Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Timoun, se pou nou obeyi paran nou ”

“ Timoun, se pou nou obeyi paran nou ”

“ Timoun, se pou nou obeyi paran nou ”

“ Timoun, se pou nou obeyi paran nou ann inyon ak Seyè a, paske sa jis. ” — EFEZYEN 6:1.

1. Ki jan obeyisans ka pwoteje w ?

JODI a nou vivan petèt paske nou te obeyi, tandiske gen lòt moun ki mouri petèt paske yo pa t obeyi. Obeyi ki sa ? Obeyi avètisman, pa egzanp, avètisman kò nou ki fèt “ yon fason ki estrawòdinè ” konn ban nou (Sòm 139:14). Ann imajine je nou wè gwo nyaj nwa, e zòrèy nou tande bri loray. Epi, chaj elektrik ki gen nan lè a fè cheve nou drese. Moun ki konnen ki danje siy sa yo reprezante ap rann yo kont se avètisman pou yon moun chèche yon kote pou l abrite l pou l pwoteje tèt li kont yon tanpèt ki toupre frape, yon tanpèt danjere ki gen zèklè ak lagrèl.

2. Ki rezon ki fè timoun yo bezwen avètisman, e poukisa yo dwe obeyi paran yo ?

2 Ou menm ki timoun, ou bezwen avètisman konsènan danje ki ka rive, e paran w gen responsablite pou yo ba w avètisman sa yo. Petèt ou sonje yo te deja di w : “ Pa manyen recho a. Li cho. ” “ Pa al bò dlo a. Sa danjere. ” “ Gad anwo gad anba anvan w travèse lari. ” Malerezman, gen timoun malè rive yo oswa ki menm mouri, paske yo pa t obeyi. Obeyi paran nou se yon bagay ki “ jis ”, sètadi ki kòrèk e ki nòmal. Anplis, se yon bagay ki saj (Pwovèb 8:33). Gen yon lòt tèks nan Bib la ki di se yon bagay ki “ agreyab ” pou Seyè nou an, Jezi Kris. An reyalite, se Bondye ki mande w pou w obeyi paran w. — Kolosyen 3:20 ; 1 Korentyen 8:6.

Obeyisans pote rekonpans ki dirab

3. Ki sa “ lavi toutbon an ” ye pou pifò nan nou, e ki sa timoun yo dwe fè pou yo espere jwenn li ?

3 Lè w obeyi paran w, sa pwoteje “ lavi [ou genyen] kounye a ”, men obeyisans ap fè li posib tou pou w jwi lavi “ ki pral vini an ”, lavi yo rele “ lavi toutbon an ”. (1 Timote 4:8 ; 6:19.) Pou pifò nan nou, lavi toutbon an se lavi etènèl sou tè a nan monn nouvo Bondye a, lavi li pwomèt moun ki rete atache fidèlman ak kòmandman l yo. Youn nan kòmandman sa yo ki enpòtan anpil di : “ ‘ Onore papa w ak manman w ’. Sa a se premye kòmandman ki mache ak yon pwomès : ‘ Pou sa ka ale byen pou ou e pou w ka rete lontan sou tè a. ’ ” Donk, si w obeyi paran w, w ap gen kè kontan. W ap gen yon avni ki asire, e w ap gen posiblite jwi lavi etènèl sou tè a k ap tounen yon paradi ! — Efezyen 6:2, 3.

4. Ki jan timoun yo ka onore Bondye epi pou yo tire pwofi ?

4 Lè w onore paran w grasa obeyisans ou montre pou yo, ou onore Bondye tou paske se li menm ki mande w pou w obeyi yo. Anmenmtan, ou menm tou ou tire pwofi. Bib la di : “ Mwen menm Jewova, mwen se Bondye w, Sila k ap anseye w pou byen w lan. ” ​(Izayi 48:17 ; 1 Jan 5:3). Ki jan w ka tire pwofi lè w obeyi ? Obeyisans ou ap fè kè manman w ak papa w kontan, e yo menm bò kote pa yo, y ap demontre sa nan fason k ap rann lavi w pi agreyab (Pwovèb 23:22-25). Men, sa k pi enpòtan an, obeyisans ou fè kè Papa w ki nan syèl la kontan, e l ap rekonpanse w nan fason ki vrèman estrawòdinè ! Annou wè kòman Jewova te beni Jezi e li te pwoteje l, li menm ki te di konsènan tèt li : “ Mwen toujou fè sa ki fè l plezi. ” — Jan 8:29.

