Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou onore Jewova lè nou demontre nou gen diyite

Annou onore Jewova lè nou demontre nou gen diyite

Annou onore Jewova lè nou demontre nou gen diyite

“ Aktivite [Jewova yo] se diyite ak glwa. ” — SÒM 111:3, NW.

1, 2. a) Ki definisyon yon diksyonè bay pou mo diyite a ? b) Ki kesyon yo pral egzamine nan atik sa a ?

LÈ YO te mande Madison, yon tifi ki gen dizan, ki sa diyite ye, men sa l te reponn san l pa t menm pran tan pou l reflechi : “ Byen abiye. ” Sa tifi sa a te gendwa pa t konnen sèke Bib la di Bondye ‘ abiye tèt li ak diyite ak glwa ’. (Sòm 104:1, NW.) Pafwa, yon moun ki gen diyite kapab abiye byen. Pa egzanp, apot Pòl te vle pou kretyèn yo “ abiye yon jan ki kòrèk, tou senp, san fè endesans ”. Li te di tou : “ Yo pa bezwen nan fè gwo kwafi, mete gwo bijou lò ak bèl grenn pèl ni rad ki koute chè sou yo. ” ​(1 Tim. 2:9). Sepandan, konduit ki onore “ diyite ak glwa ” Jewova e ki demontre diyite ale pi lwen pase sa. — Sòm 111:3.

2 Nan Bib la, mo ebre lè yo tradui l yo mete “ diyite ” pou li a, yo kapab tradui l lòt fason toujou. Yo kapab mete “ majeste ”, “ glwa ” oswa “ onè ” pou li tou. Dapre yon diksyonè, yon moun ki gen “ diyite ” se yon moun ki gen valè, yon moun yo respekte e yo onore. Pa gen moun ki merite plis onè ak respè pase Jewova. Se sa k fè, antanke sèvitè l ki vwe lavi nou ba li, nou ta dwe montre nou gen diyite nan pawòl nou ak nan aksyon nou. Men, sa k fè li posib pou yon moun aji yon fason ki montre li gen diyite ? Ki jan Jewova demontre diyite l ak glwa l ? Lefètke Bondye gen diyite, ki efè sa dwe gen sou nou ? Ki sa Jezi kapab aprann nou anrapò ak diyite ? Ki jan nou kapab demontre nou gen kalite sa a ?

Rezon ki fè nou kapab demontre diyite

3, 4. a) Ki jan onè yo ban nou an ta dwe fè nou reyaji ? b) Sou ki moun Sòm 8:5-9 atire atansyon yon fason pwofetik ? (Gade nòt anba paj la, NW.) c) Ki moun Jewova te bay diyite nan tan lontan ?

3 Lefètke tout moun fèt pòtre ak Bondye, li posib pou yo aji avèk diyite. Jewova te onore premye òm nan lè li te mete l sou tè a pou l pran swen l (Jen. 1:26, 27). Menm apre lòm te fin pèdi lapèfeksyon, Jewova te repete responsablite lòm genyen anrapò ak tè a. Donk, jis kounye a, Bondye mete yon “ kouwòn ” diyite sou tèt lèzòm. (Li Sòm 8:5-9 *.) Onè Jewova ban nou an mande pou nou aji avèk diyite, sa vle di pou nou louwe gran non li an avèk respè e avèk diyite.

