Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo te gen kouraj grasa lafwa ak lakrentif pou Bondye

Yo te gen kouraj grasa lafwa ak lakrentif pou Bondye

Yo te gen kouraj grasa lafwa ak lakrentif pou Bondye

“ Se pou w mete kouraj ak fòs sou ou, [...] Jewova Bondye w la avèk ou. ” — JOZYE 1:9.

1, 2. a) Selon pwennvi lèzòm, ki posiblite Izrayelit yo te genyen pou yo ranpòte laviktwa sou Kananeyen yo ? b) Ki asirans Jozye te jwenn ?

NAN ane 1473 anvan epòk nou an, nasyon Izrayèl la te pare pou l antre nan Latè pwomiz. Anrapò ak difikilte ki t ap tann pèp la, men sa Moyiz te fè yo sonje : “ W ap travèse Jouden an jodi a pou w antre al dechèpiye nasyon ki pi gwo e ki pi pisan pase w, vil ki gran e ki fòtifye rive jis nan syèl, yon pèp ki gran e ki wo, pitit Anakim yo, konsènan yo menm ou [...] tande yo di : ‘ Kiyès ki ka reziste devan pitit Anak yo ? ’ ” ​(Detewonòm 9:1, 2). Wi, tout moun te konn tande pale de gèrye jeyan sa yo. E anplis de sa, lame kèk pèp kananeyen te byen ekipe, yo te gen cheval e yo te gen charyo ki gen lam an fè nan wou yo. — Jij 4:13.

2 Izrayèl, bò kote pa l, se yon nasyon ki te sot ann esklavaj e ki te fèk sot fè 40 an nan yon dezè. Kidonk, selon pwennvi lèzòm, chans pou Izrayèl ta ranpòte laviktwa a sanble te piti anpil. Toutfwa, Moyiz te gen lafwa, li te ka “ wè ” Jewova ap dirije yo (Ebre 11:27). Moyiz te di pèp la : “ Jewova Bondye w la ap travèse devan w. [...] L ap aneyanti yo, e li menm l ap soumèt yo devan w. ” ​(Detewonòm 9:3 ; Sòm 33:16, 17). Apre lanmò Moyiz, Jewova te bay Jozye asirans Li t ap soutni l. Men sa li te di l : “ Leve, travèse Jouden w ap gad la a, ou menm ansanm ak tout pèp sa a, pou nou antre nan peyi m ap ba yo a, yo menm, pitit gason Izrayèl yo. Pandan tout lavi w, pèsonn pap ka reziste devan w. Menm jan m te avèk Moyiz la, se konsa m ap avè w. ” — Jozye 1:2, 5.

3. Ki sa k te fè Jozye te gen lafwa ak kouraj ?

3 Pou Jewova te soutni Jozye e pou l te gide l, Jozye te dwe li Lwa Bondye a, li te dwe medite sou li e li te dwe viv ann amoni avè l. Jewova te di l : “ Se konsa w ap reyisi nan chemen w yo e se konsa w ap aji avèk sajès. Èske m pa ba w lòd ? Se pou w mete kouraj ak fòs sou ou. Pinga w tranble e pinga w panike, paske Jewova Bondye w la avèk ou kèlkeswa kote w prale. ” ​(Jozye 1:8, 9). Jozye te montre l gen kouraj, li te mete fòs sou li e li te reyisi, paske li te koute sa Bondye di. Men, pifò moun nan jenerasyon pa l la pa t koute. Kòm rezilta, sa pa t ale byen pou yo, e yo te mouri nan dezè a.

Yon pèp ki pa t gen lafwa e ki te manke kouraj

4, 5. a) Ki jan atitid dis espyon yo te diferan parapò ak atitid Jozye ak Kalèb ? b) Lefètke pèp la te manke lafwa, ki efè sa te gen sou Jewova ?

