Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan ki nan liv Jòb la

Pwen enteresan ki nan liv Jòb la

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan ki nan liv Jòb la

PATRIYACH Jòb t ap viv nan peyi Outs, ki nan zòn yo rele Arabi jodi a. Izrayelit yo, ki te anpil, t ap viv ann Ejip nan epòk sa a. Byenke Jòb pa t yon Izrayelit, li te yon adoratè Jewova Dye. Men sa Bib la di de li : “ Pa gen pèsonn tankou l sou tè a : se yon nonm ki san repwòch e ki dwat, ki gen lakrentif pou Bondye e ki vire do bay sa ki mal. ” ​(Jòb 1:8). Siman li t ap viv nan peryòd ant epòk Jozèf, pitit Jakòb la, ak epòk pwofèt Moyiz, de sèvitè Jewova ki te remakab.

Moyiz, anpil moun panse se li menm ki ekri liv Jòb la, te siman tande pale de Jòb lè li te pase 40 an Madyàn, yon kote ki toupre peyi Outs. Moyiz te ka tande pale de dènye ane Jòb yo lè Izrayelit yo te rive toupre Outs, nan fen travèse yo t ap fè nan dezè a ki te dire 40 an *. Eksperyans Jòb te viv la, yo tèlman byen rapòte l, yo konsidere travay sa a kòm yon chedèv nan domèn literati. Men, li plis pase sa toujou. Li reponn yon seri kesyon tankou : Poukisa bon moun ap soufri ? Poukisa Jewova pèmèt mechanste egziste ? Èske yon moun ki enpafè ka kenbe entegrite l devan Bondye ? Etandone mesaj ki nan liv Jòb la fè pati Pawòl enspire Bondye a, li vivan e li pisan ata nan epòk pa nou an. — Ebre 4:12.

“ SE POU JOU MWEN TE FÈT LA PERI ”

(Jòb 1:1–3:26)

Yon jou, Satan mete entegrite Jòb an kesyon devan Bondye. Jewova dakò bay Satan pèmisyon pou l atake Jòb, li pèmèt li lage kalamite sou Jòb youn dèyè lòt. Men, Jòb refize “ modi Bondye ”. — Jòb 2:9.

Gen twa konpayon Jòb ki vin “ pran pitye pou li ”. (Jòb 2:11.) Yo chita avè l yo pa janm di yon mo, jiskaske se Jòb ki resi pale, li di : “ Se pou jou mwen te fèt la peri. ” ​(Jòb 3:3). Li te swete vin “ menm jan ak timoun ki pa wè limyè yo ”, sa vle di timoun ki fèt tou mouri yo. — Jòb 3:11, 16.

Kesyon biblik ak tout repons :

1:4 — Èske pitit Jòb yo te konn fete anivèsè nesans ? Non, yo pa t konn fè sa. Mo nan lang orijinal la lè l tradui ki bay “ jou” a diferan ak mo ki bay “ anivèsè nesans ” lan, yo chak gen pwòp siyifikasyon pa yo (Jenèz 40:20). Nan Jòb 1:4, yo itilize mo “ jou ” a pou pale de yon peryòd ki soti lè solèy la leve pou rive lè l kouche. Aparamman, sèt pitit Jòb yo te konn fè yon rasanbleman familyal chak ane ki te dire sèt jou. Chak pitit, ‘ nan jou pa l ’, te gen pou l akeyi lòt yo nan festen li t ap fè lakay li, jiskaske yo tout fè l.

1:6 ; 2:1 — Ki moun ki te gen pèmisyon pou parèt devan Jewova ? Pami kreyati ki te vin kanpe devan Jewova yo, nou jwenn sèl Pitit Bondye fè a, Pawòl la, nou jwenn zanj fidèl yo, epi nou jwenn zanj ki te ‘ pitit Bondye ’ ki te dezobeyi l yo, e pami yo nou jwenn Satan Ledyab (Jan 1:1, 18). Lè sa a, yo potko chase Satan ak demon l yo nan syèl la. Se yon tikras tan apre Wayòm Bondye a te fin etabli an 1914 yo te fè sa (Revelasyon 12:1-12). Lefètke Jewova te pèmèt yo parèt devan l, li te tou prezante devan tout kreyati espirityèl yo defi Satan an ak kesyon li te soulve yo.

