Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kontinye fikse je w sou rekonpans lan

Kontinye fikse je w sou rekonpans lan

Kontinye fikse je w sou rekonpans lan

“ M’ap kouri dwat devan m sou mak kote m prale a, pou m ka jwenn rekonpans [lan]. ” — FIL. 3:14.

1. Ki rekonpans yo te ofri apot Pòl ?

APOT Pòl se yon moun ki te soti nan yon gwo fanmi. Yo te konnen l tou sou non Sol moun Tas. Li te resevwa fòmasyon nan men Gamalyèl, yon gwo pwofesè Lalwa anpil moun te konnen, ki te anseye l relijyon zansèt li yo (Tra. 22:3). Pou anpil moun, Pòl te gen yon bèl karyè devan l, poutan, li te kite relijyon zansèt li yo pou l vin kretyen. Depi lè sa a, li t ap chèche rekonpans yo te ofri l la, sètadi lavi etènèl. Li t apral gen imòtalite antanke wa e antanke prèt nan Wayòm Bondye a ki nan syèl la. Se Wayòm sa a ki pral dirije tè a k ap tounen yon paradi. — Mat. 6:10 ; Rev. 7:4 ; 20:6.

2, 3. Nan ki pwen rekonpans Pòl t ap jwenn pou l viv nan syèl la te gen anpil valè nan je l ?

2 Men sa Pòl te di pou l montre ki jan rekonpans sa a te gen anpil valè nan je l : “ Si yon lè mwen te konsidere tout bagay sa yo tankou yon garanti, kounyeya yo pa vo anyen pou mwen, akòz Kris la. Men, se pa sa sèlman. Se tout bagay menm ki pa vo anyen pou mwen, lè m konpare yo ak gwo avantaj mwen genyen lè m konnen Jezikri tankou Senyè mwen. Poutèt li, mwen voye tout bagay jete, mwen gade yo tankou fatra. ” ​(Fil. 3:7, 8). Bagay pifò moun konsidere kòm bagay ki enpòtan, tankou gwo pozisyon nan sosyete a, richès, bèl karyè ak renome, Pòl li menm te konsidere yo kòm fatra, yonfwa li te aprann ki objektif Jewova gen pou limanite.

3 Apati moman sa a, sa k te gen plis enpòtans pou Pòl se te konesans ki gen anpil valè li te gen sou Jewova e sou Kris la. Men sa Jezi te di konsènan konesans sa a nan yon priyè : “ Lavi ki p’ap janm fini an, se pou yo konnen ou, ou menm ki sèl Bondye tout bon an, ansanm ak moun ou voye a : Jezikri. ” ​(Jan 17:3). Nou kapab wè aklè ki jan Pòl te vrèman vle gen lavi etènèl la nan sa l di nan Filipyen 3:14 la. Men sa l di : “ M’ap kouri dwat devan m sou mak kote m prale a, pou m ka jwenn rekonpans Bondye rele m vin resevwa nan syèl la, gremesi Jezikri. ” Pa gen dout nan sa, Pòl te fikse je l sou rekonpans lan, sètadi lavi etènèl nan syèl la antanke youn nan moun ki t ap gen pou l dirije nan Wayòm Bondye a.

Lavi sou tè a pou toutan

4, 5. Ki rekonpans yo ofri plizyè milyon moun k ap fè volonte Bondye jodi a ?

