Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Rejwi w avèk madanm ou genyen depi lè w te jèn nan ”

“ Rejwi w avèk madanm ou genyen depi lè w te jèn nan ”

“ Rejwi w avèk madanm ou genyen depi lè w te jèn nan ”

“ Rejwi w avèk madanm ou genyen depi lè w te jèn nan [...]. Pitit gason m, poukisa pou w ta kite yon fi etranje fè w ann ekstaz ? — PWOVÈB 5:18, 20.

1, 2. Poukisa nou ka di lanmou womantik ki genyen ant yon mari ak madanm li se yon bagay ki beni ?

LABIB pa evite pale sou relasyon seksyèl. Men sa nou li nan Pwovèb 5:18, 19 : “ Se pou sous dlo w beni, epi rejwi w avèk madanm ou genyen depi lè w te jèn nan, femèl sèf emab, bèl kabrit nan montay. Se pou tete l soule w tout tan. Se pou lanmou l fè w ann ekstaz tout tan. ”

2 La a ekspresyon “ sous dlo ” a fè referans ak sous satisfaksyon seksyèl. Li beni nan sans sansasyon lanmou womantik ak ekstaz moun ki marye yo jwenn se yon kado Bondye bay. Sepandan, entimite sa a, se nan kad maryaj sèlman moun gen dwa jwi l. Se pou sa, wa Salomon ki te nan Izrayèl tan lontan an, yon ekriven liv Pwovèb la, te di nan yon kesyon ki fè moun reflechi : “ Pitit gason m, poukisa pou w ta kite yon fi etranje fè w ann ekstaz, oubyen pou w ta manyen tete yon fi etranje ? ” — Pwovèb 5:20.

3. a) Ki sa k rive malerezman nan anpil maryaj ? b) Ki jan Bondye konsidere adiltè ?

3 Yon gason ak yon fi fè yon pwomès solanèl nan jou maryaj yo pou youn renmen lòt e pou yo rete fidèl youn ak lòt. Sepandan, gen anpil maryaj ki kraze akoz adiltè. Annefè, apre yon chèchè te fin fè analiz sou plis pase vennkat ankèt, li te fè konnen “ 25 pousan madanm yo ak 44 pousan mari yo te gen relasyon seksyèl andeyò maryaj yo. ” Men ki sa apot Pòl te deklare : “ Pa twonpe tèt nou. Ni fònikatè, ni adoratè zidòl, ni moun k ap fè adiltè, ni gason yo itilize pou aktivite ki pa natirèl, ni gason ki kouche ak gason, [...] pap eritye wayòm Bondye a. ” ​(1 Korentyen 6:9, 10). Se yon bagay ki klè, adiltè se yon peche grav nan je Bondye, e vrè adoratè yo dwe fè atansyon pou yo pa komèt enfidelite. Ki sa k ap ede nou ‘ kenbe maryaj la onorab, e pou nou kenbe kabann maryaj la san salte ’ ? — Ebre 13:4.

Veye pou w pa vin gen yon kè ki trèt

4. Site kèk fason yon kretyen ki marye ka tonbe nan yon relasyon santimantal andeyò maryaj li san li pa menm rann li kont.

4 Nan monn jodi a ki pa gen okenn moral, anpil moun “ gen je yo plen adiltè, [e yo] pa [...] ka divòse ak peche ”. (2 Pyè 2:14.) Se volontèman yo chèche gen relasyon santimantal andeyò maryaj yo. Nan kèk peyi, gen anpil fi ki vin antre sou mache travay la, e melanj fi ak gason vin kreye yon teren favorab pou relasyon santimantal ki pa kòrèk devlope nan lye travay yo. Anplis, fowòm konvèsasyon sou Entènèt fè l vin pi fasil menm pou moun ki pi timid yo devlope relasyon amoure sou Entènèt. Anpil moun marye tonbe nan pyèj sa yo san yo pa menm rann yo kont.

5, 6. Ki jan yon kretyèn te tonbe nan yon sitiyasyon danjere, e ki sa nou aprann nan sa ?

