Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou sonje ?

Èske nou sonje ?

Èske nou sonje ?

Èske w te kontan li dènye Toudegad ki te parèt yo ? Ebyen, gade pou wè si w ka reponn kesyon sa yo :

• Ki jan nou ka pale “ lang pwòp ” la byen, sètadi verite konsènan Bondye e konsènan objektif li genyen yo (Sef. 3:9, NW) ?

Menm jan ak tout lòt lang, pou nou pale “ lang pwòp ” la byen, nou bezwen koute avèk atansyon, nou bezwen imite moun ki pale lang nan byen, nou bezwen memorize non liv ki nan Bib la avèk kèk vèsè, nou bezwen repete sa n aprann yo, nou bezwen li fò, nou bezwen analize gramè a, sètadi modèl verite a, nou bezwen kontinye fè pwogrè, nou bezwen chwazi lè pou nou etidye epi nou bezwen “ pale ” lang pwòp la regilyèman. — 15/8-CR, paj 21-25.

• Bay kèk bagay nou bezwen konnen pou nou konnen kiyès Bondye ye toutbon.

“ Nou bezwen konnen “ non l se Jewova ” e li vle nou konnen non l (Egz. 15:3). Li se “ Bondye ki gen lanmou ak lapè a ”. (2 Kor. 13:11, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman.) Li se “ Bondye ki konnen tout bagay ” la, e li se ‘ Bondye delivrans ’ lan (1 Sam. 2:3 ; Sòm 25:5). Bondye ap pwoche pi pre moun ki konnen l konsa yo. — 10-CR, paj 4-7.

• Anrapò ak maryaj, nan ki sans nou ka aplike ekspresyon “ yon kòd trese an twa ” a ?

Ekspresyon “ yon kòd trese an twa ” a se yon ekspresyon senbolik (Ekl. 4:12). Lè se anrapò ak maryaj yo aplike l, de nan branch yo reprezante mari a ak madanm nan, e yo makònen ak Bondye ki se twazyèm branch lan ki pi enpòtan. Lè de moun marye ap sèvi Bondye ansanm, sa ba yo fòs pou yo fè fas ak pwoblèm yo rankontre e sa pèmèt yo jwenn bonè nan maryaj yo. — 15/9-CR, paj 16.

• De ki sa yo t ap pale nan Ebre 6:2 lè yo di : “ poze men sou moun ” ​(NW) ?

La a, yo pa t ap pale de poze men sou moun pou nome yo ansyen. Sandout yo t ap pale de jès yo te konn fè pou pèmèt lòt kretyen resevwa don pou yo fè mirak grasa lespri sen (Tra. 8:14-17 ; 19:6). — 15/9-CR, paj 32.

• Ki sa yon bon papa rekonèt pitit li bezwen ?

Yon bon papa rekonèt pitit li bezwen, 1) pou l renmen yo 2) pou l ba yo bon egzanp, 3) pou l kreye yon anviwònman ki bay kè kontan, 4) pou l aprann yo prensip biblik yo, 5) pou l ba yo disiplin, 6) pou l pwoteje yo. — 1/10-F, paj 18-21.

• Ki jan moun ki pran latèt nan kongregasyon an ka onore lòt moun ?

Youn nan fason yon ansyen ka fè sa, se lè l pa janm mande lòt frè ak sè yo fè yon seri bagay li menm li pa dispoze fè. Anplis, li onore frè ak sè yo lè li ba yo rezon ki fè l mande yo fè yon bagay oswa rezon ki fè l ba yo yon enstriksyon. — 15/10-CR, paj 22.

• Bay kèk pwen enpòtan ki ka ede w kenbe angajman ou pran nan maryaj ou.

Men de pwen : 1) Bay maryaj ou priyorite. 2) Evite tout kalite fòm enfidelite. Kit maryaj ou stab, kit li gen tansyon ladan l, konjwen w dwe toujou santi w ap fè tout sa w kapab pou w reyisi maryaj la. De pwen sa yo ka ede w fè sa. — 1/11-F, paj 18-21.

• Ki sa yon ansyen kapab aprann nan fason bèje izrayelit yo te konn sèvi ak baton yo a ?

Bèje a te konn gide twoupo mouton l ak yon baton ki long ki fini an koub. Lè mouton yo ap antre nan patiraj la oswa lè y ap soti ladan l, yo te dwe ‘ pase anba baton an ’, konsa bèje a t ap ka konte yo (Lev. 27:32, NW). Menm jan an tou, yon bèje kretyen dwe byen konnen twoupo Bondye a e li dwe enterese konnen ki jan chak mouton ki nan twoupo a ye. — 15/11-CR, paj 9.

• Ki jan yon manman montre pwòpte gen enpòtans nan je l ?

Gen divès fason moun ka kontamine yon manje. Se sa k fè yon manman dwe toujou lave men l anvan l manyen manje moun pral manje epi li dwe toujou kouvri manje a. Li dwe kenbe kay la pwòp, yon fason pou rat, sourit ak lòt ti bèt pa vin nan kay la. Lòt bagay ki enpòtan tou pou l fè se kenbe rad yo pwòp epi veye pou moun lakay li fè twalèt yo e pou yo benyen regilyèman. Tout bagay sa yo ann amoni ak sa Labib di. — 1/12-F, paj 9-11.