Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou toujou gen yon pwennvi biblik sou fason pou nou pran swen sante nou

Annou toujou gen yon pwennvi biblik sou fason pou nou pran swen sante nou

Annou toujou gen yon pwennvi biblik sou fason pou nou pran swen sante nou

“ Se pou ou renmen [Jewova], Bondye ou, [...] avèk tout lide ou, avèk tout fòs ou. ” — MAK 12:30.

1. Ki objektif Bondye te gen pou limanite okòmansman ?

OBJEKTIF Jewova te genyen okòmansman pou lèzòm nan pa t gen maladi ak lanmò ladan l. Li te mete Adan ak Èv nan jaden Edenn nan, oswa jaden plezi a, ‘ pou yo te travay li e pou yo te pran swen l ’. Li pa t mete yo ladan l pou 70 oswa 80 an sèlman, men li te mete yo ladan l pou toutan (Jen. 2:8, 15, nòt anba paj ; Sòm 90:10). Si de premye moun yo te rete fidèl devan Jewova e si yo te soumèt yo anba souvrènte l pou yo demontre yo renmen l, yo pa t ap janm gen pwoblèm sante ni yo pa t ap janm mouri.

2, 3. a) Selon liv Eklezyas la, ki sa k rive moun lè y ap vyeyi ? b) Kiyès ki responsab lanmò nou eritye akoz peche Adan an, e ki jan lanmò pral disparèt ?

2 Eklezyas chapit 12 dekri byen klè “ jou malè ” ki tonbe sou moun enpafè lè y ap vyeyi. (Li Eklezyas 12:1-7.) Li di ‘ tout cheve nan tèt li ap vin blan ’, ‘ janm li yo ki te enganm koulye a ap febli ’, ‘ je l yo ap twò fèb pou wè klè ’ e ‘ li p’ap gen dan pou kraze manje ’.

3 Se pa bagay sa yo vrè Dye a te gen nan objektif li pou limanite. Epitou, lanmò nou eritye nan men Adan an se youn nan “ travay Satan ” Pitit Bondye a pral defèt grasa Wayòm nan. Men sa apot Jan te ekri : “ Pitit Bondye a parèt toutespre pou kraze travay Satan. ” — 1 Jan 3:8.

Li nòmal pou nou enkyete nou yon fason rezonab

4. Poukisa sèvitè Jewova yo enkyete yo yon fason rezonab pou sante yo, men ki sa yo konnen ?

4 Nan epòk n ap viv la, gen sèvitè Jewova ki gen pwoblèm sante ak pwoblèm laj lakòz, e pwoblèm sa yo se tout moun ki genyen yo lefètke yo enpafè. Nan sitiyasyon sa yo, li nòmal e li bon menm pou nou enkyete nou yon fason rezonab pou sante nou. Paske se avèk ‘ tout fòs nou ’ nou vle sèvi Jewova (Mak 12:30). Toutfwa, nou dwe reyalis pandan n ap fè efò pou nou rete an sante, e nou bezwen konprann nou prèske pa ka fè anyen pou nou ralanti efè laj gen sou nou ni nou pa ka evite tout maladi.

5. Ki leson nou ka tire nan fason sèvitè Bondye ki te fidèl yo te fè fas ak maladi ?

5 Gen anpil sèvitè Jewova ki te fidèl ki te gen pwoblèm sante. Epafwodit se te youn nan yo (Fil. 2:25-27). Timote, yon konpayon fidèl apot Pòl, te konn gen pwoblèm lestomak souvan. Se poutèt sa Pòl te konseye l pou l pran yon “ ti diven ”. (1 Tim. 5:23.) Pòl li menm t ap lite ak “ yon pikan nan kò ” l, petèt se te yon pwoblèm je oswa kèk lòt maladi potko gen remèd pou li nan epòk la (2 Kor. 12:7, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman ; Gal. 4:15 ; 6:11). Pòl te sipliye Jewova plizyè fwa ak tout kè l anrapò ak ‘ pikan li te genyen nan kò ’ l la. (Li 2 Korentyen 12:8-10.) Bondye pa t fè yon mirak pou l retire ‘ pikan ki te nan kò ’ Pòl la, men, li te ba l fòs pou l andire l. Konsa, se nan feblès sa a Pòl te genyen an menm pisans Jewova te parèt aklè. Èske nou ka tire yon leson nan egzanp sa a ?

Pa enkyete nou aleksè pou sante nou

6, 7. Poukisa nou dwe evite enkyete nou pou sante nou yon fason egzajere ?

