Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Paran, leve pitit ou avèk amou

Paran, leve pitit ou avèk amou

Paran, leve pitit ou avèk amou

“ Se pou nou fè tout bagay nan lanmou. ” — 1 KORENTYEN 16:14.

1. Ki jan paran yo santi yo lè yo gen yon timoun ki fèk fèt ?

PIFÒ paran ap dakò sou pwen sa a : nesans yon timoun se kapab youn nan moman ki pote plis lajwa nan lavi yon moun. Men sa yon manman ki rele Aleah di : “ Premye fwa mwen te gade pitit fi m nan, lè l te fèk fèt, mwen te santi m kontan anpil. Mwen te santi se premye fwa mwen te wè yon bèl tibebe konsa. ” Sepandan, yon moman ki pote lajwa konsa ka fè paran yo santi yo yon jan enkyè tou. Men sa mari Aleah te di : “ Sa ki te enkyete m sèke m t ap mande tèt mwen si mwen t ap ka rive byen prepare pitit fi m nan pou l fè fas ak pwoblèm li t ap gen pou l jwenn nan lavi a. ” Gen anpil paran ki gen menm enkyetid la e ki konprann li nesesè pou yo leve pitit yo avèk amou. Sepandan, paran kretyen yo ki vle leve pitit yo avèk amou fè fas ak kèk difikilte. Ki difikilte yo jwenn konsa ?

2. Ki difikilte paran yo ka jwenn ?

2 Jodi a, nou fon nan dènye jou sistèm sa a. Jan Labib te predi sa, monn n ap viv ladan l lan chaje ak moun ki pa demontre lanmou. Menm nan fanmi, moun yo pa demontre “ afeksyon natirèl ” e yo vin “ engra, san fidelite, [...] san metriz, fewòs ”. (2 Timote 3:1-5.) Lefètke chak jou nou an kontak ak moun k ap aji konsa, sa ka gen yon move enfliyans sou fason moun ki nan fanmi kretyen yo aji youn anvè lòt. Anplis, paran yo dwe lite kont tandans yo eritye pou yo pèdi metriz yo, pou yo di pawòl ki blesan san se pa t entansyon yo e pou yo mal aji nan lòt domèn ankò. — Women 3:23 ; Jak 3:2, 8, 9.

3. Ki jan paran yo ka leve pitit yo pou yo gen kè kontan ?

3 Malgre difikilte sa yo, paran yo ka rive leve pitit yo yon fason pou yo gen kè kontan e pou yo gen yon relasyon sere ak Bondye. Ki jan yo ka rive fè sa ? Ebyen, se lè yo suiv konsèy Bib la bay ki di : “ Se pou nou fè tout bagay nan lanmou. ” ​(1 Korentyen 16:14). Vrèman, lanmou se “ yon chenn pafè pou inyon ”. (Kolosyen 3:14.) Annou egzamine twa aspè ki gen nan lanmou Pòl te dekri nan premye lèt li te ekri Korentyen yo e annou analize kèk fason paran yo ka demontre kalite sa a pandan y ap leve pitit yo. — 1 Korentyen 13:4-8.

Paran yo bezwen pasyan

4. Poukisa paran yo bezwen gen pasyans ?

4 Men sa Pòl te ekri : “ Lanmou pasyan. ” ​(1 Korentyen 13:4). Ekspresyon grèk lè yo tradui l yo mete “ pasyan ” pou li a nonsèlman bay ide pasyans, men tou li bay ide yon moun ki pa fasil fè kòlè. Poukisa paran yo bezwen pasyan ? Pifò paran ka wè anpil rezon ki fè yo bezwen kalite sa a. Men, annou konsidere kèk nan rezon sa yo sèlman. Li ra pou se yon sèl fwa yon timoun annik mande paran l yon bagay li vle. Menmsi paran l ta di l non avèk fèmte, li ka kontinye ap mande l sa l vle a san rete paske l espere paran l ap fini pa di l wi. Adolesan yo, bò kote pa yo, ka ap bay paran yo yon pakèt rezon pou yo montre yo ta dwe jwenn pèmisyon pou yo fè yon bagay kèlkonk, yon bagay paran yo konnen ki pa saj (Pwovèb 22:15). E menm jan ak nou tout, timoun yo gen tandans refè menm erè yo. — Sòm 130:3.

