Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li te pran pozisyon pou vrè adorasyon an

Li te pran pozisyon pou vrè adorasyon an

Annou imite lafwa yo

Li te pran pozisyon pou vrè adorasyon an

ELIYA t ap gade foul la pandan yo t ap redi monte mòn Kamèl douvanjou. Nenpòt moun te kapab wè aklè yo te pòv e yo te nan nesesite. Twazan edmi sechrès ki te pase yo te gen yon gwo efè sou yo.

Pami yo te gen 450 pwofèt Baal ki t ap mache avèk awogans e ki te vrèman rayi Eliya, pwofèt Jewova a. Rèn Jezabèl te gentan fè touye anpil nan sèvitè Jewova yo, men, Eliya te kontinye kanpe djanm kont adorasyon Baal la. Men, pandan konbyen tan ankò li t ap kapab kenbe ? Petèt prèt Baal yo te panse yon sèl moun pa t ap ka konbat yo tout (1 Wa 18:3, 19, 20). Wa Ahab te la tou sou charyo wayal li. Li te rayi Eliya anpil.

Pwofèt Eliya, sèl pwofèt nan okazyon sa a ki te kanpe djanm pou vrè adorasyon an, t apral pase yon jou ki pa t ap tankou okenn lòt jou nan lavi l. Li t apral asiste youn nan pi gwo konfwontasyon ki te genyen ant byen ak mal nan monn nan. Men, ki jan li te santi l ofiramezi solèy la t ap leve ? Natirèlman, piske “ Eliya te yon moun ki te gen menm santiman avèk nou ”, li te ka pè (Jak 5:17). Antouka, nou kapab sèten de yon bagay : Eliya te vrèman santi li poukont li paske se te yon bann moun san fwa ansanm ak wa yo a ki te vin aposta ak yon bann prèt kriminèl ki te antoure l. — 1 Wa 18:22.

Men, ki sa k fè Izrayèl te rive nan sitiyasyon kritik sa a ? E ki leson ou ka tire jodi a nan evènman sa a ? Bib la ankouraje nou pou nou byen reflechi sou bèl egzanp sèvitè Bondye ki devwe yo te bay e pou nou “ imite lafwa yo ”. (Ebre 13:7.) Kounye a, ann egzamine egzanp Eliya kite.

Yon lit ki te dire lontan rive nan bout li

Pandan prèske tout lavi Eliya, li te wè ki jan pèp Izrayèl te pase adorasyon Jewova a anba pye, alòske se sa ki te pi enpòtan ni pou peyi a ni pou pèp la. E li pa t rive anpeche sa. Pandan lontan Izrayèl te nan yon lit pou l chwazi ant vrè relijyon an ak fo relijyon yo, sètadi ant adorasyon Jewova Dye ak idolatri nasyon ki te antoure peyi Izrayèl yo t ap pratike. Nan epòk pwofèt Eliya a, bagay yo te vin pi mal.

Wa Ahab te marye ak Jezabèl, pitit fi wa Sidon an. Jezabèl te detèmine pou l gaye adorasyon Baal nan peyi Izrayèl e pou l derasinen adorasyon Jewova nan peyi a. Byen vit, li te vin gen yon gwo enfliyans sou Ahab. Ahab te bati yon tanp ak yon lotèl pou Baal e li te pran devan nan adore dye payen sa a. Konsa, li te ofanse Jewova anpil. — 1 Wa 16:30-33 *.

Ki sa k fè adorasyon Baal la se yon adorasyon ki te repiyan anpil ? Se paske li te twonpe Izrayèl e li te fè anpil moun al lwen vrè Dye a. Anplis de sa, se yon relijyon ki te kòwonpi e ki te vyolan. Fi kou gason te konn ap pwostitye tèt yo nan tanp Baal la, yo te konn òganize fèt pou yo pratike imoralite seksyèl. Yo te konn menm bay timoun yo an sakrifis. Jewova te voye Eliya bò kote Ahab pou l anonse l t apral gen yon sechrès ki t ap dire jiskaske Eliya ta deklare sechrès la fini (1 Wa 17:1). Plizyè ane te pase anvan Eliya t al kote Ahab ankò pou l di l pou l rasanble pèp la ansanm ak pwofèt Baal yo sou mòn Kamèl.

