Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Annou pousuiv bagay ki favorize lapè ”

“ Annou pousuiv bagay ki favorize lapè ”

“ Annou pousuiv bagay ki favorize lapè ”

LÈ YO fèk fè yon wout, li parèt solid, e se kòmsi anyen pa ka andomaje l. Men, avèk letan, li ka kòmanse kraze e li ka vin gen twou. Pou asire sekirite moun e pou pwoteje wout la, li nesesè pou yo fè reparasyon ladan l.

Menm jan an tou, pafwa, kapab gen pwoblèm nan relasyon nou ak lòt moun, e relasyon sa a ka menm kòmanse kraze. Apot Pòl te rekonèt kretyen nan vil Wòm yo pa t gen menm pwennvi nan kèk domèn. Men ki konsèy li te ba yo : “ Annou pousuiv bagay ki favorize lapè ak bagay ki ankourajan ni pou youn ni pou lòt. ” ​(Wom. 14:13, 19, NW). Poukisa li nesesè pou nou “ pousuiv bagay ki favorize lapè ” ? Ki jan nou ka mete kouraj sou nou pou nou pousuiv lapè toutbonvre ?

Poukisa nou dwe pousuiv lapè ?

Si yo pa ranje yon wout lè l fèk kòmanse kraze, li kapab vin gen gwo twou ki danjere. Menm jan an tou, se yon bagay ki danjere pou nou pa rezoud pwoblèm nou gen ak lòt moun. Apot Jan te ekri : “ Si yon moun di : mwen renmen Bondye, pou anmenmtan pou l’ rayi frè l’, moun sa a ap bay manti. Paske, si li pa renmen frè l’, yon moun li ka wè, li pa ka renmen Bondye li pa ka wè a. ” ​(1 Jan 4:20). Si nou gen yon pwoblèm ak kretyen parèy nou e nou pa rezoud li, finalman, sa ka fè nou rayi frè nou an.

Jezi Kris te montre Jewova pap aksepte adorasyon n ap ba li a si nou pa fè lapè ak lòt moun. Li te anseye disip li yo sou sa, li te di yo : “ Si lè w’ap mete ofrann ou sou lotèl la bay Bondye, epi antan ou la devan lotèl la, ou chonje frè ou gen kichòy kont ou, men sa pou ou fè : Kite ofrann lan la devan lotèl la, ale byen [“ fè lapè ”, NW] ak frè ou la anvan. Apre sa, wa tounen vin bay Bondye ofrann ou an. ” ​(Mat. 5:23, 24). Wi, premye rezon nou genyen pou nou pousuiv lapè se paske nou vle fè Jewova Dye plezi *.

Te gen yon sitiyasyon ki te egziste nan kongregasyon Filip la ki montre yon lòt rezon nou genyen pou nou pousuiv lapè. Te gen yon pwoblèm ant de kretyèn ki rele Evodi ak Sentich. Nou pa konn ki pwoblèm egzakteman yo te genyen, men li klè sa te mete lapè kongregasyon an an danje (Fil. 4:2, 3). Lè nou pa rezoud yon pwoblèm nou genyen avèk yon lòt moun, anvan nou bat je nou, lòt moun ka gentan konn sa. Piske nou gen dezi pou nou prezève lapè ak inite nan kongregasyon an, sa ap pouse nou pousuiv lapè ak kwayan parèy nou yo.

Jezi te di : “ Byennere moun k ap fè lapè ” ak lòt moun (Mat. 5:9, NW, nòt anba paj). Lè nou pousuiv lapè, sa ban nou yon satisfaksyon ki fè kè nou kontan. Anplis, lapè ede nou gen yon bon sante, paske ‘ lè nou gen kè nou poze, nou kenbe kò nou an sante ’. (Pwo. 14:30.) Yon lòt bò, lè nou kenbe yon moun nan kè, sa ka fè li pi fasil pou nou vin malad fizikman.

Byenke pifò kretyen dakò li nesesè pou yo pousuiv lapè, ou ka ap mande tèt ou ki jan ou menm ou ka rezoud yon pwoblèm ou gen ak yon moun. Annou egzamine kèk prensip biblik ki kapab gide nou.