5 Reflechi sou fason yon kretyèn nou bay non Lisa te tonbe nan yon sitiyasyon ki te mete l toupre danje pou l ta komèt imoralite seksyèl. Mari l, ki pa t Temwen Jewova, pa t konn demontre anpil afeksyon pou fanmi an. Lisa sonje yon epòk, sa fè kèk ane, kote l te rankontre yon kòlèg travay mari l. Mesye a te montre li poli, e nan yon lòt okazyon, li te menm montre li enterese nan kwayans relijye Lisa. Men sa Lisa di : “ Li te tèlman janti, tèlman diferan parapò ak mari m. ” Apre yon tikras tan, Lisa ak kòlèg mari l la te vin kòmanse gen santiman womantik youn pou lòt. Lisa te di tèt li : “ Mwen pa komèt adiltè, e li enterese nan Labib. Petèt mwen ka ede l. ”

6 Anvan lyen yo te genyen nan domèn santimantal la te vin bay adiltè, Lisa te reprann li (Galat 5:19-21 ; Efezyen 4:19). Konsyans li te kòmanse kale l, e li te korije bagay yo. Sa k te rive Lisa a montre ki jan “ kè a pi trèt pase nenpòt ki lòt bagay e li pa bon menm ”. (Jeremi 17:9.) Labib ban nou egzòtasyon sa a : “ Plis pase tout lòt bagay yon moun dwe prezève, prezève kè w. ” ​(Pwovèb 4:23). Ki jan nou ka fè sa ?

‘ Moun ki entèlijan an kouri kache ’

7. Ki konsèy biblik ki ka yon pwoteksyon lè n ap ede yon moun ki gen pwoblèm nan maryaj li ?

7 Men sa apot Pòl te ekri : “ Se pou moun ki panse li debou a fè atansyon pou l pa tonbe. ” ​(1 Korentyen 10:12). E Pwovèb 22:3 di : “ Moun ki entèlijan an wè malè a, li kouri kache. ” Olye pou w gen twòp konfyans nan tèt ou e pou w di ‘ anyen pap rive m ’, li pi bon pou w gentan pran devan tout sitiyasyon ki ka mennen nan pwoblèm. Pa egzanp, evite pou w pa tounen sèl konfidan yon moun ki pa menm sèks avè w ki gen pwoblèm nan maryaj li (Pwovèb 11:14). Di moun sa a li pi bon pou l diskite sou pwoblèm li gen nan maryaj li ak konjwen l, oubyen ak yon kretyen ki gen matirite ki menm sèks avèk li e ki vle byen pou maryaj li, oswa ak ansyen yo (Tit 2:3, 4). Ansyen ki nan kongregasyon Temwen Jewova yo bay bon egzanp nan domèn sa a. Lè yon ansyen bezwen pale an prive avèk yon sè, li fè sa yon kote moun ka wè yo, nan Sal Wayòm nan pa egzanp.

8. Ki prekosyon ki enpòtan anpil nou dwe pran kote n ap travay la ?

8 Kit se kote w ap travay, kit se yon lòt kote, fè atansyon ak sitiyasyon ki ka favorize entimite. Pa egzanp, fè travay siplemantè ak yon moun ki pa menm sèks avèk ou kapab kreye tantasyon. Antanke moun marye, kit ou se fi, kit ou se gason, ou ta dwe endike yon fason klè nan pawòl ou ak nan konduit ou, bagay konsa pa enterese w. Antanke moun ki toujou vle gen atachman pou Bondye, ou pap vle atire atansyon sou ou nan flète oswa pa mwayen yon teni ak yon kwafi ki pa modès (1 Timote 4:8 ; 6:11 ; 1 Pyè 3:3, 4). Lè w gen foto konjwen w ak pitit ou kote w ap travay la, sa ka sèvi kòm rapèl ni pou ou ni pou lòt moun, e sa ap montre ou bay fanmi w anpil enpòtans. Se pou w detèmine pou w pa janm ankouraje ni menm tolere lòt moun fè w avans. — Jòb 31:1.

