Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pa kite jwen pou Dyab la

Pa kite jwen pou Dyab la

Pa kite jwen pou Dyab la

“ Pa bay Dyab la opòtinite. ” — EFEZYEN 4:27, Ford Porter.

1. Poukisa anpil moun gen dout sou egzistans Dyab la ?

PANDAN plizyè syèk, anpil moun te panse Dyab la se te yon kreyati ki gen kòn, ki gen zago fann, ki abiye an wouj e ki sèvi ak yon fouch pou l lage moun mechan nan yon dife lanfè ki byen cho. Bib la pa apiye ide sa a. Sepandan, pa gen dout sou sa, opinyon kwochi sa yo lakòz plizyè milyon moun gen dout sou egzistans Dyab la, oubyen yo panse mo dyab la dekri sèlman prensip ki pèmèt sa ki mal egziste.

2. Ki sa Ekriti yo di konsènan Dyab la ?

2 Bib la montre aklè Dyab la egziste, e kòm prèv, li menm bay temwayaj moun ki te wè l ak je yo. Jezi Kris te konn wè l nan syèl la, kote espri yo abite, e pandan Jezi te sou tè a, li te pale avè l tou (Jòb 1:6 ; Matye 4:4-11). Byenke Ekriti yo pa revele non kreyati espirityèl sa a te gen okòmansman, yo rele l Dyab (sa vle di “ Medizan ”), paske li te lage vèni sou do Bondye. Yo rele l Satan tou (ki vle di “ Opozan ”), paske li opoze ak Jewova. Bib la pale de Satan Ledyab kòm “ sèpan ki te la okòmansman an ”, siman paske li te sèvi ak yon sèpan pou l twonpe Èv (Revelasyon 12:9 ; 1 Timote 2:14). Yo rele l tou “ mechan an ”. — Matye 6:13 *.

3. Ki kesyon nou pral egzamine ?

3 Antanke sèvitè Jewova, nan okenn fason, nou pa vle sanble ak Satan, pi gwo ènmi sèl vrè Dye a. Se sa k fè, nou dwe koute konsèy apot Pòl la ki di : “ Pa bay Dyab la opòtinite. ” ​(Efezyen 4:27, Ford Porter). Men, ki aspè konsa nan pèsonalite Satan nou pa dwe imite ?

Pinga nou imite gwo medizan an

4. Ki medizans “ mechan an ” te fè sou Bondye ?

4 “ Mechan an ” merite pou yo rele l Dyab, paske li se yon medizan. Medizans se lè yon moun ap bay manti sou yon lòt moun ak mechanste pou sal repitasyon l. Bondye te bay Adan kòmandman sa a ki di : “ Kanta pou pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la, ou pa dwe manje ladan l, paske lejou w manje ladan l, w ap mouri san mank. ” ​(Jenèz 2:17). Aktout Èv te konnen kòmandman sa a, Dyab la te sèvi ak yon sèpan pou l di l : “ Nou pap mouri pyès. Paske Bondye konnen lejou nou manje ladan l, je nou pap manke pa ouvri, e san mank, n ap vin tankou Bondye, n ap konnen sa ki byen ak sa ki mal. ” ​(Jenèz 3:4, 5). Sa a se te yon medizans ki te fèt sou Jewova Dye nan move entansyon !

5. Poukisa Dyotrefès te dwe rann kont pou medizans li t ap fè yo ?

5 Izrayelit yo te resevwa kòmandman sa a ki di : “ Ou pa dwe sikile nan mitan pèp ou a pou w fè medizans. ” ​(Levitik 19:16). Apot Jan te pale konsènan yon medizan nan epòk li a, men sa li te di de li : “ Mwen ekri kongregasyon an yon bagay, men Dyotrefès, ki renmen gen premye plas pami yo, pa resevwa anyen ki sot bò kote nou avèk respè. Se poutèt sa, si mwen vini, m ap fè sonje aksyon li kontinye fè yo, kòman l ap mache di move pawòl sou nou. ” ​(3 Jan 9, 10). Dyotrefès te konn ap fè medizans sou Jan, e li te dwe rann kont pou sa. Poukisa pou yon kretyen ki fidèl ta vle sanble ak Dyotrefès, pou l ta imite Satan, pi gwo medizan an ?

