Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova merite pou nou louwe l nan inite

Jewova merite pou nou louwe l nan inite

Jewova merite pou nou louwe l nan inite

“ Lwanj pou Senyè a ! ” — SÒM 111:1.

1, 2. Ki sa mo “ Alelouya ” a vle di, e ki jan yo itilize l nan Ekriti grèk kretyen yo ?

“ ALELOUYA ! ” Se yon mo moun konn tande moun ki rasanble nan legliz lakretyente yo ap di. Gen kèk moun ki itilize l souvan nan konvèsasyon yo genyen chak jou. Sepandan, pa gen anpil nan yo ki konnen sans li genyen an ki sakre. Anplis, anpil nan moun ki itilize l yo dezonore Bondye nan fason y ap viv (Tit 1:16). Selon yon diksyonè biblik, “ Alelouya ” se yon “ ekspresyon yo te itilize nan plizyè sòm. Moun ki te ekri sòm sa yo te itilize l pou yo envite tout moun mete ansanm ak yo pou yo fè lwanj pou Jewova. ” Anfèt, gen anpil biblis ki fè konnen “ Alelouya ” vle di “ ‘ louwe Ya ’, [sa vle di] Jewova. ”

2 Nou kapab konprann rezon ki fè Traduction du monde nouveau a mete “ Louwe Ya ! ” nan Sòm 111:1 pou l tradui ekspresyon sa a. Nan Revelasyon 19:1-6, nou jwenn yon fòm grèk ekspresyon sa a ki parèt kat fwa pou selebre lafen fo relijyon yo. Lè sa fèt, vrè sèvitè Bondye yo pral gen yon rezon espesyal pou yo itlize ekspresyon “ Alelouya ” a avèk anpil respè.

Bagay estrawòdinè li kreye yo

3. Ki rezon prensipal ki fè nou reyini regilyèman ?

3 Moun ki te konpoze Sòm 111 lan bay anpil rezon ki fè Jewova merite pou nou louwe l nan inite. Vèsè 1 an di : “ M’a fè lwanj Senyè a ak tout kè m, nan mitan moun ki mache dwat yo, nan mitan pèp Bondye a lè yo reyini. ” Temwen Jewova yo nan epòk pa nou an wè bagay yo menm jan an. Rezon prensipal ki fè nou reyini regilyèman nan kongregasyon yo ak nan asanble yo, se pou nou louwe Jewova.

4. Ki jan lèzòm kapab chèche konprann bagay Jewova fè yo ?

4 “ Bagay Senyè a fè se gwo zafè ! Tout moun ki kontan wè yo ap chache konprann yo. ” ​(Sòm 111:2). Remake yo di : “ Chache konprann. ” Dapre yon ouvraj referans, vèsè sa a kapab gen rapò ak moun ki wè bagay Bondye fè yo e “ ki pran san yo pou yo medite sou yo e pou yo etidye yo an pwofondè ”. Tout bagay Jewova kreye yo ranpli yon fonksyon byen presi nan anviwònman yo nan yon objektif byen presi. Li mete solèy la, tè a ak lalin nan nan plas yo youn parapò ak lòt yon fason ki konvnab pou pèmèt tè a jwenn chalè ak limyè li bezwen. Se sa k fè tou gen lannuit ak lajounen, gen sezon yo e gen lè pou lanmè a monte ak lè pou l desann.

5. Ki sa dekouvèt lèzòm fè nan fason yo konprann linivè a montre ?

5 Syantifik yo dekouvri anpil bagay konsènan pozisyon tè a nan sistèm solè a. Yo dekouvri tou gwosè lalin nan, pwa li peze ak fason li vire otou tè a ideyal pou fonksyònman tè a. Pozisyon lalin nan, solèy la ak tè a ak relasyon ki egziste antre yo rann li posib pou tè a gen bèl sezon li genyen yo e pou sezon sa yo kontinye ap chanje toutan. Syantifik yo aprann anpil bagay tou konsènan jan fòs natirèl ki nan linivè yo presi. Men sa yon pwofesè ki anseye jeni mekanik te di nan yon atik li ekri : “ Li fasil pou nou konprann rezon ki fè, nan 30 ane ki pase yo, anpil syantifik chanje lide konsènan linivè. Yo panse fòk yon moun gen anpil lafwa pou l kwè se akoz yon senp aksidan, yon aza, linivè vin egziste. Plis nou konprann fason tè a fèt avèk swen, se plis li vin rezonab pou nou kwè gen yon achitèk entèlijan ki te fè l. ” — The Designed ‘Just So’ Universe.