4 Rekonpans pifò moun ki chwazi fè volonte Bondye yo ap travay pou yo jwenn, se lavi etènèl nan monn nouvo Bondye a (Sòm 37:11, 29). Jezi te montre se yon esperans ki sèten. Men sa l te di : “ Benediksyon pou moun ki dou, paske latè va eritaj yo. ” ​(Mat. 5:5, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman). Selon Sòm 2:8, Jezi se prensipal moun ki pral eritye tè a. Anplis, ap gen 144 000 moun ki pral dirije ansanm avè l nan syèl la (Dàn. 7:13, 14, 22, 27). “ Eritaj ” moun ki fè pati lòt mouton yo, se tè a k ap anba dominasyon Wayòm nan ‘ ki te prepare pou nou depi fondasyon monn nan ’. (Mat. 25:34, 46, NW.) Nou gen garanti sa ap fèt vre paske se Bondye ki fè pwomès la e li “ pa janm manti ”. (Tit 1:2.) Nou ka gen asirans pwomès Bondye yo ap akonpli, menm jan ak Jozye ki te montre li gen asirans sa a lè l te di Izrayelit yo : “ Senyè a, Bondye nou an, te ban nou tout bèl bagay li te pwomèt nou yo. Li kenbe tou sa li te pwomèt, yo tout rive vre. ” — Joz. 23:14.

5 Nan monn nouvo Bondye a, lavi a pap menm jan ak lavi jodi a ki pa bay satisfaksyon. L ap diferan nèt, paske pap gen ni lagè, ni krim, ni lamizè, ni enjistis, ni maladi, ni lanmò ankò. Lè sa a, tout moun pral gen yon sante ki pafè e yo pral viv sou tè a k ap tounen yon paradi. Lavi nan monn nouvo a pral pote satisfaksyon pou nou, e satisfaksyon sa a ap depase tout sa nou te ka reve. Vrèman, lè sa a, moun pral viv ak kè kontan chak jou. Ala yon rekonpans estrawòdinè !

6, 7. a) Ki jan Jezi te montre ki sa nou ka atann ki pral fèt nan monn nouvo Bondye a ? b) Ki sa k pral rive menm moun ki te mouri yo ?

6 Lè Jezi te sou tè a, Bondye te ba l pouvwa pa mwayen lespri sen l pou l montre ki bagay estrawòdinè li pral fè sou tout tè a nan monn nouvo a. Pa egzanp, Jezi te bay yon mesye ki te gen 38 an depi l paralize lòd pou l mache. Labib aprann nou mesye a te mache vre. (Li Jan 5:5-9.) Nan yon lòt okazyon, Jezi te rankontre “ yon nonm ki te avèg depi li te fèt ” e li te geri l. Apre sa, gen moun ki te poze l kesyon konsènan moun ki te geri l la. Men sa l te reponn yo : “ Nou poko janm tande yo fè yon moun ki fèt avèg wè. Si nonm sa a pat soti nan Bondye, li pa ta ka fè anyen. ” ​(Jan 9:1, 6, 7, 32, 33). Jezi te rive fè tout bagay sa yo paske Bondye te ba l pouvwa pou l fè yo. Tout kote Jezi te ale, li te “ geri moun ki te bezwen gerizon ”. — Lik 9:11, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman.

7 Nonsèlman Jezi te gen pouvwa pou l geri moun ki malad ak moun ki enfim, men tou, li te gen pouvwa pou l resisite moun ki mouri. Pa egzanp, te gen yon tifi ki te gen 12 an ki te mouri, e sa te fè paran l gen anpil lapenn. Sepandan, men sa Jezi te di : “ Ti fi, mwen di ou leve. ” E li te leve vre ! Èske w imajine reyaksyon paran l yo ak lòt moun ki te la yo te genyen ? (Li Mak 5:38-42.) Nan monn nouvo Bondye a, moun yo ‘ pap posede yo ankò, tèlman yo pral kontan ’ ​(NW) lè yo wè plizyè milya moun k ap resisite, paske “ pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis ni pou moun ki enjis ”. (Tra. 24:15, NW ; Jan 5:28, 29.) Moun sa yo ki resisite pral gen posiblite pou yo viv pou toutan.

8, 9. a) Ki sa k pral rive peche nou eritye nan men Adan an pandan Rèy mil an Kris la ? b) Sou ki baz yo pral jije moun ki mouri yo ?

