Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Reziste kont lespri monn nan

Reziste kont lespri monn nan

Reziste kont lespri monn nan

“ Se pa lespri k’ap travay nan moun k’ap viv dapre lide ki nan lemonn lan nou te resevwa. Lespri nou resevwa a, se Lespri Bondye te voye ban nou an. ” — 1 KOR. 2:12.

1, 2. a) Nan peyi Grann Bretay, poukisa yo te mande pou gen de zwazo yo rele kanari nan min kote moun t ap travay yo ? b) Ki sa ki reprezante yon danje pou kretyen yo ?

NAN ane 1911, otorite nan peyi Grann Bretay yo te vote yon lwa pou sove lavi moun ki t ap travay nan min chabon yo. Otorite yo te egzije pou chak min gen de zwazo yo rele kanari. Poukisa yo te bezwen de zwazo sa yo ? Si dife te pran nan yon min, moun ki t ap pote sekou yo ta dwe desann nan min nan ak zwazo yo. Ti zwazo sa yo pa ka sipòte gaz ki ka anpwazonnen moun, tankou gaz yo rele monoksid kabòn nan. Si lè a kontamine, zwazo yo ap bay siy ki montre yo an detrès. Yo ka menm sot tonbe sou ti bwa kote yo poze a. Yo avèti moun k al pote sekou yo byen bonè, e avètisman sa a enpòtan anpil pou yo. Monoksid kabòn nan se yon gaz ki pa gen koulè, ki pa gen sant e ki touye moun. Li anpeche globil wouj yo pote oksijèn nan kò a. Si moun k ap pote sekou yo pa jwenn avètisman kont danje sa a, yo ka endispoze e yo ka mouri san yo pa janm reyalize lè a anpwazonnen.

2 Nan yon sans espirityèl, kretyen yo ap fè fas ak yon sitiyasyon ki sanble ak sitiyasyon moun k ap travay nan min yo. Kòman sa ? Lè Jezi te bay disip li yo asiyasyon pou yo preche bon nouvèl la nan lemonnantye, li te konnen se nan yon anviwònman danjere li t ap voye yo, yon anviwònman kote se Satan ak lespri monn nan k ap dirije (Mat. 10:16 ; 1 Jan 5:19). Jezi te tèlman enkyè pou disip li yo, nan nuit li t apral mouri a, li te priye Papa l pou yo. Men sa l te di l : “ Mwen pa mande ou pou wete yo nan lemonn lan, men pou ou pwoteje yo anba Satan. ” — Jan 17:15.

3, 4. Ki avètisman Jezi te bay disip li yo, e poukisa sa ta dwe enterese nou ?

3 Jezi te avèti disip li yo kont danje ki antoure yo e ki ka lakòz yo vin ap dòmi nan domèn espirityèl, e dòmi sa a ka mennen yo nan lanmò espirityèl. Pawòl li yo gen yon sans espesyal pou nou menm k ap viv pandan konklizyon sistèm sa a. Li te di disip li yo : “ Pa kite dòmi pran nou, [...] konsa n’a gen fòs pou n’ chape anba tou sa ki gen pou rive, pou n’ ka kanpe dwat devan Moun Bondye voye nan lachè a. ” ​(Lik 21:34-36). Men, erezman, Jezi te pwomèt Papa l t ap ba yo lespri sen pou fè yo sonje sa yo te aprann, pou ede yo rete je klè e pou yo rete fèm. — Jan 14:26.

4 E nou menm jodi a ? Èske nou kapab jwenn menm lespri sen sa a pou ede nou ? Si sa posib, ki sa nou dwe fè pou nou jwenn li ? Ki sa lespri monn nan ye, e ki jan li aji sou moun yo ? Ki jan nou ka rive reziste kont lespri sa a ? — Li 1 Korentyen 2:12.

Lespri sen oswa lespri monn nan ?

5, 6. Ki sa lespri sen ka fè pou nou e ki sa nou dwe fè pou nou resevwa l ?

