Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo kontinye “ mache dèyè ti Mouton an ”

Yo kontinye “ mache dèyè ti Mouton an ”

Yo kontinye “ mache dèyè ti Mouton an ”

“ [Moun sa yo] ap mache dèyè ti Mouton an kote l pase. ” — REV. 14:4.

1. Ki jan vrè disip Jezi yo konsidere kesyon suiv Jezi a ?

SA FÈ anviwon dezan edmi depi Jezi kòmanse ministè l sou tè a. Kounye a, li “ nan sinagòg Kapènawòm lan [l] ap moutre moun yo anpil bagay ”. Sepandan, “ anpil nan disip yo wete kò yo, yo pa mache avè l ankò ” paske yo twouve pawòl li yo chokan. Lè Jezi mande 12 apot li yo si yo menm tou yo te vle ale, Simon Pyè reponn : “ Seyè, ki moun pou n al jwenn ? Se ou menm ki gen pawòl k’ap bay lavi ki p’ap janm fini an. Koulye a nou kwè, nou konnen se ou menm ki moun Bondye chwazi a. ” ​(Jan 6:48, 59, 60, 66-69). Vrè disip Jezi yo pa t vle sispann suiv li. Yonfwa yo te fin wen yo ak lespri sen, yo te kontinye soumèt yo anba direksyon Jezi. — Tra. 16:7-10.

2. a) Ki moun ki “ esklav fidèl ki prevwayan an ” oswa “ entandan fidèl la ” ? b) Ki jan esklav la fè vin gen yon bèl repitasyon nan kesyon “ mache dèyè ti Mouton an ” ?

2 E kretyen wen yo nan epòk nou an menm ? Nan pwofesi Jezi te bay konsènan ‘ siy prezans li ak siy konklizyon sistèm nan ’, li te pale de gwoup disip li yo ki t ap resevwa lespri sen an kòm etan “ esklav fidèl ki prevwayan an ” oswa “ entandan fidèl la ”. (Mat. 24:3, 45, NW ; Lik 12:42, NW.) Antanke gwoup, esklav la gen yon trè bon repitasyon anrapò ak fason l “ mache dèyè ti Mouton an kote l pase ”. (Li Revelasyon 14:4, 5.) Moun ki fè pati gwoup esklav la se moun ki rete vyèj nan yon sans espirityèl, sa vle di yo pa sal tèt yo ni ak kwayans ni ak pratik “ Gwo Babilòn ” nan, sètadi anpi mondyal fo relijyon yo (Rev. 17:5). Fo doktrin pa “ janm soti nan bouch yo ”, e yo rete “ san repwòch ” nan monn Satan an (Jan 15:19). Alavni, rès kretyen wen yo ki sou tè a “ pral suiv ” Timouton an menm lè y al nan syèl la. — Jan 13:36.

3. Sa k fè li enpòtan pou nou fè esklav la konfyans ?

3 Jezi te etabli esklav fidèl ki prevwayan an sou “ domestik ” li yo, sa vle di sou chak grenn manm ki fè pati gwoup esklav la, pou l ba yo “ manje lè pou yo manje ”. Li te etabli esklav la sou “ tout byen l yo ” tou (Mat. 24:45-47). “ Byen ” sa yo gen ladan yo “ gwo foul ” “ lòt mouton ” yo ki kontinye ap vin pi plis (Rev. 7:9 ; Jan 10:16). Èske chak moun ki fè pati gwoup kretyen wen yo ak “ lòt mouton ” yo pa ta dwe gen konfyans nan esklav yo etabli sou yo a ? Gen anpil rezon ki fè esklav la merite pou nou fè l konfyans. Men de pi gwo rezon yo : 1) Jewova fè klas esklav la konfyans. 2) Jezi li menm tou fè esklav la konfyans. Annou analize prèv ki fè nou di ni Jewova Dye ni Jezi Kris gen yon konfyans total nan esklav fidèl ki prevwayan an.