Jan nou konnen sa, Temwen Jewova yo aksepte èd medikal ak divès fòm tretman. Souvan, gen atik sou kesyon sante ki parèt nan Réveillez-vous ! Menm lè nou pa pwopoze yon tretman an patikilye, nou apresye èd moun ki travay nan domèn swen sante yo ban nou e nou apresye fason yo kowopere avèk nou. Natirèlman, nou konnen li pa posib kounye a pou nou gen yon sante ki pafè. Se sa k fè li saj pou nou pa kite sante nou enkyete nou twòp. Nou pa ta dwe panse menm jan ak moun ki pa gen “ okenn espwa ” yo. Yo panse se lavi sa a sèlman ki genyen e yo prè pou yo aksepte nenpòt tretman pou yo eseye geri maladi yo genyen yo (Efe. 2:2, 12). Nou detèmine pou nou pa pèdi favè Jewova lè n ap chèche sove lavi nou kounye a, paske nou gen konviksyon si nou sèvi Bondye fidèlman, n ap “ resevwa lavi tout bon an ”, sètadi lavi etènèl nan nouvo sistèm Bondye pwomèt la. — 1 Tim. 6:12, 19 ; 2 Pyè 3:13.

7 Gen yon lòt rezon ki fè nou evite enkyete nou twòp konsènan sante nou. Si nou enkyete nou yon fason egzajere pou sante nou, sa ka fè nou vin egoyis. Pòl te avèti Filipyen yo kont danje sa a lè l te di yo : “ Piga pesonn chache enterè pa l’ ase. Se pou l’ chache sa ki bon pou lòt yo tou. ” ​(Fil. 2:4). Li nòmal pou nou pran swen tèt nou yon fason ki rezonab, men si nou enterese anpil nan frè nou yo e nan moun n ap preche ‘ bon nouvèl wayòm nan ’, sa ap fè nou evite panse ak byennèt pa nou sèlman. — Mat. 24:14, NW.

8. Si nou santre atansyon nou twòp sou kesyon swen sante, ki sa sa ka pouse nou fè ?

8 Yon kretyen ki gen twòp sousi pou sante l kapab pa bay Wayòm nan premye plas nan lavi l. Yon lòt bagay ki ka rive tou lè nou sousye nou twòp pou sante nou, sèke sa ka fè nou eseye fòse lòt moun aksepte opinyon pèsonèl nou sou yon rejim, yon tretman oswa yon vitamin nou panse ki pi bon. Sou kesyon sa a, ann gade prensip ki parèt nan pawòl Pòl te di ki nan Filipyen 1:10 (NW) yo : “ Verifye bagay ki pi enpòtan yo, yon fason pou nou vin san defo e pou nou pa fè moun trebiche nan jou Kris la. ”

Ki sa ki pi enpòtan ?

9. Bay youn nan bagay ki pi enpòtan nou pa ta dwe neglije. Poukisa ?

9 Si nou verifye bagay ki pi enpòtan yo, n ap patisipe yon fason aktif nan travay gerizon espirityèl la. Nou patisipe nan travay sa a lè nou preche Pawòl Bondye a e nou anseye lòt moun li. Aktivite sa a bay lajwa, e li pwofitab ni pou nou ni pou moun n ap anseye yo (Pwo. 17:22 ; 1 Tim. 4:15, 16). Pafwa, gen atik nan Toudegad ak Réveillez-vous ! konsènan frè ak sè nou yo nan lafwa ki gen gwo pwoblèm sante. Atik sa yo konn esplike kòman yo rive fè fas ak pwoblèm yo e kòman yo konn menm rive bliye yo pandan yon ti moman lè yo chèche ede lòt moun aprann konnen Jewova ak bèl pwomès li fè yo *.

10. Poukisa tretman nou chwazi yo enpòtan ?

10 Chak kretyen ki adilt k ap fè fas ak yon pwoblèm sante gen pwòp ‘ chay pa l pou l pote’ lè l ap chwazi ki tretman pou l suiv (Gal. 6:5). Men, sonje sa : tretman nou chwazi yo gen enpòtans pou Jewova. Menm jan respè nou genyen pou prensip Bib la fè nou “ evite [...] san ”, se konsa tou, respè nou genyen pou Pawòl Bondye a ta dwe pouse nou refize tretman ki ka fè nou pase sou prensip Bib la oswa ki ka afekte relasyon nou ak Jewova (Travay 15:20, NW). Gen kèk metòd yo itilize pou chèche konnen maladi yon moun genyen oswa pou trete yo ki sanble tèt koupe ak maji. Jewova pa t apwouve Izrayelit aposta yo ki te konn sèvi ak “ pouvwa majik ” oswa ak espiritis. Li te di : “ Nou mèt sispann fè bann ofrann sa yo ki p’ap sèvi nou anyen. Mwen pa ka sipòte lafimen lansan n’ap ofri m’ lan. Mwen pa vle wè fèt lalin nouvèl nou yo, jou repo nou yo ak tout lòt reyinyon n’ap fè yo. M’ pa ka sipòte fèt moun k’ap fè mechanste yo [“ k ap sèvi ak pouvwa majik yo ”, NW] ap fè pou mwen. ” ​(Iza. 1:13). Se sèten, moman nou malad la se pa moman pou nou ta fè yon bagay ki ta ka bloke priyè nou yo e ki ta ka mete relasyon nou avèk Bondye an danje. — Lam. 3:44.

