Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sa Jewova anonse k ap rive se sa k ap reyalize

Sa Jewova anonse k ap rive se sa k ap reyalize

Sa Jewova anonse k ap rive se sa k ap reyalize

“ SE MWEN ki Bondye a epi pa gen lòt Bondye ankò, ni pa gen pèsonn tankou m. Mwen se Sila a ki, depi nan kòmansman an, anonse finisman an, e ki, depi lontan davans, anonse bagay ki potko fèt. ” ​(Izayi 46:9, 10). Pawòl sa yo se pawòl Jewova, li menm ki gen kapasite pou l anonse yon fason egzak sa k pral rive alavni.

Tout moun konnen, lèzòm pa gen kapasite pou yo anonse yon fason egzak sa k pral rive alavni. Lefètke Labib se yon liv pwofesi, sa ta dwe pouse tout moun k ap chèche laverite pou yo egzamine si se Bondye ki enspire l. Annou egzamine kèk pwofesi biblik ki deja reyalize.

Nasyon lontan yo

Bondye te anonse yo t ap detwi Babilòn, Edòm, Mowab ak Amòn pou toutan (Jeremi 48:42 ; 49:17, 18 ; 51:24-26 ; Obadya 8, 18 ; Sefànya 2:8, 9). Lefètke pèp sa yo te vin sispann egziste kòm nasyon, sa pwouve pwofesi ki nan Pawòl Bondye a egzak.

Se vre, yon moun ta ka di se nenpòt moun ki ka predi yon nasyon ki pisan gen pou l disparèt finalman. Men, yon moun ki gen yon pwennvi konsa t ap montre li pa pran an konsiderasyon lefètke Bib la ale pi lwen toujou, e sa se yon pwen ki esansyèl. Pa egzanp, li bay detay menm sou fason Babilòn t apral tonbe. Labib te predi Mèd yo t apral pran Babilòn, e sòlda ki t ap anvayi l yo t ap gen Siris alatèt yo e flèv ki te pwoteje vil la t ap vin sèch. — Izayi 13:17-19 ; 44:27–45:1.

Labib pa t predi se tout nasyon oswa pèp yo te konkeri yo ki t ap sispann egziste pou toutan. Okontrè, lè Bondye te anonse Babilonyen yo t apral ranvèse Jerizalèm, li te tou di yo t ap retabli vil sa a, byenke, dapre politik Babilòn te genyen, yo pa t janm lage moun yo te pran kaptif (Jeremi 24:4-7 ; 29:10 ; 30:18, 19). Sa te reyalize, e jis jodi a desandan Juif yo kontinye egziste antanke pèp.

Anplis, Jewova te predi Ejip, yon pisans mondyal, t ap gen pou l tonbe, men, “ apre sa, yo [t ap] abite ladan l menm jan sa te ye nan jou lontan yo ”. Avèk letan, pisans sa a t ap “ vin yon wayòm ki fèb ”. (Jeremi 46:25, 26 ; Ezekyèl 29:14, 15.) Pwofesi sa a te reyalize tou. Jewova te predi tou Lagrès ki te yon pisans mondyal t ap tonbe, men li pa t janm di nasyon sa a t ap sispann egziste. Ki sa nou aprann lefètke gen nasyon ki disparèt, jan Jewova te anonse destriksyon total pou yo, alòske genyen ki toujou egziste piske li pa t anonse sa pou yo ? Sa aprann nou Pawòl Bondye a gen vrè pwofesi ladan l, pwofesi nou ka fè konfyans.

Detay ki fè moun etone

Jan nou te mansyone sa anvan, Jewova te bay anpil detay konsènan fason Babilòn t ap tonbe. Menm jan an tou, lè yo t ap anonse destriksyon vil Ti nan liv Ezekyèl la, yo te di yo t ap voye ni wòch li yo ni tout bèl bagay ki te fèt an bwa ki ladan l yo ni pousyè l yo “ nan mitan dlo a menm ”. (Ezekyèl 26:4, 5, 12.) Pwofesi sa a te reyalize nan ane 332 anvan epòk nou an lè Aleksann Legran te fè lame l la sèvi ak debri ki soti nan pati vil Ti ki pa t yon zile a, pati yo te deja pran an, pou yo fè yon pon pou y al nan pati ki te zile a, pati yo t apral pran apre a.

