Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kòman nou kapab pratike mizèrikòd ?

Kòman nou kapab pratike mizèrikòd ?

Kòman nou kapab pratike mizèrikòd ?

“ Annou fè sa ki byen anvè tout moun, men sitou anvè moun ki fanmi nou nan lafwa. ” — GALAT 6:10.

1, 2. Ki sa parabòl bon Samariten an aprann nou sou mizèrikòd ?

MEN sa yon mesye ki te maton nan Lalwa te mande Jezi : “ Kiyès ki pwochen m menm ? ” Pou Jezi te reponn, li te bay parabòl sa a : “ Gen yon mesye ki t ap desann sot Jerizalèm al Jeriko e li tonbe nan mitan vòlè. Yo pran tout sa l te genyen, yo benyen l ak kou, epi yo ale, yo kite l twaka mò. Kounye a, paraza, te gen yon prèt ki t ap desann sou wout sa a, men lè l wè l, li travèse al lòt bò wout la. Konsa tou, gen yon levit ki vin ap pase kote a, lè l wè l, li travèse al lòt bò wout la. Men, yon sèten Samariten ki t ap vwayaje sou wout la rive bò kote l e, lè l wè l, li gen pitye pou li. Donk, li pwoche bò kote l e li vlope blese l yo, li vide luil ak diven sou yo. Apre sa li mete l sou pwòp bèt pa l epi li mennen l nan yon otèl e li pran swen l. E nan demen li pran de denye, li bay responsab otèl la yo epi li di l : ‘ Pran swen l, e kèlkeswa sa w depanse anplis pou li, m ap remèt ou li lè m tounen. ’ ” Apre sa, men sa Jezi mande mesye a : “ Dapre ou menm, kiyès nan yo twa a ki te montre li se pwochen mesye ki te tonbe nan mitan bandi yo ? ” Mesye a reponn li : “ Se sa k te aji ak mizèrikòd anvè l la. ” — Lik 10:25, 29-37a.

2 Èske fason Samariten an te trete mesye ki te blese a pa montre yon fason frapan ki sa vrè mizèrikòd la ye ? Li te gen pitye oswa konpasyon ki te pouse l aji yon fason pou l soulaje moun ki te blese a. Anplis, li pa t menm konnen mesye sa a ki te blese a. Kidonk, relijyon yon moun, nasyonalite l oswa kilti l pa ta dwe anpeche l manifeste mizèrikòd. Apre Jezi te fin bay egzanp bon Samariten an, li te bay mesye a konsèy sa a : “ Ou mèt ale e, ou menm tou, fè menm jan an. ” ​(Lik 10:37b). Nou kapab koute konsèy sa a e nou ka fè efò pou nou fè lòt moun mizèrikòd. Men, ki jan nou ka fè sa ? Ki jan nou ka demontre nou gen mizèrikòd nan lavi nou chak jou ?

“ Si yon frè [...] touni ”

3, 4. Poukisa nou dwe pratike mizèrikòd sitou anvè moun ki nan kongregasyon an ?

3 Apot Pòl te di pawòl sa yo : “ Toutotan nou gen tan favorab pou sa, annou fè sa ki byen anvè tout moun, men sitou anvè moun ki fanmi nou nan lafwa. ” ​(Galat 6:10). Donk, annou gade toudabò ki jan nou ka fè anpil aksyon ki plen mizèrikòd pou moun ki fanmi nou nan lafwa.

4 Men sa disip Jak te ekri pou l egzòte vrè kretyen yo pou yo gen mizèrikòd youn pou lòt : “ Y ap jije moun ki pa pratike mizèrikòd san mizèrikòd. ” ​(Jak 2:13). Kontèks pawòl enspire sa yo montre nou kèk fason nou ka gen mizèrikòd pou lòt moun. Pa egzanp, men sa nou li nan Jak 1:27 : “ Adorasyon ki pwòp e ki san tach selon Bondye, Papa nou an, men li : pran swen òfelen yo ak vèv yo nan tribilasyon yo, rete san tach parapò ak monn nan. ” Anplis, Jak 2:15, 16 di : “ Si yon frè oswa yon sè touni e yo pa gen ase manje pou yo manje chak jou, epoutan youn nan nou di yo : ‘ Ale anpè, kenbe kò w cho epi kontinye byen manje ’, men nou pa ba yo sa yo bezwen pou kò yo, sa sa ap itil ? ”

5, 6. Ki aksyon nou kapab fè nan kongregasyon nou k ap demontre mizèrikòd  ?

