Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Moman detant ki sen e k ap fòtifye nou

Moman detant ki sen e k ap fòtifye nou

Moman detant ki sen e k ap fòtifye nou

“ Kit n ap manje, kit n ap bwè, oswa nenpòt lòt bagay n ap fè,fè tout bagay pou glwa Bondye. ” — 1 KORENTYEN 10:31.

1, 2. Poukisa yon moun ka konsidere aktivite ki bay plezi yo kòm yon “ kado Bondye bay ”, epoutan ki avètisman klè Bib la bay ?

SE YON bagay ki natirèl pou nou vle gen aktivite ki fè nou jwenn plezi. Jewova, Bondye nou an ki gen kè kontan, vle nou jwi lavi nou, e li bay anpil mwayen pou rann sa posib (1 Timote 1:11 ; 6:17). Salomon, yon wa yo te konnen pou sajès li, te ekri pawòl sa yo : “ Mwen vin aprann pa gen anyen ki pi bon [...] pase rejwi [...]. Epitou, pou chak moun manje, wi, pou l bwè epi pou l wè sa ki bon pou travay di li fè. Sa se kado Bondye bay. ” — Eklezyas 3:12, 13.

2 Se yon bagay ki vrèman rekonfòtan lè yon moun fè yon poze pou l admire bon travay li te akonpli, sitou nan konpayi agreyab fanmi l ak zanmi l. Se nòmal si yon moun ta konsidere sa kòm yon “ kado Bondye bay ”. Natirèlman, lefètke Kreyatè a ban nou kado sa a avèk anpil jenewozite konsa, sa pa otorize nou lage kò nou nan plezi san gad dèyè. Labib kondane bwè twòp alkòl, safrete ak imoralite, e selon avètisman li bay, moun ki pratike bagay sa yo “ pap eritye wayòm Bondye a ”. — 1 Korentyen 6:9, 10 ; Pwovèb 23:20, 21 ; 1 Pyè 4:1-4.

3. Ki sa k ap ede nou rete je klè nan domèn espirityèl e k ap ede nou kenbe gran jou Jewova a nan lespri nou ?

3 Nan dènye jou kritik sa yo, plis pase nenpòt lòt epòk, se lite kretyen yo ap lite pou yo viv avèk pridans nan yon monn kòwonpi, san yo pa adopte sa l ap fè yo (Jan 17:15, 16). Jan sa te predi, moun ki nan jenerasyon jodi a vin “ renmen plezi pito pase pou yo renmen Bondye ” opwen ‘ yo pa teni kont ’ de prèv ki montre “ gwo tribilasyon ” an toupre (2 Timote 3:4, 5 ; Matye 24:21, 37-39). Jezi te bay disip li yo avètisman sa a : “ Veye kò nou, pou kè nou pa janm vin lou nan fè eksè nan manje, nan bwè twòp, nan tètchaje lavi a, e bridsoukou pou jou sa a pa rive tousuit sou nou, tankou yon pyèj. ” ​(Lik 21:34, 35). Antanke sèvitè Bondye, nou detèmine pou nou koute avètisman Jezi a. Kontrèman ak moun ki nan monn ki antoure nou an ki pa gen respè pou Bondye, n ap fè efò pou nou rete je klè nan domèn espirityèl e pou nou kenbe gran jou Jewova a nan lespri nou. — Sefànya 3:8 ; Lik 21:36.

4. a) Poukisa li difisil pou moun jwenn detant ki kòrèk ? b) Ki konsèy ki nan Efezyen 5:15, 16 li ta bon pou nou aplike ?

