Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo konpare misyonè yo ak krikèt

Yo konpare misyonè yo ak krikèt

Gradyasyon 124yèm klas Gileyad

Yo konpare misyonè yo ak krikèt

CHAK simwa, gen yon pwomosyon elèv ki gradye nan Lekòl Gileyad la. Lè konsa, tout fanmi Betèl Etazini an jwenn envitasyon pou yo asiste gradyasyon an. Nan jou 8 mas 2008 la, te gen envite ki sot nan plis pase 30 peyi ki te la ansanm ak fanmi Betèl la pou gradyasyon 124yèm klas Lekòl Gileyad la. Antou, te gen 6 411 moun ki te la e ki te kontan pataje moman kè kontan sa a ak elèv yo nan jou sa a ki te espesyal pou yo.

Se Stephen Lett, yon manm Kolèj santral la, ki te prezidan pwogram nan. Li te fè premye diskou a ki te gen tit : “ Avanse ansanm ak krikèt senbolik Jewova yo. ” Nan Revelasyon 9:1-4, yo konpare ti gwoup kretyen wen ki te retounen aktif nan sèvis Jewova a ak yon gwo lame krikèt ki kòmanse travay yon sèl kou. Diskou sa a te fè elèv yo sonje antanke moun ki fè pati “ lòt mouton ” yo, yo vin fè youn ak lame krikèt senbolik sa a. — Jan 10:16.

Diskou ki te vin apre a te gen tit : “ Se pou youn konplete lòt. ” Se Lon Schilling, yon manm komite filyal Etazini an ki te bay li. Li te baze sou egzanp Akila ak Prisil (oubyen Priska) yon koup marye yo pale de yo nan Bib la, ki t ap viv nan premye syèk la (Wom. 16:3, 4). Klas sa a te gen 28 koup ladan l. Diskou a te fè yo sonje si yo ta vle gen bon rezilta antanke misyonè, yo ta dwe fè efò pou relasyon yo solid antanke moun marye. Labib pa janm pale de Akila san l pa pale de Prisil, madanm li. E ni apot Pòl, ni frè ak sè nan kongregasyon an te wè yo kòm de moun ki fè yon sèl. Menm jan an tou, jodi a, koup misyonè yo ta dwe travay ansanm, yo ta dwe adore Jewova ansanm e se ansanm y ap ka fè fas ak pwoblèm y ap rankontre nan peyi kote yo prale a. Konsa, youn ap konplete lòt. — Jen. 2:18.

Diskou ki te vin apre diskou sa a te gen tit : “ Byen reyaji devan bonte Jewova. ” Se Guy Pierce, yon manm Kolèj santral la, ki te bay li. Frè Pierce te esplike yon moun ki gen bonte fè plis pase evite fè sa k mal. Yon bon moun fè bon bagay pou byen pwochen l. Jewova Dye bon nan degre ki pi wo a (Zek. 9:16, 17). Bonte ak lanmou Bondye genyen ka tounen yon fòs k ap pouse nou fè byen ak lòt moun. An konklizyon, frè Pierce te felisite elèv yo, li te di yo : “ Nou te deja ap fè sa k byen. Nou gen konfyans nou pral kontinye byen reyaji devan bonte Bondye lè nou kontinye fè sa k byen nan kèlkeswa asiyasyon Jewova Dye ban nou. ”

Apre sa, Michael Burnett, yon ansyen misyonè ki pa gen lontan depi l enstriktè Gileyad, te bay yon diskou ki gen tit : “ Mete l kòm yon bando nou mare sou fwon nou. ” Izrayelit yo te dwe sonje ki jan Jewova te fè yon mirak pou l delivre yo anba men Lejip. Yo te dwe sonje sa kòmsi se te yon ‘ bando yo mare sou fwon yo ’. (Egz. 13:16.) Frè Burnett te ankouraje elèv yo pou yo sonje tout enstriksyon yo te resevwa nan Lekòl Gileyad la kòmsi se te yon bando yo mete sou fwon yo. Li te mete aksan sou nesesite pou yo enb, pou yo konn limit yo e pou yo aplike prensip biblik yo lè y ap rezoud pwoblèm yo ka genyen ak lòt misyonè parèy yo oubyen ak lòt moun. — Mat. 5:23, 24.