6. Ki jan w santi w lè w gade fason Bondye fè lòm ?

6 Yon lòt bagay estrawòdinè Bondye fè, se nou menm lèzòm (Sòm 139:14). Lè Bondye t ap fè lòm, li te ba li yon sèvo, yon kò ki gen tout ògàn ki nesesè pou l viv byen, ansanm ak ladrès ak kapasite pou l travay. Pa egzanp, nou kapab pale de mirak li te fè pou l bay lòm kapasite pou l pale, pou l koute, pou l ekri e pou l li. Anpil moun gen kapasite sa yo. Ou gen yon lòt bagay estrawòdinè Bondye fè, se kò w ki kapab kanpe byen dwat. Lè w gade byen, fason kò w fèt avèk ekilib li genyen, fason li fonksyone ak reyaksyon chimik ki fèt anndan l, se bagay ki pou fè moun emèveye. Anplis de sa, fason etonan nè ki nan sèvo w e ki toupatou nan kò w yo konekte, ki pèmèt sèvo w ak sans ou yo fonksyone, siperyè lontan pase tout sa lasyans fè. An reyalite, lèzòm rive fè tout sa yo fè yo sèlman paske Bondye te ba yo yon sèvo e paske li te ba yo sans yo genyen yo. Menm enjenyè ki pi byen fòme a e ki pi kapab la pa ka fè anyen ki bèl e ki itil menm jan ak dwèt ou yo. Ou kapab mande tèt ou : ‘ Èske li t ap posib pou moun fè bèl travay atistik ak gwo konstriksyon si yo pa t itilize, avèk abilite, dwèt yo Bondye ba yo ? ’

Bagay Bondye fè ki estrawòdinè ak kalite li genyen yo

7. Pou ki rezon nou dwe konsidere Bib la kòm youn nan bagay estrawòdinè Bondye fè yo ?

7 Gen lòt bagay estrawòdinè Jewova fè pou lèzòm ki mansyone nan Bib la. Liv sa a poukont pa l se yon chedèv, e diferan pati li gen ladan l yo ann amoni youn ak lòt. Pa gen liv ki ka konpare ak li. Vrèmanvre, se nan ‘ lespri Bondye li soti e li sèvi pou moutre moun ’ anpil bagay (2 Tim. 3:16). Pa egzanp, premye liv ki nan Bib la, Jenèz, montre ki jan Bondye te retire mechanste sou tè a nan epòk Noye a. Dezyèm liv la, Egzòd, montre ki jan Jewova te demontre pisans li antanke Bondye lè l te delivre Izrayelit yo nan esklavaj anba men Ejipsyen yo. Li posib pou salmis la te gen evènman sa yo nan lespri l lè l te di pawòl sa yo : “ Aktivite [Jewova] yo se diyite ak glwa. E jistis li la pou toutan. Li fè bagay ki pou fè moun sonje travay estrawòdinè li fè yo. Jewova gen bonte e li gen mizèrikòd. ” ​(Sòm 111:3, 4). Èske w pa dakò sa Jewova fè pandan tout listwa ak sa li fè pandan w vivan se bagay ki fè w sonje ‘ diyite l ak glwa l ’ ?

8, 9. a) Ki jan sa Jewova fè yo diferan parapò ak anpil bagay lèzòm fè ? b) Bay kèk nan kalite Bondye yo ou renmen.

