Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon bagay moun ap mande toupatou sou tè a

Yon bagay moun ap mande toupatou sou tè a

Yon bagay moun ap mande toupatou sou tè a

IMAJINE plizyè santèn milyon moun, e menm plizyè milya moun k ap mande menm bagay la. Y ap mande pi gwo otorite ki gen nan linivè a yon bagay byen presi. Poutan, pa gen anpil nan yo ki konprann sa y ap mande a. Èske sa posib ? Anfèt, sa rive chak jou. Ki sa tout moun sa yo ap mande a ? Yo tout ap mande pou Wayòm Bondye a vini.

Selon yon estimasyon yo fè, gen anviwon 37 000 relijyon ki di yo se relijyon kretyen e ki konsidere Jezi kòm chèf yo. Gen plis pase de milya moun ki manm relijyon sa yo. Gen anpil nan moun sa yo ki konn fè priyè yo rele Nòtrepè a. Èske w konn priyè sa a ? Se yon priyè Jezi te aprann disip li yo. Men ki jan l kòmanse : “ Papa nou ki nan syèl la, se pou non w sangtifye. Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a, kou nan syèl la. ” — Matye 6:9, 10.

Sa fè plizyè syèk depi moun ki pral legliz pou yo adore ap repete pawòl sa yo avèk anpil respè. Yo resite yo tou an fanmi e poukont yo, nan bon moman ak nan move moman. Yo resite yo avèk senserite e menm avèk anpil santiman. Gen anpil lòt moun ki aprann pawòl sa yo pakè e yo resite yo prèske san yo pa reflechi sou sans yo. Sepandan, se pa sèl moun ki fè pati relijyon ki di yo kretyen yo ki gen espwa Wayòm Bondye a ap vini e k ap priye pou sa.

Yon bagay moun divès relijyon ap mande

Gen yon priyè moun ki fè pati relijyon juif la konnen byen e yo konn resite l lè gen moun ki mouri. Byenke li pa gen rapò dirèkteman ak lanmò oswa ak lapenn, yo resite l regilyèman nan antèman. Men sa l di : “ Se pou li [Bondye] etabli Wayòm li an pandan w vivan [...], e se pou li menm fè sa rapidman *. ” Gen yon lòt priyè yo konn resite nan sinagòg yo depi lontan ki pale de espwa konsènan Wayòm Mesi a k ap sot nan mezon David la.

Gen lòt moun ki pa fè pati relijyon kretyen yo ki twouve kesyon Wayòm Bondye a enteresan. Selon yon jounal (The Times of India), gen yon gwo chèf relijye endyen ki t ap viv nan 19yèm syèk la ki te enterese pou l jwenn pwen komen ki egziste ant relijyon endou, relijyon mizilman ak relijyon kretyen yo. Men sa l te di : “ Vrè Wayòm Bondye a pap vini si moun ki nan lès yo pa fè yon sèl ak moun ki nan lwès yo. ” E sa pa fè twò lontan depi direktè yon kolèj mizilman ki nan yon vil ann Ostrali ki rele Stratfil (Strathfield) te ekri pawòl sa yo nan yon jounal : “ Menm jan ak tout mizilman, mwen kwè Jezi ap retounen e l ap etabli vrè Wayòm Bondye a. ”

Pa gen dout nan sa, gen plizyè milya moun ki gen espwa Wayòm Bondye a ap vini e k ap priye pou li. Men, annou konsidere yon pwen enteresan.

Sandout ou konnen Temwen Jewova yo ki pibliye peryodik sa a kòm moun ki ale kay an kay nan zòn bò lakay ou pou yo pale ak moun konsènan Labib. Travay sa a se sou tout tè a nou fè l nan anviwon 236 peyi e nan plis pase 400 lang. Prensipal sijè predikasyon nou an se Wayòm Bondye a. Anfèt, ou ka remake tit peryodik sa a ki nan men w lan se Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova a. Souvan, nou mande moun yo si yo konn priye pou Wayòm sa a. Gen anpil nan yo ki di wi. Sepandan, lè nou mande yo ki sa l ye, pifò nan yo di yo pa konnen. Oubyen, yo bay yon repons ki vag ki montre yo pa fin konnen sa l ye.

Poukisa tout moun sa yo ap mande yon bagay yo pa menm ka defini sa l ye ? Èske se paske Wayòm Bondye a se yon bagay ki difisil pou yon moun esplike oswa se yon bagay ki pa klè ? Non. Labib bay esplikasyon detaye e ki klè sou Wayòm nan. Anplis, mesaj nou jwenn nan Bib la konsènan Wayòm nan kapab ba w yon bonjan espwa nan moman difisil n ap viv jodi a. Nan atik ki vin apre a, nou pral wè ki esplikasyon Bib la bay sou espwa sa a. Apre sa, nou pral wè ki lè priyè Jezi a pou Wayòm nan vini an pral egzose.

[Nòt anba paj]

^ § 6 Menm jan ak priyè Jezi te bay kòm modèl la, priyè Juif yo konn resite lè yo gen moun ki mouri an mande tou pou non Bondye sangtifye. Gen diskisyon k ap fèt sou priyè sa a. Gen kèk moun ki panse li la depi nan epòk Kris la e menm anvan sa. Menm si se sa, sa pa dwe fè nou sezi si gen bagay nan priyè sa a ki sanble ak priyè Jezi te bay kòm modèl la. Nan priyè l te bay la, li pa t ap chèche prezante ide ki nouvo. Chak bagay Jezi te mande yo te byen chita sou Ekriti yo, e tout Juif nan epòk li a te kapab li Ekriti sa yo. Jezi t ap ankouraje Juif parèy li yo pou yo priye pou yon seri bagay yo te dwe ap priye pou yo, menm anvan Jezi te vin sou tè a.