Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lanmou ranfòse kouraj

Lanmou ranfòse kouraj

Lanmou ranfòse kouraj

“ Bondye pa t ban nou yon espri lachte, men li te ban nou yon espri pisans, lanmou ak bonsans. ” — 2 TIMOTE 1:7.

1, 2. a) Ki sa lanmou kapab pouse yon moun fè ? b) Ki sa k te fè kouraj Jezi te demontre a te eksepsyonèl ?

YON koup ki te fèk marye t ap plonje anba lanmè toupre yon vil ki sou kot lès peyi Ostrali. Pandan yo pral monte sot anba dlo a, gen yon gwo reken blan ki bondi sou dam nan. Mesye a fè yon aksyon ewoyik, li pouse madanm li, e se li menm reken an pran. Men sa dam nan ki vèv di nan antèman mari l : “ Li bay vi l pou mwen. ”

2 Wi, lanmou kapab pouse yon moun demontre yon kouraj estrawòdinè. Jezi li menm te di : “ Pèsonn pa gen yon lanmou ki pi gwo pase sa : pou yon moun aksepte bay nanm li pou zanmi l yo. ” ​(Jan 15:13). Mwens pase 24 è apre Jezi te di pawòl sa yo, li te bay vi l, pa sèlman pou yon moun, men pou limanite (Matye 20:28). Anplis de sa, Jezi pa t bay vi l nan yon aksyon moun brav li fè sou yon kout tèt. Li te konnen alavans yo t ap gen pou pase l nan rizib, maltrete l, kondane l yon fason enjis epi yo t ap touye l sou yon poto soufrans. Li te menm prepare disip li yo pou evènman sa yo, li te di yo : “ Men n ap monte Jerizalèm, e yo pral livre Pitit Gason lòm nan bay prèt an chèf yo ak eskrib yo, e yo pral kondane l amò e yo pral livre l bay moun nasyon yo, e yo pral pase l nan rizib e y ap krache sou li, e y ap bat li ak kout fwèt e y ap touye l. ” — Mak 10:33, 34.

3. Ki sa k te fè Jezi te gen tout kouraj sa a ?

3 Ki sa k te fè Jezi te gen kouraj estrawòdinè sa a ? Lafwa ak lakrentif pou Bondye te jwe yon gwo wòl nan sa (Ebre 5:7 ; 12:2). Sepandan, se sitou lanmou Jezi te genyen ki te ba l kouraj, lanmou li te gen pou Bondye ak lanmou li te gen pou lòt moun (1 Jan 3:16). Si nou kiltive yon lanmou konsa, mete sou lafwa ak lakrentif nou genyen pou Bondye, nou menm tou n ap anmezi pou nou demontre kouraj menm jan ak Kris (Efezyen 5:2). Ki jan nou ka devlope yon lanmou konsa ? Nou bezwen rekonèt Sous li.

“ Se nan Bondye lanmou soti ”

4. Sa k fè nou ka di Jewova se Sous lanmou ?

4 Jewova se lanmou an pèsòn e se li ki Sous lanmou. Men sa apot Jan te ekri : “ Byenneme, annou kontinye gen lanmou youn pou lòt, paske se nan Bondye lanmou soti, e tout moun ki gen lanmou fèt nan Bondye e yo rive gen konesans Bondye. Yon moun ki pa gen lanmou pa rive konn Bondye, paske Bondye se lanmou. ” ​(1 Jan 4:7, 8). Kidonk, lanmou Bondye ka devlope nan yon moun sèlman lè li pwoche bò kote Jewova grasa yon konesans egzak, e lè li aji ann amoni ak konesans sa a avèk yon obeyisans ki soti nan kè li. — Filipyen 1:9 ; Jak 4:8 ; 1 Jan 5:3.

5, 6. Ki sa k te ede premye disip Jezi yo devlope yon lanmou ki sanble ak pa Kris la ?

