Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sa nou ka aprann nan egzanp Mari

Sa nou ka aprann nan egzanp Mari

Sa nou ka aprann nan egzanp Mari

Èske w janm santi yon difikilte oswa yon responsablite twòp pou ou ? Èske w santi w bouke akoz lit w ap mennen chak jou pou w jwenn sa k nesesè pou w viv ? Petèt ou fè pati plizyè milyon moun ki boulvèse oubyen ki pè paske yo oblije kite peyi yo pou yo tounen refijye. E kiyès moun ki pa janm santi l nan gwo lapenn e ki pa janm santi l nan solitid apre lanmò pase pran yon moun pa l ?

ÈSKE w konnen Mari, manman Jezi, te jwenn tout pwoblèm sa yo e li te fè fas ak yo avèk siksè ? Ki sa nou ka aprann nan egzanp li ?

Pa gen dout nan sa, se sou tout kò tè a yo konn Mari. E nou ka konprann sa, paske li te jwe yon wòl san parèy pou pèmèt objektif Bondye reyalize. Anplis, gen plizyè milyon moun ki venere Mari. Legliz katolik konsidere l kòm yon Manman yo renmen anpil, yon moun nou ka imite paske li te gen lafwa, li te met espwa l nan Bondye e li te gen kè sansib. Yo anseye anpil moun Mari se yon moun k ap pale ak Bondye pou lèzòm.

Ki jan ou menm ou konsidere Mari, manman Jezi ? Sa ki pi enpòtan, ki jan Bondye konsidere l ?

Yon asiyasyon san parèy

Mari te pitit fi Eli. Li te soti nan tribi Jida a. Premye fwa Labib pale de li, se anrapò ak yon bagay estrawòdinè ki te rive. Gen yon zanj ki te vizite l e ki te di l : “ Bonjou, Mari, ou menm ki resevwa anpil favè. Mèt la avèk ou. ” Okòmansman, Mari te sezi e “ li t’ap mande nan kè l kisa bonjou sa a te vle di ”. Se poutèt sa zanj lan te di l Bondye te chwazi l pou l ba li yon asiyasyon ki estrawòdinè e ki enpòtan anpil. Se te pou l vin ansent, pou l pote Pitit Bondye a nan vant li e pou l leve l. — Lik 1:26-33.

Se pa ti responsablite yo te mete sou do jèn fi sa a ki potko marye ! Ki reyaksyon l te genyen ? Petèt Mari te panse pèsonn pa t ap janm kwè l. Èske lefètke l vin ansent lan, sa t ap fè Jozèf, fiyanse l, sispann renmen l e èske sa t ap avili l nan je tout moun (Detewonòm 22:20-24) ? Poutan, li te aksepte gwo asiyasyon sa a san l pa t ezite.

Mari te gen yon lafwa ki solid, se sa k fè li te aksepte fè volonte Jewova Dye. Li te gen asirans Jewova t ap veye sou li. Se poutèt sa, li te di : “ Men mwen, se sèvant Mèt la mwen ye. Mwen swate pou sa rive m jan ou di a. ” Mari te aksepte fè fas ak eprèv ki t apral vini yo paske li te bay privilèj yo te ofri l la anpil valè piske sa t ap onore Bondye. — Lik 1:38.

Lè Mari di Jozèf li ansent, Jozèf t apral kase fiyansay la. Nan moman sa a, se sèten ni li menm ni Mari te soufri anpil. Labib pa di konbyen tan peryòd difisil sa a te dire. Antouka, ni Mari ni Jozèf dwe te santi yo soulaje anpil lè zanj Jewova a te parèt devan Jozèf. Mesaje Bondye te voye a te esplike Jozèf ki jan Mari te ansent yon fason estrawòdinè e li te di Jozèf pou l pran Mari lakay li kòm madanm li. — Matye 1:19-24.

