Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan ki nan liv Lik la

Pwen enteresan ki nan liv Lik la

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan ki nan liv Lik la

ANPIL moun konnen Evanjil Matye a te ekri espesyalman pou Juif yo e Evanjil Mak la te ekri pou moun ki pa Juif. Sepandan, Evanjil Lik la te ekri pou moun tout nasyon. Liv Lik la, ki te ekri ozanviwon ane 56-58 epòk nou an, se yon rapò konplè sou lavi Jezi e sou ministè l.

Antanke yon medsen ki te konprann moun e ki te presi nan sa l ap fè, li te “ fè rechèch sou tout bagay avèk egzaktitid ”. Evanjil li a kouvri yon peryòd tan ki te dire 35 an, kòmanse nan ane 3 anvan epòk nou an pou rive nan ane 33 epòk nou an (Lik 1:3). Prèske 60 pousan nan enfòmasyon li prezante yo se nan Evanjil li a sèlman nou jwenn yo.

PREMYE KANPAY PREDIKASYON AN

(Lik 1:1–9:62)

Apre Lik fin bay kèk detay sou nesans Jan Batis e sou nesans Jezi, li di nou Jan te kòmanse ministè l nan 15yèm ane rèy Tibè Seza, sètadi nan prentan ane 29 epòk nou an (Lik 3:1, 2). Jan te batize Jezi ann otòn, nan menm ane a (Lik 3:21, 22). Nan ane 30 epòk nou an, ‘ Jezi retounen Galile e li kòmanse anseye nan sinagòg yo ’. — Lik 4:14, 15.

Jezi kòmanse premye kanpay predikasyon l nan Galile. Li di yon foul moun pawòl sa yo : “ Nan lòt vil yo tou, fòk mwen al anonse bon nouvèl wayòm Bondye a. ” ​(Lik 4:43). Li pran Simon, yon pechè pwason avè l, ansanm ak kèk lòt moun. E li di : “ Depi kounye a, se moun ou pral pran tou vivan. ” ​(Lik 5:1-11 ; Mat. 4:18, 19). Douz apot yo te avèk Jezi nan dezyèm kanpay predikasyon l nan Galile (Lik 8:1). Nan twazyèm kanpay li a, li voye 12 apot li yo pou y al “ preche wayòm Bondye a e pou yo fè gerizon ”. — Lik 9:1, 2.

Kesyon biblik ak tout repons :

1:35 — Èske ovil Mari te jwe yon wòl nan ansent li te vin ansent lan ? Pou pitit Mari a te ka yon vrè desandan Abraram, desandan Jida ak desandan David ki te zansèt Mari, jan Bondye te pwomèt sa, fòk ovil Mari te jwe yon wòl nan ansent li te vin ansent lan (Jen. 22:15, 18 ; 49:10 ; 2 Sam. 7:8, 16). Sepandan, Jewova te itilize lespri sen l pou l transfere lavi Pitit li a, yon lavi ki te pafè, nan vant Mari e pou l fè l ansent (Mat. 1:18). Sanble sa te retire enpèfeksyon ki te genyen nan ovil la e depi lè sa a, anbriyon an te vin pwoteje kont enpèfeksyon sa yo.

1:62 — Èske Zekarya te vin bèbè e li te vin soud ? Non. Se sèlman pale li pa t ka pale. Lòt moun te mande l “ an siy ” ki non li vle bay pitit la, men se pa t paske li te vin soud ki fè yo te fè sa. Petèt li te tande sa madanm li te di konsènan non yo t apral bay pitit gason yo a. Petèt lòt moun te fè l siy pou yo mande l sa l panse de non madanm li te chwazi a. Men, lefètke yo di se sèlman pale li te retounen pale, sa montre li pa t gen pwoblèm pou l tande. — Lik 1:13, 18-20, 60-64.