5. Ki sa k ka ede paran yo pou yo pasyan ?

5 Ki sa ki ka ede paran yo pou yo pasyan ak pitit yo ? Men sa Salomon te ekri : “ Klèvwayans yon nonm retade kòlè l. ” ​(Pwovèb 19:11). Paran yo ap rive byen konprann konpòtman pitit yo lè yo sonje yon lè yo menm tou yo te konn “ pale tankou yon timoun piti, [yo te konn] panse tankou yon timoun piti, [e yo te konn] rezone tankou yon timoun piti ”. (1 Korentyen 13:11.) Paran, èske w sonje lè w te konn ap annuiye manman w oswa papa w pou l ba w yon bagay ou te vle ? Lè w te adolesan, èske w pa t konn gen enpresyon paran w pa t konprann santiman w ak pwoblèm ou ? Si wi, w ap ka konprann poukisa pitit ou yo jan yo ye a, e w ap ka konprann poukisa se toutan ou bezwen fè yo sonje desizyon w pran e ou bezwen fè sa avèk pasyans (Kolosyen 4:6). Li enteresan pou nou note Jewova te di paran izrayelit yo pou yo “ fè [lwa l yo] antre nan lespri ” pitit yo (Detewonòm 6:6, 7). Mo ebre lè yo tradui l yo mete “ fè antre nan lespri ” pou li a vle di “ repete ”, “ di yon bagay san rete ”, “ fè konprann enpòtans yon bagay ”. Sa vle di paran yo gendwa bezwen repete yon bagay nan lwa Bondye a yon pakèt fwa nan zòrèy pitit yo anvan pou yo rive aplike l. Menm jan an tou, lè y ap anseye yo lòt bagay ki enpòtan nan lavi a, souvan, li nesesè pou yo redi menm bagay la plizyè fwa.

6. Poukisa yon paran ki pasyan pa yon paran ki sitirè ?

6 Lefètke yon paran pasyan, sa pa vle di li sitirè pou sa. Men avètisman Pawòl Bondye a bay : “ Yon tigason ki lage lib gen pou l fè manman l wont. ” Pou evite sa, menm pwovèb sa a di : “ Baton ak reprimann, se sa ki bay sajès. ” ​(Pwovèb 29:15). Pafwa, timoun yo ka santi paran yo pa gen dwa korije yo. Men, yon fanmi kretyen pa mache menm jan ak yon demokrasi, kòmkwa dwa paran yo genyen pou yo aplike règ yo etabli depann de volonte timoun yo. Depreferans, se paran yo Jewova, Chèf fanmi yo, te bay otorite pou yo edike pitit yo e pou yo disipline yo avèk amou (1 Korentyen 11:3 ; Efezyen 3:15 ; 6:1-4). Anfèt, disiplin makònen ak yon lòt aspè Pòl te mansyone lanmou gen ladan l.

Fason pou w bay disiplin avèk amou

7. Poukisa paran ki byenveyan yo disipline pitit yo, e ki sa k gen nan yon disiplin konsa ?

7 Pòl te ekri “ Lanmou [...] bon ”. (1 Korentyen 13:4.) Paran ki vrèman byenveyan yo ap disipline pitit yo, e yo pap toutan ap chanje lide oswa toutan ap pase sou règ yo fikse. Lè yo aji konsa, yo imite Jewova. Men sa Pòl te ekri : “ Se moun Jewova renmen li disipline ”. Men n ap remake disiplin yo mansyone nan Bib la pa sèlman fè referans ak pinisyon. Li fè referans tou ak fòmasyon ak edikasyon. Nan ki objektif yo bay disiplin sa a ? Men sa Pòl di : “ Pou moun li fòme yo, li pote yon fwi pezib, sètadi ladwati. ” ​(Ebre 12:6, 11). Lè paran yo edike pitit yo avèk byenveyans e ann amoni ak volonte Bondye, y ap ede yo pou yo vin moun ki pezib e ki dwat. Si timoun yo aksepte “ disiplin Jewova ”, y ap gen sajès, konesans ak disènman. Bagay sa yo gen plis valè pase ajan ak lò. — Pwovèb 3:11-18.