Lè nou pale de pwoblèm nan yon fason ki kalm, sa fè gen lapè ankò

Byen souvan, yo ka repare ti kote ki fèk kòmanse ap kraze nan yon wout lè yo bouche yo. Èske l posib pou nou padone sa frè nou fè nou e pou n kouvri sa ? Li posib pou sa mache pou pifò pwoblèm nou genyen ak lòt moun, paske apot Pyè te ekri : “ Lanmou kouvri yon pakèt peche. ” — 1 Pyè 4:8, NW.

Men, kèk fwa, kapab gen pwoblèm ki sitèlman grav, nou pa ka annik pase sou yo. Kòm egzanp, ann pran sa k te rive Izrayelit yo yon ti tan apre yo te fin rive nan Latè pwomiz. Anvan “ moun branch fanmi Woubenn yo, moun branch fanmi Gad yo ak mwatye moun nan branch fanmi Manase yo ” te travèse rivyè Jouden an, yo te bati yon “ kokenn chenn lotèl ”. Lòt tribi Izrayèl yo te panse lotèl sa a tribi sa yo te bati a se te pou yo fè idolatri e yo te santi yo pa t ka annik pase sou pwoblèm nan. Yo te prepare yo pou y al atake yo. — Joz. 22:9-12.

Petèt gen kèk Izrayelit ki te santi te gen ase prèv ki montre tribi sa yo te fè yon bagay ki mal e si yo te atake yo san yo pa avèti yo, mwens moun t ap mouri. Men, olye tribi yo ki te nan zòn lwès Jouden an te kouri aji, yo te delege kèk moun pou y al diskite pwoblèm nan ak frè yo. Men sa yo te di : “ Ki bagay lèd sa a nou fè konsa kont Bondye pèp Izrayèl la ? Poukisa jòdi a nou vire do bay Seyè a ? ” Anfèt, tribi sa yo ki te bati lotèl la pa t enfidèl. Men, kòman yo t apral reyaji devan yon akizasyon konsa ? Èske yo t apral pale di ak moun ki te vin akize yo a oubyen èske yo t ap refize pale ak yo ? Tribi yo te akize yo te reponn avèk dousè, yo te fè konnen byen klè se dezi yo te genyen pou yo sèvi Jewova ki te pouse yo bati lotèl la. Repons dous yo te bay la te prezève relasyon yo te genyen avèk Bondye e li te sove lavi yo. Lefètke yo te pale yon fason kalm, sa te rezoud pwoblèm nan e sa te fè gen lapè ankò. — Joz. 22:13-34.

Anvan lòt Izrayelit yo te fè yon aksyon ki t ap sevè, avèk sajès, yo te pale de pwoblèm nan avèk tribi Ribenn nan, tribi Gad la ak mwatye tribi Manase a. Pawòl Bondye a di nou : “ Pa fè kòlè fasil, paske se moun sòt ki renmen fache. ” ​(Ekl. 7:9). Selon Labib, lè nou gen pwoblèm avèk lòt moun, nou dwe pale ak moun nan yon fason ki sensè e ki kalm lè n ap regle pwoblèm nan. Si nou kenbe yon moun nan kè paske nou santi li te mal aji avèk nou oswa nou evite pale avè l, èske nou ka atann pou Jewova beni nou ?

Yon lòt bò, ki jan n ap reyaji si yon kretyen parèy nou ta vin kote nou paske li santi nou te aji mal avè l, e petèt li pa menm gen rezon pou l akize nou ? Bib la di nou “ yon bon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè ”. (Pwo. 15:1.) Tribi Izrayelit yo te akize san rezon yo te esplike sitiyasyon an yon fason kalm, men byen fèm. Konsa, lè yo te rankontre frè yo ki te fache anpil ak yo, sa te pase byen. Kit se nou ki pran inisyativ pou n al pale ak yon frè, kit se li ki vin pale ak nou sou yon pwoblèm nou ta genyen avè l, nou ta dwe mande tèt nou : ‘ Ki kalite pawòl mwen dwe di, ak ki ton vwa mwen dwe di yo e ki atitid mwen dwe genyen k ap pi fasil favorize lapè ? ’