Men, ki sa nou ka aprann nan lit sa a jodi a ? Kèk moun gendwa panse istwa sa a konsènan adorasyon Baal la pa konsène nou piske nan epòk nou an nou pa wè tanp ak lotèl pou Baal ankò. Sepandan, istwa sa a se pa yon senp evènman ki te pase lontan (Women 15:4). Mo “ Baal ” la vle di “ pwopriyetè ” oswa “ mèt ”. Jewova te di pèp li a yo dwe chwazi l antanke “ baal ” yo oswa antanke mari yo (Izayi 54:5). Èske w pa dakò moun toujou ap sèvi yon kantite lòt mèt e yo pa sèvi Dye Toupisan an ? Sètènman, kit moun yo itilize lavi yo pou yo fè lajan, pou yo pousuiv yon karyè, plezi, sèks, oswa youn nan tout lòt dye yo adore nan plas Jewova, se yon mèt yo chwazi (Matye 6:24 ; Women 6:16). Donk, bagay ki te plis karakterize adorasyon Baal la toujou la jodi a. Se sa k fè nou ka tire leson nan lit sa a ki te genyen ant Jewova ak Baal pou nou fè yon chwa ki saj anrapò ak kiyès n ap sèvi.

Nan ki sans yo t ap “ bwete ” ?

Sou tèt mòn Kamèl gen anpil van e yon moun ki kanpe la kapab wè yon bon pòsyon nan peyi Izrayèl, soti nan vale Kichòn ki nan pye mòn nan rive nan lanmè Meditèrane ki pa twò lwen e rive nan mòn Liban yo byen lwen nan direksyon nò *. Men, jou sa a pandan solèy la t ap leve, peyi a te sonm. Tè Jewova te bay pitit Abraram yo, yon tè ki te fètil lontan, te nan yon move eta e li te devaste. Kounye a, li te vin di tèlman solèy la te boule l e li te fini akoz foli pèp Bondye a. Pandan moun yo te rasanble ansanm, Eliya pwoche bò kote yo epi li di : “ Jis ki lè n ap ret ap bwete sou de opinyon diferan ? Si Jewova se vrè Dye a, al suiv li. Men si se Baal, al suiv li. ” — 1 Wa 18:21.

Ki sa Eliya te vle di lè l te di pèp la “ ap bwete sou de opinyon diferan ” ? Ebyen, yo pa t rann yo kont yo te oblije chwazi ant adorasyon Jewova a ak adorasyon Baal. Yo te panse yo kapab adore ni Baal ni Jewova, sètadi yo te kapab kalme Baal ak seremoni repiyan yo fè pou li toutpandan yo t ap kontinye mande Jewova Dye favè l. Petèt yo te panse Baal t ap beni jaden yo ak bèt yo e “ Jewova Chèf lame yo ” t ap pwoteje yo nan lagè (1 Samyèl 17:45). Men, yo te bliye yon verite fondamantal, yon verite anpil moun toujou pa rive konprann jiska prezan : Jewova pa dakò pou yon moun ap adore l e anmenmtan pou l ap adore lòt dye. Li egzije yon adorasyon san pataj e li merite sa. Nonsèlman Jewova pa aksepte pou yon moun ap adore l e pou moun sa a ap adore yon lòt dye anmenmtan, men tou, moun ki fè sa ofanse l. — Egzòd 20:5.

Kidonk, Izrayelit sa yo t ap “ bwete ” menm jan ak yon moun k ap eseye suiv de chemen alafwa. Gen anpil moun jodi a ki fè menm erè a : yo pèmèt pou lòt “ baal ” vin fè pati lavi yo e yo sispann adore Bondye. Eliya te mande pèp Izrayèl pou yo sispann bwete. Egzòtasyon sa a kapab ede nou reegzamine priyorite nou ak fason n ap adore Jewova a.

Yon dènye tès

Apre sa, Eliya pwopoze yon tès ki te trè senp. Prèt Baal yo te dwe prepare yon lotèl e yo te dwe met yon sakrifis sou li. Apre sa, yo te dwe priye Baal pou l met dife nan sakrifis la. Eliya tou te dwe fè menm bagay la. Men sa li te di : “ Vrè Dye ki reponn ak dife a se li menm ki vrè Dye a. ” Eliya te konnen byen se Jewova ki vrè Dye a. Lafwa l te tèlman solid, li pa t ezite pou l kite pwofèt Baal yo kòmanse anvan. Li te bay opozan l yo tout avantaj ki te genyen : li te kite yo pran towo yo chwazi pou sakrifis la e li te kite yo envoke Baal anvan *. — 1 Wa 18:24, 25.