6, 7. Poukisa nou pa vle fè medizans sou okenn moun ?

6 Byen souvan, yo konn fè medizans sou sèvitè Jewova yo e yo konn mete fo akizasyon sou do yo. “ Prèt an chèf yo ak eskrib yo pa t sispann leve kanpe pou akize [Jezi] avèk fòs. ” ​(Lik 23:10). Gran prèt Anànyas ansanm ak lòt moun ankò te lage fo akizasyon sou do Pòl (Travay 24:1-8). Bib la pale de Satan kòm “ akizatè frè nou yo [...] k ap akize yo lajounen kou lannuit devan Bondye nou an ”. (Revelasyon 12:10.) Frè sa yo y ap lage fo akizasyon sou yo se kretyen wen yo ki sou tè a nan dènye jou n ap viv la a yo.

7 Pa gen okenn kretyen ki ta renmen fè medizans sou lòt moun oubyen ki ta renmen lage fo akizasyon sou do lòt moun. Sepandan, sa ka rive si nou pa konnen tout enfòmasyon sou yon sijè epi nou kouri al temwaye kont yon moun. Sou Lwa Moyiz la, si yon moun ki t ap temwaye ta fè espre li bay manti nan temwayaj li a, yo ta gendwa menm touye l (Egzòd 20:16 ; Detewonòm 19:15-19). Anplis de sa, “ yon fo temwen k ap plede bay manti ” fè pati bagay ki detestab pou Jewova yo (Pwovèb 6:16-19). Kidonk, nou pa vle imite pi gwo medizan an, fo akizatè a.

Evite chemen premye asasen an

8. Nan ki sans Dyab la te ‘ yon asasen depi lè li te kòmanse ’ ?

8 Dyab la se yon asasen. Men sa Jezi te di konsènan Dyab la : “ Li menm, se yon asasen li te ye depi lè li te kòmanse. ” ​(Jan 8:44). Premye zak Satan te fè pou l te kòmanse, li te pouse Adan ak Èv vire do bay Bondye, e se konsa li te vin yon asasen. Li te lakòz lanmò premye koup la ansanm ak tout desandan yo (Women 5:12). N ap remake, aksyon sa a se sèlman yon pèsòn ki ka fè l, se pa yon senp prensip ki gen rapò ak sa ki mal.

9. Jan sa parèt nan 1 Jan 3:15, ki jan nou ka vin yon asasen ?

9 Men sa youn nan Dis Kòmandman yo te bay Izrayèl yo di : “ Ou pa dwe asasinen. ” ​(Detewonòm 5:17). E Pyè te ekri kretyen yo pou l di yo : “ Pinga pyès nan nou soufri kòm asasen. ” ​(1 Pyè 4:15). Se sa k fè, antanke sèvitè Jewova, nou pa t ap janm nan komèt zak asasinay. Sepandan, si nou ta rayi yon kretyen parèy nou jis nan pwen pou nou ta swete lanmò pou li, nou t ap koupab devan Bondye. Men sa apot Jan te ekri : “ Tout moun ki rayi frè li se yon asasen, e nou konnen okenn asasen pa gen lavi etènèl ki rete nan li. ” ​(1 Jan 3:15). Izrayelit yo te resevwa kòmandman sa a ki di : “ Ou pa dwe rayi frè w nan kè w. ” ​(Levitik 19:17). Se pou nou rezoud rapidman nenpòt pwoblèm nou ta vin genyen ak yon kwayan parèy nou, yon fason pou asasen ki rele Satan an pa detwi inite nou genyen nan mitan nou antanke kretyen. — Lik 17:3, 4.

Kenbe fèm devan papa manti a

10, 11. Ki sa nou dwe fè pou nou ka kenbe fèm kont papa manti a, anpalan de Satan ?