“ Wè lavi a ak madanm ou renmen an ”

9. Ki etap ki ka fè yon nouvo relasyon santimantal parèt atiran ?

9 Pwoteje kè a vle di plis pase evite sitiyasyon ki danjere. Yon atirans womantik yon mari oswa yon madanm montre pou yon moun ki pa konjwen l ka yon endis ki montre youn pa prete atansyon ak bezwen lòt. Petèt se yon madanm mari l inyore toutan oswa se yon mari madanm li toujou ap kritike. Epi yon sèl kou, yon lòt moun, swa nan travay li, oubyen menm nan kongregasyon an, vin parèt kòmsi li posede egzakteman kalite konjwen l lan pa genyen yo. Rapidman, vin gen yon lyen antre yo, epi nouvo relasyon sa a vin gen yon atirans ki prèske irezistib. Etap sibtil sa yo demontre aklè ki jan Labib gen rezon lè l di : “ Chak moun pase anba eprèv lè l kite pwòp dezi l mennen l, lè l kite pwòp dezi l sedui l. ” — Jak 1:14.

10. Ki jan mari yo ak madanm yo ka ranfòse relasyon yo youn ak lòt ?

10 Olye pou mari yo ak madanm yo chèche satisfè dezi yo andeyò maryaj la, tankou dezi afeksyon, dezi pou yo gen yon zanmi, oswa pou yo jwenn sipò pandan yo nan yon sitiyasyon difisil, yo ta dwe travay pou yo ranfòse relasyon yo ak konjwen yo, yon relasyon ki baze sou lanmou. Kidonk, si se ka pa w, ou ta dwe fè tout posib ou pou w pase tan ansanm ak konjwen w, e pou w vin pi pwòch li. Reflechi sou sa k te fè nou tonbe damou. Eseye reviv afeksyon ou te genyen pou moun ki vin konjwen w lan. Panse ak bon moman nou te pase ansanm. Priye Bondye sou kesyon an. Salmis David te sipliye Jewova, li te di l : “ Kreye nan mwen yon kè pirifye, o Dye, e mete anndan mwen yon lespri nouvo, yon lespri fèm. ” ​(Sòm 51:10). Se pou w detèmine pou w ‘ wè lavi a ak madanm ou renmen an pandan tout jou Bondye ba w anba solèy la ’. — Eklezyas 9:9.

11. Ki wòl konesans, sajès ak disènman jwe nan ranfòse lyen yon maryaj ?

11 Nou pa dwe bliye, konesans, sajès ak disènman jwe yon wòl enpòtan nan fòtifye lyen yon maryaj. Selon sa Pwovèb 24:3, 4 di, “ grasa sajès, yon kay ap edifye, e grasa disènman l ap tabli fèm. Se pa mwayen konesans chanm anndan yo ap plen ak tout bagay ki gen valè ki presye e ki agreyab ”. Pami bagay ki enpòtan anpil pou gen kè kontan nan yon fwaye gen kalite tankou lanmou, fidelite, lakrentif pou Bondye ak lafwa. Pou nou kiltive kalite sa yo, li nesesè pou nou konnen Bondye. Pakonsekan, moun marye yo dwe etidye Labib seryezman. Ki enpòtans sajès ak disènman genyen menm ? Pou nou fè fas ak pwoblèm nou jwenn chak jou yo, sa mande sajès, sètadi kapasite pou nou aplike konesans nou jwenn nan Ekriti yo. Yon moun ki gen disènman se yon moun ki ka konprann panse ak santiman konjwen l (Pwovèb 20:5). Men sa Jewova di pa mwayen Salomon : “ Pitit gason m, o ! prete atansyon ak sajès mwen ! Panche zòrèy ou nan direksyon disènman m. ” — Pwovèb 5:1.

