Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki kalite moun ou ta renmen ye ?

Ki kalite moun ou ta renmen ye ?

Ki kalite moun ou ta renmen ye ?

MEN sa chèf lapolis nan yon vil nan peyi Filipin te mande yon pyonye : “ Ki sa w te fè pou w ede mesye sa a chanje konduit ? ” Li lonje men l sou yon pil papye ki te sou biwo l, epi li di ankò : “ Èske w konnen pil papye sa yo se dosye ki gen rapò ak pwosè ki te fèt kont mesye sa a nan tribinal ? Ou soulaje nou anba youn nan pi gwo tètchaje nou genyen nan vil sa a. ” Mesye yo t ap pale de li a te yon tafyatè ki te vyolan e ki te toujou ap bay pwoblèm. Ki sa ki te pouse l fè kokenn chanjman sa yo nan lavi l ? Se mesaj Bondye enspire nou jwenn nan Labib, Pawòl Bondye a.

Gen anpil moun ki koute konsèy apot Pòl te bay la, lè l te di : ‘ Se pou nou chanje vye karaktè [“ ansyen pèsonalite ”, NW] sa a ki t’ap fè nou viv jan nou t’ap viv nan tan lontan an e pou nou vin yon lòt kalite moun jan Bondye vle l’ la. ’ ​(Efe. 4:22-24). Pou yon moun vin kretyen li dwe fè chanjman pou l vin gen nouvo pèsonalite a, kit chanjman sa yo gwo, kit yo piti.

Chanjman nou fè nan pèsonalite nou e pwogrè nou fè pou nou kalifye pou nou batize, se sèlman yon kòmansman. Lè nou prezante tèt nou pou nou batize, nou sanble ak yon moso bwa yo bay yon premye fòm. Tout moun ka wè ki fòm yo vle ba li, men gen anpil travay ki rete pou fèt ladan l. Moun k ap travay bwa a gen anpil travay pou l fè toujou anvan pou sa l ap fè a fini e pou l byen bèl. Nan moman batèm nou, nou gen kalite fondamantal Bondye mande pou nou sèvi l. Men, nou bezwen kontinye devlope nouvo pèsonalite nou vle genyen an. Pou sa fèt, nou dwe toujou ap fè ajisteman ladan l pou nou ka amelyore l.

Menm Pòl te wè li te bezwen pote amelyorasyon nan li. Men sa li te admèt : “ Lè m’ vle fè sa ki byen, se sa ki mal ase mwen santi m’ ka fè. ” ​(Wom. 7:21). Se sèten, Pòl te konnen ki kalite moun li te ye e li te konnen ki kalite moun li ta renmen ye. E nou menm ? Nou menm tou nou bezwen poze tèt nou kesyon sa yo : ‘ Ki sa m santi m anvi fè ? Ki kalite moun mwen ye ? Ki kalite moun mwen ta renmen ye ? ’

Ki sa m santi m anvi fè ?

Lè yon moun ap fè reparasyon nan yon kay ki ansyen, si gen bwa nan kay la ki pouri, annik pentire deyò a pa sifi. Si li pa repare bwa ki pouri yo, l ap jwenn pwoblèm pi devan. Menm jan an tou, si yon moun se ann aparans li dwat, sa pa sifi. Nou bezwen egzamine tèt nou pou nou wè ki moun nou ye toutbonvre e nou bezwen chèche wè ki defo nou genyen ki bezwen korije. Si nou pa fè sa, defo nou te gen nan ansyen pèsonalite nou yo ka reparèt ankò. Kidonk, li enpòtan anpil pou nou egzamine tèt nou (2 Kor. 13:5). Nou bezwen idantifye defo nou genyen yo epi korije yo. Jewova ban nou sa ki nesesè pou nou rive fè sa.