Li enpòtan anpil pou nou gen “ bonsans ”

11, 12. Ki jan “ bonsans ” ka ede nou lè nou gen pou nou chwazi yon tretman ?

11 Nou pa ka atann pou Jewova fè mirak pou l geri nou lè nou malad. Men, nou ka priye l pou nou gen sajès lè n ap chwazi tretman n ap suiv. Nou ta dwe kite prensip biblik yo ak bonsans nou gide nou. Si se yon maladi ki grav, si posib, li ta saj pou nou konsilte plizyè doktè. Sa ann amoni ak panse nou jwenn nan Pwovèb 15:22 a ki di : “ Lè ou pa pran konsèy, plan travay ou p’ap mache. Lè ou pran konsèy nan men anpil moun, ou mèt sèten travay ou ap mache byen. ” Apot Pòl te ankouraje kwayan parèy li yo pou yo “ viv avèk bonsans ak jistis ak atachman pou Bondye nan sistèm sa a ”. — Tit 2:12, NW.

12 Anpil moun twouve yo nan menm sitiyasyon ak yon fi ki te malad nan epòk Jezi a. Men sa nou li nan Mak 5:25, 26 : “ Te gen yon fanm nan foul la ki te malad : li te gen pèdisyon [“ emoraji ”, NW] depi douzan. Li te soufri anpil nan men plizyè dòktè, li te fin depanse tout byen li ; men li pa t’ jwenn okenn soulajman. Okontrè, maladi a te vin pi rèd sou li. ” Jezi te geri madanm nan e li te aji avè l avèk konpasyon (Mak 5:27-34). Gen maladi ki konn fè kèk kretyen dezespere, sa konn fè yo anvi chwazi metòd ki kontrè ak prensip adorasyon ki pwòp la pou yo konnen ki maladi yo genyen oswa pou yo geri yo.

13, 14. a) Ki jan Satan ka sèvi ak tretman nou chwazi pou l kraze entegrite nou ? b) Poukisa nou ta dwe rete lwen kèlkeswa bagay ki gen rapò ak maji ?

13 Satan sèvi ak tout mwayen pou l fè nou devye kite vrè adorasyon an. Menm jan li sèvi ak imoralite seksyèl ansanm ak materyalis pou l fè kèk moun trebiche, se konsa tou, li sèvi ak yon seri tretman ki pa kòrèk ki gen rapò ak maji e ak espiritis pou l eseye kraze entegrite kèk lòt moun. Nou priye Jewova pou l delivre nou anba “ Satan ” e anba “ tout kalite mechanste ”. Donk, nou pa ta dwe mete tèt nou anba men Satan lè nou antre kò nou nan kèlkeswa bagay ki gen rapò ak maji oswa espiritis. — Mat. 6:13 ; Tit 2:14.

14 Jewova te bay Izrayelit yo lòd pou yo pa pratike divinasyon ak maji (Det. 18:10-12). Pòl te site “ fè maji ” pami “ zèv lachè ” yo. (Gal. 5:19, 20, NW.) Anplis, “ moun k’ap fè maji yo ” pap fè pati monn nouvo Jewova a (Rev. 21:8). Donk, li klè, kèlkeswa bagay ki gen yon ti tras espiritis ladan l se yon bagay Jewova rayi.

“ Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab ”

15, 16. Poukisa nou bezwen gen sajès lè n ap chwazi yon tretman, e ki konsèy saj kolèj santral premye syèk la te bay ?

15 Anrapò ak sa nou sot wè la yo, si nou gen dout sou yon metòd yo ka itilize pou yo chèche konnen ki maladi nou genyen oswa pou yo geri nou, li t ap saj pou nou rejte metòd sa a. Natirèlman, se pa paske nou menm pèsonèlman nou pa ka esplike yon metòd yo itilize nan kesyon sante ki fè li gen rapò ak espiritis. Pou nou kontinye gen yon pwennvi biblik sou kesyon swen sante, sa mande pou nou gen sajès Bondye bay la e sa mande pou nou gen bon jijman. Men ki konsèy nou jwenn nan Pwovèb 3 : “ Mete konfyans ou nan Jewova ak tout kè w epi pa apiye sou pwòp entèlijans ou. Nan tout wout ou, teni kont de li, epi li menm l ap fè chemen w yo dwat. [...] Konsève sajès pratik ak kapasite pou reflechi, e y ap tounen lavi pou nanm ou. ” — Pwo. 3:5, 6, 21, 22, NW.

