Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kenbe tèt ak Satan, e l ap kouri !

Kenbe tèt ak Satan, e l ap kouri !

Kenbe tèt ak Satan, e l ap kouri !

“ Soumèt nou devan Bondye, men kenbe tèt ak Dyab la, e l ap kouri pou nou. ” — JAK 4:7.

1, 2. a) Ki aspè nan pèsonalite Dyab la ki parèt nan yon deklarasyon ki rapòte nan Izayi chapit 14 ? b) Site kèk kesyon nou pral egzamine.

DYAB la se awogans an pèsòn. Ògèy li a parèt klè nan pawòl pwofèt Izayi, yon pwofèt Bondye, te rapòte. Plis pase yon syèk anvan Babilòn te vin yon pisans mondyal, pwofèt la te reprezante pèp Jewova a k ap fè deklarasyon sa a kont “ wa Babilòn nan ” : “ Ou di nan kè w : ‘ M ap monte nan syèl la. Anlè etwal Bondye yo [wa nan liy wayal David la], m ap leve twòn mwen [...]. M ap fè tèt mwen vin tankou Trèwo a. ’ ” ​(Izayi 14:3, 4, 12-15 ; Nonb 24:17). Ògèy “ wa Babilòn nan ” te sanble tèt koupe ak atitid Satan, “ dye sistèm de choz sa a ”. (2 Korentyen 4:4.) Men, awogans Satan an pral fini nan dezas, menm jan dinasti babilonyen an te fini nan lawont.

2 Sepandan, toutotan Dyab la egziste, gen yon seri kesyon ki ka toujou ap okipe lespri nou, tankou : Èske nou ta dwe pè Satan ? Poukisa l ap pouse moun pou yo pèsekite kretyen yo ? E ki sa nou ka fè pou Dyab la pa twonpe nou ?

Èske nou ta dwe pè Dyab la ?

3, 4. Poukisa kretyen wen yo ansanm ak konpayon yo pa pè Dyab la ?

3 Men sa Jezi Kris te deklare : “ Ou pa bezwen pè bagay ki pral fè w soufri yo. Gade ! Dyab la pral kontinye voye kèk nan nou nan prizon, pou nou ka jwenn yon eprèv total e pou nou ka jwenn tribilasyon pandan dis jou. Se pou w montre w fidèl jiska lamò, e m ap ba ou kouwòn lavi a. ” ​(Revelasyon 2:10). Se pa ti ankourajan pawòl sa yo ankourajan pou kretyen wen yo ! Yo menm ansanm ak konpayon yo ki gen esperans pou yo viv sou tè a pa pè Dyab la. Se pa paske kretyen wen yo ansanm ak konpayon yo gen kouraj tou natirèlman ki fè yo pa pè, men se paske yo gen krent pou Bondye e yo ‘ pran refij anba lonbray zèl li ’. — Sòm 34:9 ; 36:7.

4 Premye disip Jezi yo te gen kran. Malgre move bagay yo t ap sibi, yo te montre yo fidèl jiska lamò. Yo pa t pè sa Satan Ledyab ta ka fè, paske yo te konnen Jewova pa t ap janm abandone moun ki montre yo fidèl ak li. Menm jan an tou, lè gen gwo pèsekisyon jodi a, kretyen wen yo ansanm ak konpayon yo ki vwe vi yo bay Bondye detèmine pou yo kenbe entegrite yo devan l. Sepandan, apot Pòl te fè konnen Dyab la ta ka lakòz lanmò. Èske sa pa ta dwe fè nou pè ?

5. Ki sa nou aprann nan Ebre 2:14, 15 ?

5 Selon sa Pòl te di, Jezi te “ patisipe nan san an ak chè a, [...] pou l te ka aneyanti, grasa lanmò li, sila ki gen mwayen pou lakòz lanmò a, anpalan de Dyab la, e pou l te ka libere tout moun ki, pandan tout vi yo, te nan esklavaj paske yo te pè lanmò ”. (Ebre 2:14, 15.) Antanke “ sila ki gen mwayen pou lakòz lanmò a ”, Satan te mete Jida Iskaryòt sou kontwòl li, epi apre sa, li te sèvi ak chèf juif yo ansanm ak kèk Women pou l egzekite Jezi (Lik 22:3 ; Jan 13:26, 27). Sepandan, Jezi libere limanite anba grif Satan, grasa lanmò li an sakrifis, e li ban nou posiblite pou nou gen lavi etènèl. — Jan 3:16.