Jewova fè esklav la konfyans

4. Sa k fè nou ka gen konfyans nan manje espirityèl esklav fidèl ki prevwayan an sèvi nou ?

4 Annou wè sa k fè esklav fidèl ki prevwayan an rive ban nou manje espirityèl ki nourisan nan moman apwopriye. Men sa Jewova di : “ M’a louvri lespri ou sou anpil bagay. M’a moutre ou chemen pou ou swiv la. M’a ba ou bon konsèy. M’ap voye je sou ou. ” ​(Sòm 32:8). Wi, Jewova ap dirije esklav la. Kidonk, nou ka gen yon konfyans totalkapital nan eklèsisman, esplikasyon ak direksyon ki soti nan Bib la nou resevwa nan men esklav la.

5. Ki sa ki montre lespri Bondye bay esklav la fòs ?

5 Jewova beni esklav la avèk lespri sen l tou. Se vre lespri Jewova envizib, men rezilta li pwodui lakay moun li aji sou yo parèt aklè. Reflechi sou tout sa esklav fidèl ki prevwayan an gentan fè nan kesyon bay temwayaj sou Jewova, sou Pitit li a e sou Wayòm nan nan lemonnantye. Adoratè Jewova yo ap anonse mesaj Wayòm nan nan plis pase 230 peyi ak tèritwa. Èske sa se pa yon prèv klè ki montre lespri Bondye bay esklav la fòs ? (Li Travay 1:8.) Pou esklav la bay pèp Jewova a ki sou tout tè a manje espirityèl nan moman apwopriye, li dwe pran anpil desizyon enpòtan. Lè esklav la ap pran desizyon sa yo e lè l ap mete yo ann aplikasyon, li fè sa avèk lanmou, avèk dousè e ak lòt kalite ki gen nan fwi lespri a. — Gal. 5:22, 23.

6, 7. Jis nan ki pwen Jewova fè esklav fidèl la konfyans ?

6 Pou nou rive konprann jis nan ki pwen Jewova fè esklav fidèl la konfyans, annou reflechi sou pwomès li fè moun ki fè pati esklav la. Apot Pòl te ekri : “ Twonpèt la pral sonnen e mò yo pral leve ak yon kò ki pa ka dekonpoze, e n ap chanje. Paske, sa ki ka dekonpoze a dwe chanje pou l vin pa ka dekonpoze, e sa ki ka mouri a dwe chanje pou l vin pa ka mouri. ” ​(1 Kor. 15:52, 53, NW). Disip Kris ki wen yo, ki sèvi Bondye fidèlman e ki mouri yo, mouri avèk yon kò ki ka dekonpoze. Lè yo resisite, yo pa annik resisite antanke kreyati espirityèl ki gen lavi etènèl, men, Bondye ba yo imòtalite, sa vle di yon lavi ki pap janm fini e ki pa ka detwi. Anplis, Bondye fè yo vin pa ka dekonpoze, sa vle di li ba yo yon kò ki pa ka pouri, e sanble tou kò sa a ka viv poukont li san l pa bezwen anyen pou ba l enèji. Revelasyon 4:4 dekri moun sa yo ki resisite a kòm moun ki chita sou twòn e ki gen kouwòn annò sou tèt yo. Kretyen ki wen yo pral gen glwa antanke wa. Men, gen plis prèv toujou ki montre Bondye fè kretyen wen yo konfyans.

7 Revelasyon 19:7, 8 (Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman) di : “ Maryaj Ti Mouton an rive. Epi, [lamarye a] prepare tèt li pou sa. Epi, yo bay [lamarye a] dwa abiye ak yon twal len ki klere epi ki pwòp. (Paske, twal len an se zèv jis, sen yo fè.) ” Jewova chwazi kretyen wen yo pou yo vin madanm Pitit li a. Kò yo pap ka dekonpoze ankò, yo pap ka mouri ankò, yo pral wa e yo pral marye ak “ Ti Mouton an ”. Ala yon seri kado estrawòdinè yo pral resevwa ! Tout sa se yon seri prèv enteresan ki montre Bondye gen konfyans nan kretyen wen yo ki “ mache dèyè ti Mouton an kote l pase ”.