Pwofesi nou jwenn nan Dànyèl 8:5-8, 21, 22 e 11:3, 4 ban nou tou yon seri detay ki enpresyonan sou “ wa peyi Lagrès ” la, yon wa ki te gran anpil. Dirijan sa a t apral mouri nan moman li te gen plis pouvwa a, e apre sa wayòm li an t apral divize an kat, men, se pa desandan l yo ki t apral jwenn yo. Plis pase 200 an apre yo te bay pwofesi sa a, se Aleksann Legran ki te vin wa pisan sa a. Selon listwa, li te mouri anvan lè l e annapre, kat nan jeneral li yo ki pa t desandan l te separe anpi li a antre yo.

Gen moun k ap kritike Labib ki fè konnen yo te ekri pwofesi sa a apre evènman an te fin pase. Men, annou regade ankò pasaj nou sot site pi wo a ki nan liv Dànyèl la. Si nou analize l antanke yon pwofesi, n ap wè li bay yon seri detay ki estrawòdinè. Sepandan, si nou analize l antanke yon evènman istorik yo fè pase pou yon pwofesi, èske li pa sanble manke yon seri detay ? Si se yon enpostè ki te viv apre Aleksann ki t ap chèche enpresyone moun ki t apral li liv Dànyèl la ak yon swadizan pwofesi, poukisa li pa t pale de evènman ki te pase tousuit apre lanmò Aleksann, sètadi de de nan pitit gason l yo ki te eseye etabli tèt yo wa, men ki apre sa te vin pèdi lavi yo paske yo te asasinen yo ? Poukisa li pa t mansyone se apre plizyè dizèn ane kat jeneral yo te fè tèt yo vin wa sou divès pati nan anpi Aleksann nan ? E poukisa li pa t mansyone non gwo wa sa a ansanm ak non kat jeneral li yo ?

Opinyon sa a ki di pwofesi biblik yo te ekri apre evènman yo fin fèt la la lontan, men moun ki pretann sa yo pa janm pwouve sa. Anplis, anvan menm yo egzamine prèv ki egziste yo, yo deside li enposib pou moun predi evènman ki pral fèt alavni. Piske yo pa vle aksepte Labib se Pawòl Bondye, yo oblije chèche esplike tout bagay selon pwennvi lèzòm sèlman, yon pwennvi ki pa espirityèl. Sepandan, nan sajès Bondye, li te bay pwofèt yo ase detay pou yo mete nan pwofesi yo pou l te kapab pwouve se li ki te fè ekri pwofesi sa yo *.

Pwofesi biblik yo kapab fòtifye lafwa w si w pran tan pou w medite sou yo e sou reyalizasyon yo. Poukisa w pa fè yon etid sou pwofesi biblik yo ? Nan sans sa a, tablo ki nan liv “ Toute Écriture est inspirée de Dieu et utile ” la, soti nan paj 343 pou rive nan paj 346, ka ede w *. Si w deside fè sa, fè l avèk objektif pou w ranfòse lafwa w. Pa kouri pase sou sijè yo, ni pa annik li matyè yo. Okontrè, medite sou sa : kèlkeswa sa Jewova anonse, l ap akonpli san mank.

[Nòt anba paj]

^ § 13 Pou w jwenn plis enfòmasyon ki kont pwennvi ki fè konnen pwofesi Bib la bay yo te ekri apre evènman yo te fin pase, li paj 106-11 nan liv Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous ? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

^ § 14 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

[Kare/Foto nan paj 24]

PRENSIP POU EDE MOUN VIV

Men yon lòt aspè ou ka konsidere : Bondye ki te anonse avèk anpil presizyon pisans mondyal yo t ap monte e yo t ap tonbe a, se li menm tou ki Sous prensip Bib la bay pou ede moun viv. Men kèk prensip :

Nou rekòlte sa nou simen. — Galat 6:7.

Gen plis kè kontan lè nou bay pase lè nou resevwa. — Travay 20:35.

Pou nou gen kè kontan, fò nou satisfè bezwen espirityèl nou. — Matye 5:3.

Si w mete prensip biblik sa yo an pratik nan lavi w, ou mèt gen asirans w ap gen kè kontan e w ap jwenn bon rezilta.

[Foto nan paj 22, 23]

Pawòl Bondye a te anonse peyi sa yo t ap disparèt nèt...

EDÒM

BABILÒN

...men li pa t anonse sa pou lòt peyi sa yo.

LAGRÈS

EJIP

[Liy kredi]

Pictorial Archive (Near Eastern History) Est.

WHO photo by Edouard Boubat

[Foto nan paj 23]

Aleksann Legran.