Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

‘ Yo te ekri l pou enstriksyon nou ’

‘ Yo te ekri l pou enstriksyon nou ’

‘ Yo te ekri l pou enstriksyon nou ’

“ FÈ ANPIL liv, sa pap janm fini. ” ​(Eklezyas 12:12). Lè nou gade kantite enfòmasyon ki gen jodi a pou moun li, sa fè nou wè jiska prezan pawòl sa yo se verite. Men, kòman yon lektè ki gen disènman kapab chwazi ki liv pou l li ?

Gen anpil moun, anvan yo li yon liv, yo chèche enfòmasyon sou moun ki ekri liv la. Moun ki pibliye liv la pafwa konn mete yon ti paragraf ki bay non vil kote moun ki ekri liv la fèt, ki etid li te fè ak yon lis liv li deja ekri. Idantite yon ekriven enpòtan. Sa parèt klè paske nan syèk ki sot pase yo, souvan gen fi ki te konn ekri sou non gason yon fason pou moun ki t apral li liv yo ekri a pa t jije l enferyè senpleman paske se yon fi ki ekri l.

Malerezman, jan nou te mansyone sa nan atik anvan an, gen moun ki pa enterese nan Ekriti ebrayik yo, paske yo kwè Bondye yo dekri ladan yo a se yon dye ki mechan ki detwi ènmi l san pitye *. Kounye a, annou konsidere sa Ekriti ebrayik yo ansanm ak Ekriti grèk kretyen yo di nou konsènan Sila ki te fè ekri Bib la.

Enfòmasyon sou Moun ki te fè ekri yo a

Selon Ekriti ebrayik yo, men sa Bondye te di nasyon Izrayèl la : “ Mwen se Jewova, mwen pa chanje. ” ​(Malaki 3:6). Anviwon 500 an apre Bondye te di pawòl sa yo, men sa Jak, youn nan moun ki te patisipe nan ekri Bib la, te di konsènan Bondye : “ Nan li, pa gen varyasyon nan fason lonbray la ap vire. ” ​(Jak 1:17). Men, poukisa anpil moun panse Bondye yo revele nan Ekriti ebrayik yo pa menm ak Bondye ki nan Ekriti grèk kretyen yo ?

Se paske nan diferan pati nan Bib la yo revele diferan aspè ki gen nan pèsonalite Bondye. Nan liv Jenèz la sèlman, yo dekri l kòm yon Dye ki konn santi “ lapenn nan kè l ”, kòm “ Sila a ki te fè syèl la ak tè a ” e kòm “ Jij tout tè a ”. (Jenèz 6:6 ; 14:22 ; 18:25.) Èske deskripsyon sa yo gen rapò ak menm Dye a ? Sètènman.

Annou pran yon egzanp ki demontre sa. Yon moun ki te parèt devan yon jij nan yon tribinal ka konnen l kòm yon moun ki fèm lè l ap fè respekte lalwa. Yon lòt bò, pitit li ka konnen l kòm yon papa ki gen lanmou e ki donan. Moun ki bon zanmi l ka konsidere l kòm yon moun ki abòdab e ki renmen bay blag. Poutan, se menm moun sa a ki jij la, ki papa a e ki zanmi an. Sèlman li gen divès aspè nan pèsonalite l ki parèt selon sikonstans lan.

Menm jan an tou, Ekriti ebrayik yo dekri Jewova antanke yon “ Bondye ki gen mizèrikòd ak konpasyon, ki pa prese fè kòlè, ki chaje bonte ki plen lanmou e ki chaje ak verite ”. Men anmenmtan, yo aprann nou “ nan okenn ka li pap egzante moun pinisyon ”. (Egzòd 34:6, 7.) De aspè sa yo nan pèsonalite Bondye ann akò ak siyifikasyon non l. Non Bondye, “ Jewova ”, vle di literalman “ Li fè vin tounen ”. Sa vle di Bondye ka tounen sa k nesesè a pou l akonpli pwomès li (Egzòd 3:13-15). Sepandan, li toujou rete menm Bondye a. Men sa Jezi te di konsènan li : “ Jewova Bondye nou an se yon sèl Jewova. ” — Mak 12:29.

Èske Ekriti grèk yo ranplase Ekriti ebrayik yo ?

Jodi a, li fasil pou moun tande yo ranplase yon liv ak yon lòt liv lè yo dekouvri lòt bagay dapre rechèch ki te fèt oswa lè opinyon majorite moun vin chanje. Nan sans sa a, èske Ekriti grèk kretyen yo ranplase Ekriti ebrayik yo ? Non.