5 Se pa nan premye syèk la sèlman Bondye te bay moun lespri sen. Jodi a tou, li posib pou nou jwenn lespri Bondye. E nonsèlman li ka ban nou fòs pou nou fè sa ki byen, men tou, li ka ban nou fòs nou bezwen pou nou sèvi Bondye (Wom. 12:11 ; Fil. 4:13). Li ka pwodui lakay nou tou yon seri bèl kalite ki fè pati “ fwi lespri a ”, tankou lanmou, byenveyans ak bonte (Gal. 5:22, 23, NW). Sepandan, si yon moun pa enterese pou l gen lespri sen, Jewova Dye pap fòse l resevwa lespri sa a.

6 Se sa k fè li rezonab pou nou mande tèt nou : ‘ Ki sa mwen ka fè pou m resevwa lespri sen ? ’ Labib bay yon seri bagay nou kapab fè. Yon bagay enpòtan nou ka fè ki senp, se mande Bondye pou l ban nou l. (Li Lik 11:13.) Yon lòt bagay nou ka fè ki itil, se etidye epi aplike konsèy nou jwenn nan Pawòl Bondye a, Pawòl lespri sen te enspire a (2 Tim. 3:16). Natirèlman, se pa nenpòt moun ki li Bib la k ap resevwa lespri Bondye. Sepandan, lè yon kretyen ki sensè etidye Pawòl Bondye a, l ap kapab vin adopte pwennvi ki nan Pawòl enspire a. Li esansyèl tou pou nou rekonèt Jewova chwazi Jezi kòm reprezantan l e li sèvi ak li pou l bay lespri sen l (Kol. 2:6). Se sa k fè nou dispoze suiv egzanp Jezi nan lavi nou e nou dispoze viv ann amoni ak ansèyman l yo (1 Pyè 2:21). Plis nou fè efò pou nou vin menm jan ak Kris, se plis n ap resevwa lespri sen.

7. Ki jan lespri monn nan enfliyanse moun ?

7 Lespri monn nan li menm pouse moun yo devlope menm pèsonalite ak Satan. (Li Efezyen 2:1-3.) Li enfliyanse yo divès fason. Jan sa parèt klè jodi a, li ankouraje moun rebele kont prensip Bondye yo. Li fè pwomosyon pou ‘ dezi lachè ak dezi je e li fè moun yo fè egzibisyon ak mwayen yo genyen pou yo viv ’. (1 Jan 2:16, NW.) Li pwodui zèv lachè tankou fònikasyon, idolatri, espiritis, jalouzi, gwo kout kòlè e li fè moun bwè nan pwen pou yo sou (Gal. 5:19-21). Li fè aposta yo simaye yon seri pawòl ki pwofane bagay ki sakre yo (2 Tim. 2:14-18). Pa gen dout nan sa, plis yon moun kite lespri monn nan enfliyanse l, se plis l ap vin menm jan ak Satan.

8. Ki chwa ki devan nou chak ?

8 Nou pa kapab viv san anyen pa enfliyanse nou. Chak moun dwe chwazi ki sa l ap kite dirije lavi l : lespri sen oswa lespri monn nan. Moun lespri monn nan ap dirije kounye a kapab libere tèt yo anba enfliyans sa a pou yo kite lespri sen gide lavi yo. Men, li posib tou pou moun fè lekontrè. Gen moun ki gendwa te kite lespri sen gide yo pandan yon tan, men ki kite lespri monn nan antre nan yo pou yo fè sa k pa sa (Fil. 3:18, 19). Annou egzamine ki jan nou ka reziste kont lespri sa a.

Annou rekonèt siy ki ka avèti nou byen bonè yo

9-11. Ki siy ki ka fè nou wè byen bonè si lespri monn nan kòmanse enfliyanse nou ?

9 Moun nou te pale de yo nan kòmansman atik la k ap travay nan min chabon nan peyi Grann Bretay yo te sèvi ak zwazo yo rele kanari a pou avèti yo byen bonè lè gen gaz ki ka anpwazonnen yo nan yon min. Lè yon moun k ap travay nan yon min te wè youn nan zwazo yo tonbe, li te konnen li te dwe aji vit pou l pa mouri. Nan yon sans espirityèl, ki siy ki fè nou wè byen bonè si nou anba enfliyans lespri monn nan ?

