Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w pè mò ?

Èske w pè mò ?

Èske w pè mò ?

GEN anpil moun k ap annik di : “ Non. Poukisa pou m ta pè mò a ? ” Yo panse moun ki mouri yo mouri toutbonvre. Sepandan, gen plizyè milyon moun ki panse moun ki mouri yo ap viv antanke espri.

Nan peyi Benen, nan lwès Afrik, anpil moun panse moun ki mouri yo kapab tounen pou yo touye manm fanmi yo. Gen moun ki vann sa yo genyen oswa ki fè dèt pou yo peye moun fè sakrifis bèt ak seremoni pou yo, yon fason pou fanmi yo ki mouri pa fè yo anyen ki mal. Gen moun ki konn pratike espiritis tou. Yo menm yo kwè gen yon pati nan moun nan ki envizib e ki pa mouri lè moun nan mouri.Yo panse lespri mò yo kapab kominike ak moun ki vivan. Gen lòt ki fè eksperyans ki fè yo pè e yo panse se lespri mò yo ki lakòz yo fè eksperyans sa yo.

Agboola, yon mesye k ap viv toupre fwontyè ki separe Benen ak Nijerya a, te fè yon eksperyans konsa. Men sa li di : “ Nan zòn kote n ap viv la, maji fè pati lavi nou. Li kouran pou w wè moun k ap benyen kadav moun nan yon seremoni yo fè pou yo prepare moun sa yo pou y al viv nan monn envizib la. Souvan, mwen te konn ranmase rès savon sa yo, mwen melanje yo ak kèk fèy epi mwen pase melanj lan sou zam lachas mwen an. Pandan m ap fè sa, mwen t ap site non bèt mwen ta renmen pran lachas la. Nan zòn kote n ap viv la, li kouran pou moun fè sa e sanble sa efikas. Sepandan, gen lòt aspè nan fè maji ki bay laperèz.

“ Lè de nan pitit gason m yo te mouri san rezon, mwen te sispèk se yon moun ki t ap fè maji dèyè m. Pou m te ka konnen si sa m te panse a se te vre, mwen t al wè yon mesye aje moun byen konnen nan zòn mwen an akoz li gen pouvwa mistik. Li te fè m wè sa m te panse a se vre. Nonsèlman sa, men li te fè m konnen kounye a pitit mwen yo nan monn envizib la ap tann moman an rive pou yo vin sèvitè moun ki te touye yo a lè l mouri. Anplis, li di m se menm bagay la k ap rive twazyèm pitit mwen an. Kèk jou apre, pitit sa a te mouri tou. ”

Apre sa, Agboola te rankontre John, yon Temwen Jewova k ap viv Nijerya, peyi ki pataje menm fwontyè ak Benen an. John te ba l yon esplikasyon sou mò yo ki baze sou sa Labib di. Esplikasyon sa a te chanje lavi Agboola. Li kapab chanje lavi w tou.

Èske mò yo toujou vivan ?

Kiyès ki pi byen plase pou l reponn kesyon sa a ? Se pa okenn moun, menmsi se yon moun anpil moun konsidere kòm yon moun ki konn anpil bagay sou mò yo. Depreferans, se Jewova ki kapab reponn li, li menm ki “ kreye tou sa ki nan syèl la ak sou latè, sa nou wè ak sa nou pa wè ”. (Kolosyen 1:16.) Li te kreye zanj yo pou yo rete nan syèl la e li te kreye moun ak bèt pou yo rete sou tè a (Sòm 104:4, 23, 24). Kit se nan syèl la, kit se sou tè a, lavi depann de li (Revelasyon 4:11). Ann gade pou nou wè sa Labib, Pawòl Bondye, di sou kesyon lanmò a.

Se Jewova an premye ki te pale sou kesyon lanmò a. Li te avèti Adan ak Èv, li te di yo yo t ap mouri si yo te dezobeyi l (Jenèz 2:17). Ki sa sa te vle di ? Men esplikasyon Jewova te bay : “ Se pousyè ou ye, ou gen pou tounen pousyè ankò. ” ​(Jenèz 3:19). Lè yon moun mouri, kò l dekonpoze tounen pousyè. Moun nan pa gen lavi ankò.

