Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pinga nou separe sa Bondye mete anba menm jouk

Pinga nou separe sa Bondye mete anba menm jouk

Pinga nou separe sa Bondye mete anba menm jouk

“ Yo pa de ankò, men yo se yon sèl chè. Kidonk, sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l. ” — MATYE 19:6.

1, 2. Poukisa se yon bagay ki biblik e ki reyalis pou nou panse moun ki marye yo ap jwenn pwoblèm pafwa ?

IMAJINE ou pral fè yon vwayaj ki long anpil nan machin. Èske w ap jwenn pwoblèm sou wout la ? Li pa reyalis pou w ta panse ou pap gen pwoblèm. Pa egzanp, ka vin gen move tan, e sa ka fè w bezwen ralanti e sa ka mande pou w pran prekosyon nan fason w ap kondui. Rive yon moman, ou ka vin gen yon pàn ki mande pou w mete w akote wout la pou w chèche èd lòt moun. Èske sitiyasyon sa yo ta dwe fè w panse ou pa t dwe janm fè vwayaj sa a, epi pou sa ta fè w deside kite machin nan ? Non. Lè w ap fè yon vwayaj ki long, ou atann w ap jwenn pwoblèm, e avèk sajès, w ap chèche fason pou w rezoud yo.

2 Se menm bagay la pou maryaj. Nou pap pa jwenn pwoblèm, e li pa t ap reyalis pou de moun ki anvizaje marye panse y ap gen yon lavi dous nèt. Nan 1 Korentyen 7:28, Labib di byen klè mari ak madanm t ap gen “ tribilasyon nan chè yo ”. Sa k fè sa ? Se tou senpleman paske mari yo ak madanm yo enpafè, e mete sou sa, n ap viv nan “ tan ki kritik e ki difisil pou moun sipòte ”. (2 Timote 3:1 ; Women 3:23.) Se poutèt sa, menm lè se de moun ki ka viv byen ansanm e ki djanm nan domèn espirityèl, pafwa, y ap gen pou yo fè fas ak pwoblèm.

3. a) Ki jan anpil moun nan monn nan konsidere maryaj ? b) Poukisa kretyen yo fè efò pou yo pwoteje maryaj yo ?

3 Nan monn n ap viv jodi a, lè moun yo jwenn pwoblèm nan maryaj yo, premye reyaksyon yo se kraze maryaj la. Nan anpil peyi, yo prèske pa ka kontwole kantite divòs k ap fèt. Sepandan, vrè kretyen yo chèche rezoud pwoblèm yo jwenn olye pou yo kouri pou yo. Poukisa ? Paske yo konsidere maryaj la kòm yon kado sakre Jewova bay. Men sa Jezi te di konsènan moun ki marye yo : “ Sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l. ” ​(Matye 19:6). An reyalite, li pa toujou fasil pou yon moun aplike prensip sa a. Pa egzanp, souvan fanmi ak lòt moun — tankou kèk konseye matrimonyal — ki pa soumèt yo ak prensip biblik yo, konn ankouraje moun ki marye yo pou yo separe oswa divòse pou rezon ki pa biblik *. Men, kretyen yo konnen li pi bon lontan pou yo chèche rezoud pwoblèm yo gen nan maryaj yo e pou yo pwoteje l olye pou yo kouri kraze l. Vrèmanvre, li enpòtan pou nou pran rezolisyon depi okòmansman pou nou fè tout bagay jan Jewova vle pou yo fèt la, e non pa selon konsèy lòt moun. — Pwovèb 14:12.

Fason nou kapab rezoud pwoblèm yo

4, 5. a) Ki kalite pwoblèm ki ka genyen nan yon maryaj ? b) Poukisa prensip ki nan Pawòl Bondye a vrèman efikas, menm lè gen pwoblèm nan yon maryaj ?