4 Se sitou moun k ap sèvi Jewova yo Jewova onore. Li te onore Abèl lè l te aksepte ofrann li te fè a, men, li te rejte pa Kayen an, frè l la (Jen. 4:4, 5). Moyiz te jwenn lòd pou l bay Jozye, moun ki t apral ranplase l pou dirije Izrayelit yo, ‘ yon pòsyon nan diyite l ’. (Nonb 27:20.) Men sa Labib di konsènan Salomon, pitit David la : “ Jewova te kontinye fè Salomon vin gran anpil nan je tout Izrayèl e li te ba l yon diyite wayal okenn lòt wa ann Izrayèl ki te la anvan l pa t genyen. ” ​(1 Kwo. 29:25, NW). Bondye ap onore kretyen wen ki resisite yo anpil paske yo te pale konsènan “ kokenn glwa rèy li a genyen ” avèk fidelite (Sòm 145:11-13, NW). Lefètke yo te louwe Jewova konsa, gen yon pakèt “ lòt mouton ” ki kontinye ap vin pi plis e k ap louwe l tou. Sa bay mouton sa yo ki pou Jezi kè kontan ak diyite. — Jan 10:16.

Diyite ak glwa Jewova parèt aklè

5. Jis nan ki pwen diyite Jewova genyen an gran ?

5 Nan yon chante salmis David te ekri ki konpare grandè Jewova ak lòm ki piti, li di : “ O Jewova Seyè nou an, ala non ou gran sou tout latè, ou menm yo rakonte diyite w anlè syèl la ! ” ​(Sòm 8:1). Se Jewova ki pi gran e ki gen plis diyite nan tout linivè. Depi anvan kreyasyon “ syèl la ak tè a ”, sètadi depi toutan, se konsa sa te ye. E pou jis apre objektif li genyen pou tè a tounen yon paradi e pou lèzòm vin pafè a reyalize, sètadi pou toutan, se konsa sa ap toujou ye. — Jen. 1:1 ; 1 Kor. 15:24-28 ; Rev. 21:1-5.

6. Poukisa salmis la te di Jewova abiye ak diyite ?

6 Sa dwe te touche salmis la anpil, li menm ki te gen krent pou Bondye, lè l t ap gade syèl la ki enpresyonan e ki plen ak zetwal k ap briye tankou “ bijou ”. Li te sezi wè jan Bondye te “ louvri syèl la tankou yon tant ”. Li te di Jewova abiye ak diyite akoz kapasite estrawòdinè li genyen pou l kreye. (Li Sòm 104:1, 2.) Diyite ak glwa Kreyatè Toupisan ki envizib la genyen parèt aklè nan sa l kreye yo.

7, 8. Ki sa nou wè nan syèl la ki montre diyite Jewova ak glwa l ?

7 Pa egzanp, ann pran galaksi yo rele Lavwa lakte a. Lè nou konsidere tout kantite zetwal ak planèt ak sistèm solè ki ladan l, latè pa reprezante anyen. Li sanble ak yon grenn sab ki sou yon gwo plaj. Galaksi sa a poukont pa l gen plis pase 100 milya zetwal ! Si chak segonn nan yon jou yon moun te kapab konte yon zetwal, li t ap pran 3 000 an pou l rive konte 100 milya zetwal.

8 Si galaksi yo rele Lavwa lakte a poukont pa l gen 100 milya zetwal ladan l, e rès linivè a menm ? Gen astwonòm ki panse gen anviwon 50 a 125 milya galaksi e Lavwa lakte a se youn ladan yo. Kidonk, ki kantite zetwal ki gen nan linivè ? Se sèten kantite sa a twòp pou nou konte ak ti sèvo nou genyen an. Sepandan, Jewova “ konte konbe zetwal ki genyen ! Li konnen non yo chak ”. (Sòm 147:4.) Kounye a, apre w fin konprann nan ki sans Jewova abiye ak diyite e ak glwa, èske w pa santi w pouse pou louwe non li ki gran ?

9, 10. Ki jan pen montre sajès Kreyatè nou an genyen ?