Pale yon fason ki saj

Jewova konnen nou bezwen pale de sa k ap trakase lespri nou. Si nou pa rezoud pwoblèm nou genyen ak yon moun, li pwobab pou nou gen tandans pale pwoblèm nan ak lòt moun. Lè nou kenbe rankin, sa ka mennen nou kritike l byen fasil. Anrapò ak move itilizasyon lang nan, men sa Pwovèb 11:11 di : “ Mechan yo ap detwi [yon vil] ak lang yo. ” Menm jan an tou, si nou pa veye sou sa n ap di sou kretyen parèy nou, sa ka twouble lapè kongregasyon an ki tankou yon vil.

Men, pousuiv lapè pa vle di pou nou pa pale de frè ak sè nou yo menm. Men konsèy apot Pòl te bay kwayan parèy li yo : “ Pa kite ankenn move pawòl soti nan bouch nou. ” Li te ajoute : “ Pale bon koze ki ka ede lòt yo [...]. Se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt. ” ​(Efe. 4:29-32). Si yon frè vin pale avè w konsènan yon bagay ou te di oswa yon bagay ou te fè ki te blese l, èske li pap pi fasil pou w mande frè sa a eskiz oswa pou w fè lapè avè l si w konnen li konn pale an byen de ou ak lòt moun ? Kidonk, lè yo konnen nou kòm moun ki abitye pale an byen de frè nou, sa ap fè li pi fasil pou nou fè lapè lè gen ti pwoblèm. — Lik 6:31.

Annou sèvi Bondye nan ‘ tèt ansanm ’

Antanke moun enpafè, lè yon moun fè nou yon bagay, nou gen tandans rale kò nou sou li oswa nou izole tèt nou. Sepandan, li pa saj pou nou aji konsa (Pwo. 18:1). Antanke yon pèp ki ini, ki pote non Jewova, nou detèmine pou nou ‘ met tèt nou ansanm pou nou sèvi l ’. — Sef. 3:9.

Nou pa ta dwe janm kite move pawòl oswa move konduit lòt moun febli zèl nou pou adorasyon ki pwòp la. Jezi te remake yon vèv ki pòv ki te mete “ tout sa l genyen pou l viv ” nan kès tanp lan. Sa te pase kèk jou anvan Jezi te bay tèt li an sakrifis, sakrifis ki t apral ranplase ofrann moun te konn fè nan tanp lan, e kèk jou apre li te kondane eskrib yo yon fason sevè nan tanp lan. Men, èske Jezi te eseye anpeche vèv la fè ofrann nan ? Non. Okontrè, li te pale de li an byen poutèt li te soutni kongregasyon Jewova te genyen nan epòk la avèk fidelite (Lik 21:1-4). Move aksyon lòt moun yo te fè pa t retire obligasyon vèv sa a te genyen pou l kore adorasyon Jewova a.

Nou ka santi yon frè oswa yon sè te mal aji, petèt menm li te aji yon fason ki enjis, sepandan, kòman n ap reyaji ? Èske n ap kite sa afekte sèvis n ap bay Jewova ak tout nanm nou an ? Oswa, èske n ap met kouraj sou nou pou nou regle kèlkeswa pwoblèm nou ta genyen ak yon moun yon fason pou nou prezève lapè, ki enpòtan anpil, nan kongregasyon Bondye a jodi a ?

Men sa Labib konseye nou : “ Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen [“ anpè ”, NW] ak tout moun mezi nou wè nou ka fè li. ” ​(Wom. 12:18). Se pou nou gen detèminasyon pou nou fè sa. Konsa, n ap rete djanm sou wout lavi a.

[Nòt anba paj]

^ § 6 Konsènan konsèy Jezi te bay ki nan Matye 18:15-17 la, gade nan Toudegad 15 oktòb 1999, paj 17-22 (fransè).

[Foto nan paj 17]

Evodi ak Sentich te dwe pousuiv lapè.

[Foto nan paj 18]

Ki kalite pawòl nou dwe di, ak ki ton vwa nou dwe di yo e ki atitid nou dwe genyen k ap pi fasil favorize lapè ?