4 An reyalite, pa gen okenn maryaj kote moun yo pa gen pwoblèm pou yo rezoud detanzantan. Nan pifò ka, se pa gwo pwoblèm. Sepandan, nan kèk maryaj, konn gen pwoblèm grav ki menase maryaj la nan baz li. Pafwa, li ka nesesè pou nou mande yon ansyen ki marye e ki gen eksperyans pou l ede nou. Men, se pa paske sitiyasyon sa yo egziste, ki vle di maryaj nou se yon echèk pou sa. Yo tou senpleman montre nan ki pwen li enpòtan pou nou atache ak prensip biblik yo lè n ap chèche jwenn solisyon pou pwoblèm yo.

5 Se Jewova ki kreye lèzòm e se li menm ki kreye maryaj. Donk, se li menm ki pi byen konnen pase tout moun ki sa nou bezwen pou maryaj nou ka reyisi. Men, èske n ap koute konsèy ki nan Pawòl li a e èske n ap obeyi yo ? San mank, n ap tire pwofi si nou fè sa. Men sa Jewova te di pèp li te genyen nan tan lontan an : “ Aa ! Si sèlman ou ta pote atansyon toutbon ak kòmandman m yo ! Lè sa a, lapè w t ap vin tankou yon rivyè e jistis ou t ap vin tankou vag lanmè. ” ​(Izayi 48:18). Lè nou obeyi prensip ki nan Bib la, sa ka fè maryaj nou reyisi. Toudabò, annou konsidere konsèy Bib la bay mari yo.

“ Se pou nou kontinye renmen madanm nou ”

6. Ki konsèy Labib bay mari yo ?

6 Mari yo resevwa enstriksyon klè nan lèt apot Pòl te ekri Efezyen yo. Men sa Pòl te ekri : “ Mari, se pou nou kontinye renmen madanm nou, tankou Kris tou te renmen kongregasyon an, e li te livre tèt li pou li. Se nan sans sa a mari yo dwe renmen madanm yo tankou pwòp kò yo. Moun ki renmen madanm li se tèt li l renmen, paske pa gen moun ki janm rayi pwòp chè l. Men, li nouri l e li ancheri l, tankou Kris fè tou pou kongregasyon an. Sepandan, pami nou, se pou chak moun an patikilye renmen madanm li konsa, menm jan ak tèt li. ” — Efezyen 5:25, 28, 29, 33.

7. a) Ki sa k ta dwe jwe yon wòl enpòtan nan maryaj kretyen yo ? b) Ki jan mari yo ka kontinye renmen madanm yo ?

7 Pòl pa t pale konsènan tout pwoblèm ki ka genyen ant mari ak madanm. Depreferans, li bay vrè solisyon pou pwoblèm ki gen nan maryaj. Li montre lanmou ta dwe jwe yon wòl enpòtan nan maryaj kretyen yo. Anfèt, li fè referans ak lanmou sis fwa nan vèsè ki site pi wo yo. N ap remake tou, Pòl di mari yo pou yo ‘ kontinye renmen madanm yo ’. Sandout, Pòl te rekonèt li pi fasil lontan pou moun yo tonbe damou pase pou yo toujou kontinye renmen youn lòt. E se yon reyalite sitou nan “ dènye jou ” sa yo kote anpil moun “ renmen pwòp tèt yo ” e kote yo “ san lespri antant ”. (2 Timote 3:1-3.) Jan de defo sa yo ap minen anpil maryaj jodi a. Men, yon mari ki gen lanmou pap kite monn sa a ki egoyis enfliyanse fason l panse ak aksyon l. — Women 12:2.

Ki jan w ka pran swen madanm ou ?

8, 9. Nan ki domèn yon mari kretyen dwe pran swen madanm li ?

