Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan ki nan dezyèm liv Samyèl la

Pwen enteresan ki nan dezyèm liv Samyèl la

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan ki nan dezyèm liv Samyèl la

REKONÈT souvrènte Jewova, èske sa vle di yon obeyisans san fay ? Èske si yon moun entèg sa vle di li toujou fè sa ki dwat nan je Bondye ? Ki kalite moun vrè Dye a twouve ki “ agreyab selon kè l ” ? (1 Samyèl 13:14.) Dezyèm liv Samyèl la reponn kesyon sa yo yon fason ki satisfè moun ki vle konnen.

Se Gad ak Natàn, de pwofèt ki te pwòch ak David, wa Izrayèl, ki te ekri dezyèm liv Samyèl la *. Se yon liv ki fin ekri apeprè nan ane 1040 anvan epòk nou an, pou byen di nan fen rèy wa David la ki te dire 40 an. Liv sa a pale prensipalman de David ak relasyon l avèk Jewova. Istwa pasyonan sa a esplike ki jan yon nasyon ki te toujou gen konfli k ap dechire l fè vin ini e vin ap pwospere anba dominasyon yon wa vanyan. Se yon istwa ki rich ak santiman moun abitye manifeste, santiman ki eksprime avèk anpil entansite.

DAVID TE VIN “ JWENN GRANDÈ CHAK JOU PI PLIS ”

(2 Samyèl 1:1–10:19)

Reyaksyon David lè yo ba l nouvèl lanmò Sayil ak Yonatàn montre ki santiman li genyen pou yo e ki santiman li genyen pou Jewova. Nan vil Ebwòn, yo kouwone David antanke wa sou tribi Jida, tandiske se Ichbochèt, yon pitit gason Sayil, yo mete wa nan rès peyi Izrayèl la. David kontinye “ jwenn grandè chak jou pi plis ” e apre anviwon setan edmi, li vin wa sou tout Izrayèl. — 2 Samyèl 5:10.

David pran Jerizalèm nan men Yebouzit yo e li fè vil la tounen kapital wayòm li. Li fè yon premye tantativ pou l transfere Lach alyans lan Jerizalèm, men bagay yo fini mal. Sepandan, nan dezyèm tantativ la, sa mache, e David tonbe danse tèlman l kontan. Jewova fè yon alyans ak David pou yon wayòm. David te ranpòte laviktwa sou tout ènmi l yo grasa soutyen Bondye te ba li.

Kesyon biblik ak tout repons :

2:18 — Poukisa yo prezante Yowab ak de frè l yo kòm twa pitit gason Sewouya, manman yo ? Nan Ekriti ebrayik yo, se nan papa a tout jeneyaloji te konn pase. Petèt mari Sewouya te gentan mouri oubyen yo ka te jije li pa apwopriye pou yo mete l nan rejis sakre a. Li posib tou pou se paske Sewouya te sè David oubyen demi sè l ki fè se non l yo site (1 Kwonik 2:15, 16). Sèl lè yo mansyone papa twa mesye yo, se yon lè kote yo pale de tonm li ki te Betleyèm. — 2 Samyèl 2:32.

3:29 — Ki sa Bib la vle di lè l pale de “ yon nonm ki met men sou aks k ap vire a ” ? Selon koutim epòk la, se medam yo ki te konn tise twal. Se sa k fè, ekspresyon sa a ka ap pale de gason ki pa t nan kondisyon pou yo patisipe nan yon seri de aktivite, tankou lagè pa egzanp, e ki te oblije fè travay an jeneral ki te rezève pou fi.

5:1, 2 — Apre yo te fin asasinen Ichbochèt, konbyen tan ki te pase anvan David te vin wa sou tout Izrayèl ? Li rezonab pou nou panse Ichbochèt te kòmanse rèy li a, ki te dire dezan, yon ti tan apre Sayil te fin mouri, apeprè menm lè David te kòmanse rèy pa l la nan vil Ebwòn. David te dirije Jida detan Ebwòn pandan setan edmi. Tousuit apre yo fin kouwone l wa sou tout Izrayèl, li deplase kapital la, li mete l Jerizalèm. Konsa, apre lanmò Ichbochèt, gen anviwon senk ane ki te pase anvan David vin wa sou tout Izrayèl. — 2 Samyèl 2:3, 4, 8-11 ; 5:4, 5.

