Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou ka jwenn byenfè lè nou andire anba soufrans

Nou ka jwenn byenfè lè nou andire anba soufrans

Nou ka jwenn byenfè lè nou andire anba soufrans

“ Nou deklare byennere moun ki andire. ” — JAK 5:11.

1, 2. Ki sa ki montre Jewova pa t kreye lòm pou l soufri ?

PA GEN yon moun ki nòmal ki renmen soufrans. Jewova Dye tou, Kreyatè nou an, pa renmen wè lèzòm ap soufri. Nou ka wè sa lè nou egzamine Pawòl li enspire a e lè nou note sa k te pase apre li te fin kreye premye gason an ak premye fi a. Toudabò, Bondye te kreye gason an. Men sa nou li nan Jenèz 2:7 : “ Jewova Dye fè lòm ak pousyè tè, epi li soufle souf lavi a nan tou nen l, epi lòm vin yon nanm vivan. ” Lefètke kò Adan ak sèvo l te pafè, Adan pa t dwe malad ni li pa t dwe mouri.

2 Ki sa nou ka di konsènan kondisyon Adan t ap viv ladan l lan ? Labib di : “ Jewova te plante yon jaden ann Edenn, nan zòn lès, epi se la li te mete lòm li te fòme a. Konsa, Jewova Dye te fè pouse sou tè a tout kalite pyebwa ki atiran nan je moun e ki bon pou moun manje. ” ​(Jenèz 2:8, 9). Vrèman, Adan te abite yon kote ki te bèl anpil. Pa t gen okenn soufrans nan jaden Edenn nan.

3. Ki bèl posiblite de premye moun yo te genyen ?

3 Jenèz 2:18 fè nou konnen : “ Apre sa Jewova Dye di : ‘ Li pa bon pou lòm ret poukont li. Mwen pral fè yon èd pou li, kòm yon konpleman pou li. ’ ” Donk, Jewova te kreye yon madanm pou Adan, yon madanm ki te pafè, e konsa li te vin posib pou Adan gen yon vi fanmi ki t ap ba l kè kontan (Jenèz 2:21-23). Apre sa, Bib la di : “ Bondye beni yo e Bondye di yo : ‘ Fè pitit, e vin anpil, ranpli tè a, e domine sou li. ’ ” ​(Jenèz 1:28). Donk, de premye moun yo te gen bèl privilèj pou yo etann jaden Edenn nan sou tout tè a jiskaske, rive yon lè, tout tè a nèt t ap tounen yon paradi. Yo t ap fè timoun e timoun sa yo t ap viv ak kè kontan san yo pa janm soufri. Èske se pa t yon bèl kòmansman ? — Jenèz 1:31.

Soufrans kòmanse

4. Lè nou gade istwa limanite, ki sa ki parèt byen klè ?

4 Lè nou gade nan ki kondisyon lèzòm ap viv depi lontan, li klè, gen yon bagay mal anpil ki te pase. Anpil mechanste fèt sou tè a e lèzòm soufri anpil. Pandan tout syèk ki pase yo, tout desandan Adan ak Èv yo tonbe malad, yo vyeyi, e finalman yo mouri. Se sèten, jodi a tè a pa yon paradi ki ranpli ak moun ki gen kè kontan. Women 8:22 byen dekri sitiyasyon an. Men sa vèsè a di : “ Tout kreyasyon an kontinye ap jemi ansanm e yo kontinye ap soufri ansanm jiska prezan. ”

5. Ki wòl premye paran nou yo jwe nan entwodui soufrans pami lèzòm ?

5 Se pa Jewova ki responsab tout soufrans sa yo ki la depi lontan (2 Samyèl 22:31). An pati, se lèzòm ki responsab. Sòm 14:1 di : “ Yo aji yon fason ki pèvèti, yo montre yo [...] detestab nan konduit yo. ” Okòmansman, premye paran nou yo te resevwa tout sa ki bon. Pou tout bagay te kontinye ale byen pou yo, yo te senpleman bezwen obeyi Jewova. Sepandan, Adan ak Èv te chwazi pran endepandans yo parapò ak Jewova. Lefètke yo te ba l do, li pa t ka ede yo rete pafè ankò. Donk, yo t apral deteryore jiskaske yo mouri. Nou menm nou vin enpafè paske nou eritye enpèfeksyon nan men yo. — Jenèz 3:17-19 ; Women 5:12.

6. Ki sa Satan te fè ki lakòz lèzòm vin ap soufri ?

6 Kreyati espirityèl yo vin rele Satan Ledyab la te jwe yon wòl tou nan entwodui soufrans pami lèzòm. Yo te ba li libète pou l deside, men, li te itilize kapasite sa a nan objektif pou l fè lèzòm adore l, alòske se Jewova sèlman nou dwe adore, se pa sa l kreye yo. Satan te konvenk Adan ak Èv pou yo chèche vin endepandan parapò ak Jewova. Li te fè yo konprann konsa yo t ap ‘ vin tankou Bondye, yo t ap konnen sa ki byen ak sa ki mal. ’ — Jenèz 3:5.