10 Dyab la se yon mantè. Men sa Jezi te di : “ Lè l ap bay manti, li pale dapre pwòp panchan pa l, paske li se yon mantè e li se papa manti. ” ​(Jan 8:44). Satan te bay Èv manti, men, Jezi li menm te vin sou tè a pou l rann temwayaj pou laverite (Jan 18:37). Si nou vle kenbe fèm kont Dyab la antanke disip Kris, nou pa ka sèvi ak manti oswa ak twonpri. Nou dwe ‘ di laverite ’. (Zekarya 8:16 ; Efezyen 4:25.) Jewova, “ Bondye verite a ”, beni sèlman Temwen veridik li yo. Mechan pa gen dwa pou l reprezante Jewova. — Sòm 31:5 ; 50:16 ; Izayi 43:10.

11 Si nou cheri privilèj nou genyen lefètke nou libere anba manti Satan yo, n ap rete kole ak krisyanis la, “ chemen laverite a ”. (2 Pyè 2:2 ; Jan 8:32.) Tout ansèyman kretyen yo nèt fòme “ verite bon nouvèl la ”. (Galat 2:5, 14.) N ap rive sove, sèlman si nou “ mache nan laverite ”, sa vle di si nou rete atache ak laverite e nou kenbe fèm kont “ papa manti a ”. — 3 Jan 3, 4, 8.

Reziste devan pi gwo aposta a

12, 13. Ki jan nou dwe aji avèk aposta yo ?

12 Gen yon lè, kreyati espirityèl ki vin Dyab la te nan laverite. Men, selon sa Jezi te di, “ li pa t kenbe fèm nan laverite, paske laverite pa nan li ”. (Jan 8:44.) Premye aposta sa a ap pèsiste nan chemen rezistans li te pran kont “ Bondye verite a ”. Te gen kèk kretyen nan premye syèk la ki te tonbe nan “ pyèj Dyab la ”. Sanble yo te vin viktim anba men l paske yo te kite l twonpe yo e li te fè yo devye kite laverite. Se sa k fè, Pòl te bay Timote, konpayon travay li, egzòtasyon pou l enstwi yo avèk dousè pou yo ka rejwenn espirityalite yo, konsa yo t ap libere anba pyèj Satan (2 Timote 2:23-26). Natirèlman, li pi bon pou nou rete atache ak laverite yon fason fèm, e pou nou pa janm kite ide aposta yo pran nou nan pyèj.

13 Piske premye koup la te koute Dyab la e yo pa t rejte manti li t ap bay yo, yo te vin tonbe nan apostazi. Donk, èske nou menm nou ta dwe koute aposta yo, èske nou ta dwe li sa yo ekri, oubyen èske nou ta dwe nan vizite sit yo gen sou Entènèt ? Si nou renmen Bondye e si nou renmen laverite, nou pap janm fè bagay sa yo. Nou pa dwe resevwa aposta lakay nou e nou pa dwe menm salye yo, paske si nou fè sa se kòmsi n ap ‘ patisipe nan move aksyon yo ’. (2 Jan 9-11.) Nou swete pou nou pa janm pran nan riz Dyab la, pou nou ta abandone “ chemen laverite ” n ap suiv antanke kretyen an pou n al suiv fo anseyan k ap chèche “ entwodui move ideyoloji ” e k ap eseye ‘ eksplwate nou ak bèl pawòl ’. — 2 Pyè 2:1-3, Byington (anglè).

14, 15. Ki avètisman Pòl te bay ansyen nan Efèz yo ansanm ak Timote, konpayon travay li ?

14 Men sa Pòl te di ansyen nan kongregasyon Efèz yo : “ Fè atansyon ak tèt nou e ak tout twoupo lespri sen etabli nou siveyan sou li a, pou nou pran swen kongregasyon Bondye a, kongregasyon li achte ak san pwòp Pitit li a. Mwen konnen apre m fin ale, gen lou mechan k ap rantre nan mitan nou e yo pap aji ak twoupo a avèk tandrès, e gen yon seri mesye k ap leve pami nou menm menm e y ap di bagay kwochi pou yo rale disip yo dèyè yo. ” ​(Travay 20:28-30). Avèk letan, aposta sa yo te leve efektivman, yo te di “ bagay kwochi ”.

