Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa “ dènye jou yo ” ye ?

Ki sa “ dènye jou yo ” ye ?

Ki sa “ dènye jou yo ” ye ?

ÈSKE w konn mande tèt ou ki sa lavni sere pou ou ak pou moun pa w yo ? Anpil moun prete atansyon ak nouvèl medya yo ap bay pou yo wè ki jan evènman ki gen nan monn nan ka afekte lavi yo. Sepandan, lè nou prete atansyon ak Pawòl Bondye enspire a, sa ban nou bonjan klèvwayans, paske depi byen lontan Labib te predi nonsèlman evènman k ap pase jodi a, men tou, sa ki gen pou rive yo.

Pa egzanp, lè Jezi Kris te sou tè a, li te pale anpil konsènan Wayòm Bondye a (Lik 4:43). Natirèlman, moun ki t ap tande l yo te vle konnen ki lè Wayòm estrawòdinè sa a t ap gen pou l vini. Annefè, twa jou anvan yo te touye Jezi yon fason ki enjis, disip li yo te mande l : “ Ki siy k ap siy prezans ou [nan pisans Wayòm nan] ak konklizyon sistèm de choz la ? ” ​(Matye 24:3). Jezi te di yo se sèlman Jewova Dye ki konnen moman egzak Wayòm nan ta dwe pran kontwòl tè a nèt (Matye 24:36 ; Mak 13:32). Sepandan, Jezi ak lòt moun te predi kèk evènman ki t ap gen pou fèt sou tè a ki t ap sèvi kòm prèv pou montre Kris ap dirije nan pisans Wayòm nan.

Anvan nou egzamine prèv vizib ki montre n ap viv nan “ dènye jou ” sistèm de choz ki la kounye a, annou konsidere rapidman yon evènman enpòtan ki te pase nan syèl la (2 Timote 3:1). Jezi Kris te vin Wa nan syèl la nan ane 1914 * (Dànyèl 7:13, 14). Imedyatman apre Jezi fin resevwa pisans Wayòm nan, li te aji. Labib di nou : “ Lagè pete nan syèl la : Mikayèl ak zanj li yo batay ak dragon an, e dragon an mete ak zanj li yo pou yo batay. ” ​(Revelasyon 12:7). “ Mikayèl, akanj lan ”, se Jezi Kris nan pozisyon li nan syèl la * (Jid 9 ; 1 Tesalonisyen 4:16). Dragon an se Satan Ledyab. Ki jan batay la te fini pou Satan ak zanj mechan k ap suiv li yo, anpalan de demon yo ? Yo te pèdi gè a e yo te ‘ pimpe yo desann ’, sa vle di yo te chase yo nan syèl la, al nan vwazinaj tè a (Revelasyon 12:9). Se poutèt sa, “ syèl [la], e [moun] ki abite [ladan l] ”, sètadi pitit espirityèl Bondye yo ki fidèl, te rejwi. Sepandan, lèzòm pa t nan lajwa yo menm. Labib te predi “ malè pou latè [...] paske Dyab la desann vin jwenn nou avèk yon gwo kòlè, piske li konnen kantite tan li rete a kout ”. — Revelasyon 12:12.

Etandone Satan ankòlè, li lage malè, sètadi soufrans ak afliksyon, sou moun ki abite sou tè a. Sepandan, malè sa a pap dire, paske ‘ kantite tan ki rete a kout ’. Labib pale de epòk sa a kòm “ dènye jou yo ”. Nou mèt kontan dèske talè konsa enfliyans Dyab la gen sou tè a pral elimine totalman. Men, ki prèv ki montre n ap viv nan dènye jou yo ?

[Nòt anba paj]

^ § 4 Gade Toudegad 15 jiyè 2006, paj 6-7 (fransè).

^ § 4 Pou plis enfòmasyon, gade liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a, paj 218-19. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

[Liy kredi pou foto nan paj 2]

KOUVÈTI : pa devan : © Chris Stowers/Panos Pictures ; nan fon : FAROOQ NAEEM/AFP/Getty Images