4 Karant an anvan sa, lè Izrayèl te rive toupre Kanaran yon premye fwa, Moyiz te voye 12 mesye al espyone peyi a. Dis te retounen tou pè. Men sa yo te di : “ Tout moun nou te wè nan mitan l, se gason ki wo anpil anpil. E la a, nou te wè Nefilim yo, pitit Anak yo, ki soti nan Nefilim yo, atèlpwen nou te vin tankou krikèt nan pwòp je nou. ” Èske se “ tout moun ” yo nèt ki te jeyan ? Non, se te sèl Anakim yo. Èske Anakim yo se te desandan Nefilim yo ki te la anvan delij la ? Non, ditou ! Men kanmenm, paske yo te defòme enfòmasyon yo, tout kan an te gen laperèz. Pèp la te menm vle tounen ann Ejip, nan peyi yo te esklav la. — Nonb 13:31–14:4.

5 Sepandan, gen de nan espyon yo, Jozye ak Kalèb, ki te anvi antre nan Latè pwomiz. Yo te di : “ Se pen [Kananeyen] yo ye pou nou. Kote yo abrite yo deplase kite yo, e Jewova avèk nou. Pa pè yo. ” ​(Nonb 14:9). Èske Jozye ak Kalèb te derezonab lefètke yo te optimis ? Ditou ! Menm jan ak tout rès moun yo nan nasyon an, yo te wè lè Jewova te voye dis plè pou l imilye Ejip, yon nasyon pisan, ansanm ak dye l yo. Apre sa, yo te wè lè Jewova te nwaye Farawon ansanm ak fòs militè l la nan lanmè Wouj (Sòm 136:15). Li klè, dis espyon yo ki te pè a, plis lòt moun yo te enfliyanse yo, te san eskiz. Pou Jewova te montre jan sa te fè l mal anpil, li te di : “ Jis ki lè yo pap mete lafwa nan mwen, pou tout siy mwen te fè nan mitan yo ? ” — Nonb 14:11.

6. Ki jan kouraj mache ansanm ak lafwa, e ki jan nou wè sa nan epòk pa nou an ?

6 Jewova te ale dirèk nan kè pwoblèm nan : se yon mank lafwa ki te dèyè atitid kapon yo te demontre a. Wi, lafwa ak kouraj lye youn ak lòt, e yo sitèlman lye, apot Jan te ekri pawòl sa yo konsènan kongregasyon kretyen an e konsènan byennèt espirityèl kongregasyon an : “ Men sa ki pote laviktwa sou monn nan : lafwa nou. ” ​(1 Jan 5:4). Jodi a, gen plis pase sis milyon Temwen Jewova, jèn kou granmoun, sa k solid kou sa k frajil, ki gen lafwa menm jan ak Jozye ak Kalèb, k ap preche bon nouvèl Wayòm nan nan lemonnantye. Pa gen yon ènmi ki anmezi fèmen bouch lame sa a ki pisan e ki gen kouraj. — Women 8:31.

Pinga nou “ fè bak ”

7. Ki sa “ fè bak ” vle di ?

7 Sèvitè Jewova yo jodi a ap preche bon nouvèl la avèk kouraj, paske yo gen menm etadespri avèk apot Pòl ki te ekri : “ Nou pa moun k ap fè bak pou destriksyon, men nou se moun ki gen lafwa pou fè nanm nan rete vivan. ” ​(Ebre 10:39). “ Fè bak ”, jan Pòl di l la, pa vle di senpleman pè pandan yon moman, paske gen anpil sèvitè fidèl Bondye ki konn pè pafwa (1 Samyèl 21:12 ; 1 Wa 19:1-4). Selon sa yon diksyonè biblik esplike, li vle di pito “ rale bak, rale kò pa dèyè ”, sa vle di “ vin ensousyan anrapò ak laverite ”. Anplis, li fè konnen, “ fè bak ” kapab yon metafò ki sanble ak lè yo “ desann yon vwal, opwen sa ralanti kous ” yon moun anrapò ak sèvis Bondye. Natirèlman, moun ki solid nan lafwa pa anvizaje ‘ ralanti sou kous yo ’ lè difikilte met pye, kit se pèsekisyon, maladi oswa nenpòt lòt eprèv. Okontrè, yo kontinye travay nan sèvis Jewova, yo konnen li gen sousi pou yo toutbon e li konnen limit yo (Sòm 55:22 ; 103:14). Èske se konsa lafwa w ye ?

8, 9. a) Ki jan Jewova te fòtifye lafwa premye kretyen yo ? b) Ki sa nou ka fè pou nou bati lafwa nou ?