9 Apre nou fin kontanple syèl la ki bèl e ki enpresyonan, annou dirije atansyon nou sou pen, yon bagay tout moun abitye avè l. Nonsèlman se Jewova ki “ fè syèl la, tè a ak lanmè a, ansanm ak tou sa ki ladan yo ”, men se li menm tou ki “ bay tout moun ki grangou manje pou yo manje ”. (Sòm 146:6, 7.) Nou wè “ diyite ak glwa ” Bondye nan travay estrawòdinè li fè yo, e plant li fè ki pèmèt lèzòm fè pen yo fè pati travay sa yo. (Li Sòm 111:1-5.) Jezi te aprann disip li yo pou yo priye konsa : “ Jodi a, ban nou pen pou jounen an. ” ​(Mat. 6:11, Bib Kreyòl La). Depi nan tan lontan, youn nan manje de baz anpil pèp te konn manje se pen. Izrayelit yo te konn manje l tou. Byenke, pou anpil moun, pen se yon manje ki senp, pwosesis chimik ki transfòme kèk engredyan pou yo tounen pen an pa senp ditou.

10 Nan epòk yo t ap ekri Bib la, Izrayelit yo te konn sèvi ak farin ble ak farin lòj pou yo fè pen. Pafwa yo te konn met ledven ladan l tou. Lè yo mete engredyan senp sa yo ansanm, yo bay yon kantite sibstans chimik ki atire youn lòt. Moun poko janm rive konprann ki jan sibstans sa yo travay youn ak lòt. Anplis, fason kò nou dijere pen se yon lòt bagay ki konplike anpil. Sa pa etone nou lefètke salmis la di nan yon chante : “ Seyè, ou fè anpil bagay ! Ou fè yo avèk bon konprann. Latè plen ak bagay ou fè. ” ​(Sòm 104:24). Èske ou menm tou ou santi fòk ou louwe Jewova ?

Ki efè diyite Bondye ak glwa li gen sou nou ?

11, 12. Lè nou reflechi sou sa Jewova kreye, ki efè sa ka gen sou nou ?

11 Nou pa oblije yon astwonòm pou nou admire syèl la leswa ni nou pa oblije yon chimis pou nou renmen pen. Sepandan, pou nou apresye glwa Kreyatè nou an, se pou nou pran tan pou nou medite sou sa li kreye yo. Lè nou medite sou bagay sa yo, ki efè sa ka gen sou nou ? Sa ka gen menm efè ak si nou ta medite sou yon lòt bagay Jewova fè.

12 Men sa David te di nan yon chante ki gen rapò ak gwo aksyon Jewova te poze pou pèp li a : “ Sa m deside ki pou enterese m, se kokenn glwa diyite w genyen ak sa ki konsène bèl travay ou fè. ” ​(Sòm 145:4, 5, NW). Nou montre nou enterese nan travay sa yo lè nou etidye Labib e lè nou pran tan pou nou medite sou sa nou li ladan l. Ki efè meditasyon sa a ap gen sou nou ? L ap fè nou apresye diyite Bondye ak glwa l pi plis toujou. Konsa, se sèten n ap santi nou pouse pou nou onore Jewova menm jan ak David ki te di : “ Kanta pou grandè w, se sa mwen vle pwoklame. ” ​(Sòm 145:6, NW). Lè nou medite sou travay estrawòdinè Jewova fè yo, sa ta dwe ranfòse relasyon nou genyen ak li e sa ta dwe ban nou detèminasyon pou nou pale de li ak lòt moun. Èske w deklare bon nouvèl la avèk zèl e èske w ede lòt moun apresye diyite Jewova Dye, glwa li ak majeste l ?

Jezi reflete diyite Bondye yon fason ki pafè

13. a) Selon Dànyèl 7:13, 14, ki sa Jewova bay Pitit li a ? b) Antanke Wa, ki jan Jezi trete moun l ap dirije yo ?

13 Jezi Kris, Pitit Bondye a, te pwoklame bon nouvèl la avèk zèl e li te kontan onore Papa l ki nan syèl la ki gen diyite. Jewova te bay sèl Pitit li fè a diyite yon fason espesyal. Li ‘ ba li dominasyon ak wayòm ’. (Li Dànyèl 7:13, 14.) Malgre sa, Jezi pa yon moun ki ògeye oswa yon moun yo pa ka pwoche bò kote l. Okontrè, li se yon Dirijan ki gen konpasyon, ki konprann limit moun l ap dirije yo e ki ba yo diyite. Ann pran yon egzanp ki montre fason Jezi, Wa Bondye chwazi a, te konn trete moun, sitou moun sosyete a sanble rejte e yo sanble pa renmen.