Moman difisil

Jodi a, anpil fi ki ansent pase plizyè mwa ap fè preparasyon pou bebe yo pral fè a. Petèt Mari te fè sa tou. Se t apral premye pitit li. Sepandan, gen yon seri evènman li pa t atann ki te vin boulvèse tout plan l te fè yo. Seza Ogis te bay lòd pou yo fè yon resansman. Sa te mande pou tout moun al nan vil kote yo te fèt la. Donk Jozèf, ak Mari ki te ansent nèf mwa lè sa a, te fè yon vwayaj anviwon 150 kilomèt. Petèt Mari te fè vwayaj la sou do yon bourik. Lè yo te rive Betleyèm, yo te jwenn vil la chaje ak moun. Mari te bezwen yon kote apa pou l akouche, men sèl kote ki te disponib se te yon pak bèt. Sa dwe te difisil pou Mari pou l aksepte akouche nan yon pak bèt. Petèt li te pè e li te santi kote sa a pa t konvnab ditou.

Li rezonab pou nou panse nan moman enpòtan sa yo nan lavi Mari, li te vide kè l bay Jewova paske li te gen asirans Jewova t ap pran swen l e li t ap pran swen bebe a. Nan pita, gen kèk bèje ki te vin wè tibebe a. Yo te di gen zanj ki te di pitit sa a se “ yon Sovè ”, ‘ Kris la, e Seyè a ’. Apre sa, Bib la di : “ Mari menm te kenbe tout pawòl sa yo nan kè l, li t’ap repase yo nan tèt li. ” Li te medite sou pawòl sa yo e li te jwenn fòs ladan yo. — Lik 2:11, 16-19.

E nou menm ? Petèt n ap gen pou nou soufri nan lavi a. Anplis, Labib fè nou konnen “ tan ak evènman enprevi ” ka rive nenpòt nan nou, e yo ka lage nou nan tout kalite difikilte ak pwoblèm (Eklezyas 9:11, NW). Si sa rive, èske n ap vin egri, èske n ap di se Bondye k fè sa ? Èske l pa t ap pi bon pou n imite atitid Mari epi pou n pwoche pi pre Jewova Dye, lè nou aprann sa l mande nan Labib, Pawòl li a, e nou medite sou sa nou te aprann yo ? Si nou fè sa, se sèten n ap ka andire anba eprèv yo.

Li te pòv e li te oblije kite peyi l

Mari te gen lòt pwoblèm tou. Pa egzanp, li te pòv e li te oblije kite peyi l. Èske w janm gen pwoblèm sa yo ? Selon yon rapò yo bay, “ mwatye moun nan monn nan, anviwon twa milya moun, pa menm gen de dola ameriken pou yo viv chak jou ”, e gen plizyè milyon k ap bat dlo pou fè bè malgre y ap viv nan peyi ki rich. E ou menm ? Èske w fatige, ou bouke akoz travay di w ap fè chak jou pou w bay fanmi w manje, rad ak kay pou yo rete ? Èske pafwa ou santi w pa kapab ankò ?

Labib montre nou Jozèf ak Mari te pòv. Kòman ? Evanjil yo, sètadi liv Matye a, liv Mak la, liv Lik la ak liv Jan an, aprann nou kèk bagay sou yo. E youn nan bagay yo aprann nou, sèke 40 jou apre Mari te fin akouche, li menm ak Jozèf t al nan tanp lan pou yo bay ofrann yo te dwe bay la. Sa yo te bay la se te “ yon pè toutrèl osinon de jenn pijon ” *. (Lik 2:22-24.) Se sèl moun ki te twò pòv pou yo te ofri yon jèn mouton mal ki te gen dwa bay yon sakrifis konsa. Donk, sa dwe te difisil anpil pou Jozèf ak Mari jwenn sa k nesesè pou yo viv. Malgre tou, nan fanmi yo, yo te rive kreye yon anviwònman ki plen lanmou. E asireman, se bagay espirityèl ki te vin an premye nan lavi yo. — Detewonòm 6:6, 7.

