Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w pale “ lang pwòp ” la byen ?

Èske w pale “ lang pwòp ” la byen ?

Èske w pale “ lang pwòp ” la byen ?

“ M ap chanje lang pèp yo, m ap fè l tounen yon lang pwòp dekwa pou yo tout ka envoke non Jewova. ” — SEF. 3:9, NW.

1. Ki bèl kado Jewova ban nou ?

KAPASITE pou moun pale a pa soti nan lèzòm. Se Jewova Dye, Kreyatè lòm nan, ki ban nou kado sa a (Egz. 4:11, 12). Li te bay Adan, premye òm nan, kapasite pou l pale yon lang ak kapasite pou l fè nouvo mo. Konsa, Adan t ap kapab ogmante vokabilè li (Jen. 2:19, 20, 23). Èske se pa vrèman yon bèl kado li ban nou ? Kado sa a pèmèt lèzòm kominike ak Papa yo ki nan syèl la e li pèmèt yo glorifye non l.

2. Ki sa k fè lèzòm pa pale yon sèl lang ankò ?

2 Pandan disèt premye syèk lèzòm te egziste sou latè, tout moun te pale yon sèl lang, yo te itilize “ menm mo ”. (Jen. 11:1.) Apre sa, nan jou Nimwòd yo, gen yon rebelyon ki te eklate. Moun dezobeyisan ki t ap viv nan epòk sa a te rebele kont enstriksyon Jewova yo. Yo te rasanble yon kote yo te vin rele Babèl. Yo te detèmine pou yo rete yon sèl kote. Yo te kòmanse bati yon gwo tou. Yo pa t fè sa nan entansyon pou yo te bay Jewova glwa, men se te nan objektif pou ‘ moun respekte yo ’. Poutèt sa, Jewova te chanje lang yo t ap pale a e li te fè yo vin pale lòt lang. Konsa, rebèl yo pa t ka konprann sa youn t ap di lòt ankò e yo te gaye kò yo sou tout tè a. — Li Jenèz 11:4-8.

3. Ki sa k te pase lè Jewova te chanje lang rebèl ki te Babèl yo ?

3 Jodi a, gen plizyè milye lang. Gen moun ki di yo pale plis pase 6 800 lang sou tè a. Moun ki pale chak lang sa yo pa panse menm jan. Lè Jewova te chanje lang rebèl yo t ap pale a, sanble li te fè yo bliye ansyen lang nan. Nonsèlman li te met lòt mo nan sèvo yo men li te chanje fason yo panse. Konsa, chak lang sa yo te vin gen yon nouvo gramè. Nou kapab konprann rezon ki fè yo te vin rele kote yo te bati kay sa a “ konfizyon ” oswa Babèl (Jen. 11:9, nòt anba paj, NW). Èske sa pa enteresan pou n wè se Labib sèlman ki bay bonjan esplikasyon sou orijin tout lang ki egziste jodi a ?

Yon lang ki nouvo e ki pwòp

4. Ki sa Jewova te predi ki te gen pou rive nan epòk nou an ?

4 Se vre, sa Bib la di konsènan sa Jewova te fè Babèl la gendwa parèt enteresan, sepandan gen yon bagay ki pi enteresan e ki pi enpòtan ki pase nan epòk pa nou an. Jewova te sèvi ak Sefànya, pwofèt li a pou l te fè prediksyon sa a : “ M ap chanje lang pèp yo, m ap fè l tounen yon lang pwòp dekwa pou yo tout ka envoke non Jewova, dekwa pou yo ka sèvi l kòtakòt. ” ​(Sef. 3:9, NW). Ki sa “ lang pwòp ” la ye e ki jan nou kapab aprann pale l byen ?