14. Nan tan lontan, ki jan moun yo te konsidere yon moun ki gen lèp ?

14 Nan tan lontan, lè yon moun te gen lèp, souvan, li te mouri antife. Maladi a te anvayi kò moun nan tikras pa tikras. Yo te konsidere geri yon moun ki gen lèp se yon bagay ki difisil menm jan ak leve yon moun ki mouri (Nonb 12:12 ; 2 Wa 5:7, 14). Sosyete a te konsidere moun ki gen lèp yo kòm moun ki sal. Yo te rayi yo e yo te mete yo apa. Lè yo t ap pwoche bò kot moun, yo te dwe avèti yo konsa : “ Men moun malad ! Men moun malad ! ” ​(Lev. 13:43-46). Yon moun ki te gen lèp te tankou yon moun mouri. Dapre enfòmasyon yo jwenn nan yon dokiman rabinik, pi pre yon moun ki gen lèp te ka pwoche yon lòt moun se te 1,7 m. Yo rapòte gen yon chèf relijye ki te wè yon moun ki gen lèp e ki te kalonnen l wòch. Li te fè sa pou l anpeche moun nan pwoche bò kote l, byenke moun nan pa t pre l.

15. Ki jan Jezi te trete yon moun ki te gen lèp ?

15 Sepandan, remake ki reyaksyon Jezi te genyen lè yon moun ki te gen lèp te pwoche bò kote l e li te sipliye l pou l geri l. (Li Mak 1:40-42.) Olye Jezi te repouse mesye a, li te aji avè l avèk konpasyon e avèk diyite, paske li te gen pitye pou li e li te wè mesye a te bezwen yon soulajman. Kè Jezi te tèlman fè l mal lè l te wè nan ki eta mesye a te ye, li pa t pran tan pou l aji. Li te lonje men l, li touche mesye a e li geri l.

16. Ki leson ou tire nan fason Jezi te konn aji ak lòt moun ?

16 Antanke disip Jezi, ki jan nou ka imite fason li te reflete diyite Papa l ? Yon fason nou kapab fè sa se lè nou sonje kèlkeswa pozisyon yon moun, eta sante l oswa laj li, li merite onè ak respè (1 Pyè 2:17). Sa valab sitou pou moun ki nan pozisyon kote yo gen otorite sou lòt moun, tankou mari yo, paran yo ak ansyen ki nan kongregasyon an. Yo dwe sonje pou yo respekte moun ki anba otorite yo e pou yo ede yo kenbe diyite yo. Bib la montre se tout kretyen ki dwe aji konsa. Men sa li di : “ Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k’ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n’ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt. ” — Wom. 12:10.

Annou demontre nou gen diyite nan adorasyon nou

17. Ki sa Bib la aprann nou konsènan fason nou ka montre nou gen diyite nan adorasyon n ap bay Jewova ?

17 Nou bezwen montre nou gen diyite sitou nan adorasyon n ap bay Jewova. Men sa nou li nan Eklezyas 5:1 : “ Gade byen ki jan w’ap mete pye ou lakay Bondye a. ” Ni Moyiz ni Jozye te jwenn lòd pou yo retire sandal nan pye yo paske yo te kanpe yon kote ki te sen (Egz. 3:5 ; Joz. 5:15). Yo te dwe fè sa pou yo montre respè yo. Ann Izrayèl, prèt yo te oblije mete kalson an len “ pou kò yo pa parèt anba rad la ”. (Egz. 28:42, 43.) Sa te anpeche yo ekspoze kò yo yon fason ki chokan lè yo t ap sèvi devan lotèl la. Tout moun ki te fè pati fanmi yon prèt te dwe respekte règ Bondye te etabli anrapò ak fason yo te dwe montre yo gen diyite.