2:1, 2 — Lefètke yo pale de yon “ premye anrejistreman ”, ki jan sa ede nou detèmine dat nesans Jezi ? Nan epòk Seza Ogis t ap dirije a, se pa sèlman yon sèl anrejistreman ki te fèt. Premye a te fèt nan ane 2 avan epòk nou an. Sa te akonpli pwofesi Dànyèl te bay nan Dànyèl 11:20 an. Dezyèm nan te fèt swa nan ane 6 swa nan ane 7 epòk nou an (Tra. 5:37). Nan toule de anrejistreman sa yo, se Kiriniyis ki te gouvènè peyi Siri. Sanble li te okipe pòs sa a de fwa. Lefètke Lik pale de premye anrejistreman, sa fè nou kapab wè Jezi te fèt nan ane 2 anvan epòk nou an.

2:35 — Ki jan “ yon epe ki long ” t apral travèse nanm Mari ? Sa fè referans ak enkyetid Mari t apral genyen lè l wè pifò moun rejte Jezi antanke Mesi e ak gwo doulè li t apral santi lè Jezi te mouri yon fason atwòs. — Jan 19:25.

9:27, 28 — Poukisa Lik di transfigirasyon an te fèt “ uit jou ” apre Jezi te pwomèt disip li yo gen ladan yo ki “ pap goute lanmò ditou ” san yo pa wè l vini nan Wayòm li an, alòske ni Matye ni Mak te di sa te fèt “ sis jou apre ” ? (Mat. 17:1 ; Mak 9:2.) Lik genlè konte de jou anplis : jou pwomès la te fèt la ak jou transfigirasyon an te fèt la.

9:49, 50 — Poukisa Jezi pa t anpeche yon mesye chase demon, byenke mesye a pa t yon disip li ? Jezi pa t anpeche mesye a fè sa paske kongregasyon kretyen an potko fòme. Donk, mesye a pa t oblije akonpaye Jezi pou l egzèse lafwa nan li ni pou l chase demon nan non l. — Mak 9:38-40.

Leson pou nou jodi a :

1:32, 33 ; 2:19, 51. Mari te konsève nan kè l evènman ak pawòl ki te montre yon seri pwofesi te akonpli. Èske nou menm tou nou sonje sa Jezi te predi konsènan “ konklizyon sistèm nan ” e èske nou konpare yo ak sa k ap pase jodi a ? — Mat. 24:3.

2:37. Egzanp Àn nan anseye nou se pou nou kontinye sèvi Jewova avèk fidelite, se pou nou “ pèsevere nan lapriyè ” e se pou nou pa abandone “ reyinyon nou ”. — Wom. 12:12 ; Ebre 10:24, 25.

2:41-50. Jozèf te bay bagay espirityèl yo premye plas nan lavi l e li te okipe l de bezwen fizik ak bezwen espirityèl fanmi l. Nan sans sa a, li kite yon bèl egzanp pou chèf fanmi yo.

4:4. Nou pa dwe kite yon jou pase san nou pa reflechi sou bagay espirityèl yo.

6:40. Yon moun k ap anseye Pawòl Bondye a dwe bay etidyan l yo bon egzanp. Li dwe pratike sa l ap anseye a.

8:15. Pou nou ka ‘ kenbe Pawòl Bondye a epi pwodui fwi avèk andirans ’, nou bezwen konprann li, rekonèt valè l epi absòbe l. Nou dwe priye e nou dwe medite lè n ap li Labib e lè n ap li piblikasyon nou yo.

DÈNYE PATI MINISTÈ JEZI

(Lik 10:1–24:53)

Jezi te voye 70 lòt disip devan nan kèk vil ak kèk kote nan Jide (Lik 10:1). Li te mache anseye ‘ vil an vil, bouk an bouk ’. — Lik 13:22.

Senk jou anvan Pak ane 33 epòk nou an, Jezi antre Jerizalèm sou yon ti bourik. Lè a te rive pou pawòl li te di disip li yo akonpli : “ Pitit Gason lòm nan dwe andire anpil soufrans, e ansyen yo, prèt an chèf yo ak eskrib yo pral rejte l, e yo pral touye l, e sou twazyèm jou a l ap resisite. ” — Lik 9:22, 44.

