Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou ede moun ki kite twoupo a

Annou ede moun ki kite twoupo a

Annou ede moun ki kite twoupo a

“ Vin fè fèt avè m’, mwen jwenn mouton m’ ki te pèdi a. ” — LIK 15:6.

1. Ki jan Jezi montre li se yon bèje ki renmen mouton l yo ?

YO RELE Jezi Kris, sèl Pitit Jewova fè a, “ gran bèje mouton yo ”. (Ebre 13:20, NW.) Ekriti yo te anonse l ap vini e yo te montre li t ap yon bèje san parèy ki t ap chèche “ moun [“ mouton ”, NW] ki pèdi nan ras ” Izrayèl la (Mat. 2:1-6 ; 15:24). Anplis, menm jan yon bèje te kapab bay lavi l pou l pwoteje mouton l yo, se konsa tou, Jezi te mouri an sakrifis pou rachte moun ki sanble ak mouton ki aksepte valè sakrifis sa a li te bay la genyen. — Jan 10:11, 15 ; 1 Jan 2:1, 2.

2. Ki sa ki ka fè kèk kretyen vin inaktif ?

2 Malerezman, gen moun ki sanble te gen rekonesans pou sakrifis Jezi a e ki te vwe lavi yo bay Bondye ki pa fè pati kongregasyon kretyen an ankò. Petèt se dekourajman, pwoblèm sante oswa yon lòt bagay ki rafredi zèl yo te genyen e ki fè yo vin inaktif. Sepandan, se sèlman nan twoupo Bondye a yo kapab jwenn lapè ak lajwa David pale nan Sòm 23 a. Pa egzanp, men sa David di : “ Seyè a se gadò [“ Bèje ”, NW] mwen, mwen p’ap janm manke anyen. ” ​(Sòm 23:1). Nan domèn espirityèl, moun ki nan twoupo Bondye a pa manke anyen, men, se pa konsa sa ye pou mouton ki kite twoupo sa a. Kiyès ki kapab ede yo ? Ki jan yo ka fè sa ? Ki sa yo kapab fè pou yo ede yo retounen nan twoupo a ?

Kiyès ki kapab ede yo ?

3. Ki sa Jezi te montre nou bezwen fè pou nou ede mouton ki kite twoupo Bondye a ?

3 Pou nou kapab ede mouton ki kite twoupo Bondye a, sa mande pou nou fè bonjan efò (Sòm 100:3). Jezi te montre sa nan yon egzanp li te pran. Men sa l te di : “ Si yon nonm gen san mouton, epi li rete konsa li pa wè yonn ladan yo, èske li p’ap kite katrevendiznèf lòt yo sou mòn lan, pou li ale chache mouton ki pèdi a ? Si l’ rive jwenn li menm, se vre wi, sa m’ap di nou la a, l’ap pi kontan pou mouton sa a pase pou katrevendiznèf lòt yo ki pa t’ pèdi. Konsa tou, Papa nou ki nan syèl la pa ta renmen wè yon sèl nan ti piti sa yo rive pèdi. ” ​(Mat. 18:12-14). Kiyès ki kapab ede moun ki sanble ak mouton ki kite twoupo a ?

4, 5. Ki atitid ansyen yo dwe genyen anrapò ak twoupo Bondye a ?

4 Si ansyen yo vle ede mouton ki kite twoupo a, yo dwe sonje twoupo Bondye a se yon kongregasyon moun ki vwe lavi yo ba li. Moun sa yo se “ mouton ki nan ” patiraj li e li ba yo anpil valè (Sòm 79:13). Mouton sa yo li renmen anpil bezwen swen. Se sa k fè bèje ki gen lanmou yo dwe enterese nan yo pèsonèlman. Yo kapab jwenn bon rezilta lè yo rann yo vizit amikal nan kad travay yo antanke bèje. Lè mouton sa yo resevwa ankourajman ki plen lanmou nan men bèje yo, sa ka ankouraje yo pou yo retounen nan twoupo a. — 1 Kor. 8:1.

5 Bondye bay bèje li mete veye sou twoupo l la responsablite pou yo chèche mouton ki kite twoupo a e pou yo fè tout sa yo kapab pou yo ede yo. Apot Pòl te fè ansyen nan vil Efèz yo sonje yo gen responsablite pou yo pran swen mouton yo. Men sa l te di yo : “ Fè atansyon ak tèt nou e ak tout twoupo lespri sen etabli nou siveyan sou li a, pou nou pran swen kongregasyon Bondye a, kongregasyon li achte ak san pwòp Pitit li a. ” ​(Tra. 20:28, NW). Nan menm sans lan, men sa apot Pyè te ankouraje kretyen wen ki te ansyen yo fè : “ Tankou gadò, se pou nou swen bann mouton Bondye ki sou kont nou an. Pa fè sa tankou si se fòse y’ap fòse nou. Men, fè l’ paske nou vle fè sa Bondye vle. Pa fè travay la tankou si se dèyè lajan nou ye. Men, fè l’ ak tout kè nou. Pa fè menm jan ak chèf k’ap maltrete moun ki sou kont yo. Okontrè, se pou nou tounen yon egzanp pou mouton yo. ” — 1 Pyè 5:1-3.