Se Jewova sèl ki gen dwa pou l dirije

7. Ki sa tout move konsekans rebelyon ki te fèt kont Jewova a demontre ?

7 Tout move konsekans rebelyon an genyen montre se sèlman Jewova, Souvren linivè a, ki gen dwa pou l dirije, e se sèl dominasyon l lan ki jis. Plizyè milye ane ki pase yo montre aklè, Satan, sila ki vin “ chèf monn sa a ”, dirije yon fason ki mechan, ki enjis e ki vyolan. Anplis, fason l dirije a pa bay okenn satisfaksyon (Jan 12:31). Lèzòm pase yon bann tan ap dirije tèt yo anba kontwòl Satan, e fason yo dirije a pa bay okenn satisfaksyon nonplis. Tout tan sa a yo pase ap dirije tèt yo a montre yo manke kapasite pou yo dirije avèk jistis (Jeremi 10:23). Kidonk, kèlkeswa fòm gouvènman lèzòm ta ka imajine, l ap echwe kanmenm. Se sèl gouvènman Jewova a ki pap echwe. Listwa demontre sa byen klè.

8. Ki objektif Jewova anrapò ak tout fòm gouvènman lèzòm yo, e ki jan li pral atenn objektif sa a ?

8 Lefètke Jewova kite plizyè milye ane pase pou lèzòm kapab eseye divès fòm gouvènman, sa jistifye aksyon li pral fè pou l elimine tout fòm gouvènman sa yo sou tè a e pou li ranplase yo ak gouvènman pa l la. Konsènan sa, gen yon pwofesi ki di : “ Nan jou wa sa yo [gouvènman lèzòm yo], Bondye nan syèl la ap tabli yon wayòm [gouvènman l lan ki nan syèl la ki gen Jezi alatèt li] ki pap janm kraze. [...] Li pral krabinen tout wayòm sa yo, e l ap mete yon fen nan yo, epi li menm l ap la pou tan endefini. ” ​(Dànyèl 2:44). Dominasyon demon yo ak dominasyon lèzòm nan pral pran fen e se sèlman Wayòm Bondye a ki nan syèl la ki pral egziste e ki pral dirije tè a. Lè sa a, se Jezi Kris ki pral Wa, e 144 000 moun fidèl li te achte sou tè a pral dirije ansanm avè l. — Revelasyon 14:1.

Yo te jwenn byenfè nan soufrans yo te andire

9, 10. Ki jan Jezi te jwenn byenfè nan soufrans li te andire yo ?

9 Li enteresan pou nou konsidere kalifikasyon moun ki pral dirije nan Wayòm ki nan syèl la. Toudabò, Jezi Kris te montre li byen kalifye pou l ranpli wòl li antanke Wa. Li te pase yon kantite tan moun pa ka konnen bò kot Papa l, kote li t ap fè volonte l antanke “ ouvriye abil ” li a (Pwovèb 8:30, 31). Lè Jewova te deside voye l sou tè a, li te aksepte sa ak tout kè l. Pandan li te sou tè a, li te pase tan l ap pale lòt moun de souvrènte Jewova e de Wayòm Li an. Lefètke Jezi te soumèt li totalman devan souvrènte Jewova, li kite yon ekselan egzanp pou nou tout. — Matye 4:17 ; 6:9.

10 Jezi te sibi pèsekisyon e finalman yo te touye l. Pandan ministè l, li te remake toutotou l jan lèzòm t ap viv nan kondisyon deplorab. Èske li te jwenn byenfè lefètke li te wè bagay sa yo e lefètke li menm tou li te soufri ? Wi. Ebre 5:8 di : “ Aktout li te yon Pitit Gason [Bondye], li te aprann obeyisans nan bagay li te sibi yo. ” Eksperyans Jezi te fè sou tè a fè l vin konprann lèzòm pi byen e li fè l vin gen plis konpasyon pou yo. Li te viv nan menm kondisyon avèk yo. Sa te ede l vin gen pitye pou yo e sa te ede l pi byen konprann wòl li genyen pou l delivre yo. Remake jan apot Pòl montre sa nan liv Ebre a. Men sa li di : “ Li te oblije vin tankou ‘ frè ‘ l yo nan tout domèn, pou l ka vin yon gran prèt ki gen mizèrikòd e ki fidèl nan bagay ki konsène Bondye, yon fason pou l bay yon sakrifis ann echanj pou peche pèp la. Piske li menm li te soufri lè l te anba eprèv, li anmezi pou l pote moun ki anba eprèv yo sekou. ” Men sa Pòl di ankò : “ Moun nou genyen kòm gran prèt la, se pa yon moun ki pa ka konprann feblès nou, men se yon moun ki te sibi eprèv nan tout domèn tankou nou menm, men ki san peche. Pakonsekan, annou pwoche bò kote twòn bonte moun pa merite a, san nou pa pè pale, pou nou ka resevwa mizèrikòd e pou nou ka jwenn bonte moun pa merite a kòm èd nan bon moman an. ” — Ebre 2:17, 18 ; 4:14-16 ; Matye 9:36 ; 11:28-30.