6, 7. Jis nan ki pwen Satan gen mwayen pou l lakòz lanmò ?

6 Jis nan ki pwen Dyab la gen mwayen pou l lakòz lanmò ? Ebyen, depi lè Satan te kòmanse karyè l nan fè mechanste, manti l yo ansanm ak direksyon li bay lakòz lanmò nan mitan lèzòm. E rezon an se paske Adan te peche e li te transmèt peche ak lanmò bay tout moun (Women 5:12). Anplis de sa, sèvitè Satan yo ki sou tè a pèsekite adoratè Jewova yo, pafwa jis nan pwen pou yo mouri, menm jan yo te fè sa nan ka Jezi Kris.

7 Toutfwa, nou pa ta dwe panse Dyab la ka lakòz lanmò nenpòt moun li vle touye. Bondye pwoteje moun ki pou li yo e li pap janm pèmèt Satan elimine tout vrè adoratè l yo sou tè a (Women 14:8). Se vre Jewova kite pèp li a jwenn pèsekisyon e li konn pèmèt kèk nan nou mouri akoz atak Dyab la. Men, Ekriti yo bay yon bèl esperans rezirèksyon pou moun ki nan “ liv souvni ” Bondye a, e Dyab la pa ka fè anyen ditou pou l anpeche moun sa yo rejwenn lavi. — Malaki 3:16 ; Jan 5:28, 29 ; Travay 24:15.

Poukisa Satan ap pèsekite nou ?

8. Poukisa Dyab la ap pèsekite sèvitè Bondye yo ?

8 Si nou se sèvitè Bondye ki fidèl, gen yon rezon fondamantal ki fè Dyab la ap pèsekite nou. Objektif li se pou l fè nou fè konpwomi ak lafwa nou. Satan vle detwi relasyon presye nou gen ak Jewova, Papa nou ki nan syèl la. Sa pa ta dwe etone nou, paske depi ann Edenn, Jewova te gentan predi t apral gen yon rayisman ant “ madanm ” senbolik li a ak sèpan an ”, epi ant “ semans ” yo chak an patikilye (Jenèz 3:14, 15). Ekriti yo idantifye Dyab la kòm “ sèpan ki te la okòmansman an ”, e yo di tou, tan li rete a kout, li nan yon gwo kòlè (Revelasyon 12:9, 12). Piske rayisman ant de “ semans ” yo pa sispann, moun k ap sèvi Jewova fidèlman mèt atann yo y ap jwenn pèsekisyon (2 Timote 3:12). Èske w konnen ki rezon ki kache dèyè pèsekisyon Satan ap fè nou sibi yo ?

9, 10. Ki kesyon Dyab la te soulve, e ki jan fason lèzòm konpòte yo gen rapò ak kesyon sa yo ?

9 Dyab la te soulve kesyon souvrènte inivèsèl la. E konsa, li te tou mete an kesyon entegrite lèzòm anvè Kreyatè yo a. Satan te pèsekite yon nonm jis ki te rele Jòb. Poukisa ? Pou l te ka detwi entegrite Jòb anvè Jewova. Madanm Jòb ansanm ak twa “ konsolatè penib ” te sèvi pou akonpli objektif Dyab la. Jan liv Jòb la montre sa, Dyab la te bay Bondye yon defi : li te pretann pa gen moun ki t ap rete fidèl devan Bondye si li ta gen pèmisyon pou l teste moun sa a. Men, Jòb te kenbe entegrite l fèm, e konsa, li te pwouve Satan se yon mantè (Jòb 1:8–2:9 ; 16:2 ; 27:5 ; 31:6). Jodi a tou, Dyab la ap pèsekite Temwen Jewova yo nan objektif pou l brize entegrite yo e pou l jistifye akizasyon l yo.