Jezi te yon bon ouvriye

5. Ki rezon nou genyen pou nou kwè Jezi te yon bon ouvriye ?

5 Jezi se te premye pitit manman l, ki te rele Mari. Jozèf, papa adoptif li, se te yon bòs chapant. Jezi te vin yon bòs chapant tou, e sandout se Jozèf ki te aprann li metye a (Matye 13:55 ; Mak 6:3 ; Lik 1:26-31). Ki kalite bòs chapant ou panse Jezi te ye ? Antanke lasajès an pèsòn, men ki sa li te di lè l te nan syèl la, anvan manman li ki te vyèj te fè l pa mwayen yon mirak : “ Mwen vin tankou yon ouvriye abil bò kote [Bondye], e mwen vin tounen sila li te espesyalman atache avè l la, jou apre jou. ” Bondye te renmen Jezi, ki te yon bon ouvriye nan syèl la. Èske w pa panse etan l te sou tè a, lè l te jèn, li te fè efò tou pou l te ka yon bon ouvriye, yon bon bòs chapant ? — Pwovèb 8:30 ; Kolosyen 1:15, 16.

6. a) Sa k fè w panse Jezi dwe te konn fè travay nan kay lè l te timoun ? b) Ki fason timoun yo ka imite Jezi ?

6 Sandout Jezi te konn jwe lè l te timoun, jan Bib la montre timoun yo te konn fè sa nan epòk sa yo (Zekarya 8:5 ; Matye 11:16, 17). Sepandan, ou mèt sèten antanke premye pitit nan yon fanmi ki te gen anpil timoun e ki pa t gen gwo mwayen, Jezi te gen pou l fè travay nan kay anplis li te dwe aprann metye bòs chapant lan nan men Jozèf. Annapre, Jezi te kòmanse preche, e li te konsakre tèt li nan ministè l jis nan pwen pou l te sakrifye pwòp byennèt pa l (Lik 9:58 ; Jan 5:17). Èske w wè kèk fason ou ka imite Jezi ? Èske paran w mande w pou w netwaye chanm ou oswa pou w fè lòt travay nan kay la ? Èske yo ankouraje w pou w asiste reyinyon e pou w pale sou kwayans ou ak lòt moun yon fason pou w patisipe nan adorasyon Bondye ? Ki jan w panse Jezi t ap reyaji antanke timoun si paran l ta mande l pou l fè bagay sa yo ?

Li te yon bon etidyan Labib e yon bon anseyan

7. a) Avèk kiyès, petèt, Jezi te vwayaje pou l al nan fèt Pak la ? b) Ki kote Jezi te ye lè rès fanmi l t ap vwayaje pou yo tounen lakay yo, e ki sa l t ap fè kote sa a ?

7 Tout gason nan yon fanmi izrayelit te dwe al adore Jewova nan tanp lan pandan twa fèt juif yo (Detewonòm 16:16). Lè Jezi te gen douz an, petèt se tout fanmi l ki te fè vwayaj al Jerizalèm pou yo t al nan fèt Pak la. E sandout, frè ak sè kot manman l yo te la tou. E petèt tou, nan moun ki t ap vwayaje ak fanmi Jezi yo, te gen Salome, petèt ki te sè Mari, ak Zebede, mari Salome, ansanm ak Jak ak Jan pitit yo ki te vin apot annapre * (Matye 4:20, 21 ; 13:54-56 ; 27:56 ; Mak 15:40 ; Jan 19:25). Nan vwayaj yo t ap fè pou yo tounen, petèt Jozèf ak Mari te panse Jezi te ak lòt fanmi l yo, se sa k fè yo pa t remake absans li. E lè finalman Mari ak Jozèf vin jwenn Jezi twa jou apre, yo jwenn li nan tanp lan ki “ chita nan mitan anseyan yo, l ap koute yo e l ap poze yo kesyon ”. — Lik 2:44-46.

