Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Konsènan vrè Dye a

Konsènan vrè Dye a

Sa Jezi aprann nou

Konsènan vrè Dye a

Èske Bondye gen yon non ?

Jezi te anseye Bondye gen yon non. Men sa l te di : “ Kidonk, men ki jan nou dwe priye : ‘ Papa nou ki nan syèl la, se pou non w sangtifye. ’ ” ​(Matye 6:9). Labib montre nou non Bondye se Jewova (Sòm 83:18). Konsènan disip li yo, men sa Jezi te di Papa l nan yon priyè : “ Mwen fè yo konnen non w. ” — Jan 17:26.

Kiyès Jewova ye ?

Jezi te rele Jewova “ sèl vrè Dye a ”, paske se Jewova ki Kreyatè a (Jan 17:3). Men sa Jezi te di : “ Èske nou pa t li sila ki te kreye yo depi nan kòmansman an te fè yo mal ak femèl ? ” ​(Matye 19:4). Jezi te di tou : “ Bondye se yon Espri. ” ​(Jan 4:24). Donk, nou pa kapab wè l. — Egzòd 33:17-20.

Ki sa Bondye vle nou fè ?

Gen yon lè yon moun te mande Jezi ki kòmandman ki pi gwo. Men sa li te reponn li : “ Premye a se : ‘ Tande, o Izrayèl, Jewova Bondye nou an se yon sèl Jewova, epi ou dwe renmen Jewova Bondye w la ak tout kè w e ak tout nanm ou e ak tout lespri w e ak tout fòs ou. ’ Dezyèm nan se : ‘ Ou dwe renmen pwochen w menm jan ou renmen tèt ou. ’ ” — Mak 12:28-31.

Ki jan nou kapab montre nou renmen Bondye ?

Men sa Jezi te di : “ Mwen renmen Papa a. ” Ki jan li te montre li renmen l ? Li te di : “ Jan Papa a ban m lòd pou m fè, se konsa m fè. ” ​(Jan 14:31). Li te di tou : “ Mwen toujou fè sa ki fè l plezi. ” ​(Jan 8:29). Nou kapab fè Bondye plezi lè nou aprann konnen l. Nan yon priyè Jezi t ap fè pou disip li yo, li te di pawòl sa yo : “ Men sa lavi etènèl la siyifi : se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a. ” — Jan 17:3 ; 1 Timote 2:4.

Ki jan nou kapab aprann konnen Bondye ?

Youn nan mwayen nou kapab aprann konnen Bondye se lè nou obsève bagay li kreye yo. Pa egzanp, men sa Jezi te di : “ Obsève zwazo nan syèl la byen. Yo pa ni simen ni rekòlte, ni yo pa ranmase al mete nan magazen. Poutan, Papa nou ki nan syèl la nouri yo. Èske nou pa vo plis pase yo ? ” Ki leson Jezi te vle nou tire la a ? Nou pa ta dwe kite enkyetid nou genyen konsènan bezwen materyèl fè nou sispann sèvi Bondye. — Matye 6:26-33.

Pi bon fason nou ka rive konnen Jewova se lè nou etidye Labib, Pawòl li a. Jezi te rele Ekriti yo “ pawòl Bondye ”. (Lik 8:21.) Men sa Jezi te di Bondye : “ Pawòl ou se verite. ” — Jan 17:17 ; 2 Pyè 1:20, 21.

Jezi te konn ede moun yo aprann laverite sou Jewova. Anrapò ak Jezi, men sa youn nan disip li yo te di : “ Èske kè nou pa t chofe pandan li t ap pale avèk nou sou wout la, lè li t ap ouvri Ekriti yo ban nou nèt ? ” ​(Lik 24:32). Pou nou vin gen konesans sou Bondye, nou dwe enb e nou dwe dispoze aprann. Jezi te di : “ Si nou pa kase tèt tounen e nou pa vin tankou timoun piti, nou pa gendwa antre nan wayòm syèl la. ” — Matye 18:3.

Sa k fè konesans sou Bondye bay kè kontan ?

Nou bezwen konprann bi lavi a, e Bondye ede nou konprann li. Jezi te di : “ Byennere moun ki konsyan yo pòv espirityèlman. ” ​(Matye 5:3). Jewova aprann nou pi bon fason pou nou viv la. Jezi te di : “ Byennere moun ki koute pawòl Bondye a e ki pratike l ! ” — Lik 11:28 ; Izayi 11:9.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 1 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? * a.

[Nòt anba paj]

^ § 17 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

[Foto nan paj 22]

“ Mwen fè yo konnen non w. ” — Jan 17:26.

[Foto nan paj 22, 23]

Nou kapab aprann konnen Jewova grasa kreyasyon an e grasa Bib la.