10 Lefètke nou konnen Satan ap pèsekite nou paske li pa konn sa l ta bay pou l brize entegrite nou anvè Bondye, sa ede nou an reyalite pou nou mete kouraj sou nou e pou nou kenbe djanm (Detewonòm 31:6). Se Bondye nou an ki Souvren inivèsèl la, kidonk, l ap ede nou pou nou kenbe entegrite nou. Se pou nou toujou fè efò pou nou rejwi kè Jewova lè nou kenbe entegrite nou, e konsa, n ap ba l yon repons pou l bay gwo pwovokatè a, anpalan de Satan Ledyab. — Pwovèb 27:11.

“ Delivre nou anba mechan an ”

11. Ki sa pawòl ki di : “ Pa fè nou tonbe nan tantasyon ” an siyifi ?

11 Pou yon moun kenbe entegrite l, se pa yon bagay ki senp. Sa mande pou l priye ak tout kè l, e nan sans sa a, pawòl ki nan priyè modèl la vrèman itil. Nan yon pati nan priyè sa a, men sa Jezi te di : “ Pa fè nou tonbe nan tantasyon, men delivre nou anba mechan an. ” ​(Matye 6:13). Jewova pa janm tante nou pou l fè nou peche (Jak 1:13). Sepandan, gen kèk fwa, Ekriti yo pale de Jewova kòm moun ki fè yon bagay rive oubyen ki lakòz li rive, lè li tou senpleman pèmèt bagay sa a rive (Rit 1:20, 21). Kidonk, lè nou fè priyè Jezi te montre a, se mande nou mande Jewova pou l pa kite nou tonbe nan tantasyon. E li pap fè sa, paske Ekriti yo ban nou asirans sa a : “ Bondye fidèl, e li pap kite nou tante depase sa nou ka sipòte, men ansanm ak tantasyon an l ap ouvri yon chemen tou dekwa pou nou ka andire l. ” — 1 Korentyen 10:13.

12. Poukisa nou di nan priyè nou : “ Delivre nou anba mechan an ” ?

12 Apre Jezi fin pale de tantasyon nan priyè modèl la, li di pawòl sa yo ki toutafè apwopriye : “ Delivre nou anba mechan an. ” Gen kèk tradiksyon Labib ki rann vèsè sa a konsa : “ Delivre nou anba sa ki mal. ” ​(La Sainte Bible, Darby). Yo konn mete tou : “ Pwoteje nou kont sa ki mal. ” ​(Contemporary English Version). Sepandan, nan Ekriti yo, ekspresyon ‘ delivre anba a ’, yo itilize l prensipalman anrapò ak moun, e Evanjil Matye a fè referans ak Dyab la kòm “ Tantatè a ”, sa vle di li se yon pèsòn (Matye 4:3, 11). Kidonk, li enpòtan pou nou priye pou nou delivre anba “ mechan an ”, anpalan de Satan Ledyab, paske l ap eseye fè nou peche kont Bondye (1 Tesalonisyen 3:5). Lè nou fè priyè ki di : “ Delivre nou anba mechan an ”, se mande nou mande Papa nou ki nan syèl la pou l gide nou e pou l ede nou yon fason pou Dyab la pa twonpe nou.

Pinga nou kite Dyab la twonpe nou

13, 14. Poukisa Korentyen yo te bezwen chanje fason yo te konn boule ak yon mesye nan kongregasyon an ki te imoral ?

13 Lè Pòl t ap bay kretyen nan vil Korent yo egzòtasyon pou yo padone lòt moun, men sa li te ekri yo : “ Pou nenpòt bagay nou dispoze padone yon moun, mwen menm tou mwen dispoze padone l pou sa. Anfèt, kanta mwen menm, kèlkeswa sa mwen dispoze padone, si mwen dispoze padone yon bagay, se akoz nou menm an prezans Kris, pou nou pa kite Satan twonpe nou, paske nou pa inyore entansyon l. ” ​(2 Korentyen 2:10, 11). Dyab la ka twonpe nou divès fason. Men, poukisa Pòl fè deklarasyon nou sot site la a ?