8. Ki sa Jezi t ap fè nan tanp lan, e poukisa moun yo te sezi ?

8 Nan ki sans Jezi t ap “ poze [anseyan] yo kesyon ” ? Kesyon li t ap poze yo petèt se pa t senpleman kesyon pou satisfè kiryozite l oswa pou l jwenn enfòmasyon. Mo grèk yo itilize la a kapab fè referans tou ak lè y ap entèwoje yon moun nan kad yon jijman, e yo te ka menm poze lòt kesyon sou repons ki bay la. Wi, menm lè Jezi te timoun, li te yon etidyan Labib ki te etone anseyan relijye yo ki yo menm te fè gwo etid. Labib fè nou konnen “ tout moun ki t ap koute l yo te ret sezi devan entèlijans li e devan repons li yo ”. — Lik 2:47.

9. Ki jan w ka suiv egzanp Jezi nan kesyon etidye Labib ?

9 Dapre ou menm, kòman Jezi te fè etone menm anseyan ki eksperimante avèk konesans li te gen sou Labib, alòske li te yon timoun ? Jezi te privilejye lefètke li te gen paran ki te gen lakrentif pou Bondye ki te ba l enstriksyon ki sot nan Bondye depi lè l te toupiti (Egzòd 12:24-27 ; Detewonòm 6:6-9 ; Matye 1:18-20). Nou sèten Jozèf te konn mennen Jezi nan sinagòg lè l te piti pou l te ka koute lekti ak esplikasyon sou Ekriti yo. Èske ou menm tou ou privilejye lefètke w gen paran ki etidye Labib avè w e ki mennen w nan reyinyon ? Èske w apresye efò yo fè, menm jan Jezi te apresye efò paran l yo te fè ? Èske, menm jan ak Jezi, ou pataje sa w aprann yo ak lòt moun ?

Jezi te soumèt li

10. a) Poukisa paran Jezi yo te dwe konnen kote pou yo jwenn li ? b) Ki bèl egzanp Jezi kite pou timoun yo ?

10 Ki jan w panse Mari ak Jozèf te santi yo lè finalman yo te jwenn Jezi nan tanp lan apre twa jou ? Sandout, yo te santi yo soulaje anpil. Sepandan, Jezi te sezi lefètke paran l pa t konn kote l ye. Yo toule de te konnen se grasa yon mirak Jezi te fèt. Anplis, menmsi yo pa t konn tout detay, sandout yo te gen yon ide sou wòl li t ap gen pou l jwe antanke Sovè e antanke Dirijan Wayòm Bondye a (Matye 1:21 ; Lik 1:32-35 ; 2:11). Se pou rezon sa a Jezi te mande yo : “ Poukisa nou te oblije ap chèche m ? Nou pa t konnen fòk se lakay Papa m pou m ye ? ” Men kanmenm, avèk obeyisans, Jezi te ale avèk paran l yo, li te retounen lakay li Nazarèt. Men sa Labib di : “ Li te kontinye soumèt li devan yo. ” Men “ avèk anpil swen, manman li te konsève tout pawòl sa yo nan kè li ”. — Lik 2:48-51.

11. Ki leson ou ka aprann nan men Jezi sou obeyisans ?

11 Èske w twouve l fasil pou w imite Jezi, sètadi pou w toujou obeyi paran w ? Oswa, èske byen souvan ou panse yo pa konprann monn nan jodi a, e ou konnen plis pase yo ? Se vre, petèt ou ka konn plis bagay pase yo nan kèk domèn, petèt nan fason pou w sèvi ak telefòn selilè, ak òdinatè oswa ak lòt gadjèt modèn. Men, annou reflechi sou Jezi, ki te fè anseyan ki eksperimante sezi devan “ entèlijans li e devan repons li yo ”. Sandout w ap dakò ou pa konn anyen devan Jezi. Sepandan, Jezi te soumèt ak paran l. Sa pa vle di pou otan li te toujou dakò ak tout desizyon yo te pran. Malgre sa, “ li te kontinye soumèt li devan yo ” pandan tout adolesans li. Ki leson w panse ou ka tire nan egzanp li ? — Detewonòm 5:16, 29.

