Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova pap lage moun ki kenbe fèm nan sèvis li

Jewova pap lage moun ki kenbe fèm nan sèvis li

Jewova pap lage moun ki kenbe fèm nan sèvis li

“ [Jewova] pa lage moun ki kenbe fèm nan sèvis li. L’ap toujou pwoteje yo. ” — SÒM 37:28.

1, 2. a) Ki evènman ki te rive nan dizyèm syèk anvan epòk nou an ki te yon eprèv pou sèvitè Bondye ki te vle kenbe fèm nan sèvis li ? b) Bay twa sitiyasyon kote Jewova te pwoteje moun ki te fidèl devan l yo.

NOU nan dizyèm syèk anvan epòk nou an. Se te yon moman pou sèvitè Jewova yo pran yon desizyon. Gen yon gè sivil ki te menase yo. Yo te evite l lè tribi ki nan pati nò Izrayèl la te jwenn yon sèten endepandans. Yawobam, moun yo te nome wa a, t ap chèche konsolide pouvwa l san pran tan. Se sa k fè li te vin ak yon lòt relijyon pou dis tribi li t ap dirije yo. Li te vle pou moun l ap dirije yo soumèt devan l nèt. Ki sa sèvitè Jewova ki te fidèl yo t apral fè ? Èske yo t ap kenbe fèm nan sèvis li a ? Gen plizyè milye ki te fè sa, e toutotan yo te kontinye mache dwat, Jewova te pwoteje yo. — 1 Wa 12:1-33 ; 2 Kwo. 11:13, 14.

2 Nan epòk pa nou an tou, sèvitè Bondye yo jwenn eprèv anrapò ak fidelite yo. Men sa Labib di : “ Kenbe tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k’ap chache moun pou l’ devore. ” Èske nou kapab ‘ kanpe fèm nan konfyans nou epi kenbe tèt avè l’ ’ ​(1 Pyè 5:8, 9) ? Annou egzamine kèk evènman ki te rive apre wa Yawobam te fin monte sou pouvwa a an 997 anvan epòk nou an e annou gade ki sa nou kapab aprann nan evènman sa yo. Nan moman difisil sa yo, yo t ap maltrete sèvitè fidèl Jewova yo. Te gen aposta tou ki t ap chèche enfliyanse yo pandan yo t ap ranpli asiyasyon difisil yo te genyen. Sepandan, nan tout sitiyasyon sa yo, Jewova pa t lage moun ki te fidèl devan l yo, e jodi a tou, li pap fè sa. — Sòm 37:28.

Lè y ap maltrete yo

3. Sa k fè David pa t maltrete moun yo lè l te wa ?

3 Toudabò, annou egzamine nan ki sikonstans Yawobam te vin wa. Men sa Pwovèb 29:2 di : “ Lè se yon mechan k’ap gouvènen, pèp la nan lapenn. ” Nan Izrayèl tan lontan an, sou rèy wa David, pèp la pa t nan lapenn. David pa t pafè, men li te fidèl devan Bondye e li te gen konfyans nan li. Gouvènman David la pa t yon gouvènman ki te konn maltrete moun. Jewova te fè yon alyans avèk David. Men sa li te di l : “ Ap toujou gen moun nan fanmi ou chita sou fotèy la ap gouvènen apre ou, paske m’ap fè gouvènman fanmi ou lan kanpe fèm pou tout tan. ” — 2 Sam. 7:16.

4. A ki kondisyon gouvènman Salomon an t ap jwenn benediksyon ?

4 Nan kòmansman gouvènman Salomon an, pitit David la, moun yo te jwenn lapè ak pwosperite toutbon. Se sa k fè li byen reprezante rèy mil an Jezi Kris la, yon rèy ki gen pou vini (Sòm 72:1, 17). Nan moman Salomon t ap dirije a, pa t gen youn nan 12 tribi Izrayèl yo ki te gen rezon pou l revòlte. Sepandan, pou Salomon ansanm ak moun li t ap dirije yo te jwenn benediksyon nan men Jewova, yo te dwe rete fidèl devan l. Men sa Jewova te di Salomon : “ Si ou fè sa m’ di ou fè, si ou kenbe tout kòmandman mwen yo, m’a fè pou ou tou sa mwen te pwomèt David, papa ou. M’ap rete nan mitan peyi Izrayèl la, mwen p’ap janm lage yo. ” — 1 Wa 6:11-13.

