Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jèn : chèche atenn objektif ki onore Bondye

Jèn : chèche atenn objektif ki onore Bondye

Jèn : chèche atenn objektif ki onore Bondye

“ Fòme tèt ou, pandan w gen atachman pou Bondye kòm objektif. ” — 1 TIMOTE 4:7.

1, 2. a) Pou ki rezon Pòl te fè elòj pou Timote ? b) Ki jan jèn yo jodi a ‘ fòme tèt yo, pandan yo gen atachman pou Bondye kòm objektif ’ ?

“ MWEN pa gen pèsonn ki byen dispoze tankou li, pèsonn ki reyèlman gen sousi pou bagay ki konsène nou. [...] Menm jan yon pitit konn fè pou papa l, se konsa li travay avèk mwen tankou yon esklav, pou pèmèt bon nouvèl la pwogrese. ” ​(Filipyen 2:20, 22). Apot Pòl te di bèl pawòl sa yo nan lèt li te ekri kretyen Filip yo nan premye syèk la. Konsènan kiyès li t ap pale ? Se konsènan Timote, yon konpayon vwayaj li te genyen ki te jèn. Imajine ki jan sa dwe te touche kè Timote lefètke Pòl te fè konnen li gen afeksyon pou li e li gen konfyans nan li !

2 Jèn ki gen lakrentif pou Bondye menm jan ak Timote gen anpil valè nan mitan pèp Jewova a (Sòm 110:3). Jodi a, òganizasyon Bondye a gen anpil jèn k ap sèvi kòm pyonye, misyonè, volontè nan konstriksyon oswa Betelit. Jèn ki zele nan aktivite kongregasyon an, malgre yo gen lòt responsablite, yo menm tou yo merite anpil felisitasyon. Jèn konsa jwenn yon vrè satisfaksyon lefètke yo chèche atenn objektif ki onore Jewova, Papa nou ki nan syèl la. Yo vrèman ‘ fòme tèt yo, pandan yo gen atachman pou Bondye kòm objektif ’. — 1 Timote 4:7, 8.

3. Ki kesyon nou pral egzamine nan atik sa a ?

3 Antanke jèn, èske w gen objektif espirityèl byen presi w ap chèche atenn ? Ki kote w ka jwenn èd ak ankourajman pou w fè sa ? Ki jan w ka reziste anba presyon monn materyalis sa a ap fè sou ou ? Ki byenfè ou ka espere rekòlte si w chèche atenn objektif ki onore Bondye ? Annou egzamine lavi ak karyè Timote pou nou ka jwenn repons kesyon sa yo.

Kèk enfòmasyon sou Timote

4. Fè yon rezime tou kout sou karyè Timote nan krisyanis la.

Timote te grandi nan Lis, yon ti vil ki te fè pati yon koloni women ki te rele Galasi. Li posib pou Timote te antre an kontak avèk krisyanis la lè li te adolesan, pandan Pòl t ap preche nan Lis ozanviwon ane 47 epòk nou an. Rapidman, Timote te vin gen yon bon repitasyon pami kretyen ki t ap viv nan zòn sa a. Lè Pòl retounen Lis dezan apre e li aprann pwogrè Timote fè, li chwazi l pou l travay avèk li antanke konpayon l nan sèvis misyonè a (Travay 14:5-20 ; 16:1-3). Toutpandan Timote t ap vin gen plis matirite, yo te konfye l plis responsablite toujou. Pa egzanp, yo te konfye l misyon enpòtan pou l fòtifye frè yo. Lè Pòl te ekri Timote etan li te nan prizon nan vil Wòm nan zòn ane 65 epòk nou an, Timote te deja ap sèvi kòm ansyen nan Efèz.

5. Selon 2 Timote 3:14, 15, ki de pwen ki te jwe yon wòl nan desizyon Timote te pran pou l chèche atenn objektif espirityèl ?

5 Li evidan, Timote te deside chèche atenn objektif espirityèl. Men, ki sa ki te pouse l fè sa ? Nan dezyèm lèt Pòl te voye bay Timote a, li te mansyone de pwen ki te jwe yon gwo wòl nan sa, men sa li te ekri : “ Kontinye nan bagay ou te aprann yo, bagay yo te konvenk ou pou w kwè yo, piske w konnen nan men ki moun ou te aprann yo e se depi w te toupiti ou konnen ekriti sakre yo. ” ​(2 Timote 3:14, 15). Toudabò, annou egzamine wòl kèk lòt kretyen te jwe nan chwa Timote te fè yo.