Lè gen “ tribilasyon ”

12. Poukisa nou pa dwe sezi lè moun marye yo gen pwoblèm ?

12 Pa gen maryaj ki pafè. Labib menm di mari yo ak madanm yo ap gen “ tribilasyon nan lachè ”. (1 Korentyen 7:28.) Enkyetid, maladi, pèsekisyon ak lòt bagay ankò ka fè gen tansyon nan yon maryaj. Sepandan, lè pwoblèm met pye, antanke konjwen fidèl k ap chèche fè Jewova plezi, nou dwe chèche jwenn solisyon yo ansanm.

13. Nan ki domèn yon mari ak yon madanm ka analize tèt yo ?

13 E si gen pwoblèm nan maryaj la akoz fason konjwen yo aji youn ak lòt ? Chèche jwenn yon solisyon mande pou yo fè efò. Pa egzanp, move pawòl gendwa vin glise nan maryaj yo, ki fè kounye a se konsa youn pale ak lòt (Pwovèb 12:18). Jan nou te wè sa nan atik ki vin anvan an, sa ka gen konsekans ki grav anpil. Gen yon pwovèb biblik ki di : “ Pito w abite nan yon peyi dezè pase w abite ak yon madanm ki renmen kont, kote ki gen kontraryete. ” ​(Pwovèb 21:19.) Antanke madanm, si nan maryaj ou se konsa sa ye, mande tèt ou : ‘ Èske tanperaman m fè l difisil pou mari m ret bò kote m ? ’ Labib di mari yo : “ Se pou nou kontinye renmen madanm nou e pinga nou egri kont yo. ” ​(Kolosyen 3:19). Si w se yon mari, mande tèt ou : ‘ Èske m konpòte m yon fason ki frèt, yon fason ki ka fè madanm mwen anvi al chèche rekonfò yon lòt kote ? ’ Se vre, pa gen okenn eskiz pou imoralite seksyèl. Men, lefètke yon malè konsa posib, se yon bonjan rezon pou nou diskite sou pwoblèm nan avèk franchiz.

14, 15. Poukisa se pa andeyò maryaj la solisyon pwoblèm yo ye ?

14 Chèche jwenn rekonfò nan yon relasyon santimantal andeyò maryaj la se pa yon solisyon. Ki kote yon relasyon konsa ka mennen ? Èske l ap debouche sou yon lòt maryaj k ap pi bon ? Gen kèk moun ki ka panse sa. Yo ka ap di : ‘ Dayè, moun sa a gen tout kalite mwen bezwen lakay yon konjwen. ’ Men, sa a se yon fo rezònman, paske nenpòt moun ki ta kite mari l oswa madanm li, oswa ki ta ankouraje w kite konjwen pa w, se yon moun ki gen yon mank respè grav pou karaktè sakre maryaj genyen. Li pa rezonab pou w imajine relasyon sa a ap debouche sou yon pi bon maryaj.

15 Lisa, nou te mansyone pi wo a, te reflechi seryezman sou konsekans konpòtman l te ka genyen, pa egzanp posiblite pou l ta lakòz li menm oswa yon lòt moun pèdi favè Bondye (Galat 6:7). Li di : “ Lè m te kòmanse analize santiman m pou kòlèg mari m nan, mwen te rann mwen kont si ta gen yon posiblite pou l vin gen yon konesans sou laverite, fason m t ap aji a t ap anpeche sa. Move konduit mwen t ap gen move konsekans sou tout moun ki konsène yo e sa t ap fè lòt moun trebiche. ” — 2 Korentyen 6:3.

Motivasyon ki pi pisan an

16. Bay kèk konsekans yon konduit ki pa pwòp nan domèn moral ka genyen.

16 Labib bay avètisman sa a : “ Menm jan ak yon gato myèl, bouch fi etranje a ap degoute san rete, e palèt li pi swa pase luil. Men, finalman sa l kite a anmè tankou absent, li file tankou yon epe ki file de bò. ” ​(Pwovèb 5:3, 4). Konsekans yon konduit ki pa pwòp nan domèn moral kapab bay soufrans e sa ka menm lakòz lanmò. Pa egzanp, se kapab yon konsyans ki twouble, maladi seksyèl trapan, ak gwo soufrans afektif konjwen ki fidèl la ka epwouve. Asireman, sa yo se bonjan rezon pou yon moun pa pran wout ki ka debouche sou enfidelite.