5, 6. Ki sa k te rive lè Salomon te vin enfidèl devan Bondye ?

5 Sepandan, lè Salomon te vin granmoun, li te vin enfidèl devan Jewova e li te kòmanse ap pratike fo adorasyon (1 Wa 11:4-6). Tikras pa tikras, Salomon te sispann obeyi lwa Jewova yo e li te vin ap maltrete moun yo. Sa te tèlman vin rèd, menm apre l te fin mouri, pèp la te kontinye ap plenyen pou sa l te fè yo bay pitit li, Reyabam, ki te vin wa apre l. Pèp la t ap mande pou l ba yo yon soulajman (1 Wa 12:4). Ki jan Jewova te reyaji lè Salomon te vin enfidèl ?

6 Men sa Labib di nou : “ Seyè a move sou Salomon paske Salomon te vire do bay [...] Bondye pèp Izrayèl la. Atout Seyè a te parèt de fwa devan Salomon. ” Apre sa, Jewova te di Salomon : “ Gade sa ou fè ! Ou pa respekte kontra mwen te pase avè ou la, ou pa fè sa m’ te ba ou lòd fè. M’ap wete baton kòmandman an nan men ou, m’ap mete yonn nan chèf ou yo nan plas ou. ” — 1 Wa 11:9-11.

7. Byenke Jewova te rejte Salomon, ki jan l te montre li gen sousi pou moun ki fidèl devan l yo ?

7 Annapre, Jewova te voye pwofèt Ayiya al wenn yon moun pou delivre pèp la anba move tretman yo t ap sibi. Moun sa a se Yawobam, yon nonm kalifye ki t ap travay nan gouvènman Salomon an. Byenke Jewova te dakò pou gen de gouvènman k ap dirije 12 tribi Izrayèl yo, li te rete fidèl ak alyans li te fè ak David anrapò ak wayòm nan. Yawobam t ap gen pou l dirije dis tribi, e lòt de tribi yo t ap rete nan fanmi David, nan men wa Reyabam, li menm ki te reprezante fanmi an lè sa a (1 Wa 11:29-37 ; 12:16, 17, 21). Men sa Jewova te di Yawobam : “ Si ou fè tou sa mwen mande ou fè, si ou mache sou lòd mwen, si ou fè sa ki dwat devan je m’, si ou kenbe tout lòd ak tout kòmandman mwen yo tankou David, sèvitè m’ lan, te fè l’ la, m’ap toujou kanpe la avè ou. Lèfini, tankou mwen te fè sa pou David, m’ap fè ou toujou gen yon moun nan fanmi ou k’ap wa apre ou. M’ap ba ou peyi Izrayèl la pou ou. ” ​(1 Wa 11:38). Jewova te fè sa pou byen pèp li a pou l te ba yo soulajman anba move tretman yo t ap sibi.

8. Ki eprèv pèp Bondye a jwenn jodi a ?

8 Jodi a, gen anpil zak kraze zo ak enjistis. Eklezyas 8:9 di : “ Moun ap dominen sou moun pou fè yo soufri. ” Fason moun ava lè y ap fè komès ak koripsyon ki gen nan gouvènman yo ka fè sitiyasyon an vin di nan domèn ekonomik. Souvan, dirijan gouvènman yo, potanta sistèm komèsyal yo ak chèf relijye yo pa bay bon egzanp nan domèn moralite. Se sa k fè jodi a, moun ki kenbe fèm nan sèvis Bondye a ‘ gen lapenn lè yo wè move bagay mechan yo ap fè ’, menm jan Lòt ki te yon moun jis te gen lapenn (2 Pyè 2:7.) Anplis de sa, byenke n ap fè efò pou nou viv ann amoni ak prensip Bondye yo san nou pa fè lòt moun mal, souvan, gen dirijan awogan ki chèche pèsekite nou. — 2 Tim. 3:1-5, 12.