8 Gen yon lè, apot yo te santi yo manke lafwa, se pou sa yo te di Jezi : “ Ban nou plis lafwa. ” ​(Lik 17:5). Demann sensè yo te fè a te jwenn repons, espesyalman nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an, lè lespri sen yo te pwomèt yo a te vin sou disip yo e li te ba yo yon pi bon konpreyansyon sou Pawòl Bondye a ak sou objektif li (Jan 14:26 ; Travay 2:1-4). Piske lafwa disip yo te fòtifye, yo te angaje yo nan yon kanpay predikasyon ki te fè bon nouvèl la rive preche “ nan tout kreyasyon ki anba syèl la ”, malgre opozisyon. — Kolosyen 1:23 ; Travay 1:8 ; 28:22.

9 Pou nou ka bati lafwa nou e pou nou ka kontinye travay nan ministè nou, nou menm tou nou dwe etidye Ekriti yo, nou dwe medite sou yo e nou dwe priye pou nou resevwa lespri sen. Se sèlman si nou grave verite Bondye yo nan lespri nou ak nan kè nou, menm jan Jozye, Kalèb ak premye kretyen yo te fè sa, n ap vin gen lafwa k ap ban nou kouraj nou bezwen pou nou andire nan gè espirityèl nou an e pou nou ranpòte laviktwa. — Women 10:17.

Lafwa vle di plis pase annik kwè

10. Ki sa vrè lafwa a gen ladan l ?

10 Tankou moun nan tan lontan sa yo ki te kenbe entegrite yo montre sa, lafwa ki fè yon moun gen kouraj ak andirans lan gen ladan l plis pase annik kwè nan Bondye (Jak 2:19). Sa mande pou nou vin konnen Jewova antanke yon pèsòn reyèl e pou nou vin gen yon konfyans total nan li (Sòm 78:5-8 ; Pwovèb 3:5, 6). Sa vle di pou nou kwè ak tout kè nou sa ki pi bon pou nou se obeyi lwa Bondye yo ak prensip li yo (Izayi 48:17, 18). Lafwa mande tou pou nou gen yon asirans total Jewova ap akonpli tout pwomès li fè yo e l ap tounen “ sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre ”. — Ebre 11:1, 6 ; Izayi 55:11.

11. Ki benediksyon Jozye ak Kalèb te resevwa pou lafwa ak kouraj yo te genyen ?

11 Yon lafwa konsa pa sispann grandi. L ap grandi toutotan n ap viv laverite, toutotan n ap “ goute ” byenfè yo, toutotan n ap “ wè ” repons priyè nou yo e toutotan n ap santi direksyon Jewova nan lavi nou (Sòm 34:8 ; 1 Jan 5:14, 15). Nou kapab sèten lafwa Jozye ak Kalèb te vin pi fò ofiramezi yo t ap goute byenveyans Bondye (Jozye 23:14). Konsidere pwen sa yo : yo te rete vivan pandan 40 an Izrayelit yo te fè ap monte desann nan dezè a, jan Bondye te pwomèt yo sa (Nonb 14:27-30 ; 32:11, 12). Yo te jwe yon wòl aktif pandan sizan konkèt Kanaran te dire a. E anfennkont, yo te viv lontan an sante e yo chak te menm resevwa eritaj pa yo. Se pa ti rekonpanse Jewova rekonpanse moun k ap sèvi l ak lafwa ak kouraj ! — Jozye 14:6, 9-14 ; 19:49, 50 ; 24:29.

12. Ki jan Jewova ‘ elve pawòl li ’ ?

12 Bonte ki plen lanmou Bondye te manifeste anvè Jozye ak Kalèb fè nou sonje pawòl sa yo yon salmis te di : “ Ou elve pawòl ou anlè tout non w. ” ​(Sòm 138:2). Lè Jewova makònen non l ak yon pwomès, akonplisman pwomès sa a vin “ elve ”, nan sans li depase tout sa yon moun ta atann (Efezyen 3:20). Wi, Jewova pap janm desevwa moun ki ‘ pran tout plezi yo nan li ’. — Sòm 37:3, 4.

Yon nonm ki te “ fè Bondye plezi kòmsadwa ”

13, 14. Poukisa Enòk te bezwen lafwa ak kouraj ?