5 Nan dènye priyè Jezi te fè avèk 11 apot fidèl li yo, li te demontre rapò ki genyen ant lè yon moun konn Bondye ak lanmou moun sa a k ap grandi. Men sa l te di : “ Mwen fè yo konnen non w e m ap fè konnen l, yon fason pou lanmou w te renmen m nan ka nan yo e mwen menm pou m ann inyon avèk yo. ” ​(Jan 17:26). Jezi te ede disip li yo devlope menm lanmou ki egziste ant li menm ak Papa l, lè li te revele, ni nan pawòl li ni grasa egzanp li, ki sa non Bondye reprezante, sètadi kalite estrawòdinè Bondye yo. Se sa k fè, Jezi te kapab di : “ Moun ki wè m wè Papa a tou. ” — Jan 14:9, 10 ; 17:8.

6 Lanmou ki sanble ak lanmou Kris la se lespri sen Bondye ki pwodui l (Galat 5:22). Lè premye kretyen yo te resevwa lespri sen yo te pwomèt yo a nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, nonsèlman yo te raple yo anpil bagay Jezi te anseye yo, men tou yo te vin pi byen konprann sans Ekriti yo. Konpreyansyon sa a ki vin pi pwofon pa t manke pa fòtifye lanmou yo pou Bondye (Jan 14:26 ; 15:26). Ki rezilta sa te bay ? Yo te preche bon nouvèl la avèk kran e avèk zèl, menm lè lavi yo te an danje. — Travay 5:28, 29.

Kouraj ak lanmou ann aksyon

7. Ki sa Pòl ak Banabas te oblije andire pandan vwayaj misyonè yo te fè ansanm nan ?

7 Apot Pòl te ekri : “ Bondye pa t ban nou yon espri lachte, men li te ban nou yon espri pisans, lanmou ak bonsans. ” ​(2 Timote 1:7). Pòl t ap pale dapre eksperyans li te fè. Ann egzamine ki sa li menm ansanm ak Banabas te viv pandan vwayaj misyonè yo te fè ansanm nan. Yo te preche nan yon kantite vil, tankou Antyòch, Ikonyòm ak Lis. Nan chak vil sa yo, gen kèk moun ki te vin kwayan, men gen lòt ki te vin tounen opozan ostil (Travay 13:2, 14, 45, 50 ; 14:1, 5). Nan Lis, yon foul moun dechennen te menm lapide Pòl, yo te kite l atè a paske yo te panse l mouri. “ Sepandan, lè disip yo te antoure l, li te leve e li te antre nan vil la. E nan demen li pati ak Banabas pou y al Dèbe. ” — Travay 14:6, 19, 20.

8. Ki jan kouraj Pòl ak Banabas te demontre a reflete lanmou pwofon yo te gen pou moun ?

8 Lefètke yo te eseye touye Pòl, èske sa te fè Pòl ak Banabas pè, opwen pou yo te abandone ? Okontrè ! Apre de mesye “ yo te fin fè yon bon kou disip ” nan Dèbe, yo te “ retounen Lis ak Ikonyòm ak Antyòch ”. Pou ki rezon ? Pou yo te ka ankouraje nouvo yo pou yo rete fèm nan lafwa. Pòl ak Banabas te di : “ Nou dwe antre nan wayòm Bondye a atravè anpil tribilasyon. ” Li klè, se lanmou pwofon yo te genyen pou “ ti mouton ” Kris yo ki te ba yo kouraj sa a (Travay 14:21-23 ; Jan 21:15-17). Apre de frè sa yo te fin nome ansyen nan chak kongregasyon ki te fèk fòme yo, yo te priye e yo te “ remèt yo nan men Jewova, li menm yo te vin kwè nan li a ”.

9. Ki jan ansyen nan Efèz yo te reyaji devan lanmou Pòl te gen pou yo ?

9 Pòl te tèlman yon moun ki gen tandrès ak kouraj, sa te fè anpil moun pami premye kretyen yo te vin renmen l anpil. Sonje sa ki te pase nan yon reyinyon Pòl te gen avèk ansyen nan Efèz yo, yon kote li te pase twazan e li te rankontre anpil opozisyon la (Travay 20:17-31). Apre Pòl fin ankouraje yo pou yo pran swen twoupo Bondye konfye yo a, li met ajenou ansanm avèk yo e li priye. Apre sa, “ yo tout te pran kriye, e yo te vole nan kou Pòl epi yo anbrase l avèk tandrès, paske yo te gen anpil lapenn pou pawòl li te di yo a : yo pap wè figi l ankò ”. Se pa ti lanmou frè sa yo te gen pou Pòl ! Efektivman, lè lè a rive pou Pòl ale, li menm ansanm ak konpayon ki t ap vwayaje avè l yo te oblije “ chape ” anba men yo, tèlman ansyen nan zòn sa a pa t vle kite yo ale. — Travay 20:36–21:1.