Si Jezi te vle pou sa yo ekri konsènan ministè l ansanm ak sa disip li yo ekri ranplase Ekriti ebrayik yo, sandout li t ap fè konn sa. Okontrè, men sa Lik rapòte Jezi te fè yon ti tan anvan l te monte nan syèl la : “ Li te kòmanse ak Moyiz ak tout Pwofèt yo [ki nan Ekriti ebrayik yo] pou l entèprete pou yo [de nan disip li yo] bagay ki konsène l nan tout Ekriti yo. ” Annapre, Jezi te parèt devan apot fidèl li yo ansanm ak lòt moun ki te avèk yo. Men sa Lik di apre sa : “ Lè sa a li di yo : ‘ Sa yo se pawòl mwen te di nou lè m te avèk nou toujou : tout bagay ki ekri konsènan mwen menm nan lwa Moyiz la, nan Pwofèt yo ak nan Sòm yo dwe akonpli. ’ ” ​(Lik 24:27, 44). Bon, si Ekriti ebrayik yo te pase mòd, poukisa Jezi te kontinye itilize yo jis nan fen ministè l sou tè a ?

Disip Jezi yo te kontinye sèvi ak Ekriti ebrayik yo apre kongregasyon kretyen an te fin pran nesans. Yo te konn sèvi avèk yo pou yo atire atansyon sou pwofesi ki te gen pou akonpli yo, pou yo atire atansyon sou leson enpòtan yo ka tire nan prensip ki nan Lwa Moyiz la e pou yo atire atansyon sou sèvitè Bondye nan tan lontan yo ki kite bèl egzanp ki kapab ankouraje kretyen yo pou yo rete fidèl (Travay 2:16-21 ; 1 Korentyen 9:9, 10 ; Ebre 11:1–12:1). Apot Pòl te ekri pawòl sa yo : “ Tout Ekriti se Bondye ki enspire li, e li itil *. ” ​(2 Timote 3:16). Ki fason Ekriti ebrayik yo itil jodi a ?

Yo gen konsèy nou ka aplike chak jou nan lavi a

Annou konsidere pwoblèm prejije rasyal ki egziste jodi a. Men sa yon jèn Etyopyen ki gen 21 an, k ap viv nan yon vil an Ewòp de Lès te di : “ Si nou vle al yon kote, fò nou fè yon gwoup. Petèt, lè nou an gwoup yo pap atake nou. ” Li di apre sa : “ Nou pa ka soti depi l gentan fè 6 è diswa, sitou si n ap vwayaje nan tren. Lè moun yo gade nou se sèlman koulè po nou yo wè. ” Èske Ekriti ebrayik yo touche pwoblèm konplike sa a ?

Men sa yo te di Izrayelit yo nan tan lontan : “ Si yon rezidan etranje abite lakay ou kòm yon etranje nan peyi nou an, nou pa dwe maltrete l. Rezidan etranje a ki rete lakay nou antanke yon etranje ta dwe vin pou nou kòm yon moun ki fèt nan peyi nou, e ou dwe renmen l menm jan w renmen tèt ou, paske nou te tounen rezidan etranje nan peyi Ejip. ” ​(Levitik 19:33, 34). Wi, nan Izrayèl tan lontan an, lwa sa a te mande Izrayelit yo pou yo demontre konsiderasyon pou imigran yo, sètadi “ rezidan etranje ” yo, e lwa sa a toujou nan Ekriti ebrayik yo. Èske w pa dakò prensip ki soti nan lwa sa a ta ka sèvi kòm yon baz pou rezoud pwoblèm prejije rasyal ki egziste jodi a ?

Menmsi Ekriti ebrayik yo pa bay konsèy detaye sou kesyon lajan, yo gen bonjan enstriksyon ladan yo pou ede moun jere lajan yon fason ki saj. Pa egzanp, men sa nou li nan Pwovèb 22:7 : “ Lè ou prete lajan nan men yon moun, ou tounen timoun devan pòt li. ”(Bib la). Jodi a, anpil konseye k ap bay moun konsèy sou fason pou yo jere lajan dakò lè yon moun ap plede achte kredi yon fason ki pa rezonab, sa ka ba l gwo pwoblèm ekonomik.

Jodi a, nan monn materyalis n ap viv la, li kouran pou moun ap kouri dèyè richès atoupri. Wa Salomon, youn nan moun ki te pi rich nan listwa, te byen dekri moun sa yo. Men sa l te ekri : “ Yon moun ki renmen lajan pap satisfè ak lajan, ni tou yon moun ki renmen richès pap satisfè ak lajan l fè. Sa tou se vanite. ” ​(Eklezyas 5:10). Èske remak sa a se pa yon remak ki montre anpil sajès ?

Yo bay espwa pou lavni

Tout Bib la nèt gen yon sèl tèm. Tèm sa a se : Bondye pral itilize Wayòm Kris ap dirije a kòm mwayen pou l jistifye souvrènte l e pou l sangtifye non l. — Dànyèl 2:44 ; Revelasyon 11:15.

Ekriti ebrayik yo ban nou anpil enfòmasyon sou jan lavi a pral ye anba dominasyon Wayòm Bondye a. Enfòmasyon sa yo ban nou rekonfò e yo fè nou vin pi pwòch Jewova Dye, li menm ki Sous rekonfò sa a. Pa egzanp, pwofèt Izayi te predi pral gen lapè ant bèt yo ak lèzòm. Men sa l te di : “ Vrèman, lou a pral rete menm kote ak mouton an pandan yon tan, e leyopa a li menm pral kouche bò kot ti kabrit la, e ti bèf la ak jèn lyon ki gen krenyè a ak bèt ki byen manje a, yo tout ansanm, e yon ti gason ap dirije yo. ” ​(Izayi 11:6-8). Ala yon bèl avni yo prezante la a !

