Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske se nan kè nou Wayòm Bondye a ye ?

Èske se nan kè nou Wayòm Bondye a ye ?

Lektè nou yo ta renmen konnen

Èske se nan kè nou Wayòm Bondye a ye ?

Anpil moun jodi a kwè repons kesyon sa a se wi. Pa egzanp, men sa yon ansiklopedi fè konnen : “ Wayòm Bondye a se [...] rèy Bondye a nan kè nou. ” ​(The Catholic Encyclopedia). An jeneral, se sa klèje lakretyente a anseye. Men, èske toutbonvre Labib anseye Wayòm Bondye a se nan kè moun li ye ?

Gen moun ki panse se Jezi ki te premye vin ak ide sa a kòmkwa Wayòm Bondye a se nan kè moun li ye. Se vre, nan Lik 17:21 Jezi te di : “ Gade ! Wayòm Bondye a nan mitan nou. ” Nan vèsè sa a, gen kèk tradiksyon ki di : “ Wayòm Bondye a anndan nou. ” Èske fason yo tradui sa Jezi te di a egzak ? Èske Jezi te vle di vrèman Wayòm Bondye a se nan kè moun li ye ?

Toudabò, ann chèche konprann ki sa kè a ye. Lè Labib pale de kè senbolik la, l ap pale de moun nou ye pa anndan an, kote panse nou ak santiman nou ye a. Ide ki fè konprann yon bagay ki grandyoz tankou Wayòm Bondye a se nan kè moun li ye, nan sans li chanje moun e li ba yo plis diyite, se yon ide ki ka parèt atiran, men èske li byen fonde ?

Labib di : “ Kè a pi trèt pase nenpòt ki lòt bagay e li pa bon menm. ” ​(Jeremi 17:9). Jezi li menm te di : “ Se anndan lèzòm, anndan kè yo, move rezònman sòti : fònikasyon, vòl, asasinay, adiltè, konvwatiz, zak mechanste. ” ​(Mak 7:20-22). Fè yon ti reflechi : Èske se pa akoz peche ki nan kè moun ki fè gen pifò soufrans nou wè nan monn nan jodi a ? Donk, ki jan Wayòm Bondye a, yon Wayòm ki pafè, ta ka soti nan kè moun. Vrèmanvre, menm jan yon pye pikan pa ka pwodui fig frans, se konsa Wayòm Bondye a pa ta ka nan kè moun. — Matye 7:16.

Dezyèmman, fè yon ti reflechi sou moun ki t ap koute Jezi lè l te di pawòl nou jwenn nan Lik 17:21 an. Men sa vèsè ki vin anvan an di : “ Lè Farizyen yo te mande l ki lè wayòm Bondye a ap vini, li reponn yo. ” ​(Lik 17:20). Farizyen yo se ènmi Jezi yo te ye. Jezi te di ipokrit sa yo pa t ap antre nan Wayòm Bondye a (Matye 23:13). Kidonk, si Jezi te di Farizyen yo pa t ap antre nan Wayòm Bondye a, èske Wayòm sa a ta kapab nan kè yo ? Sa enposib ! Donk, ki sa Jezi te vle di ?

Gen plizyè tradiksyon Labib ki te fèt avèk swen ki tradui pawòl sa yo Jezi te di yo yon fason ki sanble ak fason Traduction du monde nouveau a tradui l la. Genyen ladan yo ki di Wayòm Bondye a “ pami nou ” oswa “ nan mitan nou ”. Nan ki sans Wayòm Bondye a te nan mitan moun sa yo nan epòk sa a e li te nan mitan Farizyen yo tou ? Ebyen, Jezi se moun Jewova te chwazi pou l vin Wa nan Wayòm nan. Antanke Wa Jewova chwazi, li te nan mitan moun sa yo. Li te anseye yo konsènan Wayòm Bondye a e li te konn menm fè mirak. Konsa, li ba yo yon apèsi sou sa Wayòm nan pral akonpli. Donk, Wayòm nan te nan mitan yo toutbonvre.

Sa klè, ide ki fè kwè Wayòm Bondye a se nan kè moun li ye a pa gen okenn baz biblik. Olye de sa, jan pwofèt yo te anonse sa, Wayòm sa a se yon gouvènman reyèl ki pral fè chanjman estrawòdinè sou tè a. — Izayi 9:6, 7 ; Dànyèl 2:44.