15 Nan zòn ane 65 epòk nou an, apot Pòl te egzòte Timote pou l “ manyen pawòl verite a kòrèkteman ”. Men, li te di l : “ Evite pawòl san valè ki pwofane sa ki sakre, paske y ap vin pa gen atachman pou Bondye pi plis toujou, e pawòl yo ap gaye tankou gangrenn. Imene ak Filèt ladan yo. Moun sa yo ekate laverite, yo di rezirèksyon an fèt deja, e yo boulvèse lafwa kèk moun. ” Apostazi te tou kòmanse ! Pòl di apre sa : “ Epoutan, fondasyon solid Bondye a rete kanpe. ” — 2 Timote 2:15-19.

16. Ki jan nou fè rete fidèl ak Jewova ansanm ak Pawòl li a, malgre riz gwo aposta a ?

16 Satan sèvi souvan ak aposta pou l eseye kòwonp vrè adorasyon an, men li pa janm reyisi. Nan zòn ane 1868, Charles Taze Russell te kòmanse egzamine avèk anpil swen doktrin legliz nan kretyente yo aksepte depi lontan, e li te vin dekouvri jan kretyente a mal entèprete Ekriti yo. Russell ansanm ak kèk lòt moun ki t ap chèche laverite te vin fòme yon gwoup nan Pittsburgh, Pennsilvani, Ozetazini, pou yo etidye Bib la. Depi lè sa a, sa gen prèske 140 an, sèvitè Jewova yo grandi nan konesans ak nan lanmou pou Bondye ak Pawòl li. Malgre riz gwo aposta a, vijilans espirityèl klas esklav fidèl ki prevwayan an ede vrè kretyen yo pou yo rete fidèl ak Jewova ansanm ak Pawòl li a. — Matye 24:45.

Pa janm kite chèf monn nan gen priz sou ou

17-19. Ki monn ki anba pouvwa Dyab la, e poukisa nou pa ta dwe renmen l ?

17 Yon lòt fason ankò Satan ap chèche pran nou nan pyèj, se lè li chèche fè nou vin renmen monn sa a, anpalan de monn ki konpoze ak moun enjis ki lwen Bondye yo. Jezi te rele Dyab la “ chèf monn nan ”, e li te di : “ Li pa gen priz sou mwen. ” ​(Jan 14:30). Pinga nou janm kite Satan gen priz sou nou ! Sètènman nou rann nou kont, “ lemonnantye anba pouvwa mechan an ”. (1 Jan 5:19.) Se sa k fè Dyab la te ka ofri Jezi pou l ba li “ tout wayòm monn nan ” si li te fè yon aksyon aposta pou l adore l. Pwopozisyon sa a, Pitit Bondye a te rejte l avèk fèmte (Matye 4:8-10). Monn nan Satan ap dirije a rayi disip Kris yo (Jan 15:18-21). Nou pa bezwen mande poukisa apot Jan te egzòte nou pou nou pa renmen monn nan !

18 Men sa Jan te ekri : “ Pa renmen monn nan ni bagay ki nan monn nan. Si yon moun renmen monn nan, lanmou Papa a pa nan li. Paske tout sa ki nan monn nan — dezi lachè ak dezi je ak egzibisyon mwayen yon moun genyen pou l viv — pa soti nan Papa a, men sa soti nan monn nan. Anplis de sa, se pase monn nan ap pase, dezi li tou, men moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan. ” ​(1 Jan 2:15-17). Nou pa dwe renmen monn nan, paske fason moun ki ladan l yo ap viv ankouraje plezi lachè e fason sa a opoze nèt ak prensip Jewova Dye yo.

19 Men, ki sa nou ka fè si nou rann nou kont nou gen lanmou pou monn nan nan kè nou ? Ebyen, se pou nou priye Jewova pou l ede nou venk yon lanmou konsa ansanm ak dezi lachè li gen ladan l (Galat 5:16-21). Se sèten, si nou toujou kenbe nan lespri nou “ fòs espirityèl mechan ” yo se yo menm ki “ chèf mondyal ” k ap dirije monn enjis la, n ap lite pou nou toujou rete “ san tach parapò ak monn nan ”. — Jak 1:27 ; Efezyen 6:11, 12 ; 2 Korentyen 4:4.