8 W ap remake tou salmis la atire atansyon sou kèk bèl kalite Jewova genyen tankou jistis, mizèrikòd ak bonte. Li ra pou se jistis ki pouse lòm pechè fè aksyon yo fè yo. Souvan, aksyon yo fè yo demontre swa yo renmen tout pou yo, swa yo anvi sa k pa pou yo oswa yo ògeye. Sa parèt klè nan zam fannfwa lèzòm fè pou yo fè lagè e pou yo fè lajan. Zam sa yo fè plizyè milyon viktim inosan ap viv nan laperèz ak nan tristès. Anpil bagay lèzòm fè konn fè moun ki pòv e k ap viv nan move kondisyon soufri. Yon egzanp anpil moun ta ka site se piramid yo. Se esklav yo te itilize pou bati yo. E poutan, se prensipalman pou antere Farawon yo, yon seri dirijan ògeye, yo te itilize konstriksyon sa yo. Jodi a tou, lèzòm fè anpil bagay pou toupizi moun parèy yo. Nonsèlman yo oprime moun parèy yo, men sa y ap fè yo ap “ detwi latè ”. — Li Revelasyon 11:18.

9 Ala diferan sa Jewova fè yo diferan ! Li toujou fè yo akoz jistis li. Dispozisyon li pran pou l sove lèzòm ki fèt nan peche fè pati bagay li fè yo tou. Lè Jewova te bay ranson an, se demontre li te “ demontre jistis li ”. (Wom. 3:25, 26, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman.) Vrèmanvre, “ jistis li la pou toutan ” ! Li demontre aklè li gen bonte nan fason li montre li pasyan avèk lèzòm ki fèt nan peche. Pafwa, li te menm di yo “ tanpri ” ​(NW) lè li t ap sipliye yo pou yo kite move chemen yo te pran an pou yo fè sa ki byen. — Li Ezekyèl 18:25.

Li toujou reyalize pwomès li yo

10. Ki jan Jewova montre li fidèl anrapò ak alyans li te fè ak Abraram nan ?

10 “ Li bay moun ki gen krentif pou li manje, li pa janm bliye kontra li pase ak nou an. ” ​(Sòm 111:5). Sanble la a salmis la t ap pale de kontra, oswa alyans, Jewova te fè ak Abraram nan. Jewova te pwomèt li t ap beni desandan Abraram yo e li te di yo t ap pran pòtay lènmi yo, sètadi peyi yo (Jen. 22:17, 18 ; Sòm 105:8, 9). Nan premye akonplisman pwomès sa yo, desandan Abraram yo te vin fòme nasyon Izrayèl la. Nasyon sa a te pase yon bann tan ann esklavaj nan peyi Ejip, men, apre sa, Bondye te “ vin chonje kontra li te pase ak Abraram ” nan e li te delivre yo (Egz. 2:24). Fason Jewova te aji avèk yo annapre te montre jan li vrèman donan. Li te ba yo manje pou kò yo e li te ba yo manje espirityèl pou lespri yo ak kè yo (Det. 6:1-3 ; 8:4 ; Ney. 9:21). Pandan plizyè syèk, souvan, nasyon an te vire do bay Jewova, byenke li te voye pwofèt li yo pou ankouraje yo tounen vin jwenn li. Plis pase 1 500 an apre li te fin delivre Izrayelit yo anba men Ejipsyen yo, li te voye sèl Pitit li fè a sou tè a. Pifò nan Juif yo te rejte Jezi e yo te pèmèt yo egzekite l. Apre sa, Jewova te fòme yon lòt nasyon. Nasyon sa a se yon nasyon espirityèl, e li rele “ Izrayèl Bondye a ”. Kris ak nasyon sa a fòme desandans espirityèl Abraram nan, yon desandans Jewova te pwomèt li t ap itilize pou l pote benediksyon pou tout limanite. — Gal. 3:16, 29 ; 6:16, NW.

11. Ki jan Jewova kontinye montre li “ chonje kontra ” li te fè ak Abraram nan ?

11 Jiska prezan, Jewova “ chonje kontra ”, oswa alyans, li te fè a ansanm ak benediksyon li te pwomèt l ap bay grasa alyans sa a. Jodi a, li bay manje espirityèl ann abondans nan plis pase 400 lang. Anplis, li kontinye reponn priyè nou fè l konsènan bezwen materyèl nou yo. Sa ann akò ak pawòl sa yo : “ Chak jou, ban nou manje nou bezwen pou jounen an. ” — Lik 11:3 ; Sòm 72:16, 17 ; Iza. 25:6-8.