Adan ak Èv te fè espre yo dezobeyi Bondye, se sa k fè li te kondane yo pou yo mouri. Sepandan, se pa t yo menm ki te mouri an premye. Se te Abèl, pitit yo. Kayen, gran frè l, te touye l (Jenèz 4:8). Sepandan, Kayen pa t pè pou frè l la ki te mouri a ta vin tire revanj sou li. Okontrè, li te pè sa moun ki vivan te ka fè l. — Jenèz 4:10-16.

Plizyè syèk apre, wa Ewòd te santi li boulvèse lè kèk astwològ te fè l konnen gen yon “ wa juif ” ki te fèt nan wayòm li a. Li te fè yon plan pou l touye tout tigason nan Betleyèm ki te gen dezan oswa mwens pase dezan, paske li te detèmine pou l touye moun sa a li te panse ki t apral yon rival pou li. Men, gen yon zanj ki te avèti Jozèf pou l pran Mari ak Jezi e pou l “ sove ale nan peyi Lejip ” avèk yo. — Matye 2:1-16.

Lè Ewòd mouri, gen yon zanj ki di Jozèf pou l retounen ann Izrayèl “ paske, moun ki te vle touye ti pitit la, yo mouri ”. (Matye 2:19, 20.) Zanj lan, ki se yon espri, te konnen Ewòd pa t ap ka fè tipitit la anyen. Jozèf pa t pè wa Ewòd apre l te fin mouri. Sepandan, li te pè Akelayis, pitit Ewòd la, ki te mechan, paske li te konnen sa l te ka fè. Se sa k fè Jozèf te mennen fanmi l al rete Galile, ki pa t nan distri Akelayis t ap dirije a. — Matye 2:22.

Istwa sa yo pèmèt nou konprann mò yo pa gen okenn pouvwa. Men, ki jan nou kapab konprann eksperyans ni Agboola ni lòt moun fè yo ?

“ Demon ”, sètadi movèzespri

Lè Jezi te vin yon adilt, li te konn rankontre espri mechan yo. Yo te rekonèt Jezi e yo te rele l “ Pitit Bondye ”. Jezi te konnen tou kiyès yo te ye. Se pa espri moun ki te mouri yo ye. Okontrè, Jezi te rele yo “ demon ”, sètadi movèzespri. — Matye 8:29-31 ; 10:8 ; Mak 5:8, NW.

Labib pale de espri ki fidèl anvè Bondye yo e li pale de sa ki te rebele kont li yo. Liv Jenèz la di lè Jewova te mete Adan ak Èv deyò nan jaden Edenn apre yo te fin peche a, li te mete cheriben, oubyen zanj, nan pati lès jaden an pou yo pa t antre ladan l ankò (Jenèz 3:24). Lè sa a, sanble se premye fwa moun te wè zanj.

Kèk tan apre, gen yon kantite zanj ki te pran fòm kò moun pou yo vin sou tè a. Jewova pa t voye yo fè anyen sou tè a. Okontrè, se kite yo te “ kite kote [Bondye] te mete yo a ”, sètadi syèl la (Jid 6). Se paske yo te egoyis ki fè yo te fè sa. Yo te pran yon seri fi ki te vin madanm yo, yo te fè pitit ak yo. Men, pitit sa yo pa t kapab fè pitit. Yo te rele yo Nefilim. Nefilim yo ansanm ak papa yo ki te rebèl te ranpli tè a ak vyolans e ak yon seri lòt move bagay (Jenèz 6:1-5). Akoz sitiyasyon sa a, Jewova te fè yon gwo delij vin sou tout tè a nan epòk Noye a. Dlo delij la te detwi mechan sa yo, fi kou gason, ansanm ak Nefilim yo. Ki sa k te rive zanj yo ?

Akoz delij la, yo te oblije kite kò moun yo te genyen an pou yo retounen espri ankò. Sepandan, Jewova pa t kite yo retounen nan “ pozisyon [li] te ba yo ” anvan an (Jid 6). Men sa Labib di sou sa : “ Bondye pa t ezite pini zanj ki te peche yo, men, li te lage yo nan twou fènwa pwès pou l rezève yo pou jijman, lè li te voye yo jete yon kote ki rele Tata. ” — 2 Pyè 2:4, NW.