Obeyisans se pa yon bagay ki fasil

12. Ki jan obeyisans ka sove lavi w ?

12 Li pa toujou fasil pou nou obeyisan. Gen yon evènman ki te rive sa gen kèk ane ki demontre sa : Te gen de tifi ki te chwazi travèse yon otowout ki gen sis vwa olye pou yo pase sou yon pasrèl ki fèt pou pyeton. Yo rele yon zanmi yo ki te avèk yo ki li menm t apral pase sou pasrèl la ki anlè, yo di l : “ Vin non John. Ou pap vin avèk nou ? ” Kòm John te ezite, gen youn nan tifi yo ki di l pou l agase l : “ Poul mouye ! ” Byenke se pa t pè John te pè, li te di l : “ Fò m koute manman m. ” Apre yon ti tan, pandan John sou pasrèl la, li tande kawotchou kriye, e lè l gad anba, se nan menm moman an yon machin t ap frape ti medam yo. Gen youn nan yo ki mouri, e lòt la te tèlman blese grav, yo te oblije koupe yon janm li. Annapre, manman ti medam yo, ki te di yo pou yo te travèse sou pasrèl la ki pase anlè otowout la, di manman John : “ Franchman m ta kontan si yo te obeyisan tankou pitit gason w lan. ” — Efezyen 6:1.

13. a) Poukisa ou dwe obeyi paran w ? b) Ki lè li apwopriye pou yon timoun pa fè sa paran l mande l fè ?

13 Poukisa Bondye di : “ Timoun, se pou nou obeyi paran nou ” ? Lè w obeyi paran w se Bondye ou obeyi. Anplis, paran w gen plis eksperyans pase w. Pa egzanp, senk an anvan aksidan nou sot mansyone pi wo a te fèt, pitit yon zanmi manman John te mouri paske li t al eseye travèse menm otowout sa a ! Se vre, li ka pa toujou fasil pou w obeyi paran w, men Bondye di ou dwe fè sa. Men, yon lòt bò, si paran w, oswa yon lòt moun, mande w pou w bay manti, pou w vòlè oswa pou w fè nenpòt ki bagay Bondye pa dakò, ou dwe ‘ obeyi Bondye antanke chèf olye ou obeyi lèzòm ’. Se poutèt sa, apre Bib la fin di pou nou “ obeyi paran nou ”, li ajoute, “ ann inyon ak Seyè a ”. Sa vle di n ap obeyi paran nou nan tout bagay ki ann amoni ak lwa Bondye yo. — Travay 5:29.

14. Poukisa li pi fasil pou yon moun pafè obeyi, men, sa k fè kanmenm li bezwen aprann obeyi ?

14 Èske w panse si w te pafè, sa vle di si w te “ san tach, [e] separe ak pechè yo ”, menm jan ak Jezi, li t ap toujou fasil pou w obeyi paran w (Ebre 7:26) ? Si w te pafè, ou pa t ap gen tandans fè sa ki mal, jan w gen tandans lan kounye a (Jenèz 8:21 ; Sòm 51:5). Epoutan, menm Jezi te oblije aprann obeyisans. Men sa Labib di : “ Aktout [Jezi] te yon Pitit Gason, li te aprann obeyisans nan bagay li te sibi yo. ” ​(Ebre 5:8). Ki jan soufrans te ede Jezi aprann obeyisans, yon leson li pa t bezwen aprann nan syèl la ?

15, 16. Ki jan Jezi te aprann obeyisans ?

15 Grasa direksyon Jewova, Jozèf ak Mari te pwoteje Jezi kont danje lè l te timoun (Matye 2:7-23). Men, avèk letan, Bondye te retire pwoteksyon sinatirèl li te konn bay Jezi a. Soufrans mantal ak soufrans fizik Jezi te sibi yo te tèlman anpil, Bib la fè konnen “ se avèk gwo rèl, ak dlo nan je, li [te] fè siplikasyon ansanm ak demann ”. (Ebre 5:7.) Ki lè sa te rive ?