5. Ki sa “ lang pwòp ” la ye e ki rezilta chanjman lang sa a pote ?

5 Lang pwòp la se verite konsènan Jewova Dye ak objektif li nou jwenn nan Pawòl li a, Labib. Nan “ lang ” sa a, nou jwenn yon bonjan konpreyansyon konsènan Wayòm Bondye a, konsènan fason li pral sangtifye non Jewova, li pral jistifye souvrènte l e li pral pote benediksyon pou sèvitè l yo ki kenbe fidelite yo, benediksyon k ap dire pou toutan. Ki rezilta chanjman sa a pote ? Vèsè a di moun t apral “ envoke non Jewova ”, e yo t apral “ sèvi l kòtakòt ”. Chanjman sa a kote moun yo vin ap pale lang ki pwòp la pote bon rezilta. Nou kapab di sa paske pèp Jewova vin ini e y ap fè louwanj pou non l. Se pa t menm jan ak sa k te pase Babèl la.

Annou aprann lang pwòp la

6, 7. a) Ki sa yon moun dwe fè lè l ap aprann yon nouvo lang e ki rapò sa genyen ak aprann lang pwòp la ? b) Ki sa nou pral egzamine ?

6 Lè yon moun pran desizyon pou l aprann yon lang, li oblije fè plis pase annik aprann kèk mo pakè. Li oblije aprann reflechi yon lòt jan. Nan chak lang, lojik moun yo diferan e sa moun ki pale yon lang twouve ki komik gendwa pa komik nan yon lòt lang. Pou moun nan pwononse nouvo mo yo, sa mande pou l itilize ògàn moun genyen pou yo pale yo, pa egzanp lang li, yon lòt jan. Se menm bagay la tou lè yon moun kòmanse aprann lang pwòp la, sa vle di verite ki nan Bib la. Li oblije fè plis pase annik aprann kèk ansèyman fondamantal ki nan Bib la. Pou nou metrize nouvo lang sa a, sa mande pou nou chanje fason nou panse. — Li Women 12:2 ; Efezyen 4:23.

7 Ki sa k ap ede nou nonsèlman konprann lang pwòp la, men tou, k ap ede nou pale l byen ? Menm jan lè yon moun ap aprann yon lang, gen teknik ki kapab ede l fè sa byen, se konsa tou gen teknik ki kapab ede nou pale lang verite biblik yo byen. Annou egzamine kèk teknik moun k ap aprann yon lòt lang itilize e annou wè ki jan teknik sa yo kapab ede nou aprann lang pwòp la.

Annou pale lang pwòp la byen

8, 9. Ki sa nou dwe fè si nou vle aprann lang pwòp la, e poukisa sa enpòtan ?

8 Koute avèk atansyon. Okòmansman, li kapab difisil pou yon moun konprann yon lang etranje (Iza. 33:19). Men, ofiramezi moun nan aprann konsantre l sou sa l ap tande a, l ap kòmanse rekonèt mo yo ak fason moun k ap pale lang nan mete yo ansanm. Men yon konsèy nou jwenn nan Ebre 2:1 : “ Nou fèt pou nou bay sa nou te tande yo yon atansyon ki plis pase sa nou abitye bay, yon fason pou nou pa janm ale aladeriv. ” An plizyè fwa, Jezi te avèti disip li yo konsa : “ Si nou gen zòrèy pou n’ tande, tande. ” ​(Mat. 11:15 ; 13:43 ; Mak 4:23 ; Lik 14:35). Wi, nou bezwen “ tande ” e nou bezwen “ konprann ” sa n ap aprann yo yon fason pou nou ka pwogrese nan fason nou konprann lang pwòp la. — Mat. 15:10 ; Mak 7:14.

9 Pou nou koute, sa mande pou nou konsantre, men, efò nou fè nan sans sa a vo lapèn (Lik 8:18). Lè nou nan reyinyon yo, èske nou remake n ap koute sa y ap di yo oswa nou remake nou distrè ? Li enpòtan pou nou fè tout sa nou kapab pou nou konsantre sou enfòmasyon y ap bay yo. Si nou pa fè sa, nou kapab vin lou pou nou konprann. — Ebre 5:11.