Men sa Pòl te ekri : “ Pawòl Bondye a vivan, li aktif. E li pi file pase tout epe de bò. Li koupe jis li rive separe nanm ak lespri, jwenti zo ak mwèl. E li sonde santiman ak lide ki nan kè moun. ” ​(Ebre 4:12, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman). Mesaj ki nan Labib, Pawòl Bondye a, kapab gen yon efè pisan sou lavi nou. Li antre fon anndan nou, e nan yon sans, se kòmsi li antre jis anndan mwèl nou. Li fè nou konnen panse nou ak motivasyon nou. Li fè moun nou ye toutbon pa anndan an parèt klè, yon moun ki ka diferan ak moun nou parèt nou ye pa deyò a oswa moun nou panse nou ye a. Ala yon gwo èd Pawòl Bondye a ye nan ede nou rekonèt defo nou yo !

Lè yon moun ap fè reparasyon nan yon kay ki la lontan, li ka pa sifi pou l annik chanje bagay ki andomaje yo. Si li konnen rezon ki fè kay la gen pwoblèm, sa ap ede l fè sa ki nesesè pou l rezoud yo pou kay la pa janm genyen yo ankò. Menm jan an tou, lè nou konnen defo nou gen nan pèsonalite nou, epi nou chèche rezon ki fè nou gen defo sa yo oswa sa ki kontribye pou nou genyen yo, sa ka ede nou kontwole yo. Gen anpil bagay ki kontribye pou nou gen pèsonalite nou genyen an. Pami bagay sa yo, gen nivo sosyal nou, sitiyasyon ekonomik nou, anviwònman kote n ap viv la, kilti nou, paran nou, zanmi nou ak relijyon nou te grandi ladan l lan. Menm pwogram televizyon, fim nou gade ansanm ak lòt fòm divètisman ka gen enfliyans sou pèsonalite nou. Lè nou konnen bagay ki gen enfliyans negatif sou pèsonalite nou, sa mete nou nan yon pozisyon kote li pi fasil pou nou limite efè yo gen sou nou.

Apre nou fin egzamine tèt nou, nou ka gen tandans di : ‘ Se konsa m ye. ’ Rezònman sa a se pa yon bon rezònman. Anpalan de moun nan kongregasyon Korent lan ki te fònikatè, omoseksyèl, tafyatè, e ki t ap pratike lòt vye bagay toujou, Pòl te di : ‘ Anpil nan nou, se sa menm nou te ye. Men, koulye a Bondye lave nou grasa pouvwa Lespri li. ’ ​(1 Kor. 6:9-11). Grasa èd lespri sen Jewova, nou menm tou, nou ka rive fè chanjman ki nesesè yo.

Ann pran egzanp yon mesye yo rele Marcos * k ap viv nan peyi Filipin. Men sa l te di konsènan anviwònman kote li te leve a : “ Paran m te toujou ap joure youn lòt. Se sa k fè lè m te gen 19 an, mwen te vin rebèl. ” Tout moun te vin konn Marcos kòm yon moun k ap jwe aza, yon vòlè, e li te menm konn fè vòl ak zam. Li menm ak kèk lòt moun te menm ap fè plan pou yo pran yon avyon ann otaj, men, sa pa t rive fèt. Marcos te kontinye ap fè sa k pa sa menm apre l te fin marye. Finalman, li te pèdi tout sa l te genyen nan jwe aza. Yon ti tan apre sa, li te kòmanse asiste etid Labib Temwen Jewova yo t ap fè ak madanm li. Nan yon premye tan, li te santi li pa diy pou l vin Temwen Jewova. Men, lefètke li te aplike sa l te aprann yo e li te asiste reyinyon yo, sa te ede l kite move abitid li te genyen yo. Kounye a, li se yon kretyen batize k ap anseye lòt moun regilyèman pou ede yo wè kòman yo menm tou yo kapab chanje.

Ki kalite moun ou ta renmen ye ?