Yon ti tan apre Jezi te fin fèt, lavi Mari te vin boulvèse ankò. Gen yon zanj ki te di Jozèf pou l pran fanmi l e pou l sove al ann Ejip (Matye 2:13-15). Se dezyèm fwa Mari te oblije kite yon kote li konnen, men fwa sa a, se nan yon lòt peyi li te oblije ale. Te gen yon gwo kominote juif ann Ejip, donk, petèt Mari ak Jozèf te gen posiblite pou yo viv nan mitan Juif parèy yo. Malgre sa, li kapab difisil pou yon moun viv nan yon lòt peyi e se yon bagay ki ka dezoryante l. Èske ou menm ak fanmi w fè pati plizyè milyon moun ki kite peyi yo, swa nan enterè pitit yo, swa pou yo kouri pou yon danje ? Si se sa, sandout ou byen konprann kèk nan difikilte Mari te jwenn ann Ejip yo.

Li te yon madanm ak yon manman ki devwe

Nan Evanjil yo, apa kote yo pale de nesans Jezi ak anfans li, yo pa vrèman pale de Mari. Men, nou konnen Mari ak Jozèf te gen omwen sis lòt pitit. Ou ka sezi tande sa. Men, gade sa Evanjil yo di.

Jozèf te gen anpil respè pou privilèj Mari te genyen an, sètadi privilèj li te genyen pou l pote Pitit Bondye a nan vant li. Se sa k fè li pa t gen relasyon seksyèl avèk Mari anvan nesans Jezi. Selon Matye 1:25, Jozèf “ pat kouche ak Mari, jouk lè li te fin akouche ”. Lefètke yo di “ jouk lè ” nan vèsè sa a, sa montre apre Jezi te fin fèt, Jozèf ak Mari te gen relasyon seksyèl nòmalman antanke mari ak madanm. Evanjil yo fè konnen kòm rezilta, Mari te vin gen pitit ak Jozèf. Yo te gen ni pitit gason ni pitit fi. Jak, Jozèf, Simon ak Jida se te frè Jezi kot manman. Mari te gen omwen de pitit fi (Matye 13:55, 56). Men, timoun sa yo te fèt menm jan ak tout lòt timoun *.

Mari te yon moun ki te bay relasyon l gen ak Jewova anpil enpòtans. Byenke Lalwa pa t mande pou fi asiste fèt Pak la, chak ane, Mari te konn akonpaye Jozèf nan vwayaj li te konn fè pou l al nan fèt sa a (Lik 2:41). Se te yon vwayaj 300 kilomèt ale retou. Mete sou sa, de jou an jou, fanmi an t ap grandi. Men, sandout, vwayaj sa yo se moman ki te fè kè tout moun nan fanmi an kontan !

Gen anpil fi jodi a ki suiv bèl egzanp Mari kite. Yo travay di ak tout yo menm pou yo ranpli obligasyon yo genyen selon Ekriti yo. Souvan, madanm sa yo ki devwe demontre anpil pasyans, andirans ak imilite. Lè yo reflechi sou atitid Mari te genyen, sa ede yo toujou mete bagay espirityèl yo anvan dezi yo ta ka genyen pou yo jwenn konfò ak plezi. Menm jan ak Mari, yo konnen lè yo adore Bondye ansanm ak mari yo, sa ranfòse bon relasyon ki gen nan fanmi yo e sa fè gen inite nan fanmi an.

Yon lè, pandan Mari ak Jozèf t ap sot nan yon fèt nan Jerizalèm, petèt yo te avèk plizyè timoun lè sa a, yo rann yo kont Jezi, ki gen 12 an, pa t avèk yo. Èske w ka imajine enkyetid Mari te genyen pandan twa jou sa yo yo te fè ap chèche Jezi ? Lè Mari ak Jozèf resi jwenn Jezi ki te nan tanp lan, men sa Jezi di yo : “ Nou pa t konnen fòk mwen okipe zafè papa mwen [“ fòk se lakay Papa m pou m ye ”, NW] ? ” Yon lòt fwa ankò, Labib di Mari “ te kenbe tout bagay sa yo nan kè li ”. Sa se yon lòt bagay ankò ki montre nan ki pwen Mari te yon moun ki espirityèl. Li te medite avèk swen sou tout bagay ki te rive ki te gen rapò ak Jezi. Plizyè ane apre sa, sandout li te rakonte moun ki t ap ekri Evanjil yo tout sa l sonje nan okazyon sa a ak nan lòt okazyon ki te gen rapò ak anfans Jezi. — Lik 2:41-52.