8 Si w se yon mari kretyen, ki jan w ka fè pou w reziste kont tandans egoyis ou genyen e pou w demontre bonjan lanmou pou madanm ou ? Nan pawòl Pòl te di Efezyen yo, pawòl nou sot li pi wo yo, li te montre de bagay ou bezwen fè : Ou bezwen pran swen madanm ou e ou bezwen ancheri l menm jan w fè pou pwòp kò w. Ki jan w ka pran swen madanm ou ? Youn nan fason ou ka fè sa se nan domèn materyèl, sa vle di ou dwe konble bezwen materyèl madanm ou. Men sa Pòl te ekri Timote : “ Sètènman, si yon moun pa bay moun pa li yo sa yo gen bezwen, sitou sa ki manm kò kay li, li renye lafwa, e li pi mal pase yon moun ki pa gen lafwa. ” — 1 Timote 5:8.

9 Sepandan, sa mande plis pase annik bay manje, rad ak kay. Poukisa ? Se paske yon mari gendwa byen bay madanm li tout sa l bezwen nan domèn materyèl, epoutan li pa satisfè bezwen afektif li ak bezwen espirityèl li, alòske se yon bagay ki esansyèl pou l pran swen l tou nan domèn sa yo. Se vre gen anpil mari kretyen ki okipe anpil nan travay yo genyen nan kongregasyon an. Men, se pa paske yon mari gen anpil responsablite nan kongregasyon an pou l neglije responsablite Bondye ba l antanke chèf fanmi (1 Timote 3:5, 12). Sa gen kèk ane, men ki kòmantè Toudegad te fè sou kesyon sa a : “ Selon sa Labib mande, nou kapab di ‘ travay bèje a kòmanse depi lakay li ’. Si yon ansyen neglije fanmi l, li ka pèdi privilèj li genyen an *. ” Li klè, se yon bagay ki esansyèl pou w pran swen madanm ou nan domèn materyèl, nan domèn afektif e sitou nan domèn espirityèl.

Ki sa sa vle di ancheri madanm ou ?

10. Ki jan yon mari ka ancheri madanm li ?

10 Ancheri madanm ou vle di byen pran swen l paske w renmen l. Gen plizyè fason w ka fè sa. Toudabò, ou bezwen pase ase tan avèk madanm ou. Si w neglije madanm ou nan domèn sa a, lanmou li gen pou ou ka rafredi. Se pou w konprann tou, kantite tan ak afeksyon madanm ou bezwen se gendwa pa sa w te panse a. Se pa sèlman di pou w di ou ancheri madanm ou, li dwe santi ou ancheri l. Men sa Pòl te ekri : “ Se pou chak moun kontinye chèche, non pa pwòp avantaj pa l, men, pa lòt moun nan. ” ​(1 Korentyen 10:24). Antanke mari ki plen lanmou, se pou w veye aske w konprann ki sa madanm ou vrèman bezwen. — Filipyen 2:4.

11. Kòman fason yon mari trete madanm li afekte relasyon l genyen ak Bondye e ak kongregasyon an ?

11 Yon lòt fason ou ka montre w ancheri madanm ou se lè w trete l avèk tandrès ni nan pawòl ou ni nan aksyon w (Pwovèb 12:18). Men sa Pòl te ekri Kolosyen yo : “ Mari, se pou nou kontinye renmen madanm nou e pinga nou egri kont yo. ” ​(Kolosyen 3:19). Selon yon ouvraj referans, yo ka tradui dezyèm pati deklarasyon Pòl la konsa : “ Pa trete l tankou yon domestik ” oubyen “ pa fè l tounen yon esklav ”. Yon mari pap montre li ancheri madanm li vre si l aji avè l tankou yon diktatè, kit se an prive kit se an piblik. Si l trete madanm li yon fason ki di, sa kapab nui relasyon l avèk Bondye. Men sa apot Pyè te ekri mari yo : “ Se pou nou kontinye viv avèk [madanm nou] selon konesans, pou nou ba yo onè tankou yon veso ki pi fèb, veso feminen an, piske nou menm tou, ansanm avèk yo, nou eritye lavi yo fè nou favè a, favè moun pa merite, yon fason pou priyè nou pa bloke *. ” — 1 Pyè 3:7.