1:7 ; 2:2 — Èske Jewova te pale ak Satan dirèkteman ? Bib la pa bay anpil detay sou fason Jewova kominike avèk kreyati espirityèl yo. Sepandan, nan yon vizyon pwofèt Mikaya te fè, li te wè yon zanj k ap kominike dirèkteman avèk Jewova (1 Wa 22:14, 19-23). Kidonk, li ta sanble Jewova te pale ak Satan san l pa itilize yon entèmedyè.

1:21 — Nan ki sans Jòb ta ka retounen “ nan vant manman ” l ? Piske Jewova Dye te fè lòm “ ak pousyè tè ”, mo “ manman ” an la a gen yon sans senbolik, li vle di tè. — Jenèz 2:7.

2:9 — Ki santiman ki dwe t ap travèse madan Jòb lè l te di mari l pou l modi Bondye epi pou l mouri a ? Madan Jòb te fè menm pèt ak mari l. Sa dwe te fè l mal anpil pou l wè mari l ki te enganm vin tonbe nan yon eta deplorab anba yon maladi repiyan. Menm jan ak mari l, li te pèdi pitit li yo li te renmen. Tout bagay sa yo dwe te tèlman aflije l, li pa t reflechi sou bagay ki te vrèman enpòtan, sètadi relasyon yo avèk Bondye.

Leson pou nou jodi a :

1:8-11 ; 2:3-5. Tankou nou wè sa nan ka Jòb, entegrite mande nonsèlman pou aksyon nou ak pawòl nou kòrèk, men tou pou nou gen bon mobil nan sèvis Jewova.

1:21, 22. Lè nou rete fidèl ak Jewova, ni nan sikonstans favorab, ni nan sikonstans difisil, nou pwouve Satan se yon mantè. — Pwovèb 27:11.

2:9, 10. Menm jan ak Jòb, nou dwe rete fèm nan lafwa, menmsi manm fanmi nou pa bay objektif espirityèl nou yo valè, oubyen menmsi yo ta ap fè presyon sou nou pou nou fè konpwomi oswa pou nou abandone lafwa nou.

2:13. Konpayon Jòb yo pa t gen anyen pou yo di konsènan Bondye ak pwomès li yo pou rekonfòte Jòb, paske yo pa t gen pwennvi espirityèl.

“ MWEN PAP LAGE ENTEGRITE M ! ”

(Jòb 4:1–31:40)

Pwen esansyèl twa konpayon Jòb yo te fè pase nan entèvansyon yo te fè yo, sèke Jòb dwe te fè yon bagay ki grav anpil ki fè Bondye ap pini l sevè konsa. Elifaz pale an premye. Bildad pale apre l, e pawòl li yo te pi boule. Tsofa menm te pale pi di avè l toujou.

Jòb pa t aksepte fo rezònman vizitè l yo. Kòm li pa t anmezi pou l te konprann poukisa Bondye pèmèt l ap soufri, pi gwo sousi li te genyen, se te jistifye tèt li. Men kanmenm, Jòb te renmen Bondye e li te di : “ Jiskaske souf mwen koupe, mwen pap lage entegrite m ! ” — Jòb 27:5.

Kesyon biblik ak tout repons :

7:1 ; 14:14 — Ki sa mo “ kòve ” a vle di ? Detrès Jòb la te tèlman di, sa fè li te konsidere lavi tankou yon kòve ki di, ki rèd anpil (Jòb 10:17, nòt anba paj). Piske tan yon moun gen pou l pase nan Cheyòl, soti lè l mouri rive lè l resisite, se yon peryòd obligatwa, Jòb te konpare tan sa a ak yon kòve.

