kou l ye, se pa ti apresye nou apresye aksyon ki gen bonte sa yo ! Èske w sonje yon lè yon frè oswa yon sè te di w yon ti pawòl janti oswa yo te byen aji anvè w e se egzakteman sa ou te bezwen nan moman an ? Byen souvan, se nan fason sa yo Jewova pran swen nou. — Pwovèb 17:17 ; 18:24.

23. Lè youn ap fè efò pou ede lòt, ki jan Jewova konsidere sa ?

23 Èske w ta renmen pou Jewova sèvi avè w pou ede lòt moun ? Se yon privilèj ki la pou ou tou. Anfèt, Jewova apresye efò ou fè nan sans sa a. Men sa Pawòl li di : “ Moun ki fè piti a favè, se prete li prete Jewova, e jan l trete l la, L ap remèt li l. ” ​(Pwovèb 19:17). Lè nou ofri tèt nou pou ede frè ak sè nou yo, sa bay anpil jwa (Travay 20:35). Men, si yon moun chwazi izole tèt li, li pap jwenn jwa yon moun santi lè l ede lòt moun, ni li pap jwenn ankourajman yon moun benefisye lè l resevwa jan de èd sa yo (Pwovèb 18:1). Kidonk, annou asiste reyinyon nou yo ak fidelite, yon fason pou youn ankouraje lòt. — Ebre 10:24, 25.

24. Poukisa nou pa ta dwe santi nou defavorize poutèt nou pa viv mirak tankou mirak estrawòdinè Jewova te konn fè lontan yo ?

24 Èske sa pa agreyab pou nou reflechi sou divès fason Jewova ede nou ? Byenke nou pap viv nan yon moman kote Jewova ap fè mirak estrawòdinè pou akonpli objektif li, nou pa bezwen santi nou defavorize poutèt sa. Sa ki pi enpòtan, sèke Jewova ban nou tout èd nou bezwen pou nou rete fidèl. E si nou tout ansanm nou andire nan lafwa, n ap gen pou n wè aksyon ki pi glorye, aksyon ki pi estrawòdinè moun pa t janm wè nan tout listwa. Annou detèmine pou nou aksepte èd Jewova ban nou avèk amou, e annou pwofite de yo o maksimòm, yon fason pou nou ka di pawòl tèks pou ane 2005 lan, ki di : “ Sekou m soti nan Jewova. ” — Sòm 121:2.

Ki sa w panse ?

•Ki jan Jewova ban nou èd nou bezwen jodi a :

• pa mwayen zanj yo ?

• pa mwayen lespri sen ?

• grasa Pawòl enspire li a ?

• pa mwayen kwayan parèy nou ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 12]

Se yon bagay ki ankourajan pou nou konnen zanj yo ap soutni travay predikasyon an.

[Foto nan paj 15]

Jewova ka sèvi ak yon kwayan parèy nou pou li ban nou konsolasyon nou bezwen an.