Men, e moun ki sibi prejije rasyal yo, moun ki malad grav yo ak moun ki gen pwoblèm ekonomik ki twòp pou yo, ki sa k ap fèt pou yo ? Men sa Ekriti ebrayik yo te predi konsènan Kris Jezi : “ Li pral delivre pòv la k ap rele osekou, moun ki aflije a tou ak nenpòt moun ki pa gen pèsonn pou ede l. Li pral gen pitye pou moun ki piti a ak moun ki pòv la, e l ap sove nanm pòv yo. ” ​(Sòm 72:12, 13). Pwomès sa yo enpòtan pou nou paske yo ede moun ki mete lafwa nan yo pou yo tann lavni avèk espwa e avèk konfyans. — Ebre 11:6.

Sa pa etonan si apot Pòl te resevwa enspirasyon pou l ekri pawòl sa yo : “ Tout bagay ki te ekri nan tan lontan yo te ekri pou enstriksyon nou, yon fason pou nou ka gen esperans grasa andirans nou e grasa konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo. ” ​(Women 15:4). Pa gen dout nan sa, Ekriti ebrayik yo toujou yon pati esansyèl nan Pawòl Bondye a, Pawòl li enspire a, Labib. Yo vrèman itil nou jodi a. Nou espere ou pral chèche aprann plis toujou sou sa tout Bib la anseye toutbonvre. Lè w aji konsa w ap vin pi pwòch Jewova Dye, Sila a ki te fè ekri Bib la. — Sòm 119:111, 112.

[Nòt anba paj]

^ § 4 Nan atik sa a, nou di Ekriti ebrayik pou nou pale de Ansyen Testaman an. (Gade kare ki gen tit “ Ansyen Testaman oswa Ekriti ebrayik ? ” la, ki nan paj 6 la.) Menm jan an tou, an jeneral Temwen Jewova yo di Ekriti grèk kretyen pou yo pale de Nouvo Testaman an.

^ § 13 Ekriti ebrayik yo gen anpil prensip ki gen yon pakèt enpòtans nan tan n ap viv la. Sepandan, li bon pou nou konnen kretyen yo pa sou Lalwa Bondye te bay nasyon Izrayèl la pa mwayen Moyiz.

[Kare nan paj 6]

ANSYEN TESTAMAN OSWA EKRITI EBRAYIK ?

Nou jwenn ekspresyon “ ansyen testaman ” an nan 2 Korentyen 3:14 nan Bib King James Version nan. Nan tradiksyon sa a, yo mete mo “ testaman ” pou yo tradui diathêkês, yon mo grèk. Men, gen anpil tradiksyon Labib nan epòk nou an, tankou New International Version, ki mete “ alyans ” pou yo tradui mo diathêkês a olye yo mete “ testaman ”. Poukisa ?

Men sa yon leksikograf, sètadi yon moun ki konn ekri diksyonè, ki rele Edward Robinson di : “ Piske ansyen alyans lan fè pati liv Moyiz te ekri yo, yo itilize mo [diathêkês] a pou yo pale de liv alyans lan, liv Moyiz yo, sètadi lalwa. ” Nan 2 Korentyen 3:14, apot Pòl t ap pale de Lwa Moyiz la ki se yon pati sèlman nan Ekriti ki te la anvan epòk kretyen yo.

Pakonsekan, ki mo ki pi kòrèk pou yon moun itilize pou l pale de 39 premye liv ki nan Lasent Bib la ? Jezi ak disip li yo pa t fè konprann pati sa a nan Bib la te pase mòd oswa li te ansyen. Lè yo t ap pale de li, yo te rele l “ Ekriti yo ” oswa “ Ekriti sakre yo ”. (Matye 21:42 ; Women 1:2.) Se sa k fè, ann amoni ak deklarasyon enspire sa yo, lè Temwen Jewova yo ap pale de pati moun yo konn rele Ansyen Testaman an, yo di Ekriti ebrayik, paske se prensipalman nan lang Ebre yo te premye ekri pòsyon sa a. Menm jan an tou, yo di Ekriti grèk kretyen lè y ap pale de pati moun yo konn rele Nouvo Testaman an, paske moun Bondye te enspire pou yo ekri l yo te ekri l nan lang grèk.

[Foto nan paj 4]

Yon mesye kapab anmenmtan yon jij ki fèm, yon papa ki plen lanmou e yon zanmi.

[Foto nan paj 5]

Jezi te konn sèvi ak Ekriti ebrayik yo nan ministè l.

[Foto nan paj 7]

Ki prensip nan Bib la ki kapab ede yon moun pran bon desizyon ?