Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Moun ki jis yo ap louwe Jewova pou toutan

Moun ki jis yo ap louwe Jewova pou toutan

Moun ki jis yo ap louwe Jewova pou toutan

“ Y ap sonje moun ki jis la. [...] Jistis li ap la pou toutan. ” — SÒM 112:6, 9, NW.

1. a) Ki bèl avni k ap tann tout moun Bondye konsidere kòm moun ki jis ? b) Ki kesyon nou ka soulve ?

ALA yon bèl avni k ap tann tout moun Bondye konsidere kòm moun ki jis ! Pandan tout letènite, y ap kontan aprann konnen bèl kalite l yo pi plis toujou. Kè yo ranpli ak louwanj pou li ofiramezi y ap aprann plis sou bagay li kreye yo. Yon kalite ki enpòtan anpil pou yon moun genyen pou l jwenn bèl avni sa a se “ jistis ”. Se sa Sòm 112 la montre. Men, ki sa k fè Jewova, Bondye ki sen e ki jis la, ka konsidere moun ki enpafè kòm moun ki jis ? Kèlkeswa efò nou fè pou nou fè sa ki dwat, nou fè erè kanmenm. Pafwa, nou konn menm fè erè ki grav. — Wom. 3:23 ; Jak 3:2.

2. Ki de mirak Jewova te fè akoz lanmou li genyen ?

2 Avèk amou, Jewova te bay yon solisyon ki bon nèt. Kòman l te fè sa ? Premyèman, li te fè yon mirak pou l transfere lavi Pitit li renmen anpil la sot nan syèl la al nan vant yon fi ki te vyèj, yon fason pou l te ka vin yon imen ki pafè (Lik 1:30-35). Dezyèmman, apre ènmi Jezi yo te touye l, Jewova te fè yon lòt mirak estrawòdinè : li te reba l lavi antanke yon kreyati espirityèl ki gen anpil glwa. — 1 Pyè 3:18.

3. Poukisa Bondye te kontan fè Pitit li a retounen vin viv nan syèl la ?

3 Kòm rekonpans, Jewova te bay Jezi plis pase lavi etènèl li te gen anvan nan syèl la. Lavi sa a li genyen kounye a pa ka detwi (Ebre 7:15-17, 28). Li te kontan fè sa paske Jezi te rete fidèl menm lè li te jwenn gwo eprèv. Konsa, Jezi te pèmèt Papa l bay Satan yon kokennchenn repons, yon repons definitif, pou manti li te fè lè l te di lèzòm pa sèvi Jewova paske yo renmen l toutbonvre, men, paske y ap defann enterè egoyis yo. — Pwo. 27:11.

4. a) Lè Jezi te retounen nan syèl la, ki sa li te fè pou nou, e ki jan Jewova te reyaji ? b) Ki efè sa Jewova ak Jezi te fè pou ou a gen sou ou ?

4 Lè Jezi te rive nan syèl la, li te fè lòt bagay ankò. Li te parèt “ devan Bondye pou nou ” ak “ san pa l menm ”. Avèk bonte, Papa nou ki nan syèl la te aksepte sakrifis Jezi “ te bay pou padonnen peche nou yo ”, yon sakrifis ki gen anpil valè. Se sa k fè “ nou ka sèvi Bondye vivan an ” ak yon ‘ konsyans ki lave ’. Èske nou pa gen rezon pou nou fè “ lwanj pou Senyè a ”, jan salmis la di sa nan Sòm 112 la ? — Ebre 9:12-14, 24 ; 1 Jan 2:2.

5. a) Ki sa nou dwe fè pou Bondye kontinye konsidere nou kòm moun ki jis ? b) Ki jan yo aranje enfòmasyon ki nan Sòm 111 ak Sòm 112 la ?

5 Pou Bondye kontinye konsidere nou kòm moun ki jis, nou bezwen kontinye gen lafwa nan san Jezi te vèse pou nou an. Nou pa ta dwe kite yon jou pase san nou pa remèsye Jewova poutèt li renmen nou anpil konsa (Jan 3:16). Nou bezwen kontinye etidye Pawòl Bondye a tou e nou bezwen kontinye fè sa nou kapab pou nou viv ann amoni ak mesaj ki ladan l lan. Tout moun ki vle kenbe konsyans yo pwòp devan Bondye ap jwenn bon konsèy nan Sòm 112 la. Sòm sa a makònen ak Sòm 111 lan. Yo toule de kòmanse ak ekspresyon “ Louwe Ya ! ” oswa “ Alelouya ! ”, e apre sa yo gen 22 liy. Chak liy sa yo kòmanse ak youn nan 22 lèt ki nan alfabè ebre a *. Traduction du monde nouveau a suiv menm chema sa a.