16 Sa te rive an patikilye nan dènye moman Jezi te pase sou tè a, lè Satan te fè yon dènye gwo atak pou l te wè si l te ka kraze entegrite Jezi. Li klè, refleksyon Jezi t ap fè konsènan move efè lanmò l tankou yon malfektè t ap gen sou non Papa l te tèlman boulvèse l, sa te fè toutpandan “ li te kontinye ap priye [nan jaden Jetsemane] swè l te vin tankou gout san k ap tonbe atè ”. Kèk èdtan apre, Jezi te tèlman soufri akoz fason li te mouri sou poto soufrans lan, sa te fè l pouse “ gwo rèl, ak dlo nan je ”. (Lik 22:42-44 ; Mak 15:34.) Konsa, “ li te aprann obeyisans nan bagay li te sibi yo ”, e konsa li te fè kè papa l kontan. Kounye a, etan Jezi nan syèl la, li konprann soufrans n ap andire lè nou oblije lite byen souvan pou nou obeyisan. — Pwovèb 27:11 ; Ebre 2:18 ; 4:15.

Se pou nou aprann obeyi

17. Ki jan nou ta dwe konsidere kesyon resevwa disiplin nan ?

17 Lè papa w ak manman w disipline w, sa montre se sa k pi bon an yo vle pou ou, sa montre yo renmen w. Labib poze kesyon sa a : “ Ki pitit papa l pa disipline l ? ” Èske sa pa t ap tris si paran w pa ta renmen w ase pou yo ta pran tan pou yo korije w e pou yo ta fè efò pou yo fè sa ? Menm jan an tou, lefètke Jewova renmen w, li korije w. “ Se vre, pa gen okenn disiplin menm kote a ki sanble bay kè kontan. Li plis bay lapenn. Sepandan, pi devan, pou moun li fòme yo, li pote yon fwi pezib, sètadi ladwati. ” — Ebre 12:7-11.

18. a) Ki sa yon disiplin ki plen lanmou demontre ? b) Ki fason pozitif ou te wè yon disiplin konsa modle lavi anpil moun ?

18 Gen yon wa nan Izrayèl tan lontan an, Jezi te pale de li pou sajès li, ki te montre nesesite pou paran yo bay koreksyon ki plen lanmou. Men sa wa sa a, anpalan de Salomon, te ekri : “ Sila a ki renka pou l sèvi ak baton l rayi pitit gason l, men sila a ki renmen l lan se li ki chèche l avèk disiplin toutbonvre. ” Salomon te menm di yon moun ki resevwa koreksyon ki plen lanmou ka menm wè nanm li delivre anba lanmò (Pwovèb 13:24 ; 23:13, 14 ; Matye 12:42). Gen yon sè ki sonje lè l te timoun, lè l te mal konpòte l nan reyinyon, papa l te konn pwomèt li l ap disipline l lè yo retounen lakay. Kounye a, li panse ak papa l avèk afeksyon, poutèt li te ba l disiplin ki plen lanmou, yon disiplin ki te modle vi l.

19. Pou ki rezon sitou ou ta dwe obeyi paran w ?

19 Si w gen paran ki renmen w ase pou yo pran tan pou yo disipline w avèk amou e pou yo fè efò pou yo fè sa, ou dwe rekonesan pou sa. Obeyi yo, menm jan Jezi Kris, Seyè nou an, te obeyi paran l, anpalan de Jozèf ak Mari. Men, obeyi yo sitou paske se Jewova Dye, Papa w ki nan syèl la, ki mande w fè sa. Konsa w ap tire pwofi, e tout bagay gen pou yo ‘ ale byen pou ou, e w ap rete lontan sou tè a ’. — Efezyen 6:2, 3.

[Nòt anba paj]

^ § 7 Gade liv Étude perspicace des Écritures, volim 2, paj 869. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki byenfè timoun yo ka jwenn lè yo obeyi paran yo ?

• Lè Jezi te timoun, ki egzanp li te kite nan kesyon obeyi paran ?

• Ki jan Jezi te aprann obeyisans ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 19]

Lè Jezi te gen douz an, li te konn Ekriti yo trè byen.

[Foto nan paj 21]

Ki jan Jezi te aprann obeyisans nan soufrans ?