18. Ki jan nou montre nou gen diyite nan fason nou adore Jewova ?

18 Kidonk, onè ak respè mache ak yon adorasyon ki fèt ak diyite. Pou nou merite onè ak respè, nou dwe aji avèk respè. Diyite nou an pa ta dwe sou po. Se pa nan je lèzòm sèlman pou nou parèt yon moun ki gen diyite. Se yon bagay ki ta dwe nan kè nou kote Bondye ap wè l (1 Sam. 16:7 ; Pwo. 21:2). Lè nou gen diyite, sa ta dwe parèt nan konduit nou, nan atitid nou, nan relasyon nou ak lòt moun e menm nan fason nou wè tèt nou. Anfèt, nou ta dwe montre nou gen diyite toutan e li ta dwe parèt nan tout sa n ap fè ak nan tout sa n ap di. Anrapò ak konduit nou ak aparans nou, nou suiv pawòl apot Pòl te di yo : “ Nan okenn fason nou pap bay okenn okazyon pou moun trebiche, pou yo pa kritike ministè nou. Men, nan tout domèn, nou rekòmande tèt nou kòm minis Bondye. ” ​(2 Kor. 6:3, 4, NW). Nou fè moun respekte “ mesaj Bondye” a “ nan tout bagay ”. — Tit 2:10.

Kontinye demontre nou gen diyite

19, 20. a) Ki bèl fason nou kapab montre respè pou lòt moun ? b) Ki detèminasyon nou ta dwe pran anrapò ak kesyon diyite a ?

19 Kretyen wen yo demontre yo gen diyite e yo “ pale nan non Kris ”. (2 Kor. 5:20.) “ Lòt mouton ” yo soutni yo avèk fidelite e yo gen diyite tou. Yo se reprezantan Wayòm Mesi a k ap travay anba sipèvizyon kretyen wen yo. Yon anbasadè ak yon moun k ap travay anba sipèvizyon l pale avèk kouraj e avèk diyite nan enterè gouvènman yo. Se sa k fè nou menm tou nou ta dwe pale avèk diyite e avèk kouraj nan enterè Wayòm nan, gouvènman Bondye a (Efe. 6:19, 20). Anplis de sa, lè nou “ pote bon nouvèl konsènan yon bagay ki pi bon ” an pou moun yo, èske se pa onore nou onore yo ? — Iza. 52:7.

20 Nou ta dwe pran detèminasyon pou nou bay Bondye glwa. Se sa k fè konduit nou dwe ann akò ak diyite l (1 Pyè 2:12). Annou toujou montre nou gen yon gwo respè pou li, pou adorasyon n ap ba li e pou frè ak sè nou yo. Konsa, Jewova, li menm ki abiye ak diyite ak glwa, ap kontan wè fason nou adore l ak diyite.

[Nòt anba paj]

^ § 3 Pawòl David te di nan 8yèm Sòm nan se te yon pwofesi ki te atire atansyon sou òm pafè a, Jezi Kris. — Ebre 2:5-9.

Ki repons nou ta bay ?

• Lè nou rekonèt glwa Jewova ak diyite l, ki efè sa ta dwe gen sou nou ?

• Ki sa nou ka aprann konsènan diyite nan fason Jezi te trete mesye ki te gen lèp la ?

• Ki jan nou ka onore Jewova avèk diyite ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 12]

Ki jan Jewova te onore Abèl ?

[Foto nan paj 14]

Nou kapab wè travay estrawòdinè Jewova yo menm nan pen moun manje.

[Foto nan paj 15]

Ki sa w te aprann konsènan diyite nan fason Jezi te trete mesye ki te gen lèp la ?

[Foto nan paj 16]

Pou nou adore Jewova avèk diyite, sa mande pou nou onore l.