12. Ki sa yon mari kretyen ka aprann nan fason Jezi te konn trete kongregasyon an ?

12 Pa janm met nan tèt ou lanmou madanm ou gen pou ou se yon bagay ou merite otomatikman. Fè l konnen w ap toujou renmen l. Jezi kite yon egzanp pou mari kretyen yo nan fason li te konn trete kongregasyon kretyen an. Li te dou, li te janti avèk disip li yo e li te konn padone yo, menm lè plizyè fwa yo te aji yon fason ki pa t bon. Se sa k fè Jezi te kapab di lòt moun : “ Vin jwenn mwen, [...] paske mwen gen tanperaman dou e mwen gen imilite nan kè m, e n ap jwenn fòs pou nanm nou. ” ​(Matye 11:28, 29). Yon mari k ap imite Jezi ap trete madanm li menm jan Jezi te konn trete kongregasyon an. Yon gason ki ancheri madanm li toutbon, e ki montre sa ni nan pawòl li ni nan aksyon l, ap tounen yon vrè sous ankourajman pou li.

Madanm ki respekte prensip ki nan Bib la

13. Ki prensip nan Bib la ki ka ede madanm yo ?

13 Gen prensip nan Bib la ki ka ede madanm yo tou. Efezyen 5:22-24, 33 di : “ Se pou madanm yo soumèt yo devan mari yo, tankou yo soumèt yo devan Seyè a, paske yon mari se chèf madanm li, menm jan Kris tou se chèf kongregasyon an, li menm ki yon sovè pou kò sa a. Wi, menm jan kongregasyon an soumèt li devan Kris, konsa tou se pou madanm yo soumèt yo devan mari yo nan tout bagay. [...] Madanm nan, [...] dwe gen yon gwo respè pou mari l. ”

14. Poukisa prensip biblik ki mande pou fi yo soumèt yo se pa yon prensip ki rabese medam yo ?

14 N ap remake Pòl te mete aksan sou soumisyon ak respè. Li te fè madanm yo sonje yo dwe soumèt yo devan mari yo. Sa ann amoni ak dispozisyon Bondye pran pou chak kreyati soumèt yo devan yon moun, kit se nan syèl la, kit se sou tè a. Menm Jezi soumèt li devan Jewova Dye (1 Korentyen 11:3). Natirèlman, lè yon mari byen egzèse otorite l, sa fè l pi fasil pou madanm li soumèt devan l.

15. Site kèk konsèy Bib la bay madanm yo.

15 Pòl te di tou yon madanm “ dwe gen yon gwo respè pou mari l ”. Yon kretyèn ki marye dwe manifeste yon “ lespri ki dou e ki pezib ”, konsa li pap kontrekare otorite mari l avèk awogans oswa li pap aji yon fason ki endepandan (1 Pyè 3:4). Yon madanm ki gen lakrentif pou Bondye ap travay di pou byennèt kay li, konsa l ap onore chèf li (Tit 2:4, 5). L ap toujou chèche pale an byen de mari l, donk, li pap fè anyen ki ta ka fè lòt moun manke respè pou mari l. Anplis, l ap fè tout sa l kapab pou l kore desizyon mari l pran e pou l fè yon fason pou yo reyisi. — Pwovèb 14:1.

16. Ki sa kretyèn ki marye yo ka aprann nan egzanp Sara ak Rebeka ?

16 Se pa paske yon kretyèn ki marye gen yon lespri dou ki fè li pa gen opinyon pa l oswa sa l panse pa enpòtan. Gen fi ki te krenn Bondye nan tan lontan, tankou Sara ak Rebeka, ki te pale de enkyetid yo te genyen konsènan kèk bagay, e selon sa Labib rapòte, Jewova te dakò ak sa yo te fè a (Jenèz 21:8-12 ; 27:46–28:4). Menm jan an tou, kretyèn ki marye yo ka fè konnen sa yo santi. Sepandan, yo ta dwe fè sa avèk respè, e non pa avèk yon ton ki rabese mari yo. Sandout y ap rann yo kont lè yo kominike ak mari yo nan fason sa a, sa ap pi agreyab e mari yo ap pi byen reyaji.