Pisans Jewova genyen an estrawòdinè

12. Ki jan Jewova te bay pèp Izrayèl nan tan lontan an “ tè lòt nasyon yo pou byen pa yo ” ?

12 “ Li fè pèp li wè jan li gen pouvwa nan sa l’ap fè. Li ba yo tè lòt nasyon yo pou byen pa yo. ” ​(Sòm 111:6). Youn nan evènman estrawòdinè ki te pase nan listwa Izrayèl petèt ki te nan lespri salmis la lè l t ap ekri pawòl sa yo, se delivrans pèp la te jwenn anba men Ejipsyen yo. Delivrans sa a se te yon mirak. Lè finalman Jewova te fè pèp la antre nan Latè pwomiz, yo te rive konkeri kèk wayòm ki te alès rivyè Jouden an ak kèk wayòm ki te alwès rivyè sa a. (Li Neyemya 9:22-25.) Vrèmanvre, Jewova te bay Izrayèl “ tè lòt nasyon yo pou byen pa yo ”. Ala pisan Bondye pisan !

13, 14. a) Anrapò ak Babilòn, ki aksyon Bondye te fè pou montre pisans li salmis la te gendwa gen nan lespri l ? b) Ki lòt gwo aksyon Jewova te fè pou l delivre pèp li a ?

13 Sepandan, nou konn sa byen, malgre tout sa Jewova te fè pou pèp Izrayèl la, yo pa t montre yo gen respè ni pou li ni pou Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt yo. Yo te kontinye rebele kont Bondye jiskaske li te sèvi ak Babilonyen yo pou retire yo sou tè kote yo te ye a pou mennen yo ann egzil (2 Kwo. 36:15-17 ; Ney. 9:28-30). Gen kèk biblis ki vle fè konprann moun ki te ekri Sòm 111 lan te ekri l apre pèp Izrayèl te soti Babilòn. Si se vre, moun sa a te gen plis rezon pou l fè lwanj pou Jewova pou fidelite l ak pouvwa l. Bondye te montre fidelite l ak pouvwa l lè l te delivre Juif yo anba men Babilòn, yon wayòm ki pa t janm konn lage moun li te kenbe kòm kaptif yo. — Iza. 14:4, 17.

14 Anviwon senk syèk apre, Jewova te itilize pouvwa l yon fason ki pi estrawòdinè toujou lè li te delivre moun ki repanti pou peche yo anba esklavaj peche ak lanmò (Wom. 5:12). Sa te fè l posib pou l ouvè pòt pou 144 000 moun vin disip Kris ki wen ak lespri. An 1919, Jewova te itilize pisans li pou l delivre yon ti rès nan disip wen sa yo pou l fè yo soti nan fo relijyon. Se sèlman grasa pouvwa Jewova disip sa yo rive akonpli sa yo akonpli nan epòk lafen n ap viv ladan l lan. Si yo rete fidèl jiskaske yo mouri, yo pral jwenn Jezi Kris nan syèl la e yo pral dirije tè a ansanm avè l nan enterè moun ki repanti yo (Rev. 2:26, 27 ; 5:9, 10). Pèp Izrayèl nan tan lontan an te posede Latè pwomiz sèlman, men disip wen yo pral posede tout tè a nèt, e eritaj sa a pi estrawòdinè lontan pase pa Izrayelit yo. — Mat. 5:5.

Prensip ki la pou toutan e ki fyab

15, 16. a) Ki sa ki fè pati travay Bondye fè ak men l yo ? b) Ki kòmandman Bondye te bay pèp Izrayèl nan tan lontan an ?

15 “ Travay men l fè yo se verite ak jijman. Tout lòd li bay yo fyab. Yo byen solid pou toutan, pou tan endefini. Yo fèt avèk verite ak jistis. ” ​(Sòm 111:7, 8, NW). Pami “ travay men [Jewova] fè yo ”, gen de wòch plat li te ekri dis lwa enpòtan sou yo pou Izrayèl (Egz. 31:18). Lwa sa yo ansanm ak tout lòt kòmandman ki te fè pati alyans Lalwa ki te fèt pa mwayen Moyiz la te fèt sou baz prensip ki la pou toutan e ki fyab.