8:2 — Konbyen Mowabit yo te egzekite apre batay ki te genyen ant yo menm ak Izrayelit yo ? Pou yo te kalkile kantite a, sanble se mezire yo te mezire l, yo pa t konte l. Sanble David te fè Mowabit yo kouche atè kòtakòt. Ansuit, li te mezire ranje a ak yon kòdo, oswa yon kòd. Aparamman, yo te touye de kòdo Mowabit, sa te egal a de tyè Mowabit, e yo te epaye yon kòdo, oswa yon tyè nan yo.

Leson pou nou jodi a :

2:1 ; 5:19, 23. David te chèche konnen sa Jewova panse anvan l al rete Ebwòn e anvan l monte kont ènmi l yo. Nou menm tou nou fèt pou nou chèche direktiv nan men Jewova lè n ap pran desizyon k ap gen efè sou espirityalite nou.

3:26-30. Vanjans pote move konsekans. — Women 12:17-19.

3:31-34 ; 4:9-12. David pa t gen rankin ni li pa t gen espri vanjans. Se yon bèl egzanp pou nou.

5:12. Nou pa dwe janm bliye se Jewova ki fòme nou nan chemen l e se li ki fè li posib pou nou gen bonjan relasyon avè l.

6:1-7. Kwak David te gen bon entansyon, lè l te fè tantativ pou l transpòte Lach la sou charyo a, se yon lwa Bondye li te vyole, e sa te fini mal (Egzòd 25:13, 14 ; Nonb 4:15 , 19; 7:7-9). Anplis de sa, sa k te pase lè Ouza te poze men sou lach la montre se pa paske yon moun gen bon entansyon ki fè Bondye ap chanje sa l mande.

6:8, 9. David te twouve l nan yon sitiyasyon difisil, e premye reyaksyon l, li te mete l ankòlè (petèt li te menm blame Jewova pou sa k te rive a), ansuit li te vin pè. Nou dwe pran prekosyon pou nou pa rann Jewova responsab pwoblèm nou rankontre lè nou pa mete kòmandman l an pratik.

7:18, 22, 23, 26. Imilite David te gen lakay li, atachman san pataj li te gen pou Jewova ak fason li te enterese egzalte non Bondye, tout sa se bèl egzanp pou nou imite.

8:2. Yon pwofesi yo te anonse depi anviwon 400 an te jwenn akonplisman l (Nonb 24:17). Pawòl Jewova toujou akonpli.

9:1, 6, 7. David te kenbe pwomès li. Nou menm tou nou fèt pou nou fè tout efò nou pou nou kenbe pawòl nou.

JEWOVA VOYE MALÈ SOU WEN L LAN

(2 Samyèl 11:1–20:26)

Jewova di David konsa : “ Gade ! M ap voye malè sou ou, malè k ap soti nan pwòp kay ou. Wi, m ap pran madanm ou yo devan je w e m ap bay sanblab ou yo, e san mank, li gen pou l kouche ak madanm ou yo devan je solèy la. ” ​(2 Samyèl 12:11). Poukisa Bondye pwononse yon jijman konsa ? Se poutèt peche David fè ak Batcheba a. Kwak David jwenn padon poutèt li repanti, li kanmenm peye konsekans peche l fè a.

Toudabò, pitit Batcheba fè pou li a mouri. Ansuit, Amnòn vyole Tama, pitit fi David, pwòp sè Amnòn bò kot papa, alòske manmzèl te vyèj. Pou Absalòm, frè Tama, tire revanj, li touye Amnòn. Absalòm monte yon konplo kont pwòp papa l, e li pwoklame tèt li wa sou Ebwòn. David oblije kouri kite Jerizalèm. Absalòm kouche ak dis nan madanm sou kote papa l te kite pou pran swen kay la. Se sèlman apre yo touye Absalòm, David te anmezi pou l retounen sou pouvwa l ankò. Yon Benjaminit ki rele Cheba revòlte kont David, e rebelyon sa a abouti nan lanmò misye.