9. a) Ki sa Jewova deja fè pou l delivre pèp li a ? b) Poukisa nou kapab sèten Jezi ap toujou fidèl devan Bondye ?

9 Sepandan, Jewova pap lage moun ki kenbe fèm nan sèvis li ! Sa se yon verite fondamantal nou pa gen dout sou li ! Fè yon ti reflechi sou tout dispozisyon li pran deja pou l ranplase dirijan kòwonpi ki nan monn nan. Li deja etabli Wayòm li an e li met Jezi Kris ap gouvène l. Gen prèske santan depi Jezi Kris ap dirije nan syèl la. Talè konsa, li pral pote yon soulajman totalkapital pou tout moun ki gen krent pou non Bondye. (Li Revelasyon 11:15-18.) Jezi te montre li fidèl devan Bondye jiska lamò. Li pap janm fè moun l ap dirije yo mal, tankou Salomon te fè sa. — Ebre 7:26 ; 1 Pyè 2:6.

10. a) Ki jan nou kapab montre nou bay Wayòm Bondye a anpil valè ? b) Lè n ap rankontre eprèv, ki asirans nou kapab genyen ?

10 Wayòm Bondye a se yon gouvènman toutbon ki pral mete yon fen nan tout move tretman moun ap sibi. Se sa k fè nou dwe rete fidèl devan Jewova Dye e nou dwe soutni Wayòm li an. Piske nou gen yon konfyans total nan Wayòm nan, nou rejte konduit monn nan genyen ki dezonore Bondye e nou pare pou nou kontinye fè sa ki byen (Tit 2:12-14). Nou fè tout efò nou pou nou rete san defo nan monn sa a (2 Pyè 3:14). Kèlkeswa eprèv nou jwenn nan domèn espirityèl kounye a, nou gen konfyans Jewova ap pwoteje nou kont yo tout. (Li Sòm 97:10.) Anplis de sa, men asirans Sòm 116:15 ban nou : “ Lanmò moun ki fidèl ak Jewova yo gen valè nan je l. ” ​(NW) Jewova tèlman bay sèvitè l yo valè li pap kite pèsonn detwi yo antanke gwoup.

Lè aposta yo chèche enfliyanse yo

11. Ki jan Yawobam te montre li pa t fidèl ?

11 Gouvènman wa Yawobam nan te ka pote soulajman pou pèp Bondye a. Men, aksyon Yawobam t apral fè annapre yo t apral mete fidelite yo aleprèv plis toujou. Yawobam pa t kontante l ak onè ansanm ak privilèj li te gentan jwenn. Li te kòmanse chèche fason pou l ranfòse pouvwa l. Men rezònman li te fè : “ Si pèp la gen pou moute lavil Jerizalèm chak lè pou touye bèt pou Seyè a nan Tanp lan, rive yon lè, y’ap tounen al jwenn Woboram [“ Reyabam ”, NW] wa peyi Jida a. Lè sa a, y’a touye m’ pou y’ al jwenn li ankò. ” Se sa k fè li te mete yon nouvo relijyon sou pye. Nan relijyon sa a, se te de ti bèf annò yo te sèvi. ‘ Li te mete yonn nan estati towo yo lavil Betèl, li te mete lòt la lavil Dann. Se konsa pèp la te rive fè sa ki mal. Yo t al fè sèvis pou zidòl yo lavil Betèl ak lavil Dann. Jewoboram [“ Yawobam ”, NW] te bati lòt kay zidòl sou tèt kèk mòn. Li te chwazi kèk gason nan pèp la ki pa t’ nan branch fanmi Levi yo pou sèvi prèt. ’ Yawobam te menm chwazi jou pa l pou l “ fete fèt li menm li te fè lide fete pou pèp Izrayèl la ” e li te “ touye bèt sou lotèl ” li te fè a. — 1 Wa 12:26-33.

12. Ki sa moun ki t ap viv nan wayòm nò a, ki te fidèl devan Bondye, te fè lè Yawobam te etabli adorasyon ti bèf la ann Izrayèl ?