8 Pa gen okenn moun ki resisite k ap kondane davans. Yo pap kondane yo poutèt peche yo te fè anvan yo te mouri (Wom. 6:7). Pandan Rèy mil an Kris la, toutpandan moun ki obeyisan yo pral resevwa byenfè grasa sakrifis Jezi te bay kòm ranson an, tikras pa tikras yo pral vin pafè, e finalman yo pap gen tras efè peche Adan an nan yo ditou ankò (Wom. 8:21). Jewova “ pral fè pa janm gen lanmò ankò. Li pral siye dlo nan je tout moun ”. (Iza. 25:8.) Pawòl Bondye a di tou yo pral “ louvri yon bann liv ”, sa montre moun ki pral viv nan epòk sa a pral resevwa nouvo enstriksyon (Rev. 20:12). Toutpandan tè a ap tounen yon paradi, “ moun ki sou latè [pral] resi konnen sa ki rele jistis ”. — Iza. 26:9.

9 Se pa sou baz peche moun ki resisite yo te eritye nan men Adan an yo pral jije yo, men se sou baz sa yo chwazi fè. Men sa Revelasyon 20:12 di : “ Yo jije tout moun mouri yo dapre sa yo te fè, dapre sa ki te ekri nan liv yo ”, sa vle di yo jije yo pou aksyon yo fè apre yo fin resisite. Vrèman, sa se yon bèl fason Jewova demontre jistis li, mizèrikòd li ak lanmou l. Anplis, moun ki resisite yo “ p’ap chonje ” bagay ki tris ki te fè yo gen lapenn lè yo t ap viv nan vye monn sa a, e bagay sa yo “ p’ap janm vin nan tèt yo ankò ”. (Izayi 65:17.) Move bagay ki te fèt lontan yo pap fè yo tris ankò paske yo pral jwenn yon seri nouvo enstriksyon k ap ankouraje yo e yo pral mennen yon lavi ki ranpli ak bon bagay. Yo pral bliye move bagay ki te rive yo nèt (Rev. 21:4). Menm bagay la pral rive tou pou “ gwo foul ” la k ap soti vivan nan Amagedòn. — Rev. 7:9, 10, 14.

10. a) Ki jan lavi a pral ye nan monn nouvo Bondye a ? b) Ki sa w ka fè k ap ede w fikse je w sou rekonpans lan ?

10 Nan monn nouvo Bondye a, moun yo pral viv san yo pa janm ni malad ni mouri ankò. “ Pèsonn nan peyi a p’ap plenyen di li malad ankò. ” ​(Iza. 33:24). Finalman, chak maten, moun k ap viv sou tè tounèf la pral leve avèk yon sante ki pafè e avèk kè kontan pou yo viv yon lòt bèl jounen. Yo pral gen travay k ap fè kè yo kontan e y ap bò kote moun ki renmen yo. Yon lavi konsa se vrèman yon rekonpans estrawòdinè ! Sa w panse si w ouvri Bib ou pou w li pwofesi ki nan Izayi 33:24 la ak nan Izayi 35:5-7 la ? Eseye imajine ou la lè sa a. Sa ka ede w fikse je w sou rekonpans lan.

Kèk moun ki pa t kontinye fikse je yo sou rekonpans lan

11. Sa k fè rèy Salomon an te byen kòmanse ?

11 Yonfwa nou fin konnen rekonpans ki sere pou nou an, nou bezwen fè efò pou nou kontinye fikse je nou sou li paske nou ka vin pa wè l ankò. Pa egzanp, lè Salomon te vin wa nan Izrayèl tan lontan an, li te priye Bondye avèk imilite pou l kapab ba l konpreyansyon ak disènman pou l ka jije pèp la yon fason ki kòrèk. (Li 1 Wa 3:6-12.) Se pou rezon sa a, Labib di : “ Bondye te bay Salomon anpil lespri, anpil bon konprann ak yon konesans nou pa ka mezire. ” Vrèmanvre, “ Salomon te gen plis bon konprann pase tout moun ki [te] gen bon konprann nan peyi bò solèy leve yo, osinon pase tout moun ki [te] gen bon konprann nan peyi Lejip ”. — 1 Wa 4:29-32.