10 Lè nou te fèk aprann verite ki nan Pawòl Bondye a e nou te vwe lavi nou bay Bondye, sandout nou te chofe pou n li Bib la. Petèt nou te konn priye souvan e nou te konn fè sa ak tout kè nou. Petèt tou nou te pran plezi pou nou ale nan reyinyon kongregasyon an, paske nou te konsidere yo chak kòm yon sous ki rafrechi nou sou plan espirityèl, menm jan yon ti sous dlo rafrechi yon moun ki swaf ki nan yon dezè. Tout bagay sa yo te ede nou retire lespri monn nan nan nou e yo te pwoteje nou kont li.

11 Èske nou toujou fè efò pou nou li Bib la chak jou (Sòm 1:2) ? Èske nou priye souvan e nou fè sa ak tout kè nou ? Èske nou toujou renmen reyinyon yo ? Èske nou toujou asiste yo chak semèn (Sòm 84:10) ? Oubyen èske nou pèdi kèk nan bon abitid sa yo ? Se vre nou kapab gen anpil bagay pou nou fè ki pran tan nou ak enèji nou, e sa kapab difisil pou nou kenbe abitid nou genyen nan domèn espirityèl ki pwofitab pou nou. Men, si, avèk letan, nou vin neglije kèk nan bon abitid sa yo, èske se ta lespri monn nan ki enfliyanse nou ? Èske kounye a nou deside pou nou fè gwo efò pou nou repran bon abitid nou te genyen deja yo ?

Pinga ‘ kè nou janm vin lou ’

12. Anrapò ak ki sa Jezi te di disip li yo pou yo “ veye kò ” yo, e poukisa li te di yo sa ?

12 Ki lòt bagay nou ka fè pou nou reziste kont lespri monn nan ? Lè Jezi te di disip li yo pou yo ‘ pa kite dòmi pran yo ’, li te fèk fin avèti yo kont kèk danje byen presi. Li te di yo : “ Veye kò nou, pou kè nou pa janm vin lou nan fè eksè nan manje, nan bwè twòp, nan tètchaje lavi a, e bridsoukou pou jou sa a pa rive tousuit sou nou, tankou yon pyèj. ” — Lik 21:34, 35, NW.

13, 14. Ki kesyon li ta bon pou nou poze tèt nou anrapò ak manje ak bwè ?

13 Reflechi sou avètisman sa a. Èske Jezi te kondane moun ki pran plezi nan manje ak bwè ? Non. Li te byen konnen pawòl Salomon yo ki di : “ Mwen wè pi bon bagay yon moun ka fè nan lavi, se fè kè ou kontan epi se fè sa ou vin pou fè a byen. Tout moun fèt pou yo manje, pou yo bwè, pou yo jwi sa travay yo rapòte yo. Sa se kado Bondye ba yo. ” ​(Ekl. 3:12, 13). Men, Jezi te konnen lespri monn nan ankouraje moun aji san kontwòl nan domèn sa yo.

14 Ki jan nou ka fè sèten lespri monn nan pa anpwazonnen bonsans nou anrapò ak danje ki genyen nan manje twòp ak bwè twòp ? Nou ka poze tèt nou kesyon sa yo : ‘ Ki jan m reyaji lè m li konsèy Bib la bay oswa konsèy piblikasyon yo bay sou safrete ? Èske mwen gen tandans rejte konsèy yo bay nan domèn sa a paske mwen panse yo pa apwopriye pou mwen oswa yo egzajere, e petèt mwen chèche rezon ki montre jan m ap aji a bon * ? Ki jan m konsidere konsèy yo bay sou fason pou nou sèvi ak alkòl avèk moderasyon e pou nou pa fè eksè “ nan bwè ” ? Èske mwen minimize konsèy sa yo, paske mwen santi pou yon rezon oubyen yon lòt yo pa aplikab pou mwen ? Si lòt moun fè m konnen yo enkyete pou mwen poutèt fason m sèvi ak bwason ki gen alkòl, èske m pran defann tèt mwen oswa m fache ? Èske m ankouraje lòt moun pou yo minimize konsèy Bib la bay sou kesyon sa yo ? ’ Atitid yon moun se yon siy ki ka montre si lespri monn nan enfliyanse l. — Konpare ak Women 13:11-14.