Enpòtans angajman an genyen

17, 18. Bay kèk fason mari yo ak madanm yo kapab reziste devan efò Satan ap fè pou l detwi maryaj yo.

17 Maryaj se yon angajman moun pran pou lavi. Se pou sa, ni mari ni madanm ta dwe gen bonjan dezi pou yo fè maryaj yo mache byen. Lè moun yo pa kominike youn ak lòt avèk franchiz, sa ka lakòz pwoblèm ki mennen kont e ki agrave sitiyasyon an. Trè souvan, mari ak madanm sispann kominike youn ak lòt lè gen pwoblèm, e sa fè vin gen rankin nan maryaj la. Gen kèk moun ki marye youn ak lòt ki menm chèche mete yon fen nan relasyon an. Pafwa, yo devlope yon relasyon womantik avèk yon lòt moun andeyò maryaj la. Men ki avètisman Jezi bay : “ Nenpòt moun ki kontinye gade yon fi jiskaske l vin gen yon pasyon pou li, moun sa a deja komèt adiltè avèk li nan kè l. ” — Matye 5:28.

18 Men konsèy apot Pòl te bay tout kretyen, san wete kretyen ki marye yo : “ Nou mèt an kòlè, men malgre sa, pinga nou peche. Pa kite solèy la kouche sou nou tou irite, ni pa kite jwen pou Dyab la. ” ​(Efezyen 4:26, 27). Satan, prensipal ènmi nou an, ap chèche jwe sou pwoblèm ki ka genyen ant kretyen yo. Pa kite l reyisi. Lè gen pwoblèm, chèche konnen sa Labib di sou pwennvi Jewova pa mwayen piblikasyon biblik yo. Pale de pwoblèm yo onètman e avèk kalm. Chèche wè si konesans ou genyen sou prensip Jewova yo ann amoni ak sa ou vrèman ap fè pou w aplike yo (Jak 1:22-25). Anrapò ak maryaj nou, se pou nou detèmine pou nou kontinye mache avèk Bondye antanke mari ak madanm, e pinga nou kite anyen ni pèsonn separe sa li mete anba menm jouk ! — Mika 6:8.

[Nòt anba paj]

^ § 3 Gade kare ki gen tit “ Divorce et séparation ” ki nan Réveillez-vous ! 8 fevriye 2002 a, paj 10. Se Temwen Jewova ki pibliye peryodik sa a.

^ § 9 Gade Toudegad 15 me 1989 (fransè), paj 12.

^ § 11 Pou yon gason jwenn privilèj nan kongregasyon kretyen an, li pa dwe “ yon moun k ap bay moun kou ”, sètadi yon moun k ap frape moun fizikman oswa ki di avèk yo nan fason li pale. Nan sans sa a, men sa nou li nan Toudegad 1ye septanm 1990 (fransè), paj 25 : “ Yon gason pa kalifye pou l jwenn privilèj si l aji tankou moun ki krenn Bondye lè l deyò, men lè l lakay li, li aji tankou yon diktatè. ” — 1 Timote 3:2-5, 12.

Èske nou sonje ?

• Ki sa k fè ka gen pwoblèm menm nan maryaj kretyen yo ?

• Ki jan yon mari ka pran swen madanm li, e kòman li ka montre li ancheri l ?

• Ki sa yon madanm ka fè pou l montre li gen yon gwo respè pou mari l ?

• Ki jan yon mari ak yon madanm ka ranfòse angajman yo te pran an ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 24]

Yon mari dwe byen pran swen madanm li, ni nan domèn materyèl ni nan domèn espirityèl.

[Foto nan paj 25]

Yon mari ki ancheri madanm li se yon sous ankourajman pou li.

[Foto nan paj 27]

Kretyèn ki marye yo eksprime santiman yo avèk respè.