11. Ki jan eksperyans moun ki pral wa ak prèt yo fè sou tè a pral ede yo nan wòl yo pral jwe a ?

11 Nou kapab di prèske menm bagay la tou pou 144 000 moun “ yo te achte ” sou tè a pou y al dirije avèk Jezi nan Wayòm Bondye a ki nan syèl la (Revelasyon 14:4). Yo tout fèt sou tè a, yo grandi nan yon monn ki chaje ak soufrans, e yo menm tou yo soufri. Anpil nan yo te jwenn pèsekisyon, yo te menm touye kèk nan yo paske yo te kenbe entegrite yo devan Jewova e yo te dispoze suiv Jezi. Men, yo pa t ‘ wont akoz temwayaj ki gen rapò ak Seyè yo a, e yo te pran lo soufrans pa yo pou bon nouvèl la ’. (2 Timote 1:8.) Eksperyans yo fè sou tè a fè yo patikilyèman kalifye pou yo jije lèzòm pandan yo nan syèl la. Yo vin aprann pou yo gen plis konpasyon, plis bonte e pou yo vin plis anvi ede moun. — Revelasyon 5:10 ; 14:2-5 ; 20:6.

Moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a gen kè kontan

12, 13. Ki jan moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a ka tire pwofi nan soufrans yo sibi ?

12 Èske moun ki gen esperans pou yo viv pou toutan nan paradi ki pral gen sou tè a, kote pap gen maladi, pap gen lapenn, pap gen lanmò ankò a, kapab jwenn kèk byenfè nan soufrans yo andire kounye a ? Doulè ak angwas soufrans kapab pote pa fè nou plezi. Men, lè nou andire bagay sa yo, nou ka devlope bèl kalite nou genyen yo plis toujou e sa ka fè nou gen lajwa.

13 Annou egzamine sa Pawòl Bondye enspire a di sou sa : “ Menmsi nou soufri akoz sa ki jis, kè nou kontan. ” “ Si yo fè nou sibi move tretman pou non Kris, kè nou kontan. ” ​(1 Pyè 3:14 ; 4:14). “ Nou byennere lè moun ap fè nou sibi move tretman, lè y ap pèsekite nou e lè yo di tout kalite move bagay sou nou, bagay ki pa vre, poutèt mwen. Nou mèt rejwi, nou mèt vole anlè ak kè kontan, piske rekonpans nou gran nan syèl la. ” ​(Matye 5:11, 12). “ Byennere moun ki kontinye andire eprèv, paske lè l fin tounen yon moun yo apwouve, l ap resevwa kouwòn lavi a. ” — Jak 1:12.

14. Nan ki sans soufrans sèvitè Jewova yo jwenn yo fè kè yo kontan ?

14 Sètènman, se pa soufrans yo ki fè nou gen kè kontan. Nou gen kè kontan ak satisfaksyon lefètke nou konnen n ap soufri paske n ap fè volonte Jewova e n ap suiv egzanp Jezi. Pa egzanp, nan premye syèk la, gen kèk nan apot yo yo te met nan prizon anvan yo te mennen yo devan tribinal siprèm juif la. Yo te blame yo paske yo pa t suiv lòd pou yo pa preche konsènan Jezi Kris. Yo te filange yo ak kout fwèt epi apre sa yo te lage yo. Men, kòman yo te reyaji ? Bib la di lè yo “ te soti devan Sanedren an, yo t ap rejwi dèske yo te jije yo diy pou yo avili yo poutèt non li ”. (Travay 5:17-41.) Kè yo pa t kontan poutèt yo te filange yo e poutèt doulè yo te santi apre yo te filange yo a. Men, kè yo te kontan lefètke yo te konprann sa te rive yo paske yo te kenbe entegrite yo devan Jewova e yo t ap suiv tras Jezi. — Travay 16:25 ; 2 Korentyen 12:10 ; 1 Pyè 4:13.

