Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Konsènan Wayòm Bondye a

Konsènan Wayòm Bondye a

Sa Jezi aprann nou

Konsènan Wayòm Bondye a

Ki sa Wayòm Bondye a ye ?

Wayòm Bondye a se yon gouvènman ki pral dirije tout tè a. Men sa Jezi te di : “ Men ki jan nou dwe priye : ‘ [...] Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a, kou nan syèl la. ’ ” — Matye 6:9, 10 ; Dànyèl 2:44, NW.

Kiyès ki pral dirije nan Wayòm Bondye a ?

Jezi te fèt pou l vin Wa nan Wayòm Bondye a. Gen yon zanj ki te di manman Jezi, Bondye “ va fè l’ wa tankou David, gran granpapa li ”. (Lik 1:30-33.) Mete sou sa, Jezi te chwazi kèk nan disip li yo pou yo dirije ansanm avèk li. Men sa l te di apot li yo : “ Nou menm, nou se moun ki kenbe fèm avè m’ nan tout tribilasyon mwen yo. Se poutèt sa, menm jan Papa a te ban m’ dwa pou m’ gouvènen nan peyi kote li wa a [“ wayòm li an ”, NW], mwen menm tou, m’ap ban nou dwa sa a. ” ​(Lik 22:28, 29 ; Dànyèl 7:27). Antou ap gen 144 000 disip Jezi ki pral dirije ansanm avèk li. — Revelasyon 5:9, 10 ; 14:1.

Ki kote gouvènman sa a ap ye ?

Wayòm Bondye a pral dirije etan l nan syèl la. Jezi te di disip li yo : “ Lè m’a fin pare plas la pou nou [nan syèl la], m’a tounen vin chache nou. Konsa, kote m’a ye a, se la n’a ye tou. [...] Mwen pral jwenn Papa a. ” — Jan 14:2, 3, 12 ; Dànyèl 7:13, 14.

Ki sa Wayòm Bondye a pral fè ak mechanste ?

Jezi pral retire tout moun ki mechan yo nèt sou tè a. Men sa l te di : “ Lè Pitit Gason lòm nan [Jezi] ap rive nan glwa li, ansanm ak tout zanj li yo, lè sa a li pral chita sou twòn glwa li. E tout nasyon yo pral rasanble devan l, e li pral separe moun yo youn ak lòt [...]. E moun sa yo [mechan yo] prale nan destriksyon etènèl la, men moun ki jis yo prale nan lavi etènèl la. ” — Matye 25:31-34, 46, NW.

Kiyès ki pral viv sou tè a lè Wayòm nan ap dirije a ?

Jezi te di : “ Benediksyon pou moun ki dou, paske y’a resevwa byen Bondye te sere pou yo a sou latè. ” ​(Matye 5:5 ; Sòm 37:29 ; 72:8). Latè pral plen ak moun ki aprann renmen youn lòt depi kounye a. Men sa Jezi te di disip li yo yon lòt kote : “ M’ap ban nou yon kòmandman nouvo : Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an. Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye. ” — Jan 13:34, 35.

Ki sa Wayòm Bondye a pral fè pou moun ki sou tè a ?

Jezi pral retire lèzòm anba maladi. Lè l te sou tè a, li te pale ak foul yo konsènan “ wayòm Bondye a e li te geri moun ki te bezwen gerizon ”. (Lik 9:11, NW.) Men sa Jan te di apre l te fin wè Jezi nan yon vizyon apre rezirèksyon Jezi : “ Mwen wè yon lòt syèl ak yon lòt latè. [...] Mwen tande yon vwa ki t’ap soti bò fòtèy la, li t’ap di byen fò : Koulye a, kay Bondye a se nan mitan moun l’ap ye. [...] Li gen pou l’ cheche tout dlo nan je yo. P’ap gen lanmò ankò. ” — Revelasyon 21:1-4.

Wayòm Bondye a pral fè tè a tounen yon paradi. Gen yon malfektè yo te egzekite menm lè ak Jezi ki te di Jezi : “ Sonje m lè w a antre nan wayòm ou an.” Men sa Jezi te di l : “ Vrèman mwen di w sa jodi a : W ap avèk mwen nan Paradi a. ” — Lik 23:42, 43, NW ; Izayi 11:4-9 (Ezayi).

Si w vle jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 8 liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? * a.

[Nòt anba paj]

^ § 16 Se Temwen Jewova ki pibliye l.