Li te andire menm lè l te soufri e menm lè l te gen moun pa l ki mouri

Ki sa k te rive Jozèf, papa adoptif Jezi ? Nan Evanjil yo, yo te pale de li an brèf lè yo t ap esplike sa k te rive lè Jezi te piti. Apre sa, yo pa pale de li ditou. Gen moun ki panse se yon prèv ki montre li te mouri anvan Jezi te kòmanse ministè l *. Kèlkeswa sa k te rive a, sanble Mari te vèv toutbonvre nan fen ministè Jezi. Paske nan moman Jezi t ap mouri, li te kite manman l nan men apot Jan (Jan 19:26, 27). Se sèten, Jezi pa t ap fè yon bagay konsa si Jozèf te vivan toujou.

Mari ak Jozèf te viv anpil bagay ansanm. Zanj te vizite yo, yo te oblije kouri pou yon diktatè, yo te oblije demenaje plizyè fwa e yo te leve yon gwo fanmi. Yo dwe te chita ansanm byen souvan leswa ap pale konsènan Jezi, ap mande tèt yo ki sa li t ap gen pou l rankontre pi devan nan lavi l. Petèt yo te konn chita ansanm tou pou yo pale konsènan edikasyon yo t ap bay Jezi a, pou yo wè si yo t ap prepare l kòmsadwa. Epi yon sèl kou Mari vin poukont li !

Èske mari w oswa madanm ou mouri ? Èske jis kounye a ou santi w nan lapenn, kè w pa kontan epi anyen pa enterese w, malgre gen plizyè ane depi l mouri ? Pa gen dout nan sa, Mari te jwenn konsolasyon paske li te gen lafwa e li te konnen t ap gen yon rezirèksyon * (Jan 5:28, 29). Poutan, menmsi Mari te gen panse sa yo pou rekonfòte l, sa pa t anpeche l gen pwoblèm. Menm jan ak anpil manman ki poukont yo jodi a, li te gen gwo responsablite pou l pran swen pitit li yo san mari l.

Li rezonab pou nou panse se Jezi ki te vin prensipal moun k ap pran swen fanmi an lè Jozèf te mouri. Sepandan, tank frè l yo t ap grandi, yo te vin kapab patisipe nan pran swen fanmi an. “ Jezi te gen trantan konsa ” lè l te kite kay la e l te kòmanse ministè l (Lik 3:23). Pifò paran tris, men yo fyè anmenmtan, lè yo wè yon pitit gason yo oubyen yon pitit fi yo ki vin gran kite kay la. Yo tèlman envesti tan nan pitit yo, yo tèlman fè efò pou yo ede yo, yo ka santi yon gwo vid lontan apre timoun yo fin kite kay la. Èske w gen pitit gason oswa pitit fi ki kite kay ou pou yo ka pousuiv objektif yo ? Èske w santi w fyè de yo, men, anmenmtan, pafwa, ou ta byen renmen pou yo pi pre w ? Nan ka sa a, ou ka konprann jan Mari dwe te santi l lè Jezi te kite kay la.

Yon eprèv li pa t ap atann

Yon lòt eprèv Mari te jwenn, se yon eprèv sandout li pa t ap atann li t ap jwenn. Lè Jezi t ap preche, gen anpil moun ki te suiv li, poutan, pwòp frè l yo pa t suiv li. Labib di : “ Frè l yo pa t kwè nan li. ” ​(Jan 7:5). Sandout, Mari te di yo zanj lan te di l Jezi se “ Pitit Bondye ”. (Lik 1:35.) Malgre sa, Jak, Jozèf, Simon ak Jida te senpleman konsidere Jezi kòm gran frè yo. Konsa, Mari te vin twouve l nan yon fanmi ki divize nan domèn relijyon.