20. Sa k fè nou ka di “ nou pa fè pati monn nan ” ?

20 Men sa Jezi te di konsènan disip li yo : “ Yo pa fè pati monn nan, menm jan mwen menm mwen pa fè pati monn nan. ” ​(Jan 17:16). Kretyen wen yo ansanm ak konpayon yo ki vwe vi yo bay Bondye ap lite pou yo rete pwòp, ni nan domèn moral ni nan domèn espirityèl. Yo vle rete separe ak monn nan (Jan 15:19 ; 17:14 ; Jak 4:4). Monn enjis sa a rayi nou, paske nou rete separe avè l, e paske nou se ‘ predikatè jistis ’. (2 Pyè 2:5.) Vrèmanvre, n ap viv nan mitan yon sosyete ki gen ladan l fònikatè, moun k ap fè adiltè, dechèpiyè, adoratè zidòl, vòlè, mantè ak bwasonyè (1 Korentyen 5:9-11; 6:9-11 ; Revelasyon 21:8). Men, nou pa respire “ lespri monn nan ”, paske nou pa kite fòs sa a ki pouse moun peche a mennen nou. — 1 Korentyen 2:12.

Pa kite jwen pou Dyab la

21, 22. Ki jan ou ka aplike konsèy Pòl bay nan Efezyen 4:26, 27 la ?

21 Olye pou nou kite “ lespri monn nan ” dirije nou, nou kite lespri Bondye dirije nou pito, lespri ki pèmèt nou kiltive kalite tankou lanmou ak metriz (Galat 5:22, 23). Kalite sa yo ede nou pou nou reziste devan atak Dyab la ap fè kont lafwa nou. Dyab la vle pou nou vin ‘ cho sèlman pou nou fè mal ’, men lespri Bondye ede nou pou nou ‘ kite fè kòlè e pou nou sispann fache ak raj ’. (Sòm 37:8.) Se vre nou ka gen rezon kèk fwa pou nou ankòlè, men Pòl ban nou konsèy sa a : “ Nou mèt ankòlè, men malgre sa, pinga nou peche. Pa kite solèy la kouche sou nou tou irite, ni pa kite jwen pou Dyab la. ” — Efezyen 4:26, 27.

22 Kòlè nou ka lakòz nou peche si nou toujou ret fache. Si nou gen yon atitid konsa, n ap bay Dyab la opòtinite pou l simen divizyon nan kongregasyon an, oubyen pou l ensite nou fè aksyon ki pa bon. Kidonk, nou bezwen rezoud rapidman tout ti pwoblèm nou ta genyen antre nou, nan fason Bondye ankouraje nou fè sa (Levitik 19:17, 18 ; Matye 5:23, 24 ; 18:15, 16). Pakonsekan, annou kite lespri Bondye dirije nou, toutpandan n ap egzèse metriz. E menm lè nou gen rezon, nou pap janm kite kòlè nou rive nan pwen pou l fè nou vin gen rankin, vin mechan oubyen vin gen lahèn.

23. Ki kesyon nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

23 Nou sot egzamine kèk aspè nan pèsonalite Dyab la, e nou pa ta dwe imite yo. Men, kèk moun k ap li peryodik sa a ka ap poze tèt yo kesyon : Èske nou ta dwe pè Satan ? Poukisa l ap manniganse pèsekisyon kont kretyen yo ? Ki sa nou ka fè pou nou pa kite Dyab la twonpe nou ?

[Nòt anba paj]

^ § 2 Gade seri atik ki nan kòmansman Toudegad 1ye desanm 2005 lan ki gen tit “ Èske Dyab la egziste ? ”

Ki repons nou ta bay ?

• Poukisa nou pa dwe fè medizans sou pèsonn ?

• Ann amoni ak 1 Jan 3:15, ki jan nou ka evite vin yon asasen ?

• Ki jan nou ta dwe konsidere aposta yo e poukisa ?

• Poukisa nou pa ta dwe renmen monn nan ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 11]

Nou pap janm kite Dyab la kraze inite nou gen nan mitan nou antanke kretyen.

[Foto nan paj 12]

Poukisa Jan te egzòte nou pou nou pa renmen monn nan ?