Kesyon biblik ak tout repons :

14:7 — Lè Bib la pale de “ dife ki rete nan chabon m yo ”, ki sa sa senbolize ? Lè yo pale de dife ki rete nan yon chabon ki pa boule vit, se pou yo pale de desandan ki vivan.

19:29 — Lè Mefibochèt te fin esplike David sitiyasyon an, poukisa se konsa David te reyaji ? Lè David fin koute Mefibochèt, siman li te vin reyalize li pa t dwe kouri kwè nan sa Siba te di l la (2 Samyèl 16:1-4 ; 19:24-28). Sa te irite David, e sa te fè l pa t vle tande anyen ankò sou sijè a.

Leson pou nou jodi a :

11:2-15. Lefètke istwa a rakonte onètman erè David te komèt yo, sa montre Labib se vrèman Pawòl Bondye.

11:16-27. Lè nou komèt yon peche grav, nou pa fèt pou nou eseye kache l, jan David te fè a. Olye de sa, nou fèt pou nou konfese peche nou bay Jewova e nou fèt pou nou chèche èd nan men ansyen ki nan kongregasyon an. — Pwovèb 28:13 ; Jak 5:13-16.

12:1-14. Natàn kite yon bèl egzanp pou ansyen nan kongregasyon yo. Yo fèt pou yo ede moun ki tonbe nan peche pou yo reprann yo. Ansyen yo bezwen anpil abilite pou yo andose responsablite sa a.

12:15-23. Piske David te gen yon pwennvi kòrèk sou sa ki te rive l la, sa te ede l byen reyaji lè li te wè malè tonbe sou li.

15:12 ; 16:15, 21, 23. Lè Ayitofèl, yon konseye entèlijan, te wè Absalòm ka pran pouvwa a, ògèy ak anbisyon te pouse l trayi David. Lè yon moun gen entèlijans, men li pa gen imilite ak fidelite, sa ka tounen yon pyèj pou li.

19:24, 30. Mefibochèt te vrèman apresye bonte ki plen lanmou David te manifeste anvè l. Li te soumèt li san pwoblèm devan desizyon wa a te pran konsènan Siba. Nou menm tou si nou apresye Jewova ak òganizasyon l lan, sa ta dwe pouse nou soumèt nou devan desizyon ki pran.

20:21, 22. Sajès yon sèl moun ka epaye yon bann moun pou malè pa rive yo. — Eklezyas 9:14, 15.

“ ANN TONBE ANBA MEN JEWOVA ”

(2 Samyèl 21:1–24:25)

Gen twa ane grangou ki tonbe sou peyi a poutèt Sayil te fè touye Gibeyonit yo (Jozye 9:15). Pou Gibeyonit yo vanje san ki te koule yo, yo mande pou yo egzekite sèt pitit gason Sayil. David livre yo bay Gibeyonit yo, e sechrès la sispann, lapli tonbe. Gen kat jeyan filisten ki te “ pèdi lavi yo anba men David ak sèvitè l yo ”. — 2 Samyèl 21:22.

David komèt yon peche grav : li bay lòd pou yo fè yon resansman ki ilegal. Li repanti e li chwazi tonbe “ anba men Jewova ”. (2 Samyèl 24:14.) Konsekans ? Swasanndis mil moun mouri anba maladi. David suiv enstriksyon Jewova ba li e flewo a sispann.

Kesyon biblik ak tout repons :

21:8 — Sa k fè nan vèsè sa a yo di Mikal, pitit Sayil, te gen senk pitit gason, alòske 2 Samyèl 6:23 di li te mouri san l pa fè pitit ? Esplikasyon ki pi kouran moun aksepte a sèke timoun sa yo se pitit Merab, sè Mikal, ki te marye ak Adriyèl. Sanble Merab te mouri bonè, e Mikal, ki pa t gen timoun, te elve timesye yo.