4 Pou yon moun pran distans li ak pratik kòwonpi ki gen nan monn nan, se pa yon bagay ki fasil, paske Dyab la fè pratik sa yo parèt tèlman atiran e fasil pou moun jwenn. Sa difisil sitou lè n ap chwazi detant. Pifò nan sa monn nan ofri se pou reveye “ dezi lachè ”. (1 Pyè 2:11.) Nou jwenn detant ki danjere nan andwa piblik yo, men yo ka antre tou anndan lakay nou pa mwayen liv ak jounal, televizyon, Entènèt, DVD ak kasèt videyo. Se poutèt sa, Pawòl Bondye a bay kretyen yo konsèy saj sa a : “ Byen veye sou fason n ap mache, pou se pa tankou moun ki pa gen okenn sajès, men tankou moun ki saj, etan n ap rachte pou nou menm moman apwopriye a, paske jou yo makawon. ” ​(Efezyen 5:15, 16). Se sèlman si nou suiv konsèy sa a fidèlman n ap kapab sèten detant ki danjere pap rale nou, ni yo pap akapare nou, alewè pou yo ta detwi relasyon nou avèk Jewova, sa ki ta ka mennen nou nan destriksyon. — Jak 1:14, 15.

5. Ki sa ki plis fòtifye nou ?

5 Etandone kretyen yo ap mennen yon vi ki chaje ak aktivite, li rezonab pou yo santi yo bezwen kèk moman detant. Anfèt, Eklezyas 3:4 di gen “ yon tan pou w ri, [...] yon tan pou w vole anlè ”. Donk, Labib pa konsidere detant kòm yon gaspiyaj tan. Men, yon detant ta dwe fòtifye nou, li pa ta dwe yon danje pou espirityalite nou, ni li pa ta dwe anpyete sou aktivite espirityèl nou. Kretyen ki gen matirite yo konnen, grasa eksperyans yo fè, gen plis kè kontan lè yo bay. Se poutèt sa, fè volonte Jewova, se sa yo mete nan premye plas nan lavi yo e yo jwenn bonjan ‘ fòs pou nanm yo ’ lè yo aksepte jouk Jezi a ki dous. — Matye 11:29, 30 ; Travay 20:35.

Annou chwazi detant ki kòrèk

6, 7. Ki sa k ka ede w detèmine si yon detant kòrèk oswa si li pa kòrèk ?

6 Ki jan nou ka sèten si tèl kalite detant kòrèk pou yon kretyen ? Paran yo bay pitit yo prensip pou gide yo, e ansyen yo bay èd pa yo lè sa nesesè. An reyalite, se pa vrèman lòt moun ki pou ta di nou si yon liv, yon fim, yon jwèt, yon dans oswa yon chante pa kòrèk. Selon sa Pòl te di, “ moun ki gen matirite, [...] kapasite klèvwayans yo, paske yo sèvi avè l, vin egzèse pou distenge sa ki byen ak sa ki mal ”. (Ebre 5:14 ; 1 Korentyen 14:20.) Labib etabli prensip pou gide nou. Konsyans nou, ki fòme grasa Pawòl Bondye a, ap ede nou si nou koute l. — 1 Timote 1:19.

7 Jezi te di “ yo rekonèt yon pyebwa selon fwi l ”. (Matye 12:33.) Si yon detant pwodui fwi pouri tankou atirans pou vyolans, pou imoralite oswa pou espiritis, nou dwe rejte l. Li pa kòrèk tou si li mete lavi oswa sante yon moun an danje, si li lakòz pwoblèm ekonomik oswa dekourajman, oubyen si li lakòz lòt moun trebiche. Apot Pòl te avèti nou si nou blese konsyans frè nou, nou peche. Men sa Pòl te ekri : “ Lè nou peche konsa kont frè nou e nou blese konsyans yo ki fèb, se kont Kris nou peche. Se poutèt sa, si yon manje fè frè m trebiche, mwen pap janm manje vyann menm ankò, dekwa pou m pa fè frè m trebiche. ” — 1 Korentyen 8:12, 13.