Byenfè bon enfliyans pote

6. Ki fòmasyon Timote te resevwa, e ki efè sa te gen sou li ?

Timote te leve nan yon kay ki te divize nan domèn relijye. Papa l se te yon Grèk, men manman l, Enis, ak granmè l, Loyis, se Juif yo te ye (Travay 16:1). Enis ak Loyis te anseye Timote verite ki nan Ekriti ebrayik yo depi lè l te toupiti. Sandout, lè yo te vin konvèti nan krisyanis la, yo te fè efò pou yo konvenk li pou l kwè nan ansèyman kretyen yo. Li klè, Timote te tire anpil pwofi nan bon fòmasyon li te resevwa a. Men remak Pòl te fè : “ Mwen sonje lafwa san ipokrizi ki nan ou menm, ki te toudabò nan granmè w Loyis e nan manman w Enis, men mwen sèten ki nan ou tou. ” — 2 Timote 1:5.

7. Ki benediksyon anpil jèn jwenn, e ki jan sa kapab pwofitab pou yo ?

7 Jodi a, gen anpil jèn ki beni lefètke paran yo ak gran paran yo ki gen lakrentif pou Bondye, menm jan ak Loyis ak Enis, rekonèt enpòtans objektif espirityèl genyen. Pa egzanp, Samira toujou sonje bonjan konvèsasyon li te konn genyen avèk paran li lè l te adolesan. Men sa Samira di : “ Manman m ak papa m te toujou aprann mwen wè bagay yo menm jan Jewova wè yo e yo te aprann mwen fè travay predikasyon an vin yon priyorite pou mwen. Yo te toujou ankouraje m pou m antre nan sèvis aplentan. ” Samira te koute ankourajman paran l te ba li, e kounye a li gen privilèj pou l fè pati fanmi Betèl ki nan peyi l la. Si paran w ap ankouraje w pou w konsantre w sou objektif espirityèl, ou dwe pran konsèy yo ba ou trèzoserye. Paske se sa k pi bon an yo ta renmen pou ou. — Pwovèb 1:5.

8. Ki jan Timote te tire pwofi nan frekantasyon edifyan ki te genyen ant li menm ak lòt kretyen ?

8 Li enpòtan tou pou w chèche frekante kretyen k ap egzèse bonjan enfliyans sou ou. Ansyen nan kongregasyon Timote yo ansanm ak ansyen ki te Ikonyòm yo, de zòn ki te gen anviwon 30 kilomèt ki separe yo, te konn Timote byen (Travay 16:1, 2). Timote te vin bon zanmi Pòl, ki te yon nonm dinamik (Filipyen 3:14). Lèt Pòl yo montre Timote te renmen koute konsèy, e li te dispoze imite lafwa lòt moun (1 Korentyen 4:17 ; 1 Timote 4:6, 12-16). Pòl te ekri : “ Se pye pou pye ou suiv ansèyman m, fason m viv, objektif mwen, lafwa mwen, pasyans mwen, lanmou mwen, andirans mwen. ” ​(2 Timote 3:10). Wi, Timote te suiv egzanp Pòl pye pou pye. Menm jan an tou, si w vin pwòch ak moun ki djanm espirityèlman nan kongregasyon an, sa ap ede w vin gen bonjan objektif espirityèl. — 2 Timote 2:20-22.

Etidye “ ekriti sakre yo ”

9. Apa chwazi bon frekantasyon, ki sa ou dwe fè ankò pou w ‘ fòme tèt ou, pandan w gen atachman pou Bondye kòm objektif ’ ?

9 Èske depi w annik chwazi gen bon frekantasyon, sa ap fè w atenn objektif espirityèl ou genyen ? Non. Menm jan ak Timote, ou bezwen egzamine “ ekriti sakre yo ” avèk swen. Petèt ou gendwa pa twò renmen etidye, men sonje Timote te oblije ‘ fòme tèt li, pandan l te gen atachman pou Bondye kòm objektif ’. Byen souvan, atlèt yo oblije antrene anpil pandan plizyè mwa pou yo ka atenn objektif yo. Se konsa tou, pou nou atenn objektif espirityèl, sa mande sakrifis ak gwo efò (1 Timote 4:7, 8, 10, nòt anba paj). Petèt ou ka ap mande tèt ou : ‘ Ki jan lè m etidye Labib, sa ap ede m atenn objektif mwen yo ? ’ Annou egzamine twa fason.