10. Ki jan Temwen Jewova nan epòk pa nou an demontre yo gen kouraj e yo gen lanmou youn pou lòt ?

10 Jodi a, se pa ti renmen yo renmen siveyan itineran yo, ansyen nan kongregasyon yo ansanm ak anpil lòt moun ankò poutèt kouraj yo demontre an favè mouton Jewova yo ! Pa egzanp, nan peyi kote lagè sivil fè anpil ravaj oswa kote travay predikasyon an anba entèdiksyon, siveyan itineran yo ansanm ak madanm yo riske vi yo ak libète yo pou yo vizite kongregasyon yo. Menm jan an tou, gen anpil Temwen ki soufri anba men dirijan ostil ansanm ak lòt moun k ap soutni dirijan sa yo, paske yo pa t vle trayi Temwen menm jan avèk yo oubyen paske yo pa t vle revele ki kote yo jwenn nouriti espirityèl. Gen plizyè milye lòt yo pèsekite, yo tòtire e yo menm touye paske yo pa t vle sispann preche bon nouvèl la oswa paske yo pa t vle sispann reyini ansanm ak kwayan parèy yo (Travay 5:28, 29 ; Ebre 10:24, 25). Annou imite lafwa ak lanmou frè ak sè sa yo ki te mete kouraj sou yo ! — 1 Tesalonisyen 1:6.

Pa kite lanmou w rafredi

11. Ki fason Satan ap fè yon gè espirityèl kont sèvitè Jewova yo, e ki sa sa mande pou yo fè bò kote pa yo ?

11 Lè yo te pimpe Satan sou tè a, li te detèmine pou l devide kòlè l sou sèvitè Jewova yo paske y ap “ obsève kòmandman Bondye yo e [y ap] rann temwayaj konsènan Jezi ”. (Revelasyon 12:9, 17.) Youn nan taktik Satan itilize se pèsekisyon. Sepandan, byen souvan, estrateji sa a konn gen yon efè kontrè, paske sa konn fè sèvitè Bondye yo vin pi pwòch youn ak lòt nan chèn lanmou kretyen an e sa konn pouse anpil nan yo vin gen plis zèl. Yon lòt taktik Satan itilize, se reveye tandans peche ki lakay lèzòm. Pou yon moun reziste devan pyèj sa a, sa mande yon lòt fòm kouraj, paske konba sa a se yon konba k ap fèt pa anndan kont move dezi ki nan kè nou ‘ ki trèt e ki pa bon menm ’. — Jeremi 17:9 ; Jak 1:14, 15.

12. Ki jan Satan sèvi ak “ lespri monn nan ” pou l eseye febli lanmou nou pou Bondye ?

12 Satan gen yon lòt zam pisan nan asnal li : se “ lespri monn nan ”, sa vle di panchan oswa motivasyon ki pi fò nan monn nan, yon lespri ki ann opozisyon dirèk avèk lespri sen Bondye (1 Korentyen 2:12). Lespri monn nan ap ankouraje avidite ak materyalis, sa vle di “ dezi je ”. (1 Jan 2:16 ; 1 Timote 6:9, 10.) Menmsi bagay materyèl yo ansanm ak lajan pa mal an yo menm, si lanmou nou gen pou yo plis pase lanmou nou gen pou Bondye, lè sa a, Satan ranpòte yon viktwa. Pouvwa lespri monn nan, sètadi “ otorite ” li genyen, chita nan atire li atire lachè enpafè, paske enfliyans li egziste anba anba, li toujou la e, menm jan ak lè n ap respire a, li toupatou. Pinga w kite lespri monn nan kontamine kè w ! — Efezyen 2:2, 3 ; Pwovèb 4:23.

