Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwayaj nan mache

Temwayaj nan mache

Temwayaj nan mache

LÈ APOT Pòl te nan vil Atèn, chak jou, li te konn al nan mache ki nan vil sa a pou l preche bon nouvèl konsènan Jezi a (Tra. 17:17). Li te chwazi kote sa a paske moun Atèn yo te konn pase anpil tan la.

Prèske 2 000 an apre, pèp Jewova a toujou al kote moun ap achte pou yo bay mesaj Wayòm Bondye a. Poukisa ? Se paske yo jwenn anpil moun la. Jodi a, kote sa yo se kapab yon sant komèsyal, sètadi yon bilding ki gen yon bann magazen anndan l. Gen kèk Temwen ki sèvi ak yon tab oswa ak yon stann pou yo mete piblikasyon biblik devan yon magazen, yonfwa yo fin gen pèmisyon moun ki responsab magazen an oswa pèmisyon mèt magazen an.

Pa egzanp, nan Noujèze, Ozetazini, nan yon sant komèsyal, gen kèk Temwen ki te ranje yon seri piblikasyon enteresan sou yon stann. Piblikasyon sa yo te gen rapò ak tèm sa a : “ Ki jan nou kapab gen bonjan prensip nan fanmi nou ? ” Ki rezilta yo te jwenn ? Nan yon jounen, yo te plase 153 liv nan 6 lang diferan.

Gen yon dam ki te pwoche bò stann piblikasyon an e ki te pran san l pou l koute esplikasyon youn nan Temwen yo t ap bay. Dam nan te rekonèt li enpòtan pou nou pran volonte Bondye an konsiderasyon nan lavi nou e nan lavi fanmi nou. Li te pran kèk liv tankou : Koute gran Anseyan an, Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi ansanm ak Les jeunes s’interrogent — Réponses pratiques.

Nan aprèmidi, gen yon mesye ki t apral antre nan yon magazen ki toupre stann piblikasyon an ki t ap gade liv Les jeunes s’interrogent la avèk atansyon. Sè ki te kanpe bò stann nan te remake jan li te enterese nan liv la. Li te mande mesye a : “ Èske gen yon liv la a ki enterese w ? ” Mesye a souke tèt li e li lonje dwèt sou liv Les jeunes s’interrogent la. Sè a te lonje liv la ba li, men mesye a te deja ap lonje men l pou l pran l. Li te di li gen twa pitit gason. Pandan rès konvèsasyon an, li te fè sè a konnen, chak semèn, li gen yon ti konvèsasyon avèk yo. De pi gran timoun li yo deja adolesan. Pandan li t ap feyte liv la, li te di l ap kapab sèvi avè l kèk fwa nan konvèsasyon li konn genyen ak fanmi l. Pwoklamatris la te atire atansyon l tou sou liv Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi an. Li te bay mesye a asirans li menm ak madanm li ap ka jwenn kèk konsèy k ap itil yo anpil lè y ap pran desizyon nan fanmi an. Mesye a te remèsye sè a pou konsèy la, li te fè yon ofrann e li te aksepte pou yon moun vizite ni li menm ni fanmi l.

Ki jan Temwen yo te santi yo nan fen jounen an apre yo te fin bay temwayaj nan sant komèsyal sa a ? Gen yon sè ki di : “ Mwen menm pèsonèlman mwen renmen fòm predikasyon sa a. Se te yon bèl eksperyans pou mwen ! ” Yon lòt sè te di : “ Jewova di y ap preche bon nouvèl la rive jis nan rejyon ki pi lwen sou tè a. Jodi a, nan komin Paramis, nan Noujèze, bon nouvèl sa a touche moun ki pa pale menm lang. Mwen te twouve li trèzenteresan pou m preche kote sa a. Tout moun ki te patisipe nan fòm predikasyon sa a te kontan. Nan fen jounen an, pa gen youn nan nou ki te vle ale. ”

Èske gen lòt fason w kapab preche bon nouvèl la ? Metòd prensipal nou itilize a se predikasyon kay an kay (Tra. 20:20). Men, èske w ka gade pou w wè si w ka preche nan zòn kote ki gen mache oswa ki gen magazen ?