10, 11. Poukisa Ekriti yo ka motive w pou w atenn objektif espirityèl ou genyen ? Bay yon egzanp.

10 Premyèman, Ekriti yo ap pèmèt ou gen bon motivasyon. Yo revele bèl pèsonalite Papa nou ki nan syèl la genyen, fason ki pi estrawòdinè li demontre lanmou li pou nou ak benediksyon etènèl li rezève pou sèvitè fidèl li yo (Amòs 3:7 ; Jan 3:16 ; Women 15:4). Pandan konesans ou genyen sou Jewova ap grandi, se konsa lanmou w gen pou li ak dezi ou genyen pou w vwe lavi w ba li ap grandi tou.

11 Selon sa anpil jèn kretyen fè remake, youn nan bagay ki te plis ede yo pran laverite oserye se lefètke yo te etidye Labib pèsonèlman e regilyèman. Pa egzanp, Adele te grandi nan yon fanmi kretyen, men li pa t janm chèche gen okenn objektif espirityèl. Men sa li di : “ Paran m te konn mennen m nan Sal Wayòm, men mwen pa t konn fè etid pèsonèl e mwen pa t konn suiv nan reyinyon yo. ” Se lè yon sè Adele te vin batize, li vin kòmanse pran laverite plis oserye. Li di : “ Mwen te deside li tout Bib la. Mwen te konn li yon ti pòsyon, epi apre sa mwen ekri yon kòmantè sou sa m fèk sot li a. Jis kounye a nòt mwen yo la. Mwen te rive li Bib la nan ennan. ” Lefètke li te fè sa, sa te motive l pou l vwe vi l bay Jewova. Malgre li gen yon gwo andikap fizik, kounye a li se yon pyonye pèmanan, sa vle di yon evanjelizatè aplentan.

12, 13. a) Ki chanjman etid Labib ka ede yon jèn fè, e ki jan l ap ede l fè sa ? b) Site kèk bagay sajès pratik ki gen nan Pawòl Bondye a ka ede w fè.

12 Dezyèmman, Labib ap ede w pou w fè chanjman ki nesesè nan pèsonalite w. Pòl te di Timote “ ekriti sakre yo ” “ itil pou anseye, pou reprimande, pou mete bagay yo annòd, pou disipline nan ladwati, pou moun pa Bondye a kalifye nèt, pou l ekipe totalman pou tout zèv ki bon ”. (2 Timote 3:16, 17.) Lè w medite regilyèman sou sijè ki gen rapò ak Pawòl Bondye a e lè w aplike prensip ki ladan l yo, se kite w ap kite lespri Bondye rafine pèsonalite w. L ap ede w devlope yon seri kalite ki esansyèl, tankou imilite, pèseverans, zèl ak yon bonjan lanmou pou kretyen parèy ou (1 Timote 4:15). Timote te gen kalite sa yo, e sa te pwofitab ni pou Pòl ni pou kongregasyon kote Timote te sèvi yo. — Filipyen 2:20-22.

13 Twazyèmman, Pawòl Bondye a se yon sous sajès pratik (Sòm 1:1-3 ; 19:7 ; 2 Timote 2:7 ; 3:15). L ap ede w chwazi zanmi w avèk sajès, l ap ede w chwazi distraksyon ki kòrèk e l ap ede w lè w gen yon bann lòt desizyon pou w pran ki difisil (Jenèz 34:1, 2 ; Sòm 119:37 ; 1 Korentyen 7:36). Li enpòtan pou w pran desizyon ki saj depi kounye a pou w ka atenn objektif espirityèl ou genyen.

“ Konbat nan bèl konba ” a

14. Sa k fè li pa fasil ditou pou yon moun chèche atenn objektif espirityèl ?

14 Bagay ki pi saj yon moun te ka fè se bay objektif k ap onore Jewova priyorite nan lavi l, men se pa yon bagay ki fasil ditou. Pa egzanp, lè w gen pou w chwazi yon karyè, ou ka twouve w anba presyon moun ki kwè si w pa fè gwo etid e si w pa jwenn yon djòb k ap fè w fè anpil lajan, ou pap janm reyisi toutbonvre ni ou pap jwenn vrè bonè a. Moun sa yo se kapab moun nan fanmi w, jèn parèy ou oswa pwofesè ki ka gen bon entansyon (Women 12:2). Menm jan ak Timote, w ap bezwen “ konbat nan bèl konba lafwa a ” pou w ka ‘ kenbe lavi etènèl ’ Jewova ofri w la byen fèm. — 1 Timote 6:12 ; 2 Timote 3:12.