6. Poukisa se jodi a mouton Bondye yo plis bezwen swen nan men bèje yo ?

6 Bèje kretyen yo dwe imite Jezi, “ ekselan bèje a ”. (Jan 10:11, NW.) Li te gen anpil sousi pou mouton Bondye yo e li te montre li enpòtan pou yo pran swen yo lè l te di Simon Pyè pou l ‘ pran swen mouton l yo ’. (Li Jan 21:15-17.) Se jodi a mouton yo plis bezwen pou yo pran swen yo konsa, paske Dyab la ap fè plis efò toujou pou l kraze entegrite moun ki vwe lavi yo bay Bondye. Satan chèche pwofite feblès lachè nou genyen yo e li sèvi ak monn nan pou l fè mouton Jewova yo tonbe nan sa ki mal (1 Jan 2:15-17 ; 5:19). Moun ki inaktif yo pi fèb pase rès twoupo a, se sa k fè li pi fasil pou yo tonbe nan fè sa ki mal. Se poutèt sa yo bezwen èd yon fason pou yo ka aplike konsèy ki mande ‘ pou yo kite lespri dirije yo ’ a (Gal. 5:16-21, 25). Pou nou pran swen mouton sa yo, sa mande pou nou priye Bondye avèk konfyans, pou nou chèche direksyon lespri l e pou nou byen itilize Pawòl li a. — Pwo. 3:5, 6 ; Lik 11:13 ; Ebre 4:12.

7. Ki enpòtans sa genyen pou ansyen yo pran swen mouton yo ?

7 Nan Izrayèl tan lontan an, pou yon bèje te gide yon twoupo mouton, li te konn sèvi ak yon baton ki long ki fini an koub. Lè mouton yo ap antre nan patiraj la oswa lè y ap soti ladan l, yo te dwe ‘ pase anba baton an ’, konsa bèje a t ap ka konte yo (Lev. 27:32, NW ; Mika 2:12 ; 7:14). Menm jan an tou, yon bèje kretyen dwe byen konnen twoupo Bondye a e li dwe enterese konnen ki jan chak mouton ki nan twoupo a ye. (Konpare ak Pwovèb 27:23.) Se sa k fè, travay pran swen mouton yo se yon pwen enpòtan pou kolèj ansyen yo pale sou li. Yo ka pran dispozisyon tou pou yo ede mouton ki kite twoupo a. Jewova li menm te di li t apral chèche mouton l yo pou l ba yo swen yo gen bezwen (Eze. 34:11). Kidonk, Bondye kontan lè ansyen yo fè efò menm jan an pou yo ede mouton ki kite twoupo a pou yo retounen ladan l.

8. Ki fason ansyen yo ka bay mouton yo yon atansyon pèsonèl ?

8 Lè yon frè ki bèje twoupo Bondye a vizite yon kwayan parèy li ki malad, sa ka fè kwayan sa a kontan e sa ka ankouraje l. Lè l bay yon mouton ki malad nan domèn espirityèl yon atansyon pèsonèl, sa kapab gen menm efè a. Ansyen yo kapab li kèk tèks nan Bib la avèk moun ki inaktif la, yo kapab egzamine yon atik avè l, yo kapab pale sou kèk pwen enteresan yo te jwenn nan reyinyon yo, yo kapab priye avè l, eksetera. Yo kapab fè l konnen lòt manm kongregasyon an ap kontan wè l retounen vin asiste reyinyon yo ankò (2 Kor. 1:3-7 ; Jak 5:13-15). Yon vizit, yon koutfil oswa yon lèt yo voye bay moun ki inaktif la ka ede l anpil. Lè yon bèje kretyen demontre konpasyon pou yon mouton ki te kite twoupo a e li ba li yon èd pèsonèl, sa ka bay bèje sa a anpil kè kontan tou.

Nou tout ka fè efò pou nou ede yo

9, 10. Poukisa nou kapab di se pa sèlman ansyen yo ki dwe enterese nan moun ki kite twoupo a ?