Se vre, jodi a, nou pap viv nan yon epòk mirak. Sepandan, Jewova pa chanje. Nou kapab gen konfyans nan li menm jan ak Eliya. Pa egzanp, lè lòt moun pa dakò ak sa Bib la anseye, nou pa bezwen pè kite yo pale. Menm jan ak Eliya, nou kapab met konfyans nou nan vrè Dye a pou l regle sitiyasyon sa a. N ap fè sa lè nou pa konte sou tèt nou, men nou konte sou Pawòl li li enspire a ki kapab ede nou “ mete bagay yo annòd ”. — 2 Timote 3:16.

Pwofèt Baal yo te kòmanse prepare sakrifis yo t apral fè a e yo te pran rele dye yo a yon bann fwa. Men sa yo te di : “ O Baal, reponn nou non ! ” Pandan yo te kontinye ap fè sa, minit te pase e menm plizyè èdtan te pase. Men, Bib la di : “ Pa t gen okenn vwa e pèsonn pa t reponn yo. ” Lè l te fè midi, Eliya te kòmanse pase yo nan rizib. Li te di yo Baal dwe gen twòp bagay l ap fè ki fè li pa reponn yo. Li te di yo tou l al nan twalèt oswa l ap dòmi e li bezwen yon moun pou reveye l. Li te ankouraje enpostè sa yo pou yo ‘ rele ak tout fòs vwa yo ’. Sa klè, Eliya te konsidere adorasyon Baal la kòm yon bagay ki ridikil e ki pa chita sou anyen, e li te vle pou pèp Bondye a wè se te yon blòf. — 1 Wa 18:26, 27.

Lè prèt Baal yo te tande sa l te di yo, yo vin pi eksite, yo “ te pran rele ak tout fòs vwa yo e, selon koutim yo te genyen, yo te pran filange kò yo ak kouto e ak lans jiskaske yo te fè san koule sou yo ”, men, sa pa t mache. “ Pa t gen okenn vwa, pèsonn pa t reponn yo, ni yo pa t ba yo okenn atansyon. ” ​(1 Wa 18:28, 29). Anfèt, Baal pa t egziste vre. Se te yon dye Satan te envante pou l fè pèp la pa adore Jewova. Menm jan sa te ye lontan, se konsa sa ye nan epòk nou an : si yon moun chwazi yon lòt mèt e li pa chwazi Jewova kòm mèt li, l ap desi e l ap wont. — Sòm 25:3 ; 115:4-8.

Repons lan

Pita nan menm aprèmidi a, se te tou pa Eliya. Toudabò, li te repare yon lotèl pou Jewova, yon lotèl ki te kraze. Sandout, se ènmi vrè adorasyon an ki te kraze l. Li te sèvi ak douz wòch. Petèt se te pou l fè Izrayelit ki te fè pati dis tribi yo sonje yo te gen obligasyon pou yo suiv Lwa Bondye te bay toule douz tribi yo. Apre sa, li mete sakrifis la sou lotèl la epi li vide dlo sou tout bagay nèt. Petèt se nan lanmè Meditèrane a ki pa twò lwen kote l ye a li te pran dlo sa a. Li te menm fouye yon rigòl toutotou lotèl la epi li plen l dlo. Li te bay pwofèt Baal yo tout avantaj, men li pa t bay Jewova okenn avantaj paske li te gen konfyans nan Bondye l la. — 1 Wa 18:30-35.

Lè tout bagay te fin pare, Eliya di yon bèl priyè tou senp ki montre byen klè sa k te pi enpòtan pou li. Toudabò, li te vle fè konnen se Jewova ki “ Bondye ann Izrayèl ”, se pa Baal. Dezyèmman, li te vle pou tout moun konnen se sèvitè Jewova li ye e se Jewova ki dwe resevwa tout glwa ak onè. Finalman, li montre li te toujou renmen pèp la, paske kè l te cho pou l wè Jewova “ ramne kè yo ” vin jwenn li. (1 Wa 18:36, 37). Malgre tout malè enfidelite yo a te lakòz, Eliya te renmen yo toujou. Èske menm jan ak Eliya nou menm tou nou montre nan priyè nou nou se moun ki gen sousi pou non Bondye, nou se moun ki enb e ki gen konpasyon pou moun ki bezwen èd ?

Anvan Eliya te fè priyè l la, petèt moun ki te sou mòn nan t ap mande tèt yo si Jewova t ap fè yo wont menm jan ak Baal. Men, apre priyè a, yo pa t gen tan pou yo poze tèt yo kesyon sa a. Men sa Bib la di : “ Lè sa a, dife Jewova a desann e li devore olokos la, moso bwa yo, wòch yo ansanm ak pousyè a, e li lape dlo ki te nan rigòl la. ” ​(1 Wa 18:38). Ala yon repons estrawòdinè sa te ye ! E ki reyaksyon moun yo te genyen ?