Èske Mari te vin dekouraje devan sitiyasyon sa a, èske l te sispann eseye chanje pwennvi lòt pitit li yo ? Jamè ! Yon fwa, pandan Jezi t ap preche Galile, li t al manje nan yon kay e te gen yon foul moun ki te rasanble pou yo koute l. Kiyès yo di nou ki te deyò a ap chèche l ? Se te Mari ak frè Jezi yo. Donk, lè Jezi pa t lwen lakay li, Mari te konn suiv li e li te konn mennen lòt pitit li yo avèk li. Petèt li te panse sa t ap fè yo chanje fason yo te wè Jezi. — Matye 12:46, 47.

Petèt ou menm tou w ap fè fas ak menm pwoblèm nan. Petèt w ap fè efò pou w suiv Jezi, alòske sa pa enterese lòt manm fanmi w yo. Pa kite sa dekouraje w pou w bay vag. Menm jan ak Mari, gen anpil moun ki te ankouraje fanmi yo avèk pasyans pandan plizyè ane anvan yo te wè yo fè yon chanjman toutbon. Yon andirans konsa gen anpil valè nan je Bondye, kit lòt moun yo byen reyaji, kit yo pa byen reyaji. — 1 Pyè 3:1, 2.

Eprèv ki te pi difisil la

Sandout, dènye eprèv Mari te sibi, selon sa Ekriti yo rakonte nou, se te eprèv ki te plis dechire kè l la. Li te wè pitit gason cheri l la k ap soufri nan moman l t ap mouri apre moun peyi l te fin rejte l. Yo dekri lanmò yon pitit kòm “ pi gwo pèt yon moun ka sibi ”, kòm “ lanmò ki pote plis chagren an ”, kit timoun nan te piti, kit li te gentan granmoun. Jan yo te predi sa depi plizyè dizèn ane, se kòmsi Mari te santi yon epe t ap travèse zantray li. — Lik 2:34, 35.

Èske Mari te kite dènye eprèv sa a kraze l nèt nan domèn afektif, oubyen èske l te kite sa febli lafwa l gen nan Jewova ? Non. Lòt fwa yo mansyone Mari nan Labib apre sa, yo di li te avèk disip Jezi yo e li “ t’ap lapriyè san rete ” ansanm avèk yo. Anplis, li pa t poukont li, lòt pitit gason l yo te avèk li. Lè sa a, yo te gentan kòmanse mete lafwa nan gran frè yo a. Se pa ti rekonfòte sa dwe te rekonfòte Mari * ! — Travay 1:14.

Antanke fi, antanke madanm e antanke yon manman ki te fidèl, Mari te gen yon vi ki byen ranpli e ki te ba l satisfaksyon. Li te viv anpil bagay ki te ba l satisfaksyon nan domèn espirityèl. Li te andire anba anpil eprèv ak anpil difikilte. Pa gen dout nan sa, lè n ap fè fas ak difikilte nou pa t ap atann, oubyen nou santi nou enkyè akoz pwoblèm nou gen nan fanmi nou, nou ka suiv egzanp Mari nan fason li te andire fidèlman anba eprèv yo. — Ebre 10:36.

Men, gen anpil moun ki venere Mari, ki sa nou ka di sou sa ? Lefètke Labib montre Mari te jwe yon wòl san parèy, èske sa vle di moun ta dwe venere l ?

[Nòt anba paj]

^ § 17 Yo te ofri youn nan zwazo sa yo kòm yon ofrann pou peche yo (Levitik 12:6, 8). Lefètke Mari te bay ofrann sa a, sa montre li te rekonèt li te eritye peche nan men Adan, premye òm nan, menm jan ak tout moun enpafè. — Women 5:12.