17. Ki pi gwo rezon ki genyen pou yon moun rete fidèl nan maryaj li ?

17 Rezon fondamantal ki fè enfidelite nan maryaj se yon bagay ki mal, sèke Jewova, Sila ki fè maryaj la e Sila ki bay moun kapasite pou yo gen relasyon seksyèl, kondane sa. Men sa l di pa mwayen pwofèt Malaki : “ M ap pwoche bò kote nou pou jijman an, e prese prese m ap tounen yon temwen kont [...] moun k ap fè adiltè yo. ” ​(Malaki 3:5). Konsènan sa Jewova wè, men sa Pwovèb 5:21 di : “ Chemen lòm yo devan je Jewova, e l ap egzamine tout ti wout li yo. ” Wi, “ tout bagay ekspoze aklè devan je sila nou gen kont pou nou rann nan ”. (Ebre 4:13.) Donk, pi gwo motivasyon ki genyen pou nou kenbe fidelite nou nan maryaj, se pou nou rekonèt kèlkeswa jan yon enfidelite ta rete sekrè, e kèlkeswa piti konsekans li ta parèt piti, ni nan domèn fizik ni sou plan sosyal, nenpòt konduit seksyèl ki imoral ap kraze relasyon nou ak Jewova.

18, 19. Ki sa nou aprann nan sa k te rive Jozèf ak madanm Potifa a ?

18 Egzanp Jozèf, pitit gason Jakòb, montre dezi pou nou gen yon relasyon pezib avèk Bondye se yon motivasyon ki pisan. Jozèf te vin jwenn favè nan je Potifa, yon fonksyonè nan lakou Farawon, e sa te vin fè li gen yon pozisyon privilejye lakay Potifa. Met sou sa, Jozèf “ te vin gen bèl fòm ak bèl aparans ”. E madan Potifa pa t manke pa wè sa. Chak jou, li t ap chèche sedui Jozèf, men efò l yo pa t pote fwi. Ki sa k te ede Jozèf refize tout avans li yo ? Men sa Labib fè nou konnen : “ Li te refize e li te di madanm mèt li a : ‘ Gade, mèt mwen [...] pa refize m anyen eksepte ou menm, paske ou se madanm li. Donk, kòman pou m ta fè fè gwosè mal sa a e pou m ta peche kont Bondye ? ’ ” — Jenèz 39:1-12.

19 Jozèf, ki pa t yon moun marye, te kenbe chastete l nan domèn moral lefètke li te refize annafè ak madanm yon lòt moun. Pwovèb 5:15 di mesye ki marye yo : “ Bwè dlo nan sitèn pa w, ak sa k ap degoute nan mitan pi pa w. ” Fè atansyon ak relasyon santimantal ki ka fòme andeyò maryaj la san w pa rann ou kont. Fè efò pou w ranfòse lyen lanmou ki genyen nan maryaj ou, e fè anpil efò pou w rezoud kèlkeswa difikilte w ta ka rankontre nan maryaj ou. Kèlkeswa jan sa ye, “ rejwi w avèk madanm ou genyen depi lè w te jèn nan ”. — Pwovèb 5:18.

Ki sa nou sot aprann ?

• Ki jan yon kretyen ka tonbe nan yon relasyon santimantal san l pa rann li kont ?

• Ki prekosyon yon moun ka pran ki ka ede l evite gen relasyon santimantal andeyò maryaj li ?

• Lè yon mari ak yon madanm gen pwoblèm, ki sa yo dwe fè ?

• Ki motivasyon ki pi pisan ki genyen pou yon moun rete fidèl nan maryaj li ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 14]

Malerezman, kote n ap travay kapab tounen yon teren favorab pou relasyon santimantal ki pa kòrèk.

[Foto nan paj 16]

‘ Pa mwayen konesans chanm anndan yo ap plen ak bagay ki agreyab. ’