Yon rezon ki fè yo byennere

6. Ki jan “ moun ” ki gen krentif pou Bondye yo mansyone nan Sòm 112 la jwenn benediksyon ?

6 “ [Byennere] moun ki gen krentif pou Senyè a, ki pran tout plezi l nan fè sa li mande ! Pitit li yo va grannèg [“ ap vin pisan ”, NW] nan peyi a. Bondye ap toujou voye benediksyon sou pitit moun ki mache dwat devan li. ” ​(Sòm 112:1, 2). Nan lang ebre a, salmis la te pale de yon “ moun ” nan vèsè premye a, men apre sa, li chanje pou l pale de “ moun ki mache dwat ” yo nan fen vèsè 2 a. Sa montre Sòm 112 la kapab gen rapò ak yon gwoup moun. Yon bagay ki enteresan, sèke Bondye te enspire apot Pòl pou l aplike sa ki di nan Sòm 112:9 la sou kretyen nan premye syèk yo. (Li 2 Korentyen 9:8, 9.) Sòm sa a montre trè byen ki jan disip Kris yo ki sou tè a jodi a kapab viv ak kè kontan.

7. Poukisa li enpòtan pou sèvitè Bondye yo gen bonjan lakrentif pou li, e ki jan w ta dwe konsidere kòmandman Bondye yo ?

Jan sa parèt nan Sòm 112:1 an, vrè kretyen yo jwenn anpil kè kontan pandan y ap mache nan “ krentif pou Senyè a ”. Krentif sa a yo genyen an pwofitab pou yo e li fè yo krenn pou yo pa fè anyen k ap fè Bondye fache ak yo. Li ede yo tou pou yo reziste kont lespri monn Satan an. Yo pran “ tout plezi ” yo pou yo etidye Pawòl Bondye a e pou yo obeyi kòmandman l yo. Nan kòmandman sa yo, nou jwenn kòmandman pou nou preche bon nouvèl Wayòm nan sou tout tè a. Se poutèt sa yo fè tout sa yo kapab pou yo fè disip pami moun ki nan tout nasyon, pandan y ap fè mechan yo konnen jou jijman Bondye a ap vini. — Eze. 3:17, 18 ; Mat. 28:19, 20.

8. a) Ki jan Bondye rekonpanse moun ki fè pati pèp li a ki zele nan sèvis li ? b) Ki benediksyon moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a pral jwenn alavni ?

8 Lefètke sèvitè Bondye yo ki sou tout tè a obeyi kòmandman sa yo, jodi a, kantite sèvitè Bondye yo rive nan sèt milyon. Kiyès ki kapab nye pèp Bondye a vin yon pèp ki “ pisan ” sou tè a (Jan 10:16 ; Rev. 7:9, 14) ? Y ap jwenn plis “ benediksyon ” ofiramezi Bondye ap akonpli objektif li. Antanke gwoup, moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a ap chape nan “ gwo tribilasyon an ” ​(NW) pou yo fòme “ lòt tè ” Bondye pwomèt la ‘ kote se bagay ki dwat devan Bondye ase ki pral fèt ’. Avèk letan, moun ki chape nan Amagedòn yo pral jwenn plis “ benediksyon ” toujou. Yo pral akeyi plizyè milyon moun k ap resisite. Ala yon bèl esperans ! Finalman, moun ki pran “ tout plezi ” yo pou yo suiv kòmandman Bondye yo pral vin pafè e yo pral “ jwi bèl libète pitit Bondye yo ” pral genyen an pou toutan. — 2 Pyè 3:13 ; Wom. 8:21.

Li sèvi avèk richès li yon fason saj

9, 10. Ki jan vrè kretyen yo itilize richès espirityèl yo genyen yo, e nan ki sans jistis yo ap la pou toutan ?

9 “ Lakay li, gen bagay ki gen anpil valè e gen richès. E jistis li ap la pou toutan. Li klere tankou yon limyè nan fènwa pou moun ki jis yo. Li gen bonte, li gen mizèrikòd e li jis. ” ​(Sòm 112:3, 4, NW). Nan tan biblik yo, gen nan sèvitè Bondye yo ki te posede anpil bagay materyèl. Nan yon lòt sans, moun Bondye renmen yo vrèman rich, menmsi yo pa rich nan domèn materyèl. Anfèt, pifò moun ki chwazi fè yo piti devan Bondye yo se moun ki pòv, moun yo meprize, jan sa te ye nan epòk Jezi a (Lik 4:18 ; 7:22 ; Jan 7:49). Sepandan, kit yon moun gen anpil bagay materyèl, kit li pa gen anpil bagay materyèl, li kapab rich espirityèlman. — Mat. 6:20 ; 1 Tim. 6:18, 19 ; li Jak 2:5.

