Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Nan lèt apot Pòl te ekri kretyen Ebre yo, li te pale de “ poze men sou moun ”. Èske li t ap pale de lè y ap chwazi ansyen yo nan kongregasyon an oswa li t ap pale de yon lòt bagay ? — Ebre 6:2.

Pa gen okenn rezon pou nou dògmatik, sa vle di pou nou kategorik sou pwen sa a. Men, sanble Pòl t ap pale de lè yo poze men sou moun pou ba yo don lespri.

Se vre, Labib pale de poze men sou moun anrapò ak lè Bondye t ap chwazi moun pou l ba yo yon fonksyon nan sèvis li. Pa egzanp, Moyiz te “ poze men sou ” Jozye lè l t ap nome l pou ranplase l (Det. 34:9). Nan kongregasyon kretyen an tou, gen kèk gason kalifye se poze yo te poze men sou yo lè yo t ap chwazi yo (Tra. 6:6 ; 1 Tim. 4:14). Pòl te konseye Timote pou l pa kouri poze men sou yon moun. — 1 Tim. 5:22.

Yon lòt bò, Pòl te ankouraje kretyen Ebre yo pou yo “ vin granmoun ” e pou yo kite “ premye konesans ” yo te genyen an dèyè. Apre sa, li te site ‘ repantans pou zèv ki mouri, lafwa nan Bondye, ansèyman sou batèm ak poze men sou moun ’ ​(NW). (Ebre 6:1, 2.) Èske chwazi ansyen yo te fè pati premye bagay kretyen yo ta dwe kite dèyè lè yo vin granmoun, sètadi yo vin gen matirite ? Non. Frè ki gen matirite yo te dwe gen objektif pou yo vin ansyen nan kongregasyon an, e apre sa, yo te dwe kontinye apresye privilèj sa a. — 1 Tim. 3:1.

Men, gen yon lòt rezon ki fè yo te konn poze men sou moun. Nan premye syèk la, Jewova te rejte Izrayèl selon lachè a antanke pèp li. Li te chwazi Izrayèl espirityèl la, sètadi kongregasyon kretyen wen yo fòme a (Mat. 21:43 ; Tra. 15:14 ; Gal. 6:16). Yo te resevwa don lespri sen pa mwayen mirak, e don sa yo te montre sa. Pa egzanp, yo te resevwa don pou yo pale nan lòt lang (1 Kor. 12:4-11). Lè Kònèy ak moun lakay li yo te vin kwayan, nouvo kretyen sa yo te resevwa lespri sen. Sa te parèt klè lè yo t ap “ pale nan lòt lang ”. — Tra. 10:44-46.

Pafwa, gen moun ki te jwenn don lè yo te poze men sou yo. Se te yon mirak. Lè Filip te preche bon nouvèl la nan Samari, anpil moun te batize. Kolèj santral la te voye apot Pyè ak apot Jan nan Samari. Poukisa ? Men sa nou li : ‘ Lè sa a, [Pyè ak Jan] te mete men sou tèt [moun ki te fèk batize yo], e yo te resevwa Sentespri. ’ Sa dwe te vle di yo te resevwa don lespri, e tout moun te ka wè sa byen klè. Nou konnen sa paske Simon, yon mesye ki te konn pratike maji ki te wè efè lespri sen gen sou moun ki resevwa l yo, te eseye achte, avèk avidite, pouvwa pou l poze men sou moun pou l ba yo lespri sen yon fason pou yo te ka fè mirak (Tra. 8:5-20). Yon ti tan apre, 12 moun nan Efèz te batize. Men sa Labib di : “ Apre sa, Pòl mete men sou tèt yo, epi Sentespri desann sou yo. Yo pran pale nan lang lòt peyi, yo t’ap bay mesaj ki soti nan Bondye. ” — Tra. 19:1-7 ; konpare ak 2 Tim. 1:6.

Donk, nan Ebre 6:2, sanble Pòl t ap pale de poze men sou nouvo kwayan yo pou ba yo don lespri.