Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

‘ Li pa pi lwen okenn nan nou pase sa ’

‘ Li pa pi lwen okenn nan nou pase sa ’

Annou pwoche bò kote Bondye

‘ Li pa pi lwen okenn nan nou pase sa ’

Travay 17:24-27

VRÈMANVRE, lèzòm piti anpil an konparezon ak linivè a ki gran anpil. Petèt nou konn poze tèt nou kesyon sa a : ‘ Èske sa vrèman posib pou yon moun gen yon relasyon sere ak Bondye Toupisan an ? ’ Sa ap posib sèlman si Bondye, ki rele Jewova, ta aksepte nou pwoche bò kote l. Èske li aksepte sa ? Nou ka jwenn yon repons ki ankourajan nan pawòl touchan apot Pòl te di moun nan vil Atèn yo, yon seri moun ki te trè enstwi. Nou jwenn pawòl sa yo nan Travay 17:24-27. Annou egzamine kat bagay li te di konsènan Jewova.

Premyèman, Pòl di se “ Bondye ki fè lemonn antye ak tou sa ki ladan l’ ”. (Vèsè 24.) Gen divès kalite bagay sou tè a ki bèl e ki rann lavi nou vrèman agreyab. Sa demontre Kreyatè nou an gen konsiderasyon pou nou e li renmen nou (Women 1:20). Donk, sa pa t ap rezonab pou yon moun ta panse Bondye chwazi rete lwen moun li kreye e li renmen.

Dezyèmman, Jewova ‘ bay moun lavi, li fè yo respire e li ba yo tout lòt bagay ’. (Vèsè 25.) Jewova ban nou sa nou gen bezwen pou nou viv (Sòm 36:9). Kreyatè nou an ban nou lè pou nou respire, dlo ak manje, yon seri bagay ki endispansab pou lavi (Jak 1:17). Èske sa rezonab pou nou kwè Bondye nou an, ki donan, vle rete lwen nou e li pa ban nou posiblite pou nou konnen kiyès li ye ni pou nou pwoche bò kote l ?

Twazyèmman, Bondye “ kreye tout nasyon ki rete toupatou sou latè. Li fè yo tout soti nan yon sèl moun ”. (Vèsè 26.) Jewova pa nan patipri e li pa gen okenn tras prejije lakay li (Travay 10:34). Bondye pa t ap ka janm gen bagay sa yo nan li ! Li te kreye “ yon sèl moun ”, Adan, e se apati Adan vin gen tout nasyon ak tout ras ki egziste yo. Bondye “ ta renmen wè tout moun sove ”. (1 Timote 2:4.) Se sa k fè li ban nou posiblite pou nou pwoche bò kote l kèlkeswa koulè nou, nasyonalite nou oswa ras nou.

Finalman, Pòl te di yon verite ki ankourajan anpil : Jewova “ pa pi lwen okenn nan nou pase sa ”. (Vèsè 27.) Byenke Jewova vrèman elve, moun ki gen kè sensè ki vle pwoche bò kote l kapab fè sa. Pawòl li a ban nou asirans li pa lwen nou, donk li “ toupre moun k’ap rele l’ ”. — Sòm 145:18.

Selon pawòl Pòl te di yo, li klè Bondye vle pou nou pwoche bò kote l. Sepandan, Pòl esplike se sèlman moun ki dispoze “ chache l’ ” e ki “ seye pran kontak avèk li ” k ap jwenn posiblite sa a (Vèsè 27). Gen yon ouvraj yo fè pou moun k ap tradui Labib ki di “ tou de vèb sa yo endike swa yon posiblite yon moun kapab genyen [...] swa yon dezi l genyen ki kapab reyalize ”. Annou pran yon egzanp pou ede nou konprann : Ou nan yon kay ki fènwa, men ou abitye avèk kay la. W ap chèche kote bouton limyè a ye oswa kote pòt la ye, ou konnen w ap jwenn Ii. Nan menm sans lan tou, si nou chèche Bondye avèk senserite e nou eseye pran kontak ak li, nou mèt asire nou l ap rekonpanse nou pou efò nou fè nan sans sa a. Pòl ban nou asirans n ap “ rive jwenn li ” toutbonvre. — Vèsè 27.

Èske w anvi pwoche bò kote Bondye ? Si w kòmanse “ chèche Bondye ” e avèk lafwa, ou “ seye pran kontak avèk li ”, ou pap regrèt. Li pa difisil pou nou jwenn Jewova, paske li “ pa pi lwen okenn nan nou pase sa ”.