13. Ki jan kouraj nou nan domèn moral ka pase anba eprèv ?

13 Sepandan, pou nou reziste devan lespri monn nan ki pa bon e pou nou rejte l, sa mande kouraj nan domèn moral. Pa egzanp, sa mande kouraj pou w leve kite yon sal sinema oubyen pou w fèmen òdinatè a oswa televizyon an lè gen yon imaj endesan ki parèt devan w. Sa mande kouraj pou w rejte move enfliyans kamarad ou ap fè sou ou e pou w kanpe sou move frekantasyon yo. Sa mande kouraj tou pou w soutni lwa ak prensip Bondye yo lè lòt moun ap pase w nan rizib, li te mèt se kondisip lekòl, kòlèg travay, vwazen oswa fanmi. — 1 Korentyen 15:33 ; 1 Jan 5:19.

14. Si lespri monn nan kontamine nou, ki sa nou dwe fè ?

14 Nan moman sa yo, se pa ti enpòtan li enpòtan pou nou konsolide lanmou nou pou Bondye e pou frè ak sè espirityèl nou yo ! Pran tan pou w egzamine objektif ou ak fason w ap viv pou w wè si lespri monn nan pa deja kontamine w yon fason oswa yon lòt. Si sa deja fèt, menmsi se toupiti, priye Jewova pou l ba w kouraj pou w derasinen l nan ou menm e pou w anpeche l antre ankò. Jewova pap bouche zòrèy li devan demann sensè sa yo (Sòm 51:17). Anplis de sa, lespri li pi fò lontan pase lespri monn nan. — 1 Jan 4:4.

Afwonte eprèv ou yo avèk kouraj

15, 16. Ki jan yon lanmou ki sanble ak lanmou Kris la ka ede nou fè fas ak eprèv n ap rankontre ? Bay yon egzanp.

15 Lòt difikilte sèvitè Jewova yo gen pou yo fè fas se efè enpèfeksyon ak vyeyès genyen, sa ki mennen souvan nan maladi, enfimite, depresyon ak anpil lòt pwoblèm ankò (Women 8:22). Yon lanmou ki sanble ak lanmou Kris la kapab ede nou fè fas ak eprèv sa yo. Ann pran egzanp Namangolwa ki te grandi nan yon fanmi kretyen nan peyi Zanbi. Lè Namangolwa te gen dezan, li te vin enfim. Gade sa l di : “ Mwen te jennen lè m sonje fason m ye a ka repouse moun. Men, frè espirityèl mwen yo te ede m wè bagay yo yon lòt jan. Konsa, mwen pa t jennen ankò, e avèk letan, mwen te vin batize. ”

16 Byenke Namangolwa gen yon chèz woulant, souvan li oblije mache sou men l ak sou jenou l lè li nan yon wout ki gen sab. Toutfwa, nan ministè li, li pran sèvis pyonye oksilyè omwen de fwa chak ane. Pandan Namangolwa t ap bay yon moun temwayaj, moun nan te kriye. Poukisa ? Paske lafwa ak kouraj sè nou an te touche l anpil. Kòm prèv Jewova beni Namangolwa anpil, gen senk nan etidyan l yo ki batize, e youn ap sèvi antanke ansyen nan yon kongregasyon. Men sa Namangolwa di : “ Dèfwa, janm mwen fè m mal anpil, men mwen pa kite sa stope m. ” Sè sa a se jis youn nan kantite Temwen toupatou sou tè a ki frajil nan kò yo men ki pisan nan lespri yo, paske yo renmen Bondye ak pwochen yo. Se pa ti apresyab moun sa yo apresyab nan je Jewova ! — Agayi 2:7.

17, 18. Ki sa k ede anpil moun andire maladi ak lòt eprèv ankò ? Bay kèk egzanp nan zòn kote w ye a.