12. Ki avètisman Jewova te bay pou moun ki ta vin wa nan peyi Izrayèl ?

12 Sepandan, anvan sa, Jewova te bay kèk avètisman. Li te di kèlkeswa moun ki ta vin wa a, li “ pa dwe ogmante kantite cheval li genyen ”, ni “ li pa dwe ap miltipliye kantite madanm li genyen, poutèt pou kè l pa pran yon lòt direksyon ”. (Det. 17:14-17, NW.) Si yon wa te ogmante kantite cheval li genyen, sa t ap montre li te konte sou fòs militè pou pwoteje nasyon an olye l konte sou Jewova, Pwotektè a. E si wa a ta miltipliye kantite madanm li genyen, sa t ap yon danje pou li paske kèk nan yo te kapab soti nan nasyon payen ki te toupre yo, yon seri nasyon k ap pratike fo adorasyon. Madanm sa yo te ka fè wa a vire do bay vrè adorasyon l ap bay Jewova a.

13. Ki sa Salomon te fè ki montre li pa t kontinye fikse je l sou privilèj yo te ba l la ?

13 Salomon pa t koute avètisman sa yo. Okontrè, li te fè egzakteman sa Jewova te di wa yo pa dwe fè a. Li te rive gen plizyè milye cheval ak kavalye (1 Wa 4:26). Anplis, li te marye ak 700 fi e li te gen 300 lòt fi sou kote. Anpil nan yo te soti nan nasyon payen ki te toupre yo. Medam sa yo te “ pran tèt li, yo fè l al sèvi lòt bondye. Li pa [t] sèvi Senyè a, Bondye li a, ak tout kè li ankò ”. Salomon te vin ap pratike bagay sal ki nan fo adorasyon nasyon payen yo t ap pratike yo. E se medam sa yo ki te fè l antre nan pratike bagay sa yo. Se sa k fè Jewova te di li t ap “ wete baton kòmandman an ” nan men Salomon. — 1 Wa 11:1-6, 11.

14. Ki konsekans dezobeyisans Salomon an ak dezobeyisans nasyon Izrayèl la te genyen ?

14 Gwo privilèj Salomon te genyen pou l reprezante Bondye a te vin pa enpòtan pou li ankò. Wa a te vin lage kò l nan fo adorasyon. Finalman, tout nasyon an te vin aposta, e sa te lakòz yo detwi nan ane 607 anvan epòk nou an. Finalman, Juif yo te restore vrè adorasyon an. Sepandan, plizyè syèk apre sa, men sa Jezi te di : “ Bondye pran wayòm li a nan men nou pou li bay yon nasyon li, yon nasyon k ap donnen fwi li yo. ” E se egzakteman sa k te rive. Men sa Jezi te di : “ Yo abandone kay ou. ” ​(Mat. 21:43 ; 23:37, 38, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman). Lefètke nasyon Izrayèl la te enfidèl, sa te fè l pèdi gwo privilèj li te genyen pou l reprezante vrè Dye a. Nan ane 70 epòk nou an, lame women an te detwi Jerizalèm ak tanp lan, e anpil nan Juif ki te rete yo te vin esklav.