Pa kite enkyetid fini ak nou

15. Konsènan ki tandans lèzòm genyen Jezi te bay avètisman ?

15 Yon lòt bagay ki esansyèl pou nou reziste kont lespri monn nan, se kontwole enkyetid nou yo. Jezi te konnen antanke kreyati enpafè, nou gen tandans enkyete pou bagay nou bezwen chak jou. Avèk amou, li te di disip li yo : “ Sispann enkyete nou. ” ​(Mat. 6:25, NW). Li nòmal pou nou enkyete nou pou kesyon ki enpòtan tankou fè Bondye plezi, ranpli responsablite nou antanke kretyen epi bay fanmi nou sa yo bezwen pou yo viv (1 Kor. 7:32-34). Nan ka sa a, ki sa nou ka aprann nan avètisman Jezi te bay la ?

16. Ki efè lespri monn nan genyen sou anpil moun ?

16 Lespri monn nan ankouraje moun fè egzibisyon ak mwayen yo genyen pou yo viv, e sa fè moun yo gen enkyetid ki pa bon pou yo. Li ka vle fè nou kwè lajan egal sekirite e li ka vle fè nou kwè se kantite byen yon moun genyen ak kalite byen l genyen yo ki fè l gen valè, se pa kalite espirityèl yo. Moun ki kite pwopagann sa yo twonpe yo fè tout sa yo kapab pou yo vin rich e yo toujou ap chèche pou yo gen dènye bagay ki fèk soti yo, bagay ki pi gwo mak yo e bagay ki pi sofistike yo (Pwo. 18:11). Lè yon moun gen yon pwennvi ki defòme konsa sou bagay materyèl, sa ka fè l gen enkyetid k ap anpeche l fè pwogrè espirityèl. — Li Matye 13: 18, 22.

17. Ki jan nou ka anpeche strès fini ak nou ?

17 Nou ka anpeche enkyetid fini ak nou si nou obeyi kòmandman Jezi te bay lè l te di : “ Kidonk, kontinye chèche wayòm nan ak jistis [Bondye] an premye. ” Jezi ban nou asirans si nou fè sa, n ap jwenn sa nou vrèman bezwen (Mat. 6:33, NW). Ki jan nou ka demontre nou kwè nan pwomès sa a ? Yon fason nou ka fè sa, se lè nou chèche jistis Bondye an premye. Si nou fè sa, n ap suiv sa prensip Bondye yo di konsènan lajan. Pa egzanp, lè n ap ranpli papye pou nou peye taks, nou pap bay manti. Nan zafè biznis tou, nou pap aksepte bay menm yon “ ti ” manti. N ap fè tout sa nou kapab pou nou onore angajman nou genyen ki gen rapò ak kòb. N ap fè yon fason pou “ wi nou siyifi wi ” lè nou gen dèt pou nou peye (Mat. 5:37, NW ; Sòm 37:21). Lè nou onèt konsa, se vre, sa gendwa fè nou pa rich, men, Bondye ap apwouve nou, n ap gen yon konsyans ki klè e n ap gen mwens strès lontan.

18. Ki bèl egzanp Jezi kite pou nou, e ki byenfè nou jwenn lè nou imite l ?

18 Pou nou chèche Wayòm nan an premye, sa mande pou nou fikse priyorite nou nan lavi a. Ann pran egzanp Jezi. Pafwa, li te konn mete yon rad bon kalite sou li (Jan 19:23). Li te pran plezi nan manje e nan bwè diven ansanm ak kèk bon zanmi l (Mat. 11:18, 19). Men, sa l te posede ak moman detant li te konn pran te tankou epis nan lavi l, se pa t yo ki te manje a. Manje Jezi se te fè volonte Jewova (Jan 4:34-36). N ap jwenn anpil satisfaksyon nan lavi a, si nou imite egzanp Jezi ! N ap gen lajwa pou n ede moun y ap toupizi yo jwenn rekonfò nan Ekriti yo. N ap gen lanmou ak sipò kongregasyon an e n ap fè kè Jewova kontan. Si nou byen fikse priyorite nou, nou pap kite byen materyèl ak plezi vin mèt nou. Okontrè, bagay sa yo ap mwayen nou genyen pou ede nou adore Jewova. Plis nou aktif nan travay k ap bay Wayòm Bondye a jarèt la, lespri monn nan ap gen mwens chans pou l enfliyanse nou.