12 Ki sa moun ki fidèl nan wayòm nò a t apral fè kounye a ? Menm jan ak zansèt yo ki te fidèl, moun ki te Levit ki t ap viv nan vil ki te nan wayòm nò a te reyaji san pran tan (Egz. 32:26-28 ; Nonb 35:6-8 ; Det. 33:8, 9). Yo te kite eritaj yo, yo te deplase fanmi yo al ret Jida kote yo t ap ka kontinye adore Jewova san opozisyon (2 Kwo. 11:13, 14). Gen lòt Izrayelit ki t al viv nan Jida pou yon ti tan ki te deside rete la nèt olye pou yo te tounen lakay yo (2 Kwo. 10:17). Jewova te fè yon fason pou moun nan jenerasyon ki t ap vini apre yo te ka jwenn posiblite pou yo retounen nan vrè adorasyon an nan Jida e pou yo te sispann adore ti bèf yo t ap adore nan wayòm nò a. — 2 Kwo. 15:9-15.

13. Nan epòk nou an, ki jan enfliyans aposta yo se yon menas pou pèp Bondye a ?

13 Jodi a tou, enfliyans aposta yo, sètadi moun ki opoze ak laverite yo, se yon menas pou pèp Bondye a. Gen kèk dirijan ki chèche mete relijyon pa yo sou pye e yo fòse moun y ap dirije yo aksepte l. Klèje lakretyente a ak lòt moun ki dèyè pran plas ki pa pou yo fè konprann yo se prèt ki nan tanp espirityèl la. Sepandan, se sèlman nan mitan vrè kretyen yo nou jwenn moun ki wen toutbon yo e ki fòme “ yon bann prèt k’ap sèvi Wa a ”. — 1 Pyè 2:9 ; Rev. 14:1-5.

14. Ki jan nou dwe reyaji devan panse aposta yo ap simaye yo ?

14 Menm jan ak Levit nan dizyèm syèk anvan epòk nou an, moun ki kenbe fèm nan sèvis Bondye jodi a pa kite aposta yo twonpe yo ak ide y ap simaye yo. Kretyen wen yo ansanm ak lòt kretyen ki konpayon yo fè tout sa yo kapab pou yo evite ide aposta yo e yo rejte yo san pèdi tan. (Li Women 16:17.) Byenke nou soumèt volontèman anba otorite gouvènmantal yo nan bagay pwofàn yo, nou rete net nan konfli ki gen nan monn nan e nou rete fidèl ak Wayòm Bondye a (Jan 18:36 ; Wom. 13:1-8). Nou kont moun ki pretann y ap sèvi Bondye, men anmenmtan, k ap dezonore l ak konduit yo. — Tit 1:16.

15. Poukisa “ esklav fidèl ki prevwayan an ” merite pou nou fidèl devan l ?

15 Mete sou sa, annou reflechi sou pwen ki vin apre a : Jewova bay moun ki gen kè sensè yo posiblite pou yo kite monn mechan an pou yo antre nan paradi espirityèl li fè a (2 Kor. 12:1-4). Etandone nou gen anpil rekonesans, nou rete atache ak “ esklav fidèl ki prevwayan an mèt li etabli sou domestik li yo pou ba yo manje pa yo nan moman apwopriye ”. Kris nome esklav sa a “ sou tout byen l ”. (Mat. 24:45-47, NW.) Se sa k fè, si pèsonèlman nou pa fin konprann yon desizyon klas esklav la pran, se pa yon rezon pou nou refize aplike l ni pou nou tounen nan monn Satan an. Okontrè, si nou fidèl, n ap aji avèk imilite e n ap tann Jewova pote limyè sou kesyon an.

Lè y ap ranpli asiyasyon li ba yo

16. Ki asiyasyon yon pwofèt nan Jida te resevwa ?

16 Jewova te kondane Yawobam pou konduit aposta li te genyen an. Li te voye yon pwofèt sot Jida al Betèl pou l al devan Yawobam pandan l t ap prezante sakrifis sou lotèl li te fè a. Pwofèt la te dwe ba l yon mesaj jijman. Sandout, se te yon asiyasyon ki pa t fasil. — 1 Wa 13:1-3.