Mark Noumair, yon frè ki enstriktè Gileyad depi lontan, te bay yon diskou ki te gen tit : “ Ki chante yo pral chante sou ou ? ” Nan tan lontan, yo te abitye chante pou selebre viktwa moun yo te ranpòte nan lagè. Youn nan chante sa yo te kondane tribi Ribenn, tribi Dàn ak tribi Achè kòm moun ki pa t vle fè gwo efò, tandiske li te fè lwanj pou tribi Zeboulòn nan pou lespri sakrifis li (Jij 5:16-18). Menm jan moun ka rive konnen pawòl ki gen nan yon chante sa a, finalman moun ap rive konnen aksyon tout kretyen. Lè yon moun zele nan travay Bondye e lè li toujou fidèl ak lòd teyokratik la, sa ap fè li gen yon bon repitasyon devan Bondye. Anmenmtan, l ap bay frè l yo yon bon egzanp. Tank lòt moun nan kongregasyon an ap tande chante senbolik aksyon nou yo fè yo, se tank y ap anvi imite bon egzanp nou bay.

Antou, 124yèm klas Lekòl Gileyad la te pase 3 000 èdtan nan travay predikasyon an. Nan diskou “ Annou suiv direksyon lespri sen ” an, Sam Roberson, ki fè pati Sèvis Lekòl teyokratik yo, te entèvyouwe elèv yo. Yo te rakonte yon seri eksperyans yo te fè nan predikasyon e yo te fè demonstrasyon pou montre jan kèk nan eksperyans sa yo te pase. Apre eksperyans ankourajan sa yo, Patrick LaFranca, ki fè pati komite filyal Etazini an, te entèvyouwe plizyè ansyen elèv Gileyad k ap sèvi nan divès peyi. Elèv yo te apresye konsèy pratik yo te jwenn nan men frè sa yo.

Dènye diskou a se frè Anthony Morris, yon manm Kolèj santral la, ki te bay li. Li te gen tit : “ Sonje sa : bagay nou wè yo pa la pou lontan. ” Ekriti yo di nou pou nou konsantre sou benediksyon Jewova pral ban nou yo olye nou konsantre sou kèlkeswa tribilasyon nou genyen aktyèlman ki pa la pou lontan (2 Kor. 4:16-18). Povrete dènye degre, enjistis, zak maspinay, maladi ak lanmò, tout sa se yon seri gwo pwoblèm nou tout nou wè jodi a. Misyonè yo kapab wè kèk nan pwoblèm sa yo nan asiyasyon yo. Men, lè nou sonje bagay sa yo pa la pou lontan, sa ka ede nou rete ekilibre nan domèn espirityèl e sa ka ede nou gen espwa.

Nan konklizyon pwogram nan, tout elèv yo te chita sou estrad la pou yo te ka koute dènye remak frè Lett yo. Li te ankouraje yo pou yo pa kite sèvis la e li te di yo : “ Si Jewova avèk nou, pa gen anyen ki ka fè nou sispann ret fidèl. ” Li te ankouraje nouvo misyonè yo pou yo menm jan ak krikèt, pou yo kontinye rete zele, fidèl e obeyisan pou letènite.

[Kare nan paj 30]

ENFÒMASYON SOU KLAS LA

Kantite peyi kote elèv yo soti : 7

Kantite peyi kote yo te asiyen yo : 16

Kantite elèv : 56

Mwayèn laj : 33,8

Kantite ane yo gen an mwayèn nan laverite : 18,2

Kantite ane yo gen an mwayèn nan ministè aplentan : 13,8

[Foto nan paj 31]

Elèv 124yèm klas Lekòl biblik Gileyad la

Nan lis ki vin apre a, yo nimewote ranje yo sot devan al dèyè e yo mete non elèv yo sot nan bò goch rive nan bò dwat pou chak ranje.

1) T. Nicholson ; H. Main ; Y. Senge ; L. Snape ; C. Vanegas ; L. Pou 2) S. Santana ; K. Oh ; C. Lemaitre ; N. Williams ; L. Alexander 3) B. Woods ; L. Stainton ; E. Huntley ; G. Alvarez ; J. Cruz ; J. Bennett 4) A. Williamson ; N. González ; J. Zuroski ; I. Degandt ; J May ; C. Diemmi ; L. Tavener 5) W. Lemaitre ; A. Harris ; C. Wells ; S. Rodgers ; M. Durrant ; J. Senge 6) T. Huntley ; A. Vanegas ; A. Pou ; M. Santana ; V. Bennett ; D. Tavener ; M. Oh 7) M. Zuroski ; G. Rodgers ; D. Diemmi ; L. Nicholson ; C. Alvarez ; J. Snape 8) M. Harris ; P. González ; S. Main ; S. Woods ; B. Stainton ; D. Williamson ; J. Durrant 9) P. Cruz ; B. Degandt ; D. Williams ; S. Wells ; D. Alexander ; M. May

[Foto nan paj 32]

Se nan sant ansèyman Watchtower a Lekòl Gileyad la ye.