5 Pran swen lòt moun e ede moun ki nan bezwen se yon karakteristik vrè relijyon an. E antanke moun k ap pratike vrè adorasyon an, nou bezwen fè plis pase annik swete pou tout bagay ale byen pou yo. Men, konpasyon nou genyen ap pouse nou aji pou n ede moun ki vrèman nan bezwen yo (1 Jan 3:17, 18). Pa egzanp, nou kapab prepare yon repa pou yon moun ki malad, nou kapab fè travay pou yon moun ki aje, nou ka ede kretyen parèy nou jwenn mwayen transpò pou y al nan reyinyon si sa nesesè, e nou pap chich avèk moun ki nan bezwen. Aksyon sa yo antre nan aksyon nou kapab fè si nou gen mizèrikòd. — Detewonòm 15:7-10.

6 Nan kongregasyon kretyen an ki pa sispann grandi, li enpòtan pou nou bay frè ak sè nou yo èd materyèl, men, li pi enpòtan lontan pou nou ede yo nan domèn espirityèl. Nou resevwa egzòtasyon pou nou ‘ pale yon fason pou konsole nanm ki deprime e pou nou soutni moun ki fèb yo ’. (1 Tesalonisyen 5:14.) Yo ankouraje “ granmoun fi yo ” pou yo “ moun k ap anseye sa ki byen ”. (Tit 2:3.) Anplis, konsènan siveyan yo, Labib di : “ Yo chak dwe vin tankou yon kachèt kont van, tankou yon refij kont tanpèt lapli. ” — Izayi 32:2.

7. Ki sa nou aprann nan men disip ki te nan Antyòch yo nan peyi Siri konsènan fason pou nou demontre mizèrikòd ?

7 Nonsèlman kongregasyon nan premye syèk la te konn pran swen vèv yo, òfelen yo ak moun ki bezwen èd ak ankourajman, men pafwa tou, yo te konn voye èd pou kwayan ki te nan lòt zòn. Pa egzanp, lè pwofèt Agabis te predi “ t apral gen yon gwo grangou sou tout latè ki abite ”, disip ki te Antyòch yo, nan peyi Siri “ te pran desizyon, yo chak, selon mwayen yo, pou yo voye sekou bay frè ki t ap viv Jide yo. ” E se “ pa mwayen Banabas ak Sol ”, yo te voye sekou sa a bay ansyen ki te nan zòn sa a (Travay 11:28-30). E jodi a, kòman sa fèt ? “ Esklav fidèl ki prevwayan an ” mete komite sekou sou pye pou ede frè nou yo lè gen dezas natirèl ki frape yo, dezas tankou siklòn, tranblemanntè oswa tsunami (Matye 24:45). Lè nou bay tan nou, efò nou, ak resous nou volontèman pou nou soutni dispozisyon sa a yo mete sou pye, se vrèman yon bèl fason nou demontre mizèrikòd.

“ Si nou kontinye montre nou gen patipri ”

8. Poukisa lè yon moun gen patipri sa ka fè l pa demontre mizèrikòd ?

8 Jak te bay avètisman sou yon bagay ki ka fè yon moun pa demontre mizèrikòd oswa ki ka fè l pa suiv “ lwa wa a ” ki se lanmou. Men sa l te di : “ Si nou kontinye montre nou gen patipri, se yon peche nou fè, paske lalwa kondane nou kòm transgresè. ” ​(Jak 2:8, 9). Si nou gen patipri pou moun ki rich oswa ki gen gwo pozisyon, sa ka fè nou gen mwens kè sansib pou “ malere k ap plenyen an ”. (Pwovèb 21:13.) Lè yon moun gen patipri, sa ka anpeche l demontre mizèrikòd. Nou demontre nou gen mizèrikòd lè nou trete lòt moun san patipri.