16 Men sa Jewova te di nan youn nan kòmandman, oubyen lwa, ki te sou wòch plat yo : “ Mwen menm, Senyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi ”, sa vle di li egzije yon atachman san pataj. Apre sa, li di Jewova ‘ moutre jan li renmen moun ki renmen l e ki fè sa l mande yo ansanm ak tout pitit pitit yo pandan mil jenerasyon ’. Wòch plat sa yo gen kèk prensip tou k ap la pou toutan tankou : “ Respekte manman nou ak papa nou ”, “ piga nou pran sa ki pa pou nou ” ansanm ak lwa ki saj anpil la ki di nou pa dwe anvi genyen sa k pa pou nou. — Egz. 20:5, 6, 12, 15, 17.

Sila ki rachte nou an sen e li bay lakrentif

17. Ki rezon Izrayelit yo te genyen pou yo te konsidere non Bondye kòm yon non ki sen ?

17 “ Li delivre pèp li a, li pase ak yo yon kontra ki p’ap janm kase. Se Bondye tout bon li ye [“ non l sen ”, NW]. Li merite vre pou moun pè li ! ” ​(Sòm 111:9). Yon lòt fwa ankò, sanble salmis la t ap panse ak jan Jewova te respekte kontra, oswa alyans, li te fè ak Abraram nan ki te gen yon pwomès ladan l. Se poutèt sa, li pa t bliye pèp li a lè yo te esklav ann Ejip e li pa t bliye yo tou lè yo te kaptif nan Babilòn. Nan toule de okazyon sa yo, li te libere yo. Akoz de okazyon sa yo sèlman, pèp Izrayèl te dwe konsidere non Bondye kòm yon non ki sen. — Li Egzòd 20:7 ; Women 2:23, 24.

18. Poukisa w panse se yon privilèj pou w pote non Bondye ?

18 Se menm bagay la tou pou kretyen yo jodi a ki jwenn delivrans anba esklavaj peche ak lanmò, kote yo te nan yon sitiyasyon dezespere. Nou ta dwe fè tout sa nou kapab pou nou viv ann amoni ak premye bagay Jezi te mande nan priyè li te bay kòm modèl la. Men sa l te di : “ Se pou non w sangtifye. ” ​(Mat. 6:9, NW). Lè nou medite sou non sa a ki antoure ak glwa, sa ta dwe fè nou gen lakrentif pou Bondye. Moun ki te ekri Sòm 111 lan te gen yon bon pwennvi sou lakrentif pou Bondye. Men sa li di : “ Lakrentif pou Jewova se kòmansman sajès. Tout moun ki mete [kòmandman l yo] an pratik gen bon klèvwayans. ” — Sòm 111:10, NW.

19. De ki sa nou pral pale nan atik ki vin apre a ?

19 Si nou gen bonjan lakrentif pou Bondye, sa ap pouse nou rayi sa ki mal. Sa ap ede nou tou pou nou imite bèl kalite Bondye yo, jan Sòm 112 la montre sa. Nou pral pale de sòm sa a nan atik ki vin apre a. Sòm sa a montre sa nou kapab fè pou nou fè pati plizyè milyon moun ki pral pran plezi pou yo louwe Bondye pou toutan. Bondye vrèman merite sa ! Jan Sòm 111:10 la montre sa, “ lwanj li ap la pou toutan ”.

Kesyon pou meditasyon

• Poukisa Jewova merite pou nou louwe l nan inite ?

• Ki kalite Jewova genyen nou wè nan bagay li kreye yo ?

• Ki jan w konsidere privilèj ou genyen pou w pote non Bondye a ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 20]

Rezon prensipal ki fè nou reyini regilyèman, se pou nou louwe Jewova.

[Foto nan paj 23]

Tout lwa Jewova yo baze sou prensip ki la pou toutan e ki fyab.