8. Ki danje ki egziste nan sèvi ak jwèt elektwonik, DVD ak kasèt videyo ?

8 Magazen yo chaje yon bann jwèt elektwonik, DVD ak kasèt videyo. Kèk ladan yo se anmizman ak distraksyon ki san danje, men de jou an jou, detant sa yo plis prezante sa Labib kondane. Se sèten, si yon jwèt mande pou moun k ap jwe l la blese moun, touye moun oswa aji yon fason ki ekstrèmman imoral, se pa yon anmizman ki inosan ! Jewova rayi moun ki “ renmen vyolans ”. (Sòm 11:5 ; Pwovèb 3:31 ; Kolosyen 3:5, 6.) E si yon jwèt w ap jwe fè w vin gen avidite oswa li fè w vin agresif, li fè w vin mwens sansib, oswa li fè w gaspiye tan, lè sa a, se pou w rekonèt domaj espirityèl li lakòz e se pou w fè ajisteman byen rapid. — Matye 18:8, 9.

Annou satisfè bezwen detant nou genyen yon fason ki sen

9, 10. Ki sa moun ki gen disènman ka fè pou yo satisfè bezwen detant yo genyen ?

9 Pafwa, kretyen yo konn ap mande tèt yo : “ Ki detant ki kòrèk ? Tèlman sa monn nan ofri pa ann amoni ak prensip ki nan Bib la. ” Nou mèt sèten, nou ka jwenn detant ki bay satisfaksyon, men, sa mande efò. Sa mande pou nou byen reflechi e pou nou planifye. Paran yo espesyalman bezwen fè sa. Anpil moun jwenn detant ki satisfè yo anndan fanmi yo e pami frè ak sè nan kongregasyon an. Se yon bagay ki agreyab e ki edifyan lè tout moun ap manje ansanm nan yon bèl anbyans, etan y ap rakonte sa k te pase nan jounen an oswa y ap pale sou yon sijè biblik. Nou ka planifye pou nou fè piknik, jwèt ki apwopriye, kanmping oswa pwomnad. Detant ki sen sa yo amizan e yo bay satisfaksyon.

10 Men sa yon ansyen ak madanm li ki gen twa pitit y ap elve ansanm rakonte : “ Depi lè pitit nou yo toupiti, yo abitye patisipe nan chwazi kote pou fanmi an al pase vakans. Pafwa, nou pèmèt chak timoun envite yon bon zanmi yo, sa ki konn rann vakans lan pi agreyab. Nan okazyon kèk evènman enpòtan nan lavi pitit nou yo, nou te konn montre apresyasyon nou pou yo. Detanzantan, nou te konn envite fanmi ak zanmi nan kongregasyon an lakay nou. Nou te konn kuit manje sou lakou a pou nou manje e nou te konn jwe ansanm. Nou te konn al monte mòn swa nan machin swa apye, e nou te pwofite okazyon sa yo pou nou aprann sou kreyasyon Jewova a. ”

11, 12. a) Ki sa w ka fè pou w mete lòt moun nan planifikasyon w ap fè pou w detann ou ? b) Ki kalite rasanbleman ki inoubliyab pou anpil moun ?

11 Èske w ka elaji w oswa èske fanmi w ka elaji l pou nou envite lòt moun lè n ap fè planifikasyon pou nou detann nou ? Gen kèk moun ki ka bezwen ankourajman, pa egzanp yon vèv, yon selibatè, oswa yon paran k ap elve pitit li poukont li (Lik 14:12-14). Nou ka ajoute tou kèk moun ki fèk ap frekante kongregasyon an. Se sèten, n ap pran prekosyon pou nou pa ekspoze lòt moun anba move enfliyans (2 Timote 2:20, 21). Si gen moun enfim ki twouve li difisil pou yo soti, petèt nou ka fè aranjman pou nou pote manje pou nou vin manje avèk yo lakay yo. — Ebre 13:1, 2.

12 Reyini kay yon moun ki envite w manje yon ti manje, tande lòt moun k ap esplike ki jan yo te fè vin kretyen, e tande ki sa ki te ede yo rete fidèl devan Bondye, tout sa se souvni inoubliyab pou anpil moun. Nou ka diskite sou kèk sijè biblik ak tout envite ki prezan yo, san wete timoun yo. Diskisyon sa yo se kapab echanj ankourajman ki pwofitab, san pèsonn pa santi yo jennen oswa pou yo santi yo pa nan plas yo.

