Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Wòl Mari jwe nan objektif Bondye

Wòl Mari jwe nan objektif Bondye

Wòl Mari jwe nan objektif Bondye

PANDAN ministè Jezi, gen yon fi ki te leve vwa l pi wo pase bri ki t ap fèt nan foul la e ki te di Jezi : “ Fanm ki te pote ou nan vant li epi ki te ba ou tete a, se yon fanm Bondye beni ! ” Si Jezi te vle pou moun venere manman l, li te ka tou pwofite okazyon sa a pou l ankouraje moun ki t ap koute l yo fè sa. Sepandan, men sa l te di : “ Moun ki koute pawòl Bondye epi ki mete l an pratik, se yo menm Bondye beni. ” — Lik 11:27, 28.

Jezi pa t bay manman l yon onè espesyal, ni li pa t janm di disip li yo pou yo fè sa. Men, kòman fè gen anpil moun sensè k ap venere Mari ? Annou konsidere kèk ansèyman ki gaye toupatou konsènan manman Jezi e annou konpare yo avèk sa Labib anseye.

Li “ resevwa anpil gras ” e “ pami tout fi, [...] Bondye beni ” l

Zanj Gabriyèl te fè Mari konnen ki wòl li t ap gen pou l jwe nan objektif Bondye. Men ki jan li te salye Mari lè l te vin anonse l sa : “ Bonjou, Mari, ou menm ki resevwa anpil favè. Mèt la avèk ou. ” ​(Lik 1:28). Men sa yon lòt tradiksyon Labib di pou menm salitasyon sa a : “ Bonjou, ou menm ki resevwa anpil gras ! Seyè a avèk ou. ” Yon ti tan apre sa, men ki jan Elizabèt te salye Mari : “ Pami tout fi, ala beni Bondye beni ou ! Ala beni li beni fwi zantray ou ! ” ​(Lik 1:42, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman). Èske pawòl sa yo pa montre nou ta dwe venere Mari ?

An reyalite, yo pa montre sa. Byenke pawòl sa yo nan yon priyè katolik yo fè pou Mari, Labib pa di anyen ki montre nou ta dwe priye l. Gabriyèl ak Elizabèt te rekonèt Mari te gen yon privilèj san parèy antanke moun ki te dwe pote Mesi a nan vant li, men Ekriti yo pa pale ditou de kesyon priye l la. Okontrè, lè disip Jezi yo te mande l pou l aprann yo ki jan pou yo priye, li te montre se Papa l yo ta dwe priye. Anfèt, priyè modèl yo rele Nòtrepè Jezi te bay la, yon priyè anpil moun konnen, kòmanse ak pawòl sa yo : “ Papa nou ki nan syèl la. ” — Matye 6:9.

Li se youn nan dirijan yo

Yon lòt ansèyman yo bay konsènan Mari, sèke yo di kounye a li se “ Rèn syèl la ”. Labib pa t janm ba l yon tit konsa. Sepandan, li montre Mari gen yon plas espesyal nan administrasyon Bondye gen nan syèl la. Ki plas sa a ?

Jezi te fè konnen gen kèk nan disip fidèl li yo ki t ap gen pou yo dirije ansanm avèk li nan Wayòm li an (Lik 22:28-30). Jezi pral bay moun li chwazi yo pouvwa pou yo vin “ prèt pou Bondye nou an, e yo gen pou yo dirije tè a kòm wa ”. (Revelasyon 5:10, NW.) Labib bay prèv ki montre Mari fè pati moun yo bay kokenn privilèj sa a. Ki jan nou fè di sa ?

Petèt w ap sonje apre Jezi te fin mouri, Mari te ansanm ak disip Jezi yo e ansanm ak frè Jezi yo. Yo t ap “ lapriyè san rete ”. Yo te anviwon 120 ki te reyini pou yo priye, te gen kèk “ medam ” tou ki te avèk yo (Travay 1:12-15). Labib di “ lè jou Lapannkòt la rive, yo tout te reyini ansanm menm kote a ”, lè sa a Bondye te vide lespri sen l sou yo, konsa li te ba yo kapasite pou yo pale lòt lang. — Travay 2:1-4.

Piske Mari te pami moun ki te jwenn benediksyon sa a, sa montre yo te chwazi li menm ak lòt medam ki te resevwa lespri sen yo pou yo fè pati Wayòm Jezi a ki nan syèl la. Se sa k fè nou di kounye a Mari chita nan laglwa ansanm ak Jezi nan syèl la (Women 8:14-17). Annou konsidere kèk privilèj li menm ak lòt moun ki pral dirije ak Jezi yo pral genyen nan akonplisman objektif Bondye yo.

Yo pral vide benediksyon estrawòdinè sou limanite

Liv Revelasyon an montre gen 144 000 moun ki t ap resisite pou y al nan syèl la pou yo ka prèt, jij ak wa bò kote Jezi (Revelasyon 14:1, 4 ; 20:4, 6). Antanke prèt, y ap gen pou yo patisipe nan fè tout moun ki obeyisan jwenn byenfè grasa sakrifis Jezi a. Konsa, y ap pèmèt yo jwenn pèfeksyon nan domèn espirityèl, nan domèn moral ak nan domèn fizik (Revelasyon 21:1-4). Vrèman, tout adoratè fidèl Jewova yo pral gen yon gwo privilèj pou yo viv moman estrawòdinè sa a * !

Mari te jwe yon wòl nan reyalizasyon objektif Jewova yo e li toujou jwe yon wòl nan sa. Nou bezwen imite l nan domèn imilite, lafwa, obeyisans ak devouman li te genyen antanke manman. Men sitou, nou ta dwe imite l nan domèn andirans anba eprèv. Li merite anpil respè lefètke li se manman Mesi a e lefètke li jwe yon wòl nan fè lèzòm benefisye byenfè ranson an.

Sepandan, leson ki pi enpòtan nou aprann nan men Mari, sèke li menm ansanm ak tout lòt sèvitè fidèl Bondye yo pa t adore okenn lòt dye, sof Jewova. Mari ansanm ak lòt moun k ap dirije ansanm ak Kris nan syèl la leve vwa yo byen fò pou yo di : “ Lwanj, respè, pouvwa, otorite pou Moun ki chita sou fòtèy la [Jewova], ak pou ti Mouton an [Jezi Kris] pou tout tan. ” — Revelasyon 5:13 ; 19:10.

[Nòt anba paj]

^ § 13 Pou nou jwenn plis enfòmasyon konsènan benediksyon sa yo, gade chapit 8 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

[Antrefilè nan paj 9]

Annou imite Mari nan domèn imilite, lafwa ak obeyisans.