14 Pòl te reprimande Korentyen yo poutèt yo te kite yon mesye ki te imoral rete nan kongregasyon an. Sa dwe te fè Satan plezi, paske opwòb te tonbe sou kongregasyon an lefètke yo te sitire yon aksyon konsa nan mitan yo, ‘ yon fònikasyon konsa, pa t menm genyen l pami nasyon yo ’. Efektivman, pechè sa a te vin eskominye (1 Korentyen 5:1-5, 11-13). Men, annapre, mesye sa a te vin repanti. Si Korentyen yo te refize padone l e yo te refize retabli relasyon yo te genyen avè l, Dyab la t ap twonpe yo yon lòt fason. Ki fason ? Yo t ap vin kriyèl e yo t ap vin san pitye menm jan ak Satan li menm. Si mesye sa a ki te repanti a ta kite gwo ‘ tristès li a anglouti l ’ e li ta abandone nèt, èske se pa ansyen yo toudabò ki t ap responsab devan Jewova, yon Bondye ki gen mizèrikòd (2 Korentyen 2:7 ; Jak 2:13 ; 3:1) ? Sètènman, pa gen okenn vrè kretyen ki ta renmen imite Satan, pou yo ta montre yo kriyèl, yo di e yo san pitye.

Nou pwoteje grasa ekipman konba Bondye bay la

15. Nan ki gè nou ye, e de ki sa viktwa nou depann ?

15 Pou nou delivre anba Dyab la, nou dwe lite nan yon sans espirityèl kont fòs espirityèl mechan yo. Pou nou ranpòte laviktwa sou ènmi pisan sa yo, nou bezwen “ abiye nou nèt ak ekipman konba Bondye bay la ”. (Efezyen 6:11-18.) Ekipman sa a gen ladan l “ kuiras jistis la ”. (Efezyen 6:14.) Wa Sayil nan Izrayèl tan lontan an te dezobeyi Bondye e li te pèdi lespri sen (1 Samyèl 15:22, 23). Men, si nou pratike jistis e nou abiye nou ak tout ekipman konba espirityèl la, n ap gen lespri sen Bondye e n ap jwenn pwoteksyon ki nesesè kont Satan ansanm ak zanj mechan li yo, anpalan de demon yo. — Pwovèb 18:10.

16. Ki jan nou ka kontinye jwenn pwoteksyon kont fòs espirityèl mechan yo ?

16 Pou nou kontinye jwenn pwoteksyon kont fòs espirityèl mechan yo, lòt bagay ki nesesè, se pou nou li Pawòl Bondye a regilyèman e se pou nou etidye l. Anplis, nou bezwen byen itilize piblikasyon “entandan fidèl la ” founi nou (Lik 12:42). Konsa, n ap ranpli lespri nou ak bagay espirityèl ki sen, ann amoni ak konsèy Pòl bay la ki di : “ Frè, tout bagay ki vrè, tout bagay ki diy, tout bagay ki jis, tout bagay ki pwòp, tout bagay ki merite pou yo renmen yo, tout bagay ki gen bon repitasyon, si gen yon bèl kalite e si gen yon bagay ki merite louwanj, kontinye konsidere bagay sa yo. ” — Filipyen 4:8.

17. Ki sa k ap ede nou vin efikas antanke pwoklamatè bon nouvèl la ?

17 Grasa Jewova, nou rive “ mete ekipman bon nouvèl lapè a nan pye nou ”. (Efezyen 6:15.) Lè nou patisipe regilyèman nan reyinyon yo, sa ekipe nou pou nou pwoklame bon nouvèl Wayòm Bondye a. Se pa ti jwa nou jwenn nan ede lòt moun aprann verite Bondye a e pou yo vin jwi libète espirityèl (Jan 8:32) ! “ Epe lespri a, sa vle di Pawòl Bondye a ”, endispansab pou nou evite fo ansèyman e pou nou “ ranvèse bagay ki anrasinen solidman ”. (Efezyen 6:17 ; 2 Korentyen 10:4, 5.) Si nou itilize Pawòl Bondye fè ekri a, anpalan de Bib la, avèk abilite, sa ap ede nou pou nou anseye laverite, e sa ap pwoteje nou pou nou pa tonbe nan riz Dyab la.