13. Ki egzanp Jezi ak Pòl te bay nan montre ospitalite e nan aksepte ospitalite ?

13 Jezi bay egzanp ki kòrèk nan montre ospitalite e nan aksepte ospitalite. Li te toujou itilize okazyon sa yo pou l pataje benediksyon espirityèl (Lik 5:27-39 ; 10:42 ; 19:1-10 ; 24:28-32). Disip li yo nan premye syèk la te imite egzanp li (Travay 2:46, 47). Men sa apot Pòl te ekri : “ Se pa ti anvi m anvi wè nou dekwa pou m ka pataje kèk don espirityèl avèk nou, yon fason pou nou ka vin fèm. Ann di pito, poutèt pou ka gen yon echanj ankourajman nan mitan nou, kote youn jwenn ankourajman nan lafwa lòt, ni nan pa nou, ni nan pa m. ” ​(Women 1:11, 12). Menm jan an tou, nan rankont n ap òganize yo, nou dwe kreye anbyans pou gen echanj ankourajman. — Women 12:13 ; 15:1, 2.

Kèk rapèl ak kèk prekosyon

14. Poukisa li pa saj pou nou reyini anpil moun lè n ap òganize aktivite an gwoup ?

14 Lè n ap òganize aktivite an gwoup, li pa saj pou nou reyini anpil moun, etandone lè sa a li vin pi difisil pou nou gen kontwòl tout moun. Kèk fanmi ka deside ale nan piknik ansanm oswa fè yon jwèt ki pa gen twòp konpetisyon, nan moman ki pa anpyete sou aktivite espirityèl yo. Lè kèk ansyen, kèk asistan ministeryèl, oswa lòt kretyen ki gen matirite prezan nan aktivite sa yo, yo ka egzèse yon bon enfliyans e okazyon an ka menm pi pwofitab.

15. Poukisa dwe gen bonjan sipèvizyon lè n ap akeyi moun nan aktivite n ap òganize an gwoup ?

15 Nan aktivite n ap òganize an gwoup, moun ki fè aranjman yo pa dwe inyore nesesite pou gen bonjan sipèvizyon. Malgre w renmen montre ospitalite, èske sa pa t ap fè w mal anpil si w ta aprann, poutèt ou te montre neglijans, gen yon envite ki te trebiche akoz sa ki te pase lakay ou ? Annou konsidere prensip ki nan Detewonòm 22:8 la. Yon Izrayelit ki t ap konstwi yon kay tounèf te bezwen fè yon balistrad toutotou tèt kay la, kote yo te konn itilize souvan pou resevwa envite. Poukisa ? Dapre sa vèsè a di : “ Poutèt pou w pa mete dèt san sou kay ou, paske yon moun k ap tonbe ta ka sot tonbe la. ” Menm jan an tou, san w pa bay restriksyon ki derezonab, mezi ou pran pou w pwoteje moun ou envite nan aktivite w ap òganize an gwoup dwe nan enterè fizik yo ak enterè espirityèl yo.

16. Ki prekosyon nou dwe pran si n ap sèvi alkòl nan aktivite an gwoup n ap òganize ?

16 Si n ap sèvi alkòl nan yon aktivite n ap òganize an gwoup, sa dwe fèt ak anpil prekosyon. Anpil kretyen k ap akeyi moun deside sèvi bwason ki gen alkòl sèlman si yo menm pèsonèlman yo ka siveye sa moun yo envite yo ap bwè. Pa dwe gen anyen ki ta ka fè lòt moun trebiche oswa ki ta ka tante yon moun pou l bwè twòp (Efezyen 5:18, 19). Pou plizyè rezon, kèk envite ka deside pa pran alkòl. Nan anpil peyi, yo fikse yon laj minimòm pou moun bwè alkòl, e kretyen yo dwe obeyi lwa Seza yo, menmsi regleman sa yo sanble twò strik. — Women 13:5.

17. a) Si n ap pase mizik nan yon aktivite an gwoup, poukisa li enpòtan pou moun k ap òganize aktivite a byen chwazi mizik y ap pase ? b) Si gen moun k ap danse nan yon aktivite nou òganize, ki jan modesti dwe parèt ?

