Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon Papa ki san parèy

Yon Papa ki san parèy

Annou pwoche bò kote Bondye

Yon Papa ki san parèy

Matye 3:16, 17

“ PAPA. ” Pa gen anpil lòt mo ki fè plis santiman pwofon monte nan kè yon moun pase mo sa a. Yon papa ki vrèman renmen pitit li ap ede l devlope nan tout domèn. Li toutafè nòmal pou Labib pale de Jewova kòm yon “ Papa ”. (Matye 6:9.) Men, ki kalite Papa Jewova ye ? Pou nou reponn kesyon sa a, annou egzamine pawòl Jewova te di Jezi nan okazyon batèm li. Paske fason yon papa pale ak pitit li montre anpil bagay sou ki kalite papa li ye.

Nan zòn mwa oktòb ane 29 epòk nou an, Jezi t al nan rivyè Jouden an pou yo te batize l. Men sa Labib rapòte sou sa k te pase a : “ Apre Jezi fin batize, tousuit li monte sot anba dlo a, epi, gade, syèl la ouvri, epi li wè lespri Bondye a k ap desann vin sou li tankou yon pijon. Gade ! Epitou te gen yon vwa ki sot nan syèl la ki di : ‘ Sa se Pitit Gason m, byenneme a, li menm mwen apwouve a *. ’ ” ​(Matye 3:16, 17). Se Jewova ki te di pawòl sa yo. Yo gen anpil tandrès ladan yo e yo montre nou ki kalite Papa li ye. Remake twa bagay Jewova te di lè l t ap pale ak Pitit li a.

Premyèman, lè Jewova te di “ sa se Pitit Gason m ”, anfèt li te vle di ‘ mwen fyè dèske m se Papa w ’. Yon papa ki gen disènman chèche montre pitit li li gen apresyasyon pou li e li ba li atansyon, paske l konnen li bezwen sa. Yon timoun bezwen konnen li gen valè antanke manm fanmi an. Menmsi Jezi te deja yon adilt, èske w imajine sa sa te vle di pou l wè tout apresyasyon Papa l gen pou li ?

Dezyèmman, lè Jewova te di Jezi, Pitit li a, se “ byenneme a ”, li te eksprime piblikman lanmou li genyen pou li. Se kòmsi li te di l : ‘ Mwen renmen w. ’ Yon bon papa ap di pitit li li renmen l anpil. Pawòl konsa ansanm ak bonjan afeksyon li demontre pou timoun nan ap ede l devlope. Sandout, se pa ti touche sa dwe te touche kè Jezi lè l te tande vwa Papa l k ap eksprime lanmou li gen pou li !

Twazyèmman, Jewova te di : “ Mwen apwouve w ”. Lè l te di pawòl sa yo, li te eksprime apwobasyon l pou Pitit li a. Se kòmsi Jewova te di l : ‘ Pitit mwen, mwen pran plezi nan sa w fè. ’ Yon Papa ki gen lanmou pou pitit li chèche okazyon pou l fè l konnen li pran plezi nan bon bagay li di oswa li fè. Timoun yo santi yo jwenn fòs ak kouraj lè paran yo di yo yo apwouve yo. Siman, Jezi te jwenn ankourajman lè l te tande Papa l di l li apwouve l !

Vrèmanvre, Jewova se yon Papa ki san parèy. Èske w ta renmen gen yon papa konsa ? Si w ta renmen sa, ou mèt konnen ou kapab gen bonjan relasyon avèk Jewova. Si w aprann konnen l e ou gen lafwa nan li epi ou fè efò pou w fè volonte l, l ap dispoze gen bon relasyon avèk ou. Men sa Labib di : “ Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou. ” ​(Jak 4:8). Èske gen yon lòt bagay ki ka fè w santi w plis an sekirite pase yon relasyon sere avèk Jewova Dye, pi bon Papa ki egziste a ?

[Nòt anba paj]

^ § 2 Selon sa Lik rapòte nan Evanjil li a, Jewova te sèvi ak pwonon “ ou ”. Li te di : “ Ou se Pitit byenneme m nan, mwen apwouve w. ” — Lik 3:22.