Jezi fè esklav la konfyans

8. Ki sa Jezi fè ki montre li gen konfyans nan disip li ki wen ak lespri yo ?

8 Ki prèv ki montre Jezi gen yon konfyans total nan disip ki wen yo ? Dènye nuit Jezi te pase sou tè a, li te fè 11 apot fidèl yo yon pwomès. Li te di yo : “ Se nou menm ki te toujou la avè m nan eprèv mwen yo. E mwen menm, mwen fè yon alyans avèk nou, menm jan Papa m fè yon alyans avèk mwen, pou yon wayòm, pou nou ka manje e pou nou ka bwè sou tab mwen avè m nan wayòm mwen an, e pou nou ka chita sou twòn pou nou jije douz tribi Izrayèl yo. ” ​(Lik 22:28-30, NW). Alyans Jezi te fè lè sa a avèk 11 apot yo, se tout 144 000 kretyen wen yo ki t ap gen pou yo antre ladan l (Lik 12:32 ; Rev. 5:9, 10 ; 14:1). Èske Jezi t ap fè yon alyans pou l pataje pouvwa Wayòm nan avèk kretyen wen yo si l pa t gen konfyans nan yo ?

9. Ki sa ki gen nan “ tout byen [Kris] yo ” ?

9 Anplis, Jezi Kris te nome esklav fidèl ki prevwayan an sou “ tout byen l yo ”, sètadi tout enterè Wayòm nan gen sou tè a (Mat. 24:47). Nan byen sa yo, gen lokal syèj mondyal Temwen Jewova yo, filyal yo ki nan plizyè peyi, Sal asanble yo ak Sal Wayòm yo nan lemonnantye. Travay predikasyon Wayòm nan ak travay fè disip la fè pati byen sa yo tou. Èske yon moun t ap janm nome yon moun pou l jere byen l si l pa gen konfyans moun sa a ka veye sou yo e li ka byen itilize yo ?

10. Ki sa ki montre Jezi Kris avèk disip wen li yo ?

10 Apre rezirèksyon Jezi, yon ti tan anvan l te monte nan syèl la, li te parèt devan disip fidèl li yo e li te fè yo yon pwomès. Li te di yo : “ Chonje sa byen : mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba. ” ​(Mat. 28:20). Èske Jezi fè sa l te pwomèt la ? Nan 15 dènye ane ki sot pase yo, kantite kongregasyon Temwen Jewova ki gen nan lemonnantye te ogmante. Te gen anviwon 70 000 kongregasyon, men kounye a, kantite a rive plis pase 100 000. Se yon ogmantasyon ki depase 40 pousan. E konbyen moun ki te vin disip ? Gen prèske 4,5 milyon disip ki te batize pandan 15 ane sa yo. Sa vle di gen plis pase 800 moun ki te batize chak jou. Akwasman sa a ki estrawòdinè se yon prèv byen klè ki montre Kris ap soutni dispozisyon disip wen li yo pran pou gen reyinyon nan kongregasyon yo e l ap soutni yo nan travay fè disip la.

Esklav la fidèl e li prevwayan

11, 12. Ki jan esklav la montre li fidèl e li prevwayan ?

11 Piske Jewova Dye ak Jezi Kris fè esklav fidèl ki prevwayan an yon konfyans total, èske nou menm tou nou pa ta dwe fè yo yon konfyans total ? Epitou, esklav la montre li fidèl nan fason l akonpli travay yo konfye l la. Pa egzanp, l ap pibliye peryodik Toudegad depi 130 an. Li òganize reyinyon, asanble ak kongrè pou l kontinye fòtifye nou nan domèn espirityèl.