Kesyon biblik ak tout repons :

10:18 — De ki sa Jezi t ap pale lè l te di 70 disip li yo : “ Mwen wè Satan deja sot tonbe nan syèl la tankou yon zèklè ” ? Jezi pa t vle di yo te deja met Satan deyò nan syèl la. Sa te fèt yon ti tan apre yo te fin mete Kris Wa nan syèl la nan ane 1914 (Rev. 12:1-10). Lefètke Jezi te pale de yon evènman ki t apral fèt alavni kòmsi se yon bagay ki te deja fèt, sanble li te vle fè konprann sa gen pou l fèt san mank.

14:26 — Nan ki sans disip Kris yo dwe “ rayi ” fanmi yo ? Nan Bib la, mo “ rayi ” a kapab vle di renmen yon moun oswa yon bagay mwens pase yon lòt (Jen. 29:30, 31). Kretyen yo dwe “ rayi ” fanmi yo nan sans yo renmen yo mwens pase Jezi. — Mat. 10:37.

17:34-37 — Kiyès “ èg yo ” ye, e ki sa “ kò ” yo rasanble bò kote l la ye ? Yo konpare moun yo “ pran ” yo oswa yo delivre yo ak èg ki gen kapasite pou yo wè lwen. “ Kò ” yo rasanble bò kote l la se vrè Kris la pandan prezans envizib li a ansanm ak manje espirityèl Jewova ba yo. — Mat. 24:28.

22:44 — Poukisa Jezi te soufri konsa ? Sa te rive pou plizyè rezon. Li te enkyete konsènan konsekans lanmò l kòm yon swadizan kriminèl t apral genyen sou Jewova e sou non Li. Anplis, Jezi te konnen trè byen lavi etènèl li ak avni lèzòm te depann de fidelite l.

23:44 — Èske se yon eklips solè ki fè te gen fènwa pandan twazèdtan ? Non. Eklips solè yo fèt sèlman nan peryòd nouvèl lin, yo pa fèt lè lalin nan plen, jan sa ye nan peryòd Pak la. Fènwa ki te genyen jou Jezi te mouri a se yon mirak Bondye te fè.

Leson pou nou jodi a :

11:1-4. Lè nou konpare enstriksyon sa yo ak pawòl ki yon ti jan diferan yo itilize nan priyè Nòtrepè a nan Sèmon sou montay la ki te fèt 18 mwa anvan sa, nou ka konprann aklè lè n ap priye nou pa dwe ap plede repete menm pawòl yo. — Mat. 6:9-13.

11:5, 13. Byenke Jewova dispoze reponn priyè nou, nou dwe pèsistan nan priyè nou yo. — 1 Jan 5:14.

11:27, 28. N ap jwenn vrè kè kontan an lè nou kontinye fè volonte Bondye avèk fidelite. Se pa relasyon nou genyen ak fanmi nou oswa richès materyèl k ap ban nou l.

11:41. Nou dwe fè don mizèrikòd paske lanmou pouse nou fè yo e paske nou vle.

12:47, 48. Yon moun ki gen gwo responsablite, men ki pa andose yo, li plis merite pou yo reprimande l pase yon moun ki pa konnen oswa ki pa fin byen konprann ki responsablite l genyen.

14:28, 29. Li saj pou nou viv selon mwayen nou.

22:36-38. Jezi pa t mande disip li yo pou yo mache ak zam sou yo pou yo ka pwoteje tèt yo oswa pou yo ka defann tèt yo. Okontrè, lefètke yo te gen epe nan men yo nan nuit Jida te trayi l la, li te sèvi ak sa pou l anseye yo yon verite enpòtan : “ Tout moun ki pran epe ap peri anba epe. ” — Mat. 26:52.

[Foto nan paj 31]

Antanke yon chèf fanmi, Jozèf se yon bon egzanp.

[Foto nan paj 32]

Se enfòmasyon nou jwenn nan liv Lik la konsènan lavi Jezi ak ministè l ki gen plis detay ladan l e ki pi konplè.