16 Pandan n ap fè efò pou nou rete an sante otan sa posib, nou dwe fè atansyon pou nou pa pèdi favè Bondye lè n ap chèche mwayen pou nou fè fas ak maladi oswa ak efè laj genyen sou nou. Nan kesyon swen sante, menm jan ak nan lòt kesyon, ‘ tout moun ta dwe konnen nou kòm moun ki rezonab ’ paske nou viv ann akò ak prensip Bib la (Fil. 4:5, NW). Kolèj santral nan premye syèk la te voye yon lèt trèzenpòtan bay kretyen yo pou fè yo konnen yo dwe evite idolatri, san ak fònikasyon. Lèt sa a te asire yo ‘ si yo pa fè bagay sa yo y ap fè byen ’. (Tra. 15:28, 29.) Nan ki sans ?

Annou rezonab nan kesyon sante annatandan sante nou vin pafè

17. Ki byenfè nou jwenn nan domèn fizik lefètke nou suiv prensip ki nan Bib la ?

17 Nou chak ta dwe mande tèt nou : ‘ Èske mwen rekonèt mwen jwenn anpil byenfè lefètke m respekte prensip Bib la bay anrapò ak san e anrapò ak fònikasyon ? ’ Reflechi tou sou byenfè nou jwenn lefètke nou fè efò pou nou ‘ pirifye tèt nou anba tout sa ki ka kontamine kò nou ak lespri nou ’. (2 Kor. 7:1, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman.) Lè nou suiv prensip Bib la bay sou kesyon ijyèn, nou evite anpil maladi. Nou jwenn byenfè paske nou pa sèvi ak tabak ansanm ak dwòg k ap sal nou ni nan domèn fizik ni nan domèn espirityèl. E nou jwenn byenfè tou lefètke nou modere nan manje ak bwè. (Li Pwovèb 23:20 ; Tit 2:2, 3.) Byenke repo ak egzèsis ka fè nou santi nou byen, sepandan, se lè nou kite Labib gide nou n ap plis santi nou byen fizikman ak espirityèlman .

18. Ki sa ki ta dwe gen plis enpòtans pou nou, e ki pwofesi anrapò ak sante n ap tann reyalize ?

18 Sa k pi enpòtan, se pran swen sante espirityèl nou epi ranfòse bonjan relasyon nou genyen avèk Papa nou ki nan syèl la, li menm ki Sous “ lavi pou koulye a ” ak lavi “ pou tout tan ” nou pral jwenn nan monn nouvo li pwomèt la (1 Tim. 4:8 ; Sòm 36:9). Nan monn nouvo Bondye a, nou pral jwenn yon gerizon total ni nan domèn fizik ni nan domèn espirityèl grasa padon nou jwenn pou peche nou yo sou baz sakrifis ranson Jezi a. Timouton Bondye a, Jezi Kris, pral mennen nou nan “ sous dlo ki bay lavi a ” e Bondye pral siye tout dlo nan je nou (Rev. 7:14-17 ; 22:1, 2). Lè sa a tou, nou pral viv sa nou jwenn nan pwofesi estrawòdinè sa a : “ Pesonn nan peyi a p’ap plenyen di li malad ankò. ” — Iza. 33:24.

19. Ki asirans nou kapab genyen toutpandan n ap pran swen sante nou yon fason rezonab ?

19 Nou gen konviksyon delivrans nou toupre, e avèk enpasyans, n ap tann jou Jewova pral retire maladi ak lanmò pou lèzòm nan. Annatandan, nou gen asirans Papa nou ki renmen nou an ap ede nou andire doulè nou yo ak soufrans nou yo paske “ li gen sousi pou nou ”. (1 Pyè 5:7, NW.) Kidonk, annou pran swen sante nou, men tou, annou toujou fè sa ann amoni avèk direksyon nou jwenn nan Pawòl Bondye enspire a.

[Nòt anba paj]

^ § 9 N ap jwenn kèk nan atik sa yo nan yon lis ki nan kare ki nan paj 30 Toudegad 1ye septanm 2003 a.

Revizyon

• Kiyès ki lakòz gen maladi, e ki moun ki pral libere nou anba efè peche ?

• Byenke li nòmal pou nou enkyete nou pou sante nou, ki sa nou dwe evite ?

• Poukisa tretman nou chwazi suiv gen enpòtans pou Jewova ?

• Anrapò ak sante nou, ki byenfè nou jwenn lefètke nou suiv prensip Bib la ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 23]

Bondye pa t kreye lèzòm pou yo malad e pou yo vyeyi.

[Foto nan paj 25]

Pèp Jewova a jwenn lajwa nan ministè a malgre yo gen pwoblèm sante.