18. Ki jan nou ka “ kenbe fèm kont manèv Dyab la ” ?

18 Pòl te kòmanse egzamen li t ap fè konsènan ekipman konba espirityèl nou an konsa : “ Kontinye pran pisans nan Seyè a ak nan pisans fòs li. Se pou nou abiye nou nèt ak ekipman konba Bondye bay la pou nou ka kenbe fèm kont manèv [“ riz ”, nòt anba paj] Dyab la. ” ​(Efezyen 6:10, 11). Mo grèk lè l tradui ki bay “ kenbe fèm ” nan gen rapò ak yon sòlda ki kanpe nan pozisyon l. Nan gè espirityèl n ap mennen kont Satan an, nou rete fèm nan pozisyon nou, menm lè l ap itilize tout kalite riz pou l kraze inite nou genyen nan mitan nou e pou l kòwonp ansèyman nou an, oubyen pou l brize entegrite nou anvè Bondye. Men, jiska prezan, Dyab la poko janm ranpòte laviktwa e li pap janm reyisi * !

Kenbe tèt ak Dyab la, e l ap kouri

19. Site youn nan fason nou ka atake nan konba n ap mennen kont Dyab la.

19 Nou kapab reyisi nan gè espirityèl n ap mennen kont Dyab la ak fòs espirityèl mechan yo ki anba direksyon l. Pa gen okenn rezon pou laperèz fè nou tranble devan Satan, paske men sa disip Jak te ekri : “ Soumèt nou devan Bondye, men kenbe tèt ak Dyab la, e l ap kouri pou nou. ” ​(Jak 4:7). Youn nan bagay nou ka fè pou nou kenbe tèt ak Satan ansanm ak espri mechan k ap kowopere avè l yo, se pou nou pa janm gen rapò ak movèzespri, sa vle di pou nou pa gen anyen pou nou wè ak pratik maji, e nou pa dwe janm gen rapò ak moun k ap pratike bagay sa yo. Ekriti yo montre aklè sèvitè Jewova yo pa dwe chèche siy sou sa ki pral rive, oswa pou yo ta pratike astwoloji, divinasyon ak espiritis. Si nou rete aktif e nou rete djanm nan domèn espirityèl, nou pap bezwen pè pou moun pa fè wanga dèyè nou. — Nonb 23:23 ; Detewonòm 18:10-12 ; Izayi 47:12-15 ; Travay 19:18-20.

20. Ki jan nou ka kenbe tèt ak Dyab la ?

20 Nou “ kenbe tèt ak Dyab la ” lè nou viv ann akò ak prensip ki nan Bib la, ak verite nou jwenn ladan l yo e lè nou pran yon pozisyon fèm kont Dyab la. Monn nan aji menm jan ak Satan paske se li menm ki dye monn sa a (2 Korentyen 4:4). Se poutèt sa, nou rejte tout sa ki karakterize monn nan, tankou ògèy, egoyis, imoralite, vyolans ak materyalis. Nou konnen lè Dyab la te tante Jezi nan dezè a, pou Jezi te reziste devan atak li yo, li te sèvi ak Ekriti yo, e sa te fè Dyab la kouri (Matye 4:4, 7, 10, 11). Menm jan an tou, Satan ap “ kouri pou nou ”, n ap venk li, si nou soumèt nou totalman devan Jewova e si nou mete konfyans nou nan li grasa lapriyè (Efezyen 6:18). Avèk sipò Jewova Dye ak Pitit byenneme l la, pa gen pèsonn ki ka fè nou yon mal ki pa ka repare, non, menm Dyab la pa kapab ! — Sòm 91:9-11.

[Nòt anba paj]

^ § 18 Pou nou jwenn plis esplikasyon sou ekipman konba Bondye bay la, gade nan La Tour de Garde 15 me 1992, paj 21-3 (fransè).

Ki repons nou ta bay ?

• Èske nou dwe pè Dyab la ?

• Poukisa Satan ap pèsekite kretyen yo ?

• Poukisa nou priye pou nou mande Bondye pou l delivre nou anba “ mechan an ” ?

• Ki jan nou ka rive pote laviktwa nan gè espirityèl n ap mennen an ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 14]

Premye disip Kris yo pa t pè, yo te rete fidèl jiska lamò.

[Foto nan paj 15]

Dyab la pa ka anpeche Jewova resisite moun ki nan memwa l yo.

[Foto nan paj 16]

Èske w konn priye pou w delivre anba “ mechan an ” ?

[Foto nan paj 17]

Èske w abiye w “ nèt ak ekipman konba Bondye bay la ” ?