^ § 26 Gen moun ki fè remake yo pa pale de Jozèf kote yo pale de ministè Jezi, alòske yo pale de manman Jezi, de frè l yo ak sè l yo. Pa egzanp, nan festen maryaj ki te fèt Kana a, yo montre Mari te la e li te byen aktif, li te menm pran kèk inisyativ. Sepandan, yo pa pale de Jozèf (Jan 2:1-11). Nan yon lòt sikonstans, moun ki te nan vil kote Jezi te fèt la t ap pale de Jezi. Lè sa a, yo pa t pale de li kòm pitit Jozèf, men kòm “ pitit Mari a ”. — Mak 6:3.

^ § 28 Pou nou jwenn plis enfòmasyon konsènan pwomès Bib la fè anrapò ak rezirèksyon, gade nan chapit 7 liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

^ § 36 Gade kare ki gen tit :  “ Li pa t pè chanje ” a ki nan paj 7.

[Kare/Foto nan paj 6]

 Èske Jezi te gen frè ak sè ?

Wi, li te gen frè ak sè. Malgre Evanjil yo montre sa aklè plizyè kote, gen kèk teyolojyen ki bay gwo agiman pou eseye pwouve se pa vre (Matye 12:46, 47 ; 13:54-56 ; Mak 6:3). Sepandan, biblis yo remake de bagay nan teyori ki di Mari pa t fè okenn lòt pitit. Premyèman, teyolojyen sa yo gen yon rezon byen presi ki fè yo vin ak teyori sa yo. Se defann y ap defann ansèyman legliz la ki di Mari te vyèj pandan tout lavi li. Ansèyman sa a te parèt lontan apre Mari te fin mouri. Dezyèmman, lè yo byen egzamine teyori sa yo, yo wè yo pa gen fondman.

Pa egzanp, youn nan teyori yo di “ frè ” Jezi yo se pitit Jozèf yo te ye, pitit li te fè avèk yon lòt madanm li te genyen anvan li te marye avèk Mari. Men, lide sa a manke fondman paske, si se te vre, Jezi pa t ap gen dwa legal pou l eritye wayòm David la antanke premye pitit Jozèf. — 2 Samyèl 7:12, 13.

Gen yon lòt teyori ki pretann frè Jezi yo pa t frè l vre, se kouzen l yo te ye pito, byenke Ekriti grèk yo gen yon mo pou “ kouzen ”, yon mo pou “ frè ” ak yon mo pou “ fanmi ”. Se poutèt sa, yon biblis ki rele Frank Gaebelein di teyori sa yo pa chita sou anyen. Men konklizyon li tire : “ Li pi natirèl pou nou konprann mo ‘ frè ’ a fè referans ak pitit Jozèf ak Mari, sa vle di frè Jezi sou bò manman. ”

[Kare nan paj 7]

 Li pa t pè chanje

Mari te fèt nan yon fanmi juif e li te fè pati relijyon juif la. Li te konn al nan sinagòg (se konsa Juif yo rele kote yo adore Bondye a) ki te nan zòn lakay li e li te konn al nan tanp lan nan Jerizalèm. Sepandan, tank Mari te vin gen plis konesans sou objektif Bondye yo, se tank li te vin wè Bondye pa t apwouve tradisyon zansèt li yo. Se te chèf relijye juif yo ki te touye Mesi a, Pitit li. Men, anvan yo te fè sa, Jezi te di yo : “ Gade ! Yo abandone kay [nou an] tankou yon dezè. ” ​(Matye 23:38, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman). Bondye te retire benediksyon l sou sistèm relijye Mari te leve ladan l lan. — Galat 2:15, 16.

Lè kongregasyon kretyen an te fèt, Mari te gen anviwon 50 an. Donk, ki chwa l t apral fè ? Èske l t apral di li te fèt nan relijyon juif la e li ta renmen ret fidèl ak tradisyon zansèt li yo ? Èske l t ap di li te gentan twò granmoun pou l chanje ? Non ! Mari te konprann se kongregasyon kretyen an Bondye te beni nan moman sa a. Se sa k fè lafwa ak kouraj li te genyen te fè l pa pè chanje relijyon l te ye a.

[Foto nan paj 5]

Yo te oblije kite peyi yo pou y al ann Ejip.

[Foto nan paj 8]

Pa gen pi mal pase sa pou yon manman.