Yo tout te rele byen fò : “ Jewova se vrè Dye a ! Jewova se vrè Dye a ! ” ​(1 Wa 18:39). Finalman, yo te wè verite a. Sepandan, yo potko montre yo gen lafwa. An reyalite, lefètke yo te annik admèt Jewova se vrè Dye a apre yo te fin wè dife desann sot nan syèl la apre priyè Eliya a, sa pa t vrèman montre yo gen lafwa nan li. Se sa k fè Eliya te mande yo pou yo fè plis toujou, pou yo fè sa yo te dwe fè depi plizyè ane anvan sa : obeyi Lalwa Jewova a. Dapre Lwa sa a, fo pwofèt yo ak moun k ap adore zidòl yo te dwe pèdi lavi yo (Detewonòm 13:5-9). Prèt ki t ap adore Baal yo te byen konnen sa yo t ap fè a, antanke ènmi Jewova Dye ki t ap travay kont objektif li. Èske yo te merite pou Jewova fè yo mizèrikòd ? Ebyen, èske yo menm yo te montre mizèrikòd pou timoun inosan yo te konn boule tou vivan kòm sakrifis pou Baal yo (Pwovèb 21:13 ; Jeremi 19:5) ? Non, mesye sa yo pa t merite jwenn mizèrikòd ankò. Donk, Eliya te bay lòd pou yo egzekite yo e se sa ki te rive. — 1 Wa 18:40.

Gen kèk moun nan epòk nou an ki kritike sa k te pase sou mòn Kamèl la apre tès sa a. Gen moun ki krenn pou sa k te pase a pa ankouraje moun ki fanatik fè zak vyolans sou moun ki pa nan menm relijyon ak yo. Malerezman, jodi a nan anpil relijyon, gen anpil moun ki se fanatik ki vyolan. Sepandan, Eliya pa t yon fanatik. Li te aji pou Jewova, li te egzekite jijman l ki jis. Anplis de sa, vrè kretyen yo konnen yo pa kapab touye mechan yo jan Eliya te fè fè sa. Apre Mesi a te fin vini, kretyen yo te vin adopte pwennvi Jezi nou jwenn nan pawòl sa yo li te di Pyè : “ Mete epe w nan plas li, paske tout moun ki pran epe ap peri anba epe. ” ​(Matye 26:52). Alavni, Jewova pral itilize Pitit li a pou l egzekite jijman l ki jis.

Responsablite yon vrè kretyen se viv selon lafwa (Jan 3:16). Yon fason li kapab fè sa, se lè l suiv egzanp moun tankou Eliya ki te fidèl. Se sèl Jewova li te adore e li te ankouraje lòt moun fè menm jan avè l. Avèk kran, li te devwale yon fo relijyon Satan te itilize pou l fè sèvitè Jewova yo sispann adore L. Anplis, li te konte sou Jewova pou L regle sitiyasyon li t ap konfwonte a olye li te konte sou pwòp kapasite l ak pwòp volonte l. Vrèmanvre, Eliya te pran pozisyon pou vrè adorasyon an. Nou tout, annou imite lafwa l !

[Nòt anba paj]

^ § 9 Pou plis enfòmasyon sou rapò Eliya te gen ak Ahab anvan sa, gade atik : “ Avons-nous une foi semblable à celle d’Élie ? ” a ki nan Toudegad 1ye avril 1992 (fransè).

^ § 13 Dabitid, mòn Kamèl toujou kouvri ak anpil plant ak pyebwa ki byen vèt paske van ki sot nan lanmè a e ki chaje ak imidite pase sou li, e souvan, van sa a pote lapli ak anpil lawouze. Baal te swadizan yon dye ki bay lapli e pou rezon sa a, mòn Kamèl sanble te yon kote ideyal pou adorasyon Baal. Lefètke mòn nan pa t gen anpil pyebwa sou li ankò e li te vin sèk, se te yon bon kote pou Eliya pwouve adorasyon Baal pa t itil anyen.

^ § 17 N ap remake Eliya te di yo yo “ pa dwe met dife ” nan sakrifis la. Gen kèk moun k ap fè rechèch ki di pafwa moun k ap adore zidòl sa yo te konn itilize yon lotèl ki gen yon espas moun pa wè ki anba l yon fason pou yo fè moun konprann gen yon dife ki limen yon fason sinatirèl sou lotèl la.

[Antrefilè nan paj 20]

Si yon moun chwazi yon lòt mèt e li pa chwazi Jewova kòm mèt li, l ap desi.

[Foto nan paj 21]

“ Jewova se vrè Dye a ! ”