9 N ap viv nan yon epòk ki difisil kote nou okipe anpil. Se sa k fè li posib pou nou pa wè si yon kwayan parèy nou prale aladeriv (Ebre 2:1). Sepandan, Jewova bay mouton l yo anpil valè. Menm jan chak manm oswa chak pati nan kò yon moun enpòtan, se konsa tou, chak mouton enpòtan. Se poutèt sa nou tout ta dwe montre nou gen sousi pou frè nou e youn ta dwe pran swen lòt (1 Kor. 12:25). Èske w gen atitid sa a ?

10 Se vre, se ansyen yo an premye ki gen responsablite pou yo chèche mouton ki kite twoupo a e pou yo ede yo, men, se pa yo menm sèlman ki dwe enterese nan mouton sa yo. Lòt frè ak sè yo ka kolabore ak bèje yo nan sans sa a. Kidonk, sa nou tout nou kapab fè e sa nou tout nou dwe fè, se ankouraje frè ak sè nou yo ki bezwen èd pou yo retounen nan twoupo a epi ede yo nan domèn espirityèl. Ki jan ?

11, 12. Ki jan w ka jwenn privilèj pou w ede yon moun ki bezwen èd nan domèn espirityèl ?

11 Pafwa, ansyen yo ka fè aranjman pou pwoklamatè Wayòm nan ki gen eksperyans kondui etid biblik ak moun ki inaktif ki mande èd. Objektif etid sa a, se ede yo retounen gen ‘ renmen yo te gen anvan an ’. (Rev. 2:1, 4.) Yon bagay ki kapab fòtifye kretyen inaktif sa yo nan domèn espirityèl, se lè yo egzamine avèk yo enfòmasyon yo pa t konnen lefètke yo pa t la nan kongregasyon an.

12 Si se ou menm ansyen yo chwazi pou etidye avèk yon kwayan parèy ou ki bezwen èd nan domèn espirityèl, priye Jewova pou l dirije w e pou l beni efò w ap fè yo. Kidonk, jan Pwovèb 16:3 di sa : ‘ Mande Seyè a pou l’ beni tout travay w’ap fè, e w’ap reyisi nan tou sa w’ap fè. ’ Reflechi sou vèsè nan Bib la ak pwen ki ka ranfòse lafwa l w ap kapab itilize nan etid w ap fè avèk li. Ou kapab reflechi tou sou bèl egzanp apot Pòl kite a. (Li Women 1:11, 12.) Pòl te anvi wè kretyen ki te nan Wòm yo pou l pataje kèk don espirityèl avèk yo yon fason pou yo te ka kenbe fèm. Li t ap tann tou pou youn ankouraje lòt. Èske se pa menm etadespri sa a nou ta dwe genyen lè n ap chèche ede moun ki kite twoupo Bondye a ?

13. Ki sa w kapab pale ak yon moun ki inaktif ?

13 Pandan w ap fè etid la, ou ka mande l : “ Kòman w te fè aprann laverite ? ” Fè l sonje bèl moman li te pase nan sèvis Jewova, ankouraje l rakonte bèl eksperyans li te fè nan reyinyon yo, nan predikasyon ak nan asanble yo. Petèt ou menm avè l te pase kèk bon moman ansanm nan sèvis Jewova. Pale sou sa avè l. Pale de lajwa ou genyen lefètke ou pwoche bò kote Jewova (Jak 4:8). Pale de rekonesans ou genyen pou Bondye pou fason li pran swen nou antanke pèp li, sitou ankourajman ak esperans li ban nou nan moman tribilasyon nou yo. — Wom. 15:4 ; 2 Kor. 1:3, 4.

14, 15. Ki benediksyon kretyen inaktif yo te jwenn nou ka fè yo sonje ?

14 Petèt li ka bon pou w fè moun sa a ki inaktif la sonje kèk benediksyon li te jwenn lè l te yon manm aktif kongregasyon an. Pa egzanp, li te gen plis konesans sou Pawòl Bondye a e li te pi byen konnen objektif Bondye yo (Pwo. 4:18). Lè l ‘ te kite lespri dirije l ’, sandout, li te pi fasil pou l reziste devan tantasyon li te jwenn pou l komèt peche (Gal. 5:22-26). Lè sa a, li te gen yon konsyans ki te pwòp ki te pèmèt li pwoche bò kote Jewova nan lapriyè pou l jwenn ‘ lapè li bay, ki depase tout konprann nan, pou veye sou kè l ak lespri l ’. (Fil. 4:6, 7, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman.) Kenbe pwen sa yo nan lespri w, montre ou gen yon enterè sensè pou frè w la oswa sè w la, e sitou, ankouraje l retounen nan twoupo a. — Li Filipyen 2:4.