9. Poukisa se pa yon bagay ki mal pou nou gen yon konsiderasyon espesyal pou moun ki merite sa ?

9 Lefètke nou pa dwe gen patipri, èske sa vle di nou pa ka gen yon konsiderasyon espesyal pou pèsonn ? Non. Men sa apot Pòl te di nan yon lèt li te voye bay kretyen ki te nan Filip yo konsènan Epafwodit, konpayon travay li : “ Kontinye ancheri moun konsa. ” Poukisa ? ‘ Paske akòz travay Seyè a, [Epafwodit] te pase toupre lanmò. Li te riske nanm li pou l te ka konpanse absans nou an kòmsadwa, absans ki te anpeche nou rann mwen sèvis anpèsòn. ’ ​(Filipyen 2:25, 29, 30). Epafwodit te merite yon konsiderasyon espesyal poutèt li te sèvi Pòl fidèlman. Anplis, men sa nou jwenn nan 1 Timote 5:17 : “ Se pou yo rekonèt ansyen k ap byen dirije yo merite yon onè ki doub, sitou sa yo k ap travay di nan pawòl la ak nan ansèyman. ” Nou bezwen apresye frè sa yo tou pou bèl kalite espirityèl yo genyen. Lè nou gen yon konsiderasyon konsa, se pa patipri sa ye.

“ Sajès ki soti anlè a [...] chaje ak mizèrikòd ”

10. Poukisa nou ta dwe kontwole lang nou ?

10 Men sa Jak te di konsènan lang nan : “ Li se yon bagay deregle ki koz doulè, li plen ak pwazon ki lakòz lanmò. Avèk li nou beni Jewova, wi, Papa a, epoutan avèk li nou modi moun ki vin egziste ‘ nan resanblans Bondye ’. Ni benediksyon ni malediksyon ap soti nan menm bouch la. ” Nan menm kontèks la, Jak ajoute : “ Men si nou gen jalouzi anmè ak lespri polemik nan kè nou, pa vante tèt nou e pa bay manti sou laverite. Sa se pa sajès ki soti anlè a, men se sa ki terès la, [sa ki] animal la, [sa ki] demonyak la. Paske kote ki gen jalouzi ak lespri polemik, gen dezòd ak tout kalite vye bagay. Men, sajès ki soti anlè a se yon sajès tou dabò ki pwòp. Ansuit li pasifik, li rezonab, li dispoze obeyi, li chaje ak mizèrikòd ak bon kalite fwi, se yon sajès ki pa nan patipri e ki pa nan ipokrizi. ” — Jak 3:8-10a, 14-17.

11. Ki jan nou ka montre nou gen mizèrikòd nan fason n ap sèvi ak lang nou ?

11 Se sa k fè, fason nou sèvi ak lang nou ka montre si nou gen sajès ki “ chaje ak mizèrikòd ” la. Men, ki jan de moun nou t ap montre nou ye si nou ta kite jalouzi oswa lespri polemik fè nou vante tèt nou, li fè nou bay manti oswa li fè nou gaye pawòl ki ka fè moun ditò ? Sòm 94:4 di : “ Tout moun k ap pratike sa k malfezan kontinye ap vante tèt yo ”. E pa gen dout nan sa, move pawòl ka sal bon repitasyon yon moun rapidman (Sòm 64:2-4). Anplis, imajine ki jan ‘ yon fo temwen k ap plede bay manti ’ sou yon moun ka fè moun nan ditò (Pwovèb 14:5 ; 1 Wa 21:7-13) ! Men sa Jak te di kretyen parèy li yo apre l te fin pale de move fason yon moun ka sèvi ak lang li : “ Frè m yo, li pa bon pou bagay yo kontinye ap pase konsa. ” ​(Jak 3:10b). Nou manifeste vrè mizèrikòd la lè nou sèvi ak lang nou yon fason ki pwòp, ki pezib e ki rezonab. Men sa Jezi di : “ Tout pawòl initil lèzòm di, y ap rann kont pou li nan Jou Jijman an. ” ​(Matye 12:36). Vrèman, li enpòtan pou nou montre nou gen mizèrikòd nan fason n ap sèvi ak lang nou.

“ Padone moun lè yo fè fot ”

12, 13. a) Ki sa nou aprann konsènan mizèrikòd nan parabòl sou esklav ki te dwe mèt li yon pakèt lajan an ? b) Ki sa sa vle di pou nou padone frè nou “ jiska swasanndisèt fwa ” ?