10, 11. a) Apre koute avèk atansyon, ki sa nou bezwen fè ? b) Ki lòt bagay ki kapab nesesè pou nou pale lang pwòp la ?

10 Imite moun ki pale lang nan byen. Yo ankouraje moun k ap aprann yon lòt lang pou yo koute avèk atansyon e pou yo imite fason moun ki pale lang nan byen pwononse mo yo ak fason yo pale l. Sa ede yo pou yo pa pale lang nan ak yon move aksan, sa ki ka anpeche lòt moun konprann yo. Menm jan an tou, nou bezwen aprann nouvo lang sa a nan men moun ki gen ‘ ladrès nan fason yo anseye ’ l (2 Tim. 4:2, NW). Mande yo pou yo ede w. Epi se pou w dispoze kite yo korije w lè w fè erè. — Li Ebre 12:5, 6, 11.

11 Pou yon moun pale lang pwòp la, nonsèlman fòk li kwè verite a e fòk li anseye lòt moun li, men tou, fòk konduit li ann amoni ak lwa Bondye yo ak prensip li yo. Pou nou kapab fè sa, nou bezwen imite lòt moun. Pa egzanp, nou kapab imite lafwa yo ak zèl yo. Petèt menm se fason yo viv nou kapab bezwen imite, jan nou fè sa pou Jezi (1 Kor. 11:1 ; Ebre 12:2 ; 13:7). Si nou kontinye fè sa, pèp Bondye a ap ini e l ap pale lang pwòp la ak menm aksan. — 1 Kor. 4:16, 17.

12. Ki wòl memorizasyon jwe nan aprann yon nouvo lang ?

12 Memorize. Yon moun k ap aprann yon lòt lang bezwen memorize anpil nouvo bagay tankou mo ak ekspresyon. Pou kretyen yo, aspè sa a enpòtan anpil e l ap ede yo metrize lang pwòp la. Li ta bon pou nou memorize non liv ki nan Bib la nan lòd yo ye a. Gen moun ki deside y ap aprann pawòl ki nan kèk vèsè pakè. Gen lòt ki twouve li pwofitab pou yo aprann kèk kantik, non douz tribi Izrayèl yo, non douz apot yo e pou yo aprann tout kalite ki antre nan fwi lespri a pakè. Nan tan lontan anpil Izrayelit te aprann sòm yo pakè. Nan epòk pa nou an gen yon tigason ki te gentan memorize plis pase 80 vèsè biblik motamo anvan l te gen sizan. Èske nou pa ta kapab itilize kapasite sa a plis toujou ?

13. Poukisa repetisyon enpòtan ?

13 Repetisyon ede memwa nou, e rapèl nou jwenn yo jwe yon wòl enpòtan nan fòmasyon yon kretyen. Men sa apot Pyè te di : “ Nou te mèt konnen bagay sa yo deja, nou te mèt kanpe fèm nan verite nou resevwa a, mwen p’ap janm manke fè nou chonje bagay sa yo. ” ​(2 Pyè 1:12). Poukisa nou bezwen rapèl ? Se paske y ap ede nou konprann bagay yo pi byen, y ap elaji fason nou wè bagay yo e y ap ranfòse detèminasyon nou pou nou kontinye obeyi Jewova (Sòm 119:129). Lè nou toujou ap repase sou prensip Bondye yo, sa ede nou egzamine tèt nou e sa ede nou konbat tandans nou genyen pou nou “ kite pawòl la antre nan yon zòrèy soti nan yon lòt ”. (Jak 1:22-25.) Si nou pa kontinye raple tèt nou sa ki gen nan verite a, lòt bagay ap enfliyanse panse nou ak kè nou e nou kapab sispann pale lang pwòp la byen.