15 Kounye a, annou sipoze w se ansyen, w al fè yon vizit pastoral, e se yon koup ki inaktif w ap vizite. Ou kapab ankouraje yo reflechi sou lè yo te fèk aprann verite ki nan Pawòl Bondye a. Pa gen dout, laverite te bèl, li te klè, li te ba yo satisfaksyon e li te libere yo espirityèlman (Jan 8:32). Se pa ti ranpli kè yo dwe te ranpli ak rekonesans pou sa yo te aprann sou Jewova, sou lanmou li ak sou objektif estrawòdinè li genyen yo ! (Konpare ak Lik 24:32.) Fè yo sonje ki jan kretyen ki vwe lavi yo bay Bondye yo gen relasyon sere avè l e ki jan yo gen yon privilèj estrawòdinè pou yo priye l. Avèk amou, ankouraje kretyen inaktif yo pou yo obeyi “ bon nouvèl ki pale nou sou Bondye ki merite nou fè lwanj pou li a ”. — 1 Tim. 1:11.

Annou kontinye montre yo nou renmen yo

16. Bay yon egzanp pou montre efò nou fè pou nou bay moun ki inaktif yo èd nan domèn espirityèl vrèman pote bon rezilta.

16 Èske konsèy sa yo vrèman pote bon rezilta ? Wi. Pa egzanp, gen yon jèn ki te kòmanse preche bon nouvèl Wayòm nan a 12 an ki te vin inaktif a 15 an. Sepandan, annapre, li te vin aktif ankò. Kounye a, li gen 30 an depi li nan sèvis aplentan. Youn nan bagay ki te ede l retounen aktif, se èd yon ansyen te ba li. Li gen anpil rekonesans pou èd sa a ansyen an te ba li nan domèn espirityèl.

17, 18. Ki kalite k ap pèmèt ou ede yon moun ki kite twoupo Bondye a ?

17 Se lanmou kretyen yo genyen ki pouse yo ede moun ki inaktif yo retounen nan kongregasyon an. Yon lè Jezi t ap pale ak disip li yo, men sa l te di yo : “ M’ap ban nou yon kòmandman nouvo : Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an. Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye. ” ​(Jan 13:34, 35). Wi, lanmou se yon mak ki idantifye vrè kretyen yo. Èske nou pa dwe demontre lanmou sa a pou frè ak sè nou yo ki vin inaktif ? Sandout, nou dwe fè sa ! Men, gen kalite nou bezwen demontre pou nou ede yo kòmsadwa.

18 Ki kalite konsa ou bezwen demontre si w vle ede yon moun ki kite twoupo Bondye a ? Apa lanmou, ou ka bezwen demontre konpasyon, bonte, dousè ak pasyans. E selon sikonstans lan, ou ka bezwen demontre ou gen padon tou. Men sa Pòl te ekri : “ Se pou nou abiye nou avèk yon konpasyon ki pwofon anpil, ak bonte, imilite, dousè ak pasyans. Si yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt, se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè nou. Menm jan Jewova padone nou ak tout kè l, nou menm tou fè menm jan an. Men, anplis tout bagay sa yo, abiye nou ak lanmou, paske li se yon chenn ki ini moun yon fason ki san fay. ” — Kol. 3:12-14, NW.

19. Poukisa efò nou fè pou nou ede mouton yo ki te kite patiraj kretyen an gen anpil valè ?

19 Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine ki rezon ki fè kèk moun kite twoupo Bondye a. Nou pral wè tou ki akèy moun ki retounen yo kapab atann y ap jwenn. Toutpandan w ap etidye atik ki vin apre a e toutpandan w ap reflechi sou atik sa a n ap etidye kounye a, ou mèt gen asirans efò w fè pou w ede mouton yo retounen nan patiraj kretyen an gen anpil valè. Nan sistèm sa a, anpil moun pase tout vi yo ap ranmase richès, men, menm lavi yon moun gen plis enpòtans pase tout lajan ki gen nan monn nan. Jezi te mete aksan sou sa nan egzanp mouton ki te pèdi li te bay la (Mat. 18:12-14). Nou swete pou w kenbe pwen sa a nan lespri w toutpandan w ap fè bonjan efò avèk dilijans pou w ede mouton Jewova renmen yo ki te kite twoupo a retounen ladan l.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki responsablite bèje kretyen yo genyen anrapò ak mouton ki kite twoupo a ?

• Ki jan w kapab fè pou w ede moun ki pa manm aktif kongregasyon an kounye a ?

• Ki kalite ki kapab pèmèt ou ede moun ki kite twoupo a ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 10]

Avèk amou, bèje kretyen yo fè anpil efò pou yo ede moun ki kite twoupo Bondye a.