15. Ki opozisyon petèt Timote te rankontre ?

15 Sitiyasyon an ka pi difisil toujou lè manm fanmi w ki pa gen menm kwayans avè w pa dakò ak chwa ou fè yo. Petèt se ak yon opozisyon konsa Timote te oblije fè fas. Selon sa yon ouvraj referans fè konnen, sanble fanmi Timote te “ fè pati klas sosyal ki te pi edike e ki te pi rich nan sosyete yo t ap viv la ”. Papa l te ka ap atann pou l chèche fè gwo etid yon fason pou l pran larelèv nan biznis fanmi an *. Imajine ki jan papa Timote dwe te reyaji lè l te aprann Timote prefere angaje l nan sèvis misyonè avèk Pòl, yon sèvis ki chaje danje e ki pa ofri okenn asirans nan domèn ekonomik.

16. Ki jan yon jèn te fè fas ak opozisyon li te jwenn nan fanmi l ?

16 Jodi a, gen jèn kretyen k ap fè fas ak menm pwoblèm sa yo. Men sa Matthew k ap sèvi nan yon filyal Temwen Jewova rakonte : “ Lè m te antre nan sèvis pyonye, papa m te desi anpil. Lè mwen te aksepte pran yon travay netwayaj pou m te ka kontinye nan sèvis mwen, pou li menm, mwen te ‘ gaspiye ’ edikasyon m. Li te konn pase m nan jwèt, li te konn raple m valè kòb mwen ta ka fè si mwen te nan yon travay aplentan. ” Ki jan Matthew te reyaji devan opozisyon sa a ? Men sa l di : “ Mwen te kenbe yon bon pwogram lekti Labib e mwen te konn priye regilyèman, sitou nan moman kote li t ap fasil pou m pèdi metriz mwen. ” Matthew te jwenn rekonpans pou detèminasyon li te genyen an. Avèk letan, relasyon l avèk papa l te vin amelyore. Li te vin pi pwòch Jewova tou. Matthew di : “ Mwen te konstate Jewova pran swen m, li ankouraje m e li ede m pou m pa pran move desizyon. Mwen pa t ap janm jwenn bagay sa yo si mwen pa t fè efò pou m atenn objektif espirityèl. ”

Konsantre sou objektif espirityèl yo

17. Ki jan san kèk kretyen pa rann yo kont, yo ka dekouraje moun ki planifye pou yo antre nan sèvis aplentan (Matye 16:22) ?

17 Efò w ap fè pou w atenn objektif espirityèl ou genyen kapab jwenn opozisyon anba anba menm pami kwayan parèy ou. Kèk moun ka di w : ‘ Ou pa oblije pyonye. Ou kapab mennen yon vi nòmal toutpandan w ap patisipe nan travay predikasyon an. Jis chèche gen yon bon djòb epi asire avni w nan domèn finansye. ’ Petèt konsèy sa a ka sanble yon bon konsèy. Men si w ta suiv li, èske vrèman ou ka di w ap fòme tèt ou pandan w gen atachman pou Bondye kòm objektif ?

18, 19. a) Ki jan w ka rete konsantre sou objektif espirityèl ou genyen ? b) Esplike ki sakrifis ou menm, antanke jèn, w ap fè kounye a pou Wayòm nan.

18 Nan epòk Timote a, sanble gen kèk kretyen ki te konn fè menm refleksyon sa yo (1 Timote 6:17). Pou Pòl te ede Timote konsantre sou objektif espirityèl, men ankourajman li te ba li : “ Pa gen okenn moun k ap sèvi kòm sòlda k ap antre tèt li nan zafè komès ki gen nan lavi a, si l ta vle gen apwobasyon moun ki anwole l kòm sòlda a. ” ​(2 Timote 2:4). Yon sòlda ki an sèvis pa dwe distrè nan lòt aktivite. Lavi li ak lavi lòt moun depann de si li toujou prè pou l aji lè kòmandan l pase l lòd. Antanke sòlda ki sou zòd Kris, ou dwe gen menm etadespri sa a, ou dwe evite mare pye w ak yon bann objektif materyèl ki pa nesesè e ki kapab anpeche w akonpli ministè w nèt, yon ministè ki ka sove lavi moun. — Matye 6:24 ; 1 Timote 4:16 ; 2 Timote 4:2, 5.