8. Ki sa k konn rive lè paran yo pa disipline pitit yo ?

8 Yon lòt bò, lè paran yo pa disipline pitit yo, yo pa montre yo renmen yo. Men sa Jewova te enspire Salomon pou l ekri : “ Sila a ki renka pou l sèvi ak baton l rayi pitit gason l, men sila a ki renmen l lan se li ki chèche l avèk disiplin toutbonvre. ” ​(Pwovèb 13:24). Timoun ki pa resevwa yon disiplin ki fèm konn vin egoyis e yo konn pa gen kè kontan nan lavi a. Yon lòt bò, timoun ki gen paran ki aji avèk bonte anvè yo, men ki fikse limit pou yo avèk fèmte, konn pi fò lekòl, yo konn pi alèz avèk lòt moun e an jeneral timoun sa yo konn gen kè kontan. Vrèman, paran ki disipline pitit yo se paran ki renmen pitit yo.

9. Ki sa paran kretyen yo aprann pitit yo, e ki jan timoun yo dwe konsidere bagay sa yo ?

9 Ki sa pou paran yo fè si yo vle disipline pitit yo yon fason ki byenveyan e ki demontre yo gen lanmou pou yo ? Li enpòtan pou paran yo di pitit yo yon fason klè sa yo vle yo fè. Pa egzanp, timoun ki gen paran yo ki kretyen resevwa ansèyman depi lè yo toupiti sou prensip fondamantal ki nan Bib la e yo aprann tou li enpòtan pou yo patisipe nan divès aspè ki gen nan vrè adorasyon an (Egzòd 20:12-17 ; Matye 22:37-40 ; 28:19 ; Ebre 10:24, 25). Timoun yo bezwen konnen bagay sa yo pa negosyab.

10, 11. Poukisa paran yo ka koute pwennvi pitit yo lè y ap etabli règ fanmi an dwe suiv ?

10 Pafwa, lè paran yo ap fikse règ pou kay la, li ta bon pou yo mande timoun yo patisipe nan konvèsasyon an. Si timoun yo gen posiblite pou yo patisipe nan konvèsasyon ki fèt pou deside sou règ paran yo ap fikse nan kay la, y ap plis anvi obeyi règ sa yo. Pa egzanp, paran yo ka vle fikse yon lè pou pitit yo rantre lakay yo. Petèt, yo menm pèsonèlman yo ka chwazi lè sa a. Yon lòt bò, yo ka pèmèt pitit yo bay yon lè yo prefere ak rezon ki fè se lè sa a yo chwazi. Ansuit, paran yo ka bay lè yo menm yo prefere a, epi yo ka di poukisa se lè sa a ki apwopriye. Li pap etonan si paran yo ak timoun yo pa rive antann yo sou kesyon an. Ki sa pou paran yo fè lè sa a ? Nan kèk ka, paran yo ka deside si li posib pou yo fè pitit yo plezi, si toutfwa sa pap vyole okenn prensip nan Bib la. Si yo ta fè sa, èske sa vle di yo renonse ak otorite yo genyen ?