Tata a se pa yon kote toutbon. Se yon kondisyon ki tankou yon prizon kote zanj sa yo Bondye te met deyò nan òganizasyon l lan ki nan syèl la limite nan aktivite yo. Demon yo pa ka pran fòm kò moun ankò, men yo toujou gen pouvwa pou yo enfliyanse panse lèzòm ak lavi yo. Yo kapab antre nan moun ak nan bèt (Matye 12:43-45 ; Lik 8:27-33). Yo twonpe lèzòm tou lè yo chèche fè moun kwè yo se espri moun ki mouri yo. Poukisa yo fè sa ? Yo fè sa pou yo ka fè moun yo pa adore Jewova fason ki fè l plezi a e pou yo ka anpeche yo konnen nan ki kondisyon mò yo ye toutbon.

Fason yon moun ka venk laperèz sa a

Agboola te wè esplikasyon Bib la bay sou lanmò e sou espri yo lojik. Li te konprann li bezwen aprann plis bagay toujou. Li te kòmanse etidye Labib ansanm ak piblikasyon ki baze sou Bib la avèk John. Agboola jwenn rekonfò paske li konnen pitit li yo ap dòmi nan lanmò, men yo pa ap ret tann nan yon monn envizib pou yo vin sèvitè moun ki te touye yo a. — Jan 11:11-13.

Agboola te wè tou li dwe sispann pratike tout kalite fòm espiritis. Li te boule tout bagay li te genyen ki te gen rapò ak espiritis (Travay 19:19). Nan zòn li a, gen moun ki te fè l konprann espri yo t apral fè l mechanste, men li pa t pè sa. Li te suiv konsèy nou jwenn nan Efezyen 6:11, 12 la, ki di : “ Mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou [...]. Paske [...] nou gen pou nou goumen [...] ak move lespri. ” Zam sa yo gen ladan yo laverite, jistis, bon nouvèl lapè a, lafwa ak epe lespri a, sètadi Pawòl Bondye a. Zam sa yo, se Bondye ki bay yo e yo pisan anpil !

Lefètke Agboola pa t vle pratike yon seri koutim ki makònen ak espiritis, gen kèk zanmi l ak fanmi l ki pa t vle wè l. Men, li te jwenn lòt zanmi nan Sal Wayòm Temwen Jewova ki nan zòn li a, moun ki kwè nan sa Labib anseye.

Kounye a, Agboola konnen Jewova pral netwaye tè a talè konsa, li pral retire mechanste e li pral bloke tout aktivite demon yo nèt. Finalman, li pral detwi yo (Revelasyon 20:1, 2, 10). Bondye pral resisite “ tout moun ki nan tonm souvni yo ” pou yo viv sou tè a (Jan 5:28, 29, NW). Ladan yo, ap gen Abèl, timoun wa Ewòd te touye yo ak plizyè milyon lòt moun ankò. Agboola gen konfyans twa pitit pa l yo ap resisite pami moun sa yo. Moun pa w ki mouri yo kapab pami moun sa yo tou. Lè tout moun sa yo resisite, yo pral fè konnen aklè yo pa t konn anyen ditou pandan tan yo te mouri a, pakonsekan, yo pa t konnen lè moun t ap fè seremoni pou yo.

Ou pa gen okenn rezon pou w pè mò yo. Depreferans, ou kapab tann moman kote ou pral rejwenn moun pa w ki te mouri yo. Antretan, se pou w etidye Labib pou w ka fè lafwa w vin pi solid. Se pou w frekante moun ki kwè nan sa Labib anseye yo. Si w te konn pratike maji sou kèlkeswa fòm nan e pou kèlkeswa rezon an, pa pran tan pou w sispann fè sa. Mete “ tout kalite zam Bondye ban nou ” yo sou ou pou w ka pwoteje tèt ou kont demon yo (Efezyen 6:11). Temwen Jewova yo ap kontan ede w nan sans sa a. Yo ofri w pou yo fè yon etid Labib gratis avèk ou lakay ou nan yon liv yo itilize ki rele Ki sa Labib anseye toutbonvre ? *

Agboola pa pè mò yo ankò e li konnen ki jan pou l opoze ak demon yo. Men sa l di : “ Mwen pa konnen kiyès ki touye twa pitit gason m yo. Men, kounye a, pandan m ap sèvi Jewova a, mwen vin gen sèt lòt pitit. Pa gen yon espri ki janm fè yo mal. ”

[Nòt anba paj]

^ § 25 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

[Antrefilè nan paj 29]

Agboola pa pè mò yo ankò, e li konnen ki jan pou l opoze ak demon yo.

[Foto nan paj 28]

Kayen pa t pè pou frè l la ki te mouri a ta vin tire revanj sou li.