Kontinye “ panse ak lespri a ”

19-21. Ki jan nou ka kontinye “ panse ak lespri a ”, e poukisa nou ta dwe fè sa ?

19 Anvan yon moun fè yon aksyon, li te gen panse a nan tèt li. Souvan, lè lachè enfliyanse panse yon moun, li kapab pouse l fè aksyon san li pa reflechi. Se rezon sa a ki fè apot Pòl fè nou sonje nesesite pou nou pwoteje panse nou. Men sa l te ekri : “ Moun k’ap viv dapre sa lèzòm jwenn nan kò yo, se yon sèl bagay ki nan tèt yo : se egzijans kò a. Men, moun k’ap viv dapre Lespri Bondye a, se yon sèl bagay ki nan tèt yo : se egzijans Lespri a. ” — Wom. 8:5.

20 Ki jan nou ka anpeche lespri monn nan dirije panse nou e konsa pou l dirije aksyon nou ? Pou nou fè sa, nou dwe pwoteje lespri nou, lè nou veye sou sa k ap antre ladan l e lè nou fè sa nou kapab pou nou pa koute pwopagann ki gen nan monn nan. Pa egzanp, lè n ap chwazi detant, nou pa ta dwe sal lespri nou ak pwogram k ap fè elòj pou imoralite oswa vyolans. Nou konnen lespri Bondye a ki sen, oswa ki pwòp, pap aji sou lespri yon moun, si lespri moun sa a sal (Sòm 11:5 ; 2 Kor. 6:15-18). Anplis, nou kite lespri Bondye a aji sou panse nou lè nou fè tout bagay nou pral site la yo regilyèman : nou li Labib, nou priye, nou medite sou sa nou li e nou asiste reyinyon yo. Epitou nou travay anba direksyon lespri a lè nou patisipe nan travay predikasyon an regilyèman.

21 Wi, nou dwe reziste kont lespri monn nan e kont dezi lachè l ap ankouraje yo. Men, sa mande pou nou fè bonjan efò paske, jan Pòl di sa, “ panse ak lachè siyifi lanmò, men panse ak lespri a siyifi lavi ak lapè ”. — Wom. 8:6, NW.

[Nòt anba paj]

^ § 14 Safrete se yon pwoblèm ki chita nan lespri yon moun. Yon moun ki saf se yon moun ki manje yon fason egzajere. Konsa, se pa gwosè yon moun ki detèmine si l saf, men se atitid li genyen parapò ak manje. Yon moun kapab gen yon gwosè nòmal oswa menm li kapab mens, epoutan li kapab saf. Yon lòt bò, nan kèk ka, se pwoblèm sante ki konn fè moun gwo oubyen se paske yo soti nan yon fanmi kote moun yo gwo. Donk, kèlkeswa gwosè yon moun, kesyon an se konnen si li afre. — Gade atik “ Kesyon lektè yo poze ” ki nan Toudegad 1ye novanm 2004 (fransè).

Èske nou sonje ?

• Ki sa nou ta dwe fè pou nou resevwa lespri sen ?

• Site kèk fason lespri monn nan kapab enfliyanse nou.

• Ki jan nou ka reziste kont lespri monn nan ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 21]

Anvan nou al travay oswa anvan nou al lekòl, nou bezwen priye pou nou mande Jewova lespri sen.

[Foto nan paj 23]

Nou dwe kenbe lespri nou pwòp, nou dwe onèt nan zafè biznis e nou dwe gen moderasyon nan kesyon manje ak bwè.