15. Site kèk moun ki pa t kontinye fikse je yo sou bagay ki te enpòtan toutbon yo.

15 Jida Iskaryòt se te youn nan 12 apot Jezi yo. Li te tande bèl ansèyman Jezi yo e li te wè mirak Jezi te fè avèk èd lespri sen. Sepandan, Jida pa t siveye kè l. Yo te konfye l kès lajan ki te gen kòb Jezi ak 12 apot yo. Men, “ se [yon] vòlè li te ye. Se li ki te kenbe kès lajan an, li te konn pran nan sa yo te mete ladan li ”. (Jan 12:6.) Li te vin tèlman ava, li te fè konplo ak prèt an chèf yo ki te ipokrit pou l livre Jezi pou 30 pyès ann ajan (Mat. 26:14-16). Yon lòt moun ki pa t kontinye fikse je l sou rekonpans lan se te Demas, ki te yon konpayon apot Pòl. Demas pa t siveye kè l. Men sa Pòl te di : “ Demas lage m, li te renmen bagay ki nan lemonn lan twòp. ” — 2 Tim. 4:10 ; li Pwovèb 4:23.

Yon leson nou chak ka tire

16, 17. a) Nan ki pwen moun ki opoze avèk nou an gen pouvwa ? b) Ki sa k ka ede nou andire kèlkeswa eprèv Satan ta mete devan nou ?

16 Tout sèvitè Bondye yo ta dwe byen reflechi sou egzanp ki nan Bib la, paske Bib la di nou : “ Tout bagay sa yo rive pou sa sèvi lòt yo egzanp. Yo ekri yo nan Liv la pou sa sèvi nou avètisman. Paske, pou nou menm k’ap viv kounyeya, pa rete lontan ankò anvan pou lafen an rive. ” ​(1 Kor. 10:11). Jodi a, n ap viv nan dènye jou sistèm mechan sa a. — 2 Tim. 3:1, 13.

17 Satan Ledyab, “ dye sistèm sa a ” ​(NW), konnen li ‘ pa rete anpil tan ankò ’. (2 Kor. 4:4 ; Rev. 12:12.) L ap fè tout sa l kapab pou l fè sèvitè Jewova yo pa ret fidèl ak prensip yo genyen antanke kretyen. Satan gen kontwòl sou monn sa a, sa vle di li gen kontwòl tou sou mwayen monn nan itilize pou l fè pwopagann. Sepandan, sèvitè Jewova yo gen yon bagay ki gen plis pouvwa lontan, se “ yon pisans ki depase yon pisans nòmal ”. (2 Kor. 4:7, NW.) Nou mèt gen asirans fòs sa a Bondye ban nou an ap ede nou andire kèlkeswa eprèv Satan ta mete devan nou. Se sa k fè Labib ankouraje nou pou nou priye toutan, avèk asirans Jewova ap “ ban nou Sentespri l, lè nou mande l li ”. — Lik 11:13.

18. Ki jan nou ta dwe konsidere monn sa a ?

18 Yon lòt bagay ki kapab ankouraje nou, se lefètke nou konnen sistèm Satan an pral detwi talè konsa, tandiske vrè kretyen yo pral chape vivan. “ Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y’ap viv pou tout tan. ” ​(1 Jan 2:17). Piske se konsa sa ye, li pa t ap saj ditou pou yon sèvitè Bondye panse gen yon bagay nan sistèm sa a ki ka gen plis valè pase relasyon l ak Jewova. Monn sa a Satan ap domine a tankou yon bato k ap koule. Jewova bay sèvitè fidèl li yo kongregasyon an ki tankou yon “ kano sovtaj ”. E tank y ap pwoche pi pre monn nouvo a, yo ka gen konfyans nan pwomès sa a : “ Moun ki mete konfyans yo nan Senyè a va pran peyi a [“ tè a ”, NW] pou yo. Men, y’ap disparèt mechan yo. ” ​(Sòm 37:9). Kidonk, annou kontinye fikse je nou sou rekonpans estrawòdinè sa a !

Èske nou sonje ?

• Ki jan Pòl te konsidere rekonpans yo te ofri l la ?

• Sou ki baz yo pral jije moun ki pral viv sou tè a pou toutan ?

• Ki sa li saj pou w fè depi kounye a ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 12, 13]

Lè w ap li Bib la, èske w imajine tèt ou k ap jwenn rekonpans lan ?