17 Moun k ap òganize aktivite a dwe asire l tout mizik, dans, oswa lòt distraksyon k ap fèt, yo ann amoni ak prensip kretyen yo. Tout moun pa gen menm gou nan kesyon mizik, e gen yon gwo varyete mizik ki disponib. Sepandan, anpil nan mizik jodi a ankouraje espri rebelyon, imoralite ak vyolans. Li nesesè pou nou seleksyone sa n ap tande. Mizik ki kòrèk se pa nesesèman mizik ki kalm, men se pa ta dwe mizik k ap eveye dezi lakay moun oswa mizik ki vilgè, ki fè anpil bri e ki gen gwo bit. Fè atansyon pou moun k ap pase mizik la, se pa yon moun ki pa konprann nesesite pou l kite volim nan nan yon nivo ki modere. Yon dans ki afiche yon konpòtman endesan, ki montre mouvman sansyèl moun ap fè ak ren yo ansanm ak tete yo, tou senpleman pa kòrèk pou yon kretyen. — 1 Timote 2:8-10.

18. Ki jan paran yo ka pwoteje pitit yo grasa yon bon kontwòl sou aktivite an gwoup y ap patisipe ?

18 Paran ki kretyen yo dwe chèche konnen ki sa k ap genyen nan kèlkeswa aktivite an gwoup yo envite pitit yo asiste, e li ta saj pou yo ale avèk yo nan pifò ladan yo. Malerezman, gen kèk paran ki kite pitit yo patisipe nan fèt ki pa gen sipèvizyon, kote plizyè nan moun ki la yo lage kò yo nan imoralite oswa nan lòt konduit ki pa kòrèk (Efezyen 6:1-4). Menmsi jèn yo ta rive nan fen adolesans yo e yo ta montre yo ka aji an responsab, li toujou nesesè pou nou ede yo pou yo “ kouri pou dezi ki gen lakay jèn yo ”. — 2 Timote 2:22.

19. Ki reyalite k ap ede nou konsantre nou sou sa nou dwe ‘ chèche an premye ’ ?

19 Detant ki sen e k ap fòtifye nou nou òganize nan kèk okazyon ka rann lavi nou pi agreyab. Jewova pa anpeche nou distrè nou. Men, lojikman, nou konnen aktivite sa yo an yo menm pap ede nou ranmase okenn trezò espirityèl nan syèl la (Matye 6:19-21). Jezi te ede disip li yo konprann bagay ki pi enpòtan nan lavi a se “ chèche wayòm nan ak jistis [Bondye] an premye ”, men, se pa sa n ap manje oswa sa n ap bwè oswa sa n ap met sou nou, “ bagay nasyon yo ap fè afre ” dèyè yo. — Matye 6:31-34.

20. Ki bon bagay sèvitè fidèl Jewova yo ap tann nan men l ?

20 Wi, “ kit n ap manje, kit n ap bwè, oswa nenpòt lòt bagay n ap fè ”, n ap fè ‘ tout pou glwa Bondye ’, etan n ap remèsye Sila a ki gran ki ban nou bon bagay pou nou jwi avèk moderasyon (1 Korentyen 10:31). Nan Paradi Jewova pral tabli sou tè a nan yon tikras tan ankò, pap manke okazyon pou nou pwofite jenewozite Jewova totalman, ansanm ak konpayi agreyab tout moun ki respekte egzijans li yo ki jis. — Sòm 145:16 ; Izayi 25:6 ; 2 Korentyen 7:1.

Èske nou sonje ?

• Poukisa li difisil jodi a pou kretyen yo jwenn detant ki sen ?

• Site kèk detant ki bay fanmi kretyen yo satisfaksyon.

• Site kèk rapèl ak kèk prekosyon nou pa ta dwe bliye lè n ap detann nou yon fason ki sen.

[Kesyon]

[Foto nan paj 24]

Chwazi detant ki pwodui bon fwi.

[Foto nan paj 25]

Ki kalite detant kretyen yo rejte ?