13 Nou kapab aprann anpil bagay konsènan lafwa ak kouraj lè nou konsidere egzanp Enòk, yon temwen ki t ap viv anvan epòk kretyen yo. Menm anvan Enòk te kòmanse pwofetize, li posib pou l te konnen lafwa li ak kouraj li t ap gen pou pase anba eprèv. Sa k fè sa ? Paske Jewova te deklare ann Edenn gen yon rayisman ki t ap egziste ant moun k ap sèvi Bondye ak moun k ap sèvi Satan Ledyab (Jenèz 3:15). Enòk te konnen tou rayisman sa a te parèt byen bonè nan listwa lèzòm lè Kayen te touye frè l la Abèl. Annefè, Adan, papa yo, te viv anviwon 310 an apre nesans Enòk. — Jenèz 5:3-18.

14 Sepandan, malgre tout bagay sa yo, Enòk “ te kontinye mache avèk vrè Dye a ” avèk kouraj, e li te kondane “ bagay chokan ” moun yo t ap di kont Jewova (Jenèz 5:22 ; Jid 14, 15). Piske Enòk te pran pozisyon pou vrè adorasyon an san l pa t pè, aparamman sa te fè l gen anpil ènmi e sa te mete lavi l an danje. Nan sikonstans sa a, Jewova te epaye pwofèt li a anba doulè lanmò. Apre Jewova fin revele Enòk “ li te fè Bondye plezi kòmsadwa ”, li te “ transfere ” l sot nan lavi al nan lanmò, petèt pandan li te ann ekstaz nan yon vizyon pwofetik. — Ebre 11:5, 13 ; Jenèz 5:24.

15. Ki bèl egzanp Enòk kite pou sèvitè Jewova yo jodi a ?

15 Tousuit apre Pòl te fin mansyone transfè Enòk la, li te mete aksan yon lòt fwa ankò sou enpòtans lafwa genyen. Men sa l te di : “ Dayè, san lafwa li enposib pou nou fè [Bondye] plezi kòmsadwa. ” ​(Ebre 11:6). Wi, lafwa Enòk te genyen te ba l kouraj pou l mache avèk Jewova e pou l pwoklame mesaj jijman l lan bay yon monn ki t ap viv lwen Bondye. Nan sans sa a, Enòk kite yon bèl egzanp pou nou. Nou menm tou, nou gen yon travay ki sanble ak pa l la pou nou fè nan yon monn ki opoze ak vrè adorasyon an e ki ranpli ak tout kalite mechanste. — Sòm 92:7 ; Matye 24:14 ; Revelasyon 12:17.

Lakrentif pou Bondye bay kouraj

16, 17. Kiyès Obadya te ye, e nan ki sitiyasyon li te twouve l ?

16 Apre lafwa, gen yon lòt kalite ki ka ede nou gen kouraj, se krent pou Bondye, yon krent ki mache ak respè. Annou egzamine yon egzanp estrawòdinè yon nonm ki te gen lakrentif pou Bondye kite pou nou. Moun sa a t ap viv nan epòk pwofèt Eliya, nan moman wa Ahab t ap dirije wayòm nò Izrayèl la. Pandan rèy Ahab la, adorasyon Baal te fin kòwonp wayòm nò a nan yon degre li potko janm rive. Anfèt, te gen 450 pwofèt Baal ansanm ak 400 pwofèt poto sakre a ki te konn “ manje sou tab Jezabèl ”, madanm Ahab. — 1 Wa 16:30-33 ; 18:19.

17 Jezabèl, yon ènmi Jewova ki te san pitye, t ap eseye elimine vrè adorasyon an nan peyi a. Li te touye kèk nan pwofèt Jewova yo, e li te menm eseye touye Eliya, ki te oblije travèse Jouden an pou l chape poul li, selon enstriksyon Bondye te ba li (1 Wa 17:1-3 ; 18:13). Èske w ka imajine jan li te difisil pou yon moun soutni adorasyon ki pa kontamine a nan wayòm nò a nan epòk sa a ? E si w t ap travay nan palè wa a menm ? Sa t ap pi rèd toujou. Se nan yon sitiyasyon konsa yon entandan lakay Ahab ki te rele Obadya *, yon nonm ki te gen lakrentif pou Bondye, te twouve l. — 1 Wa 18:3.