11 Pou nou ka reponn kesyon sa a, annou konsidere fason Jewova te egzèse otorite li avèk amou nan ka Lòt avèk fanmi l. Apre zanj yo te eskòte Lòt ak madanm li ak pitit fi l yo pou yo soti Sodòm, yo te di : “ Chape al nan zòn ki gen mòn nan pou w pa peri ! ” Sepandan, men sa Lòt te reponn : “ Non, silvouplè, Jewova ! ” Apre sa, Lòt bay yon sijesyon, li di : “ Silvouplè, vil sa a toupre, mwen ka chape al ladan l e se yon ti bagay. Silvouplè, èske m ka chape al la ? ” Ki repons Jewova te ba li ? Men sa Jewova te di l : “ Jis nan pwen sa a tou, m ap montre vrèman mwen gen konsiderasyon pou ou. ” ​(Jenèz 19:17-22). Èske sa vle di Jewova te renonse ak otorite l ? Asireman non. Men, li te tande demann Lòt la e li te chwazi aji avèk plis byenveyans ankò pou Lòt nan sikonstans sa a. Antanke paran, èske pa gen moman kote w ka tande pwennvi pitit ou lè w ap etabli règ fanmi an dwe suiv ?

12. Ki sa k ka ede yon timoun santi l an sekirite ?

12 Natirèlman, nonsèlman timoun yo bezwen konnen règ ki gen nan kay la, men tou yo bezwen konnen ki pinisyon y ap jwenn si yo pa obeyi règ sa yo. Yonfwa paran yo fin pale ak timoun yo konsènan pinisyon y ap jwenn e timoun yo byen konprann, paran yo dwe aplike règ yo. Paran yo pa t ap montre yo renmen pitit yo si toutan y ap menase yo pou yo pini yo san yo pa janm pini yo vre, alòske timoun yo ta merite sa. Men sa Labib di : “ Paske yo pa egzekite yon santans kont yon move aksyon rapidman, se sa k fè lèzòm detèmine nèt nan kè yo pou yo pratike sa ki mal. ” ​(Eklezyas 8:11). Se vre, paran yo ka pa bay pitit yo pinisyon devan moun oswa devan zanmi yo yon fason pou yo pa fè yo wont. Men timoun yo ap santi yo plis an sekirite e y ap gen plis respè ak plis lanmou pou paran yo lè yo konnen “ wi ” paran yo siyifi wi, e “ non ” yo se non, menm anrapò ak pinisyon y ap ba yo. — Matye 5:37.

13, 14. Ki jan paran yo ka imite Jewova lè y ap leve pitit yo ?

13 Pinisyon yon paran ap bay pitit li ansanm ak fason li bay pinisyon an ap demontre li renmen l, si yo adapte ak timoun nan. Men sa yon manman ki rele Pam sonje : “ De pitit nou yo te gen bezwen ki diferan nan kesyon disiplin. Sa k te mache ak youn pa t mache ak lòt la. ” Mari l, ki rele Larry, esplike poukisa. Li di : “ Pi gran pitit fi nou an se te yon timoun ki te tèti e sanble se sèl yon disiplin strik ki te ka fè l byen reyaji. Sepandan, pitit fi nou ki te pi piti a te byen reyaji lè nou pale fèm avèk li oswa lè nou annik gade l. ” Wi, paran ki gen lanmou yo chèche wè ki disiplin ki pi bon pou chak timoun.

14 Jewova konnen pwen fò ak pwen fèb chak sèvitè l genyen, nan sans sa a, li bay paran yo egzanp (Ebre 4:13). Anplis, lè Jewova ap bay pinisyon, li pa ni twò sevè ni twò toleran. Men, li toujou disipline sèvitè l yo “ nan yon mezi ki apwopriye ”. (Jeremi 30:11.) Ou menm paran, èske w konnen pwen fèb ak pwen fò pitit ou genyen ? Èske w kapab sèvi ak sa yon fason ki efikas e ki montre bonte pou w byen leve yo ? Si w fè sa, w ap montre ou renmen yo.

Favorize bonjan kominikasyon

15, 16. Ki jan paran yo ka ankouraje pitit yo pou yo pale avèk franchiz, e ki metòd kèk paran kretyen te twouve ki efikas nan domèn sa a ?