7:9, 10 ; 10:21 ; 16:22 — Èske pawòl sa yo montre Jòb pa t kwè nan rezirèksyon ? Pawòl sa yo konsène avni imedyat Jòb. Nan ka sa a, ki sa l te vle di ? Petèt pawòl sa yo vle di, si l ta mouri, okenn nan moun ki t ap viv nan menm epòk avèk li yo pa t ap wè l ankò. Selon pwennvi moun sa yo, li pa t ap tounen lakay li ni yo pa t ap rekonèt li ankò, jiskaske moman Bondye fikse a rive. Petèt Jòb te vle di tou pèsonn moun pa ka sot nan Cheyòl poukont li. Selon Jòb 14:13-15, li klè, Jòb te kwè gen yon rezirèksyon ki pral fèt.

10:10 — Ki jan Jewova te ‘ vide Jòb tankou lèt e li te fè l vin kaye tankou fwomaj ’ ? Se yon fason powetik Jòb dekri jan li te fòme nan vant manman l.

19:20 — Ki sa Jòb te vle di lè l te di “ mwen chape ak po dan m ” ? Lè Jòb te di li chape ak po yon bagay aparamman ki pa gen po, li te vle di pratikman li pa t chape avèk anyen.

Leson pou nou jodi a :

4:7, 8 ; 8:5, 6 ; 11:13-15. Nou pa dwe kouri met nan tèt nou yon moun ki nan pwoblèm se rekòlte l ap rekòlte sa l te simen e moun sa a pa gen apwobasyon Bondye.

4:18, 19 ; 22:2, 3. Konsèy n ap bay pa dwe baze sou opinyon pèsonèl nou, men yo ta dwe baze pito sou Pawòl Bondye a. — 2 Timote 3:16.

10:1. Jòb te tèlman vin anmè, sa te avegle l, opwen li pa t anvizaje okenn lòt rezon posib ki te ka lakòz l ap soufri. Lè n ap soufri, nou pa dwe vin anmè, sitou nou menm nou gen yon konpreyansyon klè sou kesyon ki te soulve yo.

14:7, 13-15 ; 19:25 ; 33:24. Kèlkeswa eprèv Satan ta lage sou nou, esperans rezirèksyon an kapab soutni nou.

16:5 ; 19:2. Pawòl nou dwe ankouraje lòt moun e yo dwe fòtifye yo, yo pa dwe irite yo. — Pwovèb 18:21.

22:5-7. Konsèy ki baze sou fo akizasyon, se konsèy ki san valè e ki ka fè ditò.

27:2 ; 30:20, 21. Nou pa oblije pafè pou nou rete entèg. Jòb pa t gen rezon pou l kritike Bondye.

27:5. Se sèl Jòb ki te ka lage entegrite l, paske entegrite yon moun depann de lanmou li gen pou Bondye. Kidonk, nou dwe kiltive yon lanmou solid pou Jewova.

28:1-28. Lòm konnen kote trezò tè a ye. Pou yo jwenn yo, yo fè entèlijans yo travay, yo ale nan wout ki anba tè, kote zwazo ki manje vyann e ki wè lwen yo pa ka wè. Men, se lakrentif pou Jewova ki fè yon moun gen sajès Bondye.

29:12-15. Nou dwe manifeste bonte ki plen lanmou volontèman anvè moun ki bezwen.

31:1, 9-28. Jòb kite yon egzanp pou nou : li te evite flète ak jèn fi, li te evite fè adiltè, li pa t konn fè lòt moun enjistis ni trete yo san pitye, li te evite materyalis ak idolatri.

“ MWEN REPANTI TOUTBON NAN POUSYÈ AK SANN ”

(Jòb 32:1–42:17)

Te gen yon jèn obsèvatè ki rele Eliyou ki t ap koute deba a avèk pasyans. Kounye a, li pran lapawòl. Li korije Jòb ansanm ak twa mesye ki t ap toumante l yo.

Kou Eliyou fini, Jewova reponn nan yon van tanpèt. Li pa bay esplikasyon sou soufrans Jòb yo. Sepandan, Toupisan an poze Jòb yon seri kesyon pou l fè l pran konsyans de pisans estrawòdinè ak gwo sajès Li genyen. Jòb rekonèt li te pale san reflechi e li te di : “ Mwen retire sa m sot di yo, mwen repanti toutbon nan pousyè ak sann. ” ​(Jòb 42:6). Lè eprèv Jòb yo fini, li jwenn rekonpans pou entegrite l.