14. Ki sa k ap ede nou lè n ap etidye lang pwòp la ?

14 Li fò (Rev. 1:3). Gen moun ki eseye aprann yon nouvo lang poukont yo e yo fè sa an silans. Men sa pa bay bon rezilta. Lè n ap etidye lang pwòp la, pafwa nou ka bezwen ‘ li l tou ba ’. Sa ap ede nou konsantre. (Li Sòm 1:1, 2.) Lè nou fè sa, sa ap fè enfòmasyon n ap li a chita nan lespri nou yon fason k ap difisil pou l soti. Nan lang Ebre, ekspresyon “ li tou ba ” a gen yon rapò etwat ak meditasyon. Menm jan li enpòtan pou kò a byen dijere manje n ap manje yo pou li ka tire bonjan pwofi ladan yo, se konsa tou meditasyon enpòtan pou nou ka tire pwofi nan sa n ap li. Èske nou pran ase tan pou nou medite sou sa nou etidye yo ? Apre nou fin fè lekti nan Bib la, li enpòtan pou nou byen reflechi sou sa nou sot li a.

15. Ki jan nou kapab etidye “ gramè ” lang pwòp la ?

15 Analize gramè a. Li bon pou nou etidye gramè yon nouvo lang n ap aprann, sa vle di fason yo met mo yo ansanm ak règ ki gen nan lang nan. Sa ede nou konprann lang nan e sa ede nou pale l byen. Menm jan yon lang gen pwòp mo pa l, se konsa tou, lang pwòp la, sètadi verite nou jwenn nan Ekriti yo, gen “ modèl pawòl ” pa l “ ki pwofitab ”. (2 Tim. 1:13, NW.) Nou bezwen kopye sou “ modèl ” sa a.

16. Ki tandans nou bezwen konbat e ki jan nou kapab fè sa ?

16 Kontinye fè pwogrè. Yon moun kapab aprann yon lang nan pwen pou l rive fè konvèsasyon ak moun, men apre sa, li sispann fè pwogrè. Moun ki pale lang pwòp la kapab tonbe nan menm pwoblèm nan. (Li Ebre 5:11-14.) Ki sa ki ka ede nou konbat tandans sa a ? Se pou nou dispoze aprann plis mo vokabilè. Ebre 6:1, 2 di : “ Ann grandi toujou pou n’ ka vin granmoun nan konfyans nou. Ann kite dèyè premye konesans yo te ban nou sou Kris la. Nou pa pral rekòmanse ankò ap poze premye baz travay la : nou pa pral di nou ankò jan nou dwe chanje lavi nou, jan nou dwe wete konfyans nou te gen nan zèv ki pa vo anyen yo pou n’ mete l’ nan Bondye. Non, nou pa pral pale nou ankò sou batèm yo, sou sèvis pou mete men sou tèt moun ki kwè yo, sou keksyon lè moun mouri yo va leve, sou jijman ki p’ap janm kase a. ”

17. Poukisa li enpòtan pou nou etidye Labib regilyèman ? Bay yon egzanp ki montre sa.

17 Chwazi lè pou nou etidye. Li pi bon pou w etidye regilyèman, menmsi lè w ap fè sa ou pa pase anpil tan, olye w fè lontan san w pa etidye epi lè w ap etidye ou pase yon bann tan. Se pou nou etidye lè nou santi nou byen eveye e moun pap ka distrè nou fasilman. Lè yon moun ap aprann yon lòt lang, li tankou yon moun ki nan yon raje e k ap eseye fè wout pou l pase. Plis li pase nan wout la, se plis l ap vin pi fasil pou l pase ladan l. Si l pa pase ladan l pandan yon tan, raje yo ap retounen pouse pou bare wout la. Donk, li enpòtan pou nou pèsiste e pou nou etidye regilyèman (Dàn. 6:16, 20). Pou nou kapab pale lang pwòp la, sètadi verite biblik yo, nou bezwen priye pou nou ‘ pa kite dòmi pran nou e pou nou kenbe fèm nan sa n’ap fè a ’. — Efe. 6:18.