12 Nou wè yon lòt fason nou ka montre nou gen mizèrikòd nan yon parabòl Jezi te bay. Nan parabòl sa a, Jezi te pale de yon esklav ki te dwe mèt li, ki te yon wa, 60 000 000 denye. Kòm esklav la pa t ka peye dèt la, li te sipliye mèt li pou l fè l mizèrikòd. Sa te fè mèt esklav la “ vin gen pitye pou li ” e li te anile dèt la. Men, lè esklav la soti, li wè yon lòt esklav parèy li ki dwe l 100 denye sèlman, li fè mete l nan prizon san l pa t gen pitye pou li. Lè mèt la tande sa k te pase a, li fè rele esklav li te padone a e li di l : “ Esklav mechan, mwen te efase tout dèt sa a pou ou lè w te sipliye m. Èske ou menm tou ou pa t dwe gen pitye pou esklav parèy ou a, menm jan mwen menm, mwen te gen pitye pou ou ? ” Apre sa, mèt la fè yo lage l nan men gadyen prizon yo. Finalman, men sa Jezi di pou l fini parabòl la : “ Se konsa Papa mwen ki nan syèl la ap aji avèk nou tou, si nou chak nou pa padone frè nou ak tout kè nou. ” — Matye 18:23-35.

13 Èske parabòl sa a pa montre aklè mizèrikòd mande pou yon moun dispoze padone ? Jewova anile yon gwo dèt pou nou : peche nou. Èske nou menm tou nou pa ta dwe “ padone moun lè yo fè fot ” kont nou (Matye 6:14, 15) ? Anvan Jezi te bay parabòl sou esklav ki te san pitye a, men ki kesyon Pyè te poze l : “ Seyè, konbyen fwa pou frè m peche kont mwen pou m padone l ? Jiska sèt fwa ? ” Jezi reponn li : “ Mwen di w sa, se pa : Jiska sèt fwa, men se : Jiska swasanndisèt fwa. ” ​(Matye 18:21, 22). Vrèman, yon moun ki gen mizèrikòd se yon moun ki dispoze padone “ jiska swasanndisèt fwa ”, sa vle di san limit.

14. Selon Matye 7:1-4, ki jan nou ka pratike mizèrikòd chak jou ?

14 Nan Sèmon sou montay la, Jezi te montre yon lòt fason ankò nou ka demontre mizèrikòd. Men sa l te di : “ Sispann jije dekwa pou yo pa jije nou. Paske se avèk jijman nou jije lòt moun, yo gen pou yo jije nou [...]. Donk, poukisa w ap gade pay ki nan je frè w la, men ou pa egzamine gwo bout bwa ki nan je pa w la ? Oubyen tou, kòman w fè di frè w la ‘ ban m retire pay ki nan je w la ’, alòske, men w gen yon gwo bout bwa nan je pa w ? ” ​(Matye 7:1-4). Konsa, nou kapab pratike mizèrikòd chak jou lè nou tolere feblès lòt moun san nou pa jije yo oswa san nou pa kritike yo aleksè.

“ Fè sa ki byen anvè tout moun ”

15. Poukisa se pa sèlman anvè kwayan parèy nou nou dwe aji avèk mizèrikòd ?

15 Byenke liv Jak la mete aksan sou nesesite pou nou montre nou gen mizèrikòd anvè kwayan parèy nou, sa pa vle di aksyon ki demontre mizèrikòd yo se nan kongregasyon kretyen an sèlman nou dwe fè yo. Sòm 145:9 di : “ Jewova bon anvè tout moun, e li montre mizèrikòd anvè tout sa l fè. ” Labib egzòte nou pou nou “ vin imitatè Bondye ” e pou nou “ fè sa ki byen anvè tout moun ”. (Efezyen 5:1 ; Galat 6:10.) Se vre, nou pa renmen ni “ monn nan ni bagay ki nan monn nan ”, men nou pa ensansib devan bezwen moun ki nan monn nan. — 1 Jan 2:15.