Kesyon biblik ak tout repons :

32:1-3 — Ki lè Eliyou te vin parèt ? Etandone Eliyou te tande tout diskou yo, siman depi anvan Jòb te kòmanse pale apre sèt jou silans twa konpayon l yo te fè yo, li dwe te chita nan yon distans kote li ka tande. — Jòb 3:1, 2.

34:7 — Nan ki sans Jòb tankou yon moun “ ki bwè mokri tankou dlo ” ? Etan Jòb nan detrès, li te gen tandans panse se li menm twa vizitè l yo t ap pase nan rizib, alòske an reyalite se kont Bondye yo t ap pale (Jòb 42:7). Konsa, Jòb te aksepte vale mokri yo tankou yon moun k ap bwè dlo avèk plezi.

Leson pou nou jodi a :

32:8, 9. Se pa laj sèlman ki bay yon moun sajès. Fòk li konprann Pawòl Bondye a e fòk lespri Bondye ap dirije l.

34:36. Y ap konnen nou entèg si yo ‘ teste nou rive nan dènye limit ’, kèlkeswa fason an.

35:2. Anvan Eliyou te pale, li te koute avèk atansyon e li te detekte vrè kesyon ki t ap debat la (Jòb 10:7 ; 16:7 ; 34:5). Anvan ansyen yo bay konsèy, yo dwe koute avèk atansyon, yo dwe chèche konnen sa k te pase reyèlman epi yo dwe byen konprann tout aspè ki enplike nan kesyon an. — Pwovèb 18:13.

37:14 ; 38:1–39:30. Lè nou reflechi sou travay estrawòdinè Jewova yo, ki temwaye pisans li ak sajès li, sa ede nou vin enb e sa ede nou wè jistifikasyon souvrènte l pi enpòtan pase nenpòt enterè pèsonèl nou genyen. — Matye 6:9, 10.

40:1-4. Lè nou santi nou gen tandans plenyen kont Toupisan an, nou ta dwe ‘ met men nou sou bouch nou ’.

40:15–41:34. Se pa ti fòs Beyemòt (ipopotam) ansanm ak Levyatan (kwokodil) genyen ! Pou nou andire nan sèvis Bondye, nou bezwen fòs ki soti nan Sila a ki fè bèt ki chaje fòs sa yo, Sila a ki ban nou pisans lan. — Filipyen 4:13.

42:1-6. Lè Jòb te tande pawòl Jewova ki te fè l sonje manifestasyon pisans li, sa te ede l “ kontanple Bondye ”, sa vle di li te wè verite konsènan Bondye (Jòb 19:26). Sa te korije panse li. Lè Bib la korije nou, nou dwe rekonèt erè nou rapidman e nou dwe fè ajisteman ki nesesè.

Annou kiltive “ andirans Jòb ” la

Liv Jòb la montre aklè se pa Bondye ki responsab soufrans lèzòm, se Satan. Lefètke Bondye pèmèt mechanste sou tè a, sa ban nou opòtinite pou nou bay yon repons pèsonèl konsènan kote nou kanpe nan kesyon souvrènte Jewova a e nan kesyon entegrite nou.

Menm jan ak Jòb, tout moun ki renmen Jewova ap pase anba eprèv. Istwa Jòb la ban nou asirans nou kapab andire. Li fè nou sonje pwoblèm nou yo pap rete pou toutan. Jak 5:11 di : “ Nou tande pale de andirans Jòb e nou wè finisman Jewova te bay. ” Jewova te rekonpanse Jòb poutèt li te kenbe entegrite l (Jòb 42:10-17). Ala yon esperans estrawòdinè nou gen devan nou : lavi etènèl nan Paradi sou tè a ! Kidonk, menm jan ak Jòb, annou detèmine pou nou kenbe entegrite nou. — Ebre 11:6.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Liv Jòb la kouvri yon peryòd ki dire plis pase 140 an, ant ane 1657 ak ane 1473 anvan epòk nou an.

[Foto nan paj 21]

Ki sa nou aprann nan “ andirans Jòb ” ?