21:9, 10 — Pandan konbyen tan Ritspa te rete ap veye de pitit gason l yo ak senk pitit pitit Sayil Gibeyonit yo te touye yo ? Yo te pann mesye sa yo “ nan premye jou rekòt yo ”, swa nan mwa mas oswa avril. Yo te kite kadav yo ekspoze sou yon mòn. Ritspa te siveye sèt kadav yo lajounen kou lannuit, jiskaske Jewova mete yon fen nan sechrès ki te genyen an pou l montre kòlè li te kalme. Li te trè difisil pou yon gwo lapli ta tonbe anvan oktòb, sezon kote rekòt la te fini an. Se sa k fè Ritspa dwe te pase senk ou simwa ap veye kadav sa yo. Apre sa, David te fè antere zo mesye yo.

24:1 — Poukisa se te yon peche grav David te fè lè l te konte pèp la ? Fè yon resansman an li menm se pa yon bagay Lalwa te entèdi (Nonb 1:1-3 ; 26:1-4). Bib la pa di pou ki motif David te konte pèp la. Sepandan, selon sa 1 Kwonik 21:1 endike, se Satan ki te ensite l fè sa. De tout fason, Yowab, chèf lame l la, te konnen se te yon move desizyon li te pran lè l fè resansman pèp la, e li te eseye fè David chanje lide.

Leson pou nou jodi a :

22:2-51. David konpoze yon chante mayifik ki prezante Jewova kòm vrè Dye a, kòm Sila a ki merite pou nou mete tout konfyans nou nan li.

23:15-17. David te tèlman gen respè pou lwa Bondye bay sou lavi ak san, nan okazyon sa a li te refize fè yon bagay ki ta ka fè l pase pou yon moun ki vyole lwa sa a. Se yon etadespri nou dwe kiltive konsènan tout kòmandman Bondye yo.

24:10. Konsyans David te pouse l repanti. Èske konsyans pa nou sansib tou opwen pou l pouse nou aji menm jan an ?

24:14. David te konnen sa byen : Jewova gen plis mizèrikòd pase lèzòm. Èske se konviksyon pa nou tou ?

24:17. David te regrèt dèske li te fè tout nasyon an soufri akoz peche li te fè a. Yon moun ki peche e ki repanti fèt pou l santi yon remò konsènan opwòb aksyon l te komèt la rale sou kongregasyon an.

Nou tout ka vin ‘ agreyab selon kè Bondye ’

Dezyèm wa nasyon Izrayèl la se te ‘ yon nonm agreyab selon kè Jewova ’. (1 Samyèl 13:14.) David pa t janm gen dout sou prensip Jewova yo ki jis e li pa t janm chèche mennen yon vi ki ta fè l pran dwa granmoun li devan Bondye. Chak fwa David te komèt yon peche, li te rekonèt li fè peche, li te aksepte disiplin yo te ba li a, e li te korije sa k te merite korije lakay li. David se yon nonm entèg. Si nou imite l, sitou lè nou komèt yon peche, èske se pa yon prèv ki montre nou saj ?

Lavi David kore pwen sa a avèk fòs : nou montre nou rekonèt souvrènte Jewova lè nou aksepte prensip li konsènan sa ki byen ak sa ki mal e lè nou fè efò pou nou suiv prensip sa yo antanke moun ki vle kenbe entegrite nou. Nou tout ka fè l. Ala nou rekonesan pou tout leson sa yo nou tire lè nou egzamine dezyèm liv Samyèl la ! Vrèmanvre, mesaj enspire ki nan liv sa a se yon mesaj ki vivan e ki pisan. — Ebre 4:12.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Menmsi se pa Samyèl ki te ekri dezyèm liv Samyèl la, li kanmenm pote non l paske, okòmansman, premye liv Samyèl ak dezyèm liv Samyèl te fòme yon sèl woulo nan kanon ebrayik la. E se Samyèl ki ekri pifò nan premye liv Samyèl la.

[Foto nan paj 28]

Lefètke David te sonje kiyès ki te etabli twòn li solidman antanke wa, sa te ede l rete enb.

[Foto nan paj 30]

“ Gade ! M ap voye malè sou ou, malè k ap soti nan pwòp kay ou ”

Batcheba

Tama

Amnòn