12 Esklav la prevwayan tou nan sans li pa aji avèk ògèy, li pa pran devan Jewova, ni li pa dezobeyi enstriksyon klè Jewova bay nan kèlkeswa domèn nan. Pa egzanp, chèf fo relijyon yo apwouve konduit moun nan monn nan genyen ki demontre yo egoyis e yo pa gen respè pou Bondye. Yo konn apwouve yo anba anba oswa yon fason ki byen klè. Men, esklav la li menm ap bay avètisman pou fè moun konnen danje ki gen nan monn mechan Satan an. Esklav la anmezi pou l bay avètisman ki saj nan moman apwopriye paske Jewova Dye ak Jezi Kris beni l. Se sa k fè esklav la merite pou nou fè l yon konfyans total. Sepandan, ki jan nou ka montre nou gen konfyans nan li ?

Yo ‘ ale avèk ’ kretyen wen yo dèyè Timouton an

13. Ann amoni ak pwofesi Zekarya a, ki jan nou ka demontre nou gen konfyans nan esklav fidèl ki prevwayan an ?

13 Nan liv Zekarya a, yo pale de “ dis moun ” ki vin kote “ yon jwif ” e ki di l : “ Nou vle ale avè ou. ” ​(Li Zekarya 8:23.) “ Jwif ” y ap pale de li la a reprezante yon gwoup moun. Nan epòk nou an, li reprezante rès kretyen ki wen ak lespri yo, ki se yon pati nan “ Izrayèl Bondye a ”. (Gal. 6:16, NW.) “ Dis moun [k] ap sòti nan lòt peyi kote yo pale lòt lang ” yo reprezante gwo foul lòt mouton yo. Menm jan kretyen wen yo suiv Jezi kèlkeswa kote l ale, se konsa tou, gwo foul la ‘ ale avè ’ esklav fidèl ki prevwayan an, sa vle di yo akonpaye l. Moun ki nan gwo foul la pa ta dwe janm wont idantifye tèt yo kòm konpayon moun “ Bondye te rele pou antre ansanm nan syèl la ”. (Ebre 3:1.) Jezi pa wont rele kretyen wen yo “ frè ” l. — Ebre 2:11.

14. Ki jan nou kapab soutni frè Kris yo fidèlman ?

14 Jezi Kris konsidere lè yon moun soutni frè l yo fidèlman se li menm moun nan soutni. (Li Matye 25:40.) Men, nan ki sans moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a kapab soutni frè Kris yo ki wen ak lespri ? Toudabò, se lè yo ede yo fè travay predikasyon Wayòm nan (Mat. 24:14 ; Jan 14:12). Se vre, kantite kretyen wen ki sou tè a kontinye ap diminye depi plizyè dizèn ane, men, kantite kretyen ki fè pati lòt mouton yo kontinye ap ogmante. Lè moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a patisipe nan travay predikasyon an, yo sèvi kòm evanjelizatè aplentan si sa posib, yon fason pou yo montre yo soutni kretyen ki wen ak lespri yo nan travay fè disip yo konfye yo a (Mat. 28:19, 20). Nou bezwen sonje tou, nou gen privilèj pou nou soutni travay sa a pa mwayen ofrann volontè nou ka fè divès fason.

15. Ki jan chak kretyen ta dwe reyaji devan manje espirityèl esklav la distribye nan moman apwopriye a e devan desizyon li pran ki gen rapò ak òganizasyon an ?

15 Antanke kretyen, ki jan nou konsidere manje espirityèl esklav fidèl la ap distribye nan moman apwopriye pa mwayen piblikasyon ki baze sou Bib la e pa mwayen reyinyon yo ak asanble yo ? Èske nou manje l avèk rekonesans e èske nou aplike sa n aprann yo ? Ki jan nou reyaji devan desizyon esklav la pran ki gen rapò ak òganizasyon an ? Lè nou obeyi enstriksyon li ban nou yo ak tout kè nou, nou montre nou gen konfyans nan dispozisyon li pran pou l dirije nou yo. — Jak 3:17.