17 Maladi kwonik kapab bay dekourajman tou, e sa ka menm bay depresyon. Men sa yon ansyen nan yon kongregasyon te di : “ Nan gwoup etid liv mwen an, gen yon sè ki soufri dyabèt ak ensifizans renal, gen yon lòt ki gen kansè, gen de ki gen yon atrit grav e gen yon lòt ki gen lipis ak fibwomyalji. Pafwa yo santi yo dekouraje. Poutan, yo pèdi reyinyon sèlman lè yo malad anpil oswa lè yo lopital. Yo tout patisipe regilyèman nan predikasyon. Yo fè m sonje Pòl ki te di : ‘ Lè mwen fèb, se atò mwen gen pisans. ’ Mwen admire lanmou yo ak kouraj yo. Petèt sitiyasyon yo fè yo konprann lavi a pi byen e sa fè yo wè sa ki vrèman enpòtan. ” — 2 Korentyen 12:10.

18 Si w ap lite ak enfimite, maladi oswa nenpòt lòt pwoblèm, “ priye toutan ” pou w jwenn èd pou w pa tonbe nan dekourajman (1 Tesalonisyen 5:14, 17). Natirèlman, li posib pou w konnen bon moman ak move moman, men toujou eseye fikse lespri w sou bagay ki pozitif, bagay espirityèl, an patikilye esperans presye nou genyen anrapò ak Wayòm nan. Gen yon sè ki di : “ Pou mwen, predikasyon se yon medikaman. ” Lè l pataje bon nouvèl la ak lòt moun, sa ede l wè bagay yo yon fason pozitif.

Lanmou ede moun ki te fè sa ki mal tounen vin jwenn Jewova

19, 20. a) Ki sa ki ka ede moun ki tonbe nan peche yo pou yo ranmase kouraj yo pou yo retounen vin jwenn Jewova ? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

19 Anpil moun ki te vin febli espirityèlman oswa ki te vin tonbe nan peche twouve li difisil pou yo retounen vin jwenn Jewova. Men, si moun sa yo repanti e yo fè lanmou yo gen pou Bondye reviv, y ap vin gen kouraj ki nesesè a. Annou pran egzanp Mario * k ap viv Ozetazini. Mario te kite kongregasyon kretyen an, li te vin tounen yon alkolik e yon dwoge, e apre 20 an, yo te mete l nan prizon. Men sa Mario di : “ Mwen te kòmanse reflechi seryezman sou avni m e mwen te rekòmanse li Labib. Avèk letan, mwen te vin apresye kalite Jewova yo, sitou mizèrikòd li mwen te konn mande souvan nan priyè m. Lè mwen sot nan prizon, mwen evite ansyen zanmi mwen te genyen yo, m al nan reyinyon, e apre sa, mwen vin reyentegre. Nan kò mwen, m ap rekòlte sa mwen te simen, men omwen kounye a, mwen gen yon esperans estrawòdinè. Mwen pap janm sispann di Jewova mèsi pou konpasyon li ak padon li. ” — Sòm 103:9-13 ; 130:3, 4 ; Galat 6:7, 8.

20 Se vre, moun ki nan menm sitiyasyon ak Mario oblije fè gwo efò pou yo retounen vin jwenn Jewova. Men lanmou yo ki reviv grasa etid Labib, lapriyè ak meditasyon, ap ba yo kouraj ak detèminasyon ki nesesè. Esperans Wayòm nan te fòtifye Mario tou. Wi, esperans, met ansanm ak lanmou, lafwa ak lakrentif pou Bondye, kapab yon fòs pisan nan vi nou k ap pouse nou fè sa ki byen. Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine kado espirityèl presye sa a pi byen.

[Nòt anba paj]

^ § 19 Yo chanje non moun nan.

Èske nou ka reponn ?

• Ki jan lanmou te ede Jezi gen yon kouraj estrawòdinè ?

• Ki jan lanmou Pòl ak Banabas te gen pou frè yo te ba yo yon kouraj eksepsyonèl ?

• Ki mwayen Satan itilize pou l eseye minen lanmou kretyen yo ?

• Ki eprèv lanmou nou pou Jewova kapab ban nou kouraj pou nou andire ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 25]

Lanmou Pòl te gen pou moun te ba l kouraj pou l pèsevere.

[Foto nan paj 26]

Sa mande kouraj pou yon moun soutni prensip Bondye yo.

[Foto nan paj 26]

Namangolwa Sututu