Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon jij ki pa ka fè lenjistis

Yon jij ki pa ka fè lenjistis

Annou pwoche bò kote Bondye

Yon jij ki pa ka fè lenjistis

Jenèz 18:22-32

ÈSKE moun ki jis, ki bon moun e ki san patipri pa atire w ? Nou menm lèzòm, nou fèt avèk dezi pou moun trete nou byen. Malerezman, nan monn n ap viv jodi a, gen anpil enjistis. Sepandan, gen yon Jij ki merite pou nou fè l konfyans : se Jewova Dye. Li toujou fè sa ki dwat. Nou kapab wè sa byen klè nan yon konvèsasyon li te gen ak Abraram. Nou jwenn konvèsasyon sa a nan Jenèz 18:22-32 *.

Lè Jewova te fè Abraram konnen li te pran desizyon pou l chèche konnen sa k ap pase nan Sodòm ak Gomò, Abraram te pè pou moun jis ki t ap viv nan vil sa yo. Pami yo, te gen Lòt, neve l. Men jan Abraram te sipliye Jewova : “ Eske se vre ou pral touye inonsan yo ansanm ak koupab yo ? Si gen senkant moun inonsan nan lavil la, [...] èske ou p’ap fè pa lavil la poutèt senkant inonsan sa yo ? ” ​(Vèsè 23, 24). Lè sa a, Bondye di l l ap epaye vil sa yo si gen 50 moun inosan ladan yo. Apre sa, Abraram sipliye Jewova senk fwa ankò. Chak fwa sa yo, li redui kantite moun nan jiskaske kantite a rive nan dis. Chak fwa sa yo tou, Bondye di l li pap detwi vil yo si li jwenn kantite moun jis sa yo ladan yo.

Èske se kou rèd Abraram t ap fè ak Bondye ? Non ! Si se te sa, sa t ap montre li te awogan anpil. Ton li te pale ak Bondye a montre li te gen gwo respè pou li e li te gen imilite. Anpalan de tèt li, Abraram te di se senp “ pousyè ak sann ” ​(NW) li ye. An kat fwa li itilize yon ekspresyon ki montre respè. An de fwa li itilize ekspresyon “ eskize m wi ”, e an de fwa li di “ tanpri ”. (Vèsè 27, 30-32.) Anplis, pawòl li yo montre konfyans li te genyen Jewova se yon Dye ki toujou fè sa ki dwat. Abraram di “ se pa posib ” pou Bondye ta detwi moun ki jis ansanm ak moun ki mechan. Apre sa li di : “ Non, sa pa ka fèt. ” Li te montre konviksyon li te genyen “ Bondye k ap jije tout moun sou tè a pa ka nan fè lenjistis ”. — Vèsè 25.

Èske Abraram te gen rezon nan sa li t ap di yo ? Yon bò li te gen rezon, men, yon lòt bò li pa t gen rezon. Li te nan erè lefètke li te panse te gen omwen dis moun jis nan vil Sodòm ak Gomò. Men, li te gen rezon lè li te di Jewova pa t ap janm “ fè inosan peri ak koupab ”. Annapre, lè Jewova te detwi vil sa yo ki te chaje ak moun mechan ladan yo, te gen yon zanj ki te ede Lòt, yon nonm ki jis, ak de pitit fi l yo chape vivan. — 2 Pyè 2:7-9.

Ki sa istwa sa a aprann nou sou Jewova ? Anfèt, lè Jewova te fè Abraram konnen li te pran desizyon pou l chèche konnen sa k ap pase nan de vil sa yo, se envite li te envite Abraram pale avè l. Ansuit, avèk pasyans, li te koute Abraram, zanmi l, ki t ap fè l konnen enkyetid li genyen nan fon kè l (Izayi 41:8). Sa montre byen klè jan Jewova se yon Dye ki gen imilite, ki bay sèvitè l yo sou tè a diyite e ki onore yo. Vrèmanvre, nou gen tout rezon pou nou mete konfyans nou nèt nan Jewova, Jij ki pa ka fè lenjistis la.

[Nòt anba paj]

^ § 1 Nan okazyon sa a, te gen yon zanj ki te reprezante Jewova e ki t ap pale pou li. Pou nou jwenn yon lòt egzanp, nou ka gade nan Jenèz 16:7-11, 13.

[Foto nan paj 22]

Abraram te sipliye Jewova konsènan vil Sodòm ak Gomò.