16. Poukisa tout kretyen dwe koute vwa frè Kris yo ?

16 Men sa Jezi te di : “ Mouton m yo koute vwa m, mwen konnen yo epi yo swiv mwen. ” ​(Jan 10:27). Se sa kretyen wen yo fè. E moun ki ansanm “ avè ” yo, ki sa yo dwe fè ? Yo dwe koute Jezi. Yo dwe koute frè Jezi yo tou piske se yo menm prensipalman ki gen responsablite pou yo gide pèp Bondye a e pou yo pran swen l. Ki sa nou dwe fè pou nou montre nou koute vwa frè Kris yo ?

17. Ki sa nou dwe fè pou nou montre nou koute klas esklav la ?

17 Jodi a, se Kolèj santral la ki reprezante esklav fidèl ki prevwayan an. Se li menm ki alatèt travay predikasyon Wayòm nan e ki òganize travay sa a sou tout tè a. Frè ki manm Kolèj santral yo se ansyen ki gen anpil eksperyans e ki wen ak lespri. Se yo menm an patikilye “ k ap dirije nou ”. (Ebre 13:7.) Siveyan sa yo gen “ anpil bagay pou [yo] fè nan travay Seyè a ” paske yo gen pou yo pran swen plis pase 7 000 000 pwoklamatè Wayòm nan nan lemonnantye ki nan plis pase 100 000 kongregasyon (1 Kor. 15:58, NW). Pou nou koute klas esklav la, sa mande pou nou kowopere ak Kolèj santral la ak tout nou menm.

Moun ki koute esklav la jwenn benediksyon

18, 19. a) Ki benediksyon moun ki koute esklav fidèl ki prevwayan an jwenn ? b) Ki detèminasyon nou ta dwe genyen ?

18 Depi lè yo fin nome esklav fidèl ki prevwayan an, li ‘ moutre anpil moun jan pou yo mache dwat ’. (Dàn. 12:3.) Pami moun sa yo, gen moun ki gen esperans pou yo chape vivan lè sistèm mechan ki la kounye a pral detwi. Ala yon gwo benediksyon sa ye lè Bondye konsidere yon moun kòm moun ki jis !

19 Alavni, lè ‘ vil sent lan, nouvo Jerizalèm nan [ki fòme ak 144 000 moun yo] pral desann sot kote Bondye nan syèl la, prepare tankou yon lamarye ki byen abiye pou mesye marye li ’, ki sa moun ki te koute vwa esklav la pral jwenn ? Labib di : “ Bondye, li menm, ap avèk yo. L ap siye tout dlo nan je yo. Epi pap gen ni lanmò, ni dèy, ni kriye, ni doulè ankò. Paske, premye jan bagay yo te ye a ap disparèt. ” ​(Rev. 21:2-4, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman). Se sa k fè nou gen tout rezon pou nou koute Kris ansanm ak frè l yo ki wen ak lespri e ki merite pou nou fè yo konfyans.

Ki sa nou te aprann ?

• Ki sa ki montre Jewova fè esklav fidèl ki prevwayan an konfyans ?

• Ki prèv ki montre Jezi Kris gen yon konfyans total nan klas esklav la ?

• Poukisa entandan fidèl la merite pou nou fè l konfyans ?

• Ki jan nou kapab demontre nou gen konfyans nan esklav la ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 25]

Èske w konnen kiyès Jewova chwazi pou marye ak Pitit li a alavni ?

[Foto nan paj 26]

Jezi Kris konfye esklav fidèl ki prevwayan an “ byen l yo ”.

[Foto nan paj 27]

Lè nou patisipe nan travay predikasyon an, nou soutni kretyen wen yo.