15. Lè nou andire soufrans kounye a, ki jan sa kapab pwofitab pou nou alavni ?

15 Si nou andire opozisyon ak pèsekisyon avèk yon bon etadespri, n ap devlope andirans. Sa ap ede nou andire soufrans nou ka jwenn alavni. Men sa nou li nan Jak 1:2, 3 : “ Konsidere sa tankou yon vrè lajwa, frè m yo, lè n ap fè fas ak tout kalite eprèv, paske nou konnen kalite lafwa nou ki pase anba eprèv la bay andirans. ” Men sa nou li tou nan Women 5:3-5 : “ Annou rejwi lè nou nan tribilasyon, piske nou konnen tribilasyon bay andirans, andirans, bò kote pa l, fè yon moun vin nan yon sitiyasyon kote yo apwouve l, e sitiyasyon sa a, bò kote pa l, bay esperans, e esperans pap mennen nan desepsyon. ” Kidonk, plis nou andire eprèv kounye a poutèt nou se kretyen, se plis n ap vin ekipe pou nou andire lòt eprèv nou ka jwenn nan sistèm mechan sa a.

Jewova ap repare tout bagay

16. Ki sa Jewova pral fè pou moun ki pral wa ak prèt yo pou l fè reparasyon pou soufrans yo andire ?

16 Menmsi nou ta pèdi bagay materyèl nou posede akoz opozisyon oswa pèsekisyon nou jwenn poutèt nou se kretyen, nou kapab gen asirans Jewova ap remèt nou sa. Men sa Pòl te ekri kèk moun ki te gen esperans pou y al nan syèl : “ Se ak kè kontan nou te aksepte yo piye sa nou te genyen, paske nou konnen gen yon bagay nou menm nou posede ki pi bon e k ap dire pi plis ” antanke moun ki pral wa nan Wayòm Bondye a (Ebre 10:34). Imajine lajwa yo pral genyen anba direksyon Jewova ak Kris pou yo patisipe nan vide benediksyon estrawòdinè sou moun ki pral viv nan monn nouvo a. Vrèmanvre, pawòl apot Pòl te ekri kretyen fidèl yo se verite. Men sa l te di yo : “ Mwen estime soufrans epòk ki la kounye a pa peze anyen an konparezon ak glwa ki pral revele nan nou an. ” — Women 8:18.

17. Ki sa Jewova pral fè pou moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a k ap sèvi l fidèlman depi kounye a ?

17 Menm jan an tou, kèlkeswa sa moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a kapab pèdi kounye a poutèt y ap sèvi Jewova e kèlkeswa sa yo abandone volontèman poutèt y ap sèvi l, l ap rekonpanse yo nan yon degre k ap depase lontan sa yo ta ka espere. Li pral ba yo lavi ki pap janm fini an nan lapèfeksyon sou tè a k ap tounen yon paradi. Nan monn nouvo a, Jewova “ pral siye tout dlo nan je yo, e lanmò pap la ankò, ni dèy, ni rèl, ni doulè pap la ankò ”. (Revelasyon 21:4.) Ala yon bèl pwomès ! Pa gen anyen nou abandone nan monn sa a pou Jewova, kit se volontèman kit se kont volonte nou, ki kapab egale bèl vi li pral bay sèvitè fidèl li yo ki andire soufrans.

18. Ki pwomès rekonfòtan Jewova fè nou nan Pawòl li a ?

18 Kèlkeswa soufrans n ap gen pou nou andire, yo pap anpeche nou jwenn lavi etènèl nan monn nouvo Bondye a. Bèl kondisyon ki pral gen nan monn nouvo a ap fè nou bliye tout soufrans nou ta ka andire. Men sa Izayi 65:17, 18 di : “ Moun pap sonje ansyen bagay yo, ni yo pap monte vin nan kè yo. Men nou menm, se pou nou gen gwo lakontantman e se pou kè nou kontan pou toutan nan sa m ap kreye. ” Se sa k fè li te apwopriye pou Jak, yon frè Jezi kot manman, di : “ Nou deklare byennere moun ki andire. ” ​(Jak 5:11). Wi, si nou andire soufrans nou jwenn jodi a fidèlman, n ap jwenn byenfè kounye a e alavni.

Ki repons nou ta bay ?

• Kòman lèzòm fè vin ap soufri ?

• Ki byenfè moun ki pral dirije tè a ak moun ki pral abite sou li yo ka jwenn lè yo andire soufrans ?

• Ki sa k fè nou kapab gen kè kontan depi kounye a malgre n ap soufri ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 13]

Premye paran nou yo te gen yon bèl avni devan yo.

[Foto nan paj 15]

Soufrans Jezi te wè sou tè a te prepare l pou l vin yon bon Wa e yon bon Gran Prèt.

[Foto nan paj 17]

Apot yo ‘ te rejwi dèske yo te jije yo diy pou yo avili yo ’ poutèt lafwa yo.