19 Olye pou w ap chèche mennen yon lavi dous, kiltive pito yon etadespri k ap pouse w fè sakrifis. “ Se pou w dispoze vag sou konfò lavi a ka ofri, antanke moun ki nan lame Kris Jezi a. ” ​(2 Timote 2:3, The English Bible in Basic English). Piske Timote te konn frekante Pòl, li te aprann sekrè pou l santi l satisfè menm nan sikonstans ki pi difisil yo (Filipyen 4:11, 12 ; 1 Timote 6:6-8). Ou ka fè menm jan an tou. Èske w dispoze fè sakrifis pou Wayòm nan ?

Benediksyon w ap jwenn kounye a e alavni

20, 21. a) Bay kèk nan benediksyon yon moun ka jwenn lè l chèche atenn objektif espirityèl. b) Ki sa w detèmine pou w fè ?

20 Timote te rete atache ak Pòl pandan anviwon 15 an. Plizyè kongregasyon te pran nesans devan Timote ofiramezi bon nouvèl la t ap gaye nan prèske tout zòn nò lanmè Meditèrane a. Lavi l te pi enteresan, e li te jwenn plis satisfaksyon pase si l te chwazi mennen yon vi “ nòmal ”. Si w chèche atenn objektif espirityèl, ou menm tou w ap rekòlte benediksyon ki san parèy. W ap vin pi pwòch Jewova e lòt kretyen yo ap renmen w, y ap respekte w. Olye w rekòlte doulè ak desepsyon moun jwenn nan kouri dèyè richès materyèl, w ap jwenn vrè bonè moun jwenn lè yo bay ak tout kè yo. E anplis de tout sa, w ap “ kenbe lavi toutbon an fèm ”, sètadi lavi etènèl sou tè a k ap vin yon paradi. — 1 Timote 6:9, 10, 17-19 ; Travay 20:35.

21 Kidonk, si w poko fòme tèt ou, pandan w gen atachman pou Bondye kòm objektif, nou vrèman ankouraje w pou w kòmanse fè sa tousuit. Chèche vin pwòch moun nan kongregasyon an ki kapab ede w atenn objektif espirityèl, epi mande yo konsèy. Etidye Pawòl Bondye a regilyèman, fè sa vin yon priyorite pou ou. Se pou w detèmine pou w reziste devan etadespri materyalis monn sa a genyen. E pa janm bliye, Bondye “ ki founi nou tout bagay ann abondans pou nou ka jwi yo ” a pwomèt ou ou kapab jwenn anpil benediksyon ni kounye a ni alavni, si w chwazi objektif ki onore l. — 1 Timote 6:17.

[Nòt anba paj]

^ § 15 Sosyete grèk nan epòk sa a te bay edikasyon anpil enpòtans. Men sa Plitak, yon moun ki t ap viv nan menm epòk ak Timote, te ekri : “ Resevwa yon edikasyon ki kòrèk se sous ak rasin tout bon bagay. [...] Dapre mwen, se sa ki kontribye pou ede yon moun atenn yon wo nivo nan domèn moral e ki mennen nan bonè. [...] Tout lòt avantaj yo pa fyab e yo pa gen enpòtans, ni yo pa merite pou nou ba yo twòp konsiderasyon. ” — Moralia, tòm I, “ Edikasyon timoun ” ​(anglè).

Èske nou sonje ?

• Ki kote jèn yo ka jwenn èd pou yo atenn objektif espirityèl ?

• Poukisa li enpòtan anpil pou nou etidye Labib avèk swen ?

• Ki jan jèn yo ka reziste devan enfliyans materyalis ki gen nan monn sa a ?

• Ki benediksyon yon moun ap jwenn lè l chèche atenn objektif espirityèl ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 28]

Timote te chèche atenn bon objektif.

[Foto nan paj 29]

Ki bon enfliyans Timote te jwenn ki te ede l ?

[Foto nan paj 30]

Èske w ap chèche atenn objektif espirityèl ?