18. Poukisa nou dwe pale lang ki pwòp la chak fwa nou jwenn okazyon pou n fè sa ?

18 Pale ! Pale ! Pale ! Gen kèk moun k ap aprann yon lang ki kapab pè pou yo pale l paske yo timid e yo pè pou yo pa fè erè. Sa ap anpeche yo fè pwogrè. Lè yon moun ap aprann yon lang, plis li pratike se plis l ap pwogrese. Plis moun nan pale lang nan se plis l ap alèz pou l sèvi ak li. Menm jan an tou, nou bezwen pale lang pwòp la chak fwa nou jwenn okazyon pou nou fè sa. Men sa nou li nan Women 10:10 : “ Se avèk kè a yon moun demontre lafwa pou lajistis, men se avèk bouch la yon moun fè deklarasyon piblik pou l ka sove. ” (NW) Nonsèlman nou fè “ deklarasyon piblik ” lè nou batize, men, nou fè l tou lè nou pale de Jewova nan tout okazyon nou jwenn, san wete lè nou nan ministè a (Mat. 28:19, 20 ; Ebre 13:15). Reyinyon yo tou pèmèt nou pale lang pwòp la yon fason ki presi. — Li Ebre 10:23-25.

Nou sèvi ak lang pwòp la pou nou louwe Jewova nan inite

19, 20. a) Ki bagay estrawòdinè sèvitè Jewova yo ap akonpli jodi a ? b) Ki detèminasyon ou pran ?

19 Ala enteresan sa t ap enteresan pou nou ta la nan Jerizalèm nan sizyèm jou mwa sivàn, yon dimanch maten nan ane 33 epòk nou an, nan mitan pèp Jewova a. Byen bonè nan maten, yon tikras anvan 9 è, gen yon mirak ki te fèt kote kèk moun ki te rasanble nan yon chanmòt te “ kòmanse pale nan lòt lang ”. (Tra. 2:4.) Jodi a, li pa posib ankò pou sèvitè Bondye yo resevwa don sa a (1 Kor. 13:8). Byenke se konsa sa ye, Temwen Jewova yo anonse bon nouvèl Wayòm nan nan 430 lang.

20 Kèlkeswa lang nou pale a, nou ini dèske nou pale lang pwòp la, sètadi verite biblik yo, e nou vrèman rekonesan pou sa ! Nan yon sans, sa k fèt la se lekontrè sa k te pase Babèl la. Pèp Jewova a fè louwanj pou li kòmsi se yon sèl lang yo pale (1 Kor. 1:10). Se pou nou pran detèminasyon pou nou kontinye sèvi Jewova, Papa nou nan syèl la, “ ansanm ” ak frè ak sè nou yo sou tout tè a toutpandan n ap aprann pale lang pwòp la pi byen toujou pou nou ba l glwa. — Li Sòm 150:1-6.

Ki repons nou ta bay?

• Ki sa lang pwòp la ye ?

• Ki sa sa mande pou nou pale lang pwòp la ?

• Ki sa k ap ede nou pale lang pwòp la byen ?

[Kesyon]

[Kare nan paj 23]

Men jan nou ka amelyore fason nou pale lang pwòp la :

koute avèk atansyon.

Lik 8:18 ; Ebre 2:1

imite moun ki pale l byen.

1 Kor. 11:1 ; Ebre 13:7

memorize epi repete.

Jak 1:22-25 ; 2 Pyè 1:12

li fò.

Sòm 1:1, 2 ; Rev. 1:3

analize “ gramè ” l.

2 Tim. 1:13

kontinye fè pwogrè.

Ebre 5:11-14 ; 6:1, 2

chwazi lè pou nou etidye.

Dàn. 6:16, 20 ; Efe. 6:18

pale l.

Wom. 10:10 ; Ebre 10:23-25

[Foto nan paj 24]

Pèp Jewova a pale lang pwòp la nan inite.