16. Ki sa k ka enfliyanse fason nou demontre mizèrikòd anvè lòt moun ?

16 Antanke kretyen, nou pa ezite pou nou fè kèlkeswa sa nou kapab pou nou ede moun ki viktim akoz “ evènman enprevi ” ki rive yo oswa moun ki nan sitiyasyon difisil (Eklezyas 9:11). Annefè, se selon posiblite nou, n ap kapab wè ki sa nou ka fè e nan ki pwen nou ka bay èd nou (Pwovèb 3:27). Lè n ap bay lòt moun èd materyèl, n ap veye pou bon aksyon nou fè pa ankouraje yon moun pou l parese (Pwovèb 20:1, 4 ; 2 Tesalonisyen 3:10-12). Pakonsekan, yon moun fè yon aksyon ki demontre mizèrikòd toutbon lè li aji avèk konpasyon oswa senpati pou lòt moun toutpandan li fè sa avèk bon jijman.

17. Ki pi bèl fason nou ka demontre nou gen mizèrikòd anvè moun ki pa nan kongregasyon an ?

17 Pi bon fason nou ka gen mizèrikòd pou moun ki pa nan kongregasyon an, se lè nou pataje verite ki nan Bib la avèk yo. Poukisa ? Se paske pifò moun jodi a nan yon fènwa espirityèl e yo pa konnen kote yo prale. Piske anpil moun pa gen okenn mwayen pou yo fè fas ak pwoblèm y ap rankontre e yo pa gen okenn espwa pou lavni, yo ‘ depafini e yo gaye tankou mouton ki san bèje ’. (Matye 9:36.) Mesaj ki nan Pawòl Bondye a kapab tankou ‘ yon lanp pou pye yo ’, sa vle di li ka ede yo pou yo fè fas ak pwoblèm yo jwenn nan lavi a. Anplis, li ka vin ‘ yon limyè pou wout yo ’ paske Labib ka aprann yo objektif Bondye genyen anrapò ak lavni e li ba yo yon bèl espwa pou demen (Sòm 119:105). Èske vrèman se pa yon privilèj pou nou pote mesaj estrawòdinè sa a bay moun ki vrèman bezwen l ? Piske “ gwo tribilasyon ” an pa lwen rive, kounye a se moman pou nou patisipe avèk zèl nan predikasyon mesaj Wayòm nan ak nan travay fè disip la (Matye 24:3-8, 21, 22, 36-41 ; 28:19, 20). Pa gen pi bèl fason nou ka demontre nou gen mizèrikòd pase sa.

“ Bay bagay ki anndan yo ”

18, 19. Poukisa nou ta dwe fè tout sa nou kapab pou nou gen plis mizèrikòd ?

18 Men sa Jezi te di : “ Bay bagay ki anndan yo kòm kado mizèrikòd. ” ​(Lik 11:41). Pou yon bon aksyon se yon aksyon ki montre mizèrikòd toutbonvre li dwe soti anndan nou, sa vle di nou dwe fè l avèk amou e ak tout kè nou (2 Korentyen 9:7). Nan yon monn kote moun yo di, yo egoyis e yo pa gen sousi pou soufrans ak pwoblèm lòt moun, mizèrikòd se vrèman yon kalite ki pote soulajman.

19 Kidonk, annou fè tout sa nou kapab pou nou gen plis mizèrikòd. Plis nou demontre nou gen mizèrikòd, se plis n ap sanble ak Bondye. Sa ap ede nou pou nou gen yon vi ki vrèman gen sans e ki vrèman ban nou satisfaksyon. — Matye 5:7.

Ki sa nou te aprann ?

• Poukisa li espesyalman enpòtan pou nou demontre nou gen mizèrikòd anvè kretyen parèy nou ?

• Ki jan nou ka pratike mizèrikòd anndan kongregasyon kretyen an ?

• Ki jan nou ka fè sa ki byen anvè moun ki pa nan kongregasyon an ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 13]

Samariten an te montre li gen mizèrikòd.

[Foto nan paj 14]

Kretyen yo fè anpil aksyon ki montre yo gen mizèrikòd.

[Foto nan paj 17]

Pi bèl fason pou nou montre mizèrikòd anvè moun ki pa nan kongregasyon an, se lè nou pataje verite ki nan Bib la avèk yo.