15 Yon lòt aspè ki gen nan lanmou, sèke “ li pa rejwi nan enjistis, men li rejwi avèk laverite ”. (1 Korentyen 13:6.) Ki jan paran yo ka elve pitit yo yon fason pou yo renmen sa ki jis ak sa ki vrè ? Yon bagay ki enpòtan anpil nan domèn sa a se lè yo ankouraje pitit yo pou yo fè konnen sa yo santi avèk franchiz, menmsi sa timoun yo di a gendwa pa fè yo plezi. Se sèten, paran yo kontan lè pitit yo pale yon fason ki montre panse yo ak santiman yo ann amoni ak prensip moral yo. Sepandan, gen lòt okazyon kote sa timoun nan di ki sot nan kè l la ka montre li gen tandans renmen sa ki enjis (Jenèz 8:21). Ki jan paran yo ta dwe reyaji lè konsa ? Premye reyaksyon yo ka genyen se reprimande pitit yo menm moman an lefètke yo di yon bagay konsa. Sepandan, si paran yo reyaji konsa, timoun yo pap pran tan pou yo aprann di paran yo sèlman sa yo konnen paran yo ta renmen tande. Natirèlman si timoun yo pale yon fason ki manke respè, rapidman nou bezwen korije yo, men gen yon diferans ant aprann timoun nan kòman pou l pale avèk politès ak di l ki sa li dwe di.

16 Ki jan paran yo ka favorize bonjan kominikasyon ? Aleah, youn nan paran nou te mansyone pi wo a, di : “ Nou te kreye yon anbyans pou kominikasyon te fèt avèk franchiz lefètke nou te toujou eseye pou nou pa reyaji yon fason ki egzajere lè pitit nou yo te di yon bagay nou pa renmen. ” Gen yon papa ki rele Tom ki di : “ Nou te konn ankouraje pitit fi nou an pou l di nou sa l panse menm lè li pa t dakò ak fason nou panse. Nou te santi si nou toujou ap entèwonp li pou nou enpoze l sa nou vle a, sa te ka dekouraje l e sa te ka fè l pa di nou sa l gen nan kè l vrèman. Yon lòt bò, lefètke nou te koute l, sa te ankouraje l koute nou tou. ” Natirèlman, timoun yo dwe obeyi paran yo (Pwovèb 6:20). Men, lè paran yo ak timoun yo pale avèk franchiz, sa ap bay paran yo posiblite pou yo ede pitit yo devlope kapasite pou yo reflechi. Vincent, yon papa ki gen kat pitit, te di : “ Souvan nou te konn pale konsènan avantaj ak enkonvenyan ki gen nan yon sitiyasyon, konsa pitit nou yo te ka wè pi bon rezilta yo t ap ka jwenn. Sa te ede yo devlope kapasite pou yo reflechi. ” — Pwovèb 1:1-4.

17. Ki asirans paran yo ka genyen ?

17 Natirèlman, pa gen okenn paran k ap rive aplike san fay konsèy Bib la bay konsènan fason pou yo leve pitit yo. Malgre tou, ou mèt sèten pitit ou yo ap gen anpil rekonesans pou efò w te fè pou w leve yo avèk pasyans, avèk byenveyans e avèk amou. San mank, Jewova ap beni efò w ap fè nan sans sa a (Pwovèb 3:33). Men, pi gwo rezon ki fè paran kretyen yo ap fè efò sa yo, se paske yo tout yo ta renmen pou pitit yo aprann renmen Jewova menm jan yo menm yo renmen l lan. Ki jan paran yo ka rive atenn objektif sa a ? Atik ki vin apre a pral egzamine kèk metòd ki ka ede yo fè sa.

Èske w sonje ?

• Ki jan lè paran yo montre yo konpreyansif, sa ka ede yo pou yo pasyan ?

• Ki jan byenveyans makònen ak disiplin ?

• Poukisa se yon bagay ki esansyèl pou gen kominikasyon ki fèt avèk franchiz ant paran ak pitit ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 24]

Paran, èske w sonje kòman w te ye lè w te timoun ?

[Foto nan paj 25]

Èske w favorize bonjan kominikasyon ant ou menm avèk pitit ou ?