Ki chanjman nou bezwen fè pou nou ka amelyore pèsonalite nou antanke kretyen ? Men konsèy Pòl bay kretyen yo : “ Pa fè kòlè, pa fè move san ni okenn mechanste. Se pou nou voye tout bagay sa yo jete. Pa kite okenn jouman ni okenn gwomo soti nan bouch nou. Pa bay frè nou yo manti. Paske, nou voye vye moun nou te ye a jete ansanm ak tout vye mès li yo. ” Apot la kontinye pou l di : “ Koulye a, nou tounen yon lòt kalite moun, n’ap chanje jouk n’a rive sanble ak Bondye ki kreye nou an pou n’ te ka konnen l’ nèt. ” — Kol. 3:8-10.

Kidonk, objektif prensipal nou se pou nou jete ansyen pèsonalite nou te genyen an e pou nou vin gen yon nouvo pèsonalite. Ki kalite nou dwe chèche genyen k ap ede nou fè sa ? Men sa Pòl di : “ Abiye nou avèk yon konpasyon ki pwofon anpil, ak bonte, imilite, dousè ak pasyans. Si yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt, se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè nou. Menm jan Jewova padone nou ak tout kè l, nou menm tou fè menm jan an. Men, anplis tout bagay sa yo, abiye nou ak lanmou, paske li se yon chenn ki ini moun yon fason ki san fay. ” ​(Kol. 3:12-14, NW). Lè nou fè gwo efò pou nou vin gen kalite sa yo, sa ap ede nou pou nou “ vin pi agreyab ni nan je Jewova ni nan je lèzòm ”. (1 Sam. 2:26, NW.) Pandan Jezi te sou tè a, li te demontre yon fason ki estrawòdinè li gen kalite Bondye yo. Si nou etidye egzanp Jezi e si nou suiv egzanp li, antanke moun k ap “ chache fè tankou Bondye fè ”, n ap vin pi sanble ak li. — Efe. 5:1, 2.

Yon lòt fason pou nou rive konnen ki chanjman nou ka bezwen fè, se lè nou etidye pèsonalite yon seri moun nan Bib la pou nou wè sa yo te genyen ki te bon nan yo ak sa ki pa t bon. Pa egzanp, ann pran Jozèf, pitit patriyach Jakòb la. Malgre enjistis li te sibi, li te kontinye gen yon etadespri pozitif e li pa t chanje bèl pèsonalite li te genyen an (Jen. 45:1-15). Yon lòt bò, Absalòm, youn nan pitit wa David yo, te fè kòmsi li te nan enterè pèp la e moun yo te konn fè lwanj pou bote l. Men, an reyalite, li te yon trèt ak yon asasen (2 Sam. 13:28, 29 ; 14:25 ; 15:1-12). Yon moun kapab pran pòz li se bon moun e li kapab yon bèl moun fizikman, men se pa sa k ap fè moun renmen l vre.

Nou kapab amelyore pèsonalite nou

Pou nou vin yon pi bon moun e pou nou bèl nan je Bondye, nou dwe amelyore moun nou ye pa anndan an (1 Pyè 3:3, 4). Pou nou fè chanjman nan pèsonalite nou, sa mande pou nou idantifye defo ki gen ladan l ak sa ki lakòz nou genyen yo, epi pou nou chèche kiltive kalite Bondye genyen yo. Èske nou ka gen konfyans n ap reyisi nan efò n ap fè pou nou fè chanjman sa yo ?

Wi, grasa èd Jewova, nou ka fè chanjman ki nesesè yo. Nou ka priye menm jan ak salmis la ki te di : “ O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m’. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m’ sa kenbe fèm. ” ​(Sòm 51:12). Nou ka mande Bondye pou lespri l aji nan nou pou l fè nou anvi fè volonte l plis toujou nan lavi nou. Wi, nou ka reyisi vin pi agreyab nan je Jewova !

[Nòt anba paj]

^ § 11 Se pa vrè non l.

[Foto nan paj 4]

Si w gen yon kay siklòn fin kraze, èske w t ap annik pentire l ou fini ?

[Foto nan paj 5]

Èske pèsonalite w vin pi sanble ak pa Kris la ?