Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lè w gen yon moun pa w ki mouri

Lè w gen yon moun pa w ki mouri

Lè w gen yon moun pa w ki mouri

Yon madi swa, nan dat 17 jiyè 2007, nan zòn setè, yon avyon ki te pote pasaje te kite pis ayewopò nan Brezil ki gen plis aktivite a ki nan mitan vil São Paulo. Avyon an te travèse yon gwo wout l al antre nan yon depo. Te gen 200 moun konsa ki te mouri nan aksidan an.

MOUN ki te pèdi moun pa yo pap janm bliye aksidan sa a. Yo te pale de li kòm pi gwo aksidan avyon ki te fèt nan Brezil. Claudete se youn nan moun ki te pèdi yon moun pa l. Li te tande nouvèl la pandan l t ap gade televizyon. Renato, pitit gason l, te nan avyon an. Li te gen 26 an. Li te planifye pou l marye nan mwa oktòb. Lè Claudete te tande nouvèl aksidan an, tousuit li te eseye rele l sou telefòn li, men li pa t jwenn okenn repons. Lè sa a, li tonbe atè epi li pran kriye san rete.

An janvye 1986, Antje te pèdi fiyanse l nan yon gwo aksidan machin. Lè l te tande nouvèl sa a, li te fè yon gwo sezisman. Men sa l di : “ Premye reyaksyon m te genyen, sèke mwen pa t vle kwè sa. Mwen te santi se kòmsi mwen t ap fè yon move rèv, e kou m ta pantan nan dòmi an, mwen t ap wè se pa vre. Mwen te tranble e mwen te santi yon gwo doulè, kòmsi yon moun te ban m yon gwo kout pwen anba kè m. ” Antje te vin fè yon depresyon ki te dire twazan. Menmsi gen plis pase 20 an ki pase apre aksidan sa a, li toujou tranble lè l sonje sa k te pase a.

Pawòl sèlman pa ka esplike santiman ki anvayi yon moun nan moman trajik konsa kote l pèdi yon moun san l pa t atann. Nan moman sa a, li kapab sezi, li kapab pa kwè sa k rive a, li kapab santi kò l lage e li santi l dezespere. Menm lè yon moun atann yon moun pa l ap mouri, pa egzanp si moun nan ta pase yon bon tan malad, sa pa ka anpeche l gen gwo lapenn. Pa gen moun ki santi yo pare vre pou yo aksepte lanmò yon moun pa yo. Manman Nanci te mouri an 2002, apre l te fin pase yon bon tan malad. Malgre sa, jou manman Nanci te mouri a, Nanci te ret chita atè nan lopital la, tèlman li te sezi. Sanble lavi a te pèdi tout sans pou li. Sa gen senk an, poutan li toujou kriye lè l sonje manman l.

Men sa yon doktè ki rele Holly G. Prigerson di : “ Moun pa janm fin bliye yon moun pa yo ki mouri, yo sèlman aprann viv san moun nan. ” Si w gen yon moun pa w ki mouri, kit ou te konnen li t ap mouri, kit ou pa t konn sa, ou ka ap mande tèt ou : ‘ Èske l nòmal pou m gen lapenn ? Ki jan m ka rive sipòte pèt sa a ? Èske m ap janm wè moun sa a ki mouri a ankò ? ’ Atik ki vin apre a pral egzamine kesyon sa yo ak plizyè lòt kesyon nou ka konn poze tèt nou.

[Liy kredi pou foto nan paj 3]

EVERTON DE FREITAS/AFP/Getty Images