17. Ki jan Jewova te pwoteje mesaje l la ?

17 Yawobam te vin an kòlè anpil lè l te tande mesaj kondanasyon Jewova a. Li te lonje men l sou reprezantan Bondye a epi li te di mesye ki te toupre l yo byen fò : “ Pran msye ! ” Men tousuit, anvan yon moun te gentan aji, “ men li te lonje sou pwofèt la rete tou rèd, li pa t’ ka fè yon mouvman avè l’ ankò. Lamenm, lotèl la rete konsa, li fann de bò, epi sann dife ki te sou li a gaye tout atè a ”. Yawobam te oblije mande pwofèt la pou l adousi fas Jewova pou li e pou l priye pou men an te ka geri. Pwofèt la te fè sa, e men an te geri. Konsa, Jewova te pwoteje mesaje l la pou anyen mal pa t rive l. — 1 Wa 13:4-6.

18. Ki jan Jewova pwoteje nou pandan n ap ba l sèvis sakre a san nou pa pè ?

18 Pandan n ap patisipe nan travay predikasyon bon nouvèl Wayòm nan e nan travay fè disip la avèk zèl, pafwa, nou kapab rankontre moun ki reyaji yon fason ki pa amikal avèk nou oswa moun ki opoze ak nou (Mat. 24:14 ; 28:19, 20). Men, nou pa dwe janm kite reyaksyon negatif moun yo genyen rafredi zèl nou nan ministè a. Menm jan ak pwofèt nan epòk Yawobam nan, yon pwofèt yo pa bay non l, nou gen ‘ privilèj pou nou bay Jewova yon sèvis sakre san nou pa pè e avèk fidelite * ’. (Lik 1:74, 75.) Se vre, nou pa atann pou Jewova fè mirak pou l pwoteje nou jodi a, men, antanke Temwen l, l ap toujou pwoteje nou e l ap toujou ban nou èd li grasa lespri sen l e grasa zanj yo. (Li Jan 14:15-17 ; Revelasyon 14:6.) Bondye pap janm lage moun ki kontinye pale pawòl li a san yo pa pè. — Fil. 1:14, 28.

Jewova ap pwoteje moun ki kenbe fèm nan sèvis li

19, 20. a) Poukisa nou kapab gen konfyans Jewova pap janm lage nou ? b) Sou ki kesyon nou pral pale nan atik ki vin apre a ?

19 Jewova se yon Dye ki fidèl (Rev. 15:4 ; 16:5). Li “ fidèl nan tout travay li ”. (Sòm 145:17, NW.) E men asirans Labib ban nou : “ Li pran defans moun ki kenbe fèm nan sèvis li. ” ​(Pwo. 2:8). Lè moun ki kenbe fèm nan sèvis Jewova yo jwenn eprèv, lè yo devan ide aposta yo oswa lè yo gen yon asiyasyon ki difisil pou yo ranpli, yo kapab mete konfyans yo nan direksyon ak sipò Jewova bay.

20 Kounye a, men kesyon nou ta dwe reflechi sou yo : Ki sa k ap ede m rete fidèl devan Jewova kèlkeswa eprèv oswa tantasyon mwen ta ka jwenn ? Oubyen, ki jan m ka vin pi fidèl devan l ?

[Nòt anba paj]

^ § 18 Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine si pwofèt la te kontinye obeyi Jewova oswa si l pa t kontinye fè sa epi nou pral egzamine ki sa k te rive l.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki jan Jewova montre li pap lage moun ki kenbe fèm nan sèvis li lè y ap maltrete yo ?

• Ki jan nou kapab reyaji devan aposta yo ansanm ak ide y ap simaye yo ?

• Ki jan Jewova pwoteje moun ki fidèl devan l pandan y ap patisipe nan ministè a ?

[Kesyon]

[Kat jeyografik nan paj 5]

(Gade peryodik la)

WAYÒM NÒ (Yawobam)

Dàn

CHEKÈM

Betèl

WAYÒM SID (Reyabam)

JERIZALÈM

[Foto]

Lè Yawobam te mete adorasyon ti bèf la sou pye, Jewova pa t lage moun ki te kenbe fèm nan sèvis li yo.

[Foto nan paj 3]

Pou Salomon ansanm ak moun li t ap dirije yo te jwenn benediksyon Jewova, yo te dwe rete fidèl devan l.