18. Ki sa k te fè Obadya te eksepsyonèl antanke adoratè Jewova ?

18 Sandout, Obadya te pridan, li dwe te pran anpil prekosyon nan adorasyon li t ap bay Jewova. Men kanmenm, li pa t fè konpwomi. Men sa 1 Wa 18:3 di nou : “ Obadya te gen anpil krent pou Jewova. ” Wi, lakrentif Obadya te gen pou Bondye te eksepsyonèl ! Kòm rezilta, krent sa a te fè l gen yon kouraj estrawòdinè, tankou nou wè sa tousuit apre Jezabèl te fin touye pwofèt Jewova yo.

19. Ki sa Obadya te fè ki demontre kouraj li ?

19 Men sa nou li : “ Se konsa sa te rive, lè Jezabèl te touye pwofèt Jewova yo, Obadya te pran san pwofèt e li kenbe yo kache pa senkant nan yon gwòt, e li te fè yo jwenn pen ak dlo. ” ​(1 Wa 18:4). Tankou w ka imajine sa, bay san moun manje an kachèt se yon bagay ki riske anpil. Nonsèlman Obadya te dwe veye pou Ahab ak Jezabèl pa kenbe l, men li te dwe veye tou pou 850 fo pwofèt k ap frekante palè a pa sispèk anyen. Anplis de sa, gen kantite lòt fo adoratè nan peyi a, soti nan peyizan rive nan prens yo, ki siman t ap byen kontan denonse Obadya, pou yo ta ka jwenn favè wa a ak rèn nan. Toutfwa, la a anba bouch tout adoratè zidòl sa yo, Obadya t ap konble bezwen pwofèt Jewova yo avèk kouraj. Se pa ti pisan lakrentif pou Bondye kapab pisan !

20. Ki jan lakrentif Obadya te gen pou Bondye te ede l, e ki jan egzanp li ede w ?

20 Aparamman, Jewova te pwoteje Obadya anba ènmi l yo, paske li te demontre li gen kouraj grasa lakrentif li te gen pou Bondye. Pwovèb 29:25 di : “ Lè w tranble devan moun, se la a pyèj la ye ! Men moun ki met konfyans li nan Jewova ap jwenn pwoteksyon. ” Obadya te yon senp òm, li te pè pou yo pa t kenbe l, apre sa pou yo touye l, menm jan nou menm tou nou ta ka pè (1 Wa 18:7-9, 12). Men kanmenm, lakrentif pou Bondye te ba l kouraj pou l venk tout krent pou lòm li te ka genyen. Obadya se yon bèl egzanp pou nou tout, sitou pou sa yo k ap riske libète yo, e pafwa menm vi yo, nan adorasyon y ap bay Jewova (Matye 24:9). Wi, nou swete pou nou tout nou fè efò pou nou sèvi Jewova “ avèk krent nou gen pou li e avèk respè ”. — Ebre 12:28.

21. Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

21 Se pa lafwa ak lakrentif pou Bondye sèlman ki bay kouraj, lanmou kapab yon pi gwo fòs toujou. Apot Pòl te ekri : “ Bondye pa t ban nou yon espri lachte, men li te ban nou yon espri pisans, lanmou ak bonsans. ” ​(2 Timote 1:7). Nan atik ki vin apre a, nou pral wè ki jan lanmou kapab ede nou sèvi Jewova avèk kouraj pandan dènye jou kritik sa yo. — 2 Timote 3:1.

[Nòt anba paj]

^ § 17 Se pa t pwofèt Obadya.

Èske nou ka reponn ?

•Ki sa k te fè Jozye ak Kalèb te gen kouraj ?

• Ki sa vrè lafwa a gen ladan l ?

• Sa k fè Enòk pa t pè lè li t ap pwoklame mesaj jijman Bondye a ?

• Ki jan lakrentif pou Bondye bay yon moun kouraj ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 19]

Jewova te di Jozye : “ Se pou w mete kouraj ak fòs sou ou. ”

[Foto nan paj 20]

Obadya te pran swen pwofèt Bondye yo e li te pwoteje yo.

[Foto nan paj 21]

Enòk te pale Pawòl Bondye a avèk kran.