10 Kretyen wen yo ansanm ak konpayon yo pa kenbe richès yo genyen nan domèn espirityèl la pou yo sèlman. Okontrè, nan monn Satan an ki nan fènwa, yo “ klere tankou yon limyè [...] pou moun ki jis yo ”. Yo fè sa lè yo ede lòt moun tire pwofi nan sajès ak konesans ki soti nan Bondye e ki se trezò espirityèl. Gen moun ki opoze ak yo ki eseye kanpe travay predikasyon Wayòm nan, men, yo pa reyisi. Pa gen dout nan sa, rezilta kretyen wen yo ak konpayon yo jwenn nan travay y ap fè a ki jis ap dire “ pou toutan ”. Lefètke sèvitè Bondye yo kontinye rete jis menm lè yo anba eprèv, yo gen asirans y ap kontinye viv pou letènite, y ap “ la pou toutan ”.

11, 12. Bay kèk fason moun ki fè pati pèp Bondye a itilize byen materyèl yo genyen.

11 Moun ki fè pati pèp Bondye a, sa vle di klas esklav la ki wen ansanm ak moun ki fè pati “ gwo foul ” la, montre yo donan nan fason yo sèvi ak bagay materyèl yo genyen. Men sa Sòm 112:9 di : “ Li bay moun san gad dèyè, li bay moun ki pòv yo. ” ​(NW). Jodi a, souvan, vrè kretyen yo ede lòt kretyen parèy yo nan domèn materyèl. Yo menm ede lòt pwochen yo ki nan nesesite. Yo sèvi ak byen materyèl yo genyen pou yo pote lòt moun sekou lè gen katastwòf natirèl. Jan Jezi te di sa, se yon sous kè kontan sa ye tou. — Li Travay 20:35 ; 2 Korentyen 9:7.

12 Anplis, reflechi sou kantite kòb sa koute pou peryodik sa a parèt nan 172 lang. E anpil nan moun ki pale lang sa yo se moun ki pa gen gwo mwayen. Mete sou sa, peryodik sa a parèt nan divès lang siy pou moun ki bèbè. Li parèt tou an bray pou moun ki avèg.

Li gen bonte e li jis

13. Kiyès ki bay pi bon egzanp nan domèn bay avèk bonte a, e ki jan nou ka imite egzanp yo ?

13 “ Moun ki bon an gen bonte e li prete moun. ” ​(Sòm 112:5, NW). Petèt ou deja remake moun ki konn ede lòt moun pa fòseman gen bonte. Genyen nan yo ki fè sa pou montre yo gen plis pase lòt moun. Gen lòt menm ki bay, men ki fè sa ak de kè. Se sèten, se pa yon plezi pou w resevwa èd nan men yon moun ki fè w santi w pi ba pase l oubyen ki fè w santi w se yon pwoblèm oswa w se yon chay pou li. Yon lòt bò, èske sa pa rekonfòtan pou w resevwa èd nan men yon moun ki gen bonte ? Jewova se pi gwo egzanp lan nan domèn sa a paske li bay avèk bonte e ak kè kontan (1 Tim. 1:11 ; Jak 1:5, 17). Nan domèn bay avèk bonte a, Jezi aji egzakteman menm jan ak Papa l (Mak 1:40-42). Kidonk, etandone nou vle Bondye konsidere nou kòm moun ki jis, nou bay ak kè kontan e avèk bonte, sitou lè nou nan ministè a kote n ap ede pwochen nou nan domèn espirityèl.

14. Ki sa nou dwe fè pou nou ‘ fè tout afè nou avèk jistis ’ ?

14 “ Li fè tout afè l avèk jistis. ” ​(Sòm 112:5, NW). Jan Labib te anonse sa, klas entandan fidèl la pran swen byen Mèt la ann amoni ak jistis Jewova. (Li Lik 12:42-44.) Sa parèt klè nan enstriksyon ki soti nan Ekriti yo li bay ansyen yo ki pafwa gen pou yo trete ka moun nan kongregasyon an ki fè peche grav. Klas esklav la jere tout bagay avèk jistis, e sa parèt klè tou nan enstriksyon li bay sou fason kongregasyon yo, mezon misyonè yo ak Betèl yo dwe fonksyone. Se pa ansyen yo sèlman ki dwe aji avèk jistis, se tout kretyen yo an jeneral ki dwe aji konsa nan rapò yo genyen ni ak kretyen parèy yo, ni ak moun ki pa fè pati kongregasyon an. Yo dwe aji konsa tou nan kesyon ki gen rapò ak biznis. — Li Mika 6:8, 11.

Moun ki jis la jwenn benediksyon

15, 16. a) Ki efè move nouvèl y ap bay nan monn nan genyen sou moun ki jis yo ? b) Ki sa sèvitè Jewova yo gen detèminasyon pou yo kontinye fè ?

15 “ Paske li pap janm brannen. Y ap sonje moun ki jis la pou tan endefini. Li pap pè menm move nouvèl. Kè li fèm, li konfyan nan Jewova. Kè l pa sote, li pap pè, jiskaske li gade ènmi l yo. ” ​(Sòm 112:6-8). Nan tout listwa, lèzòm pa t janm tande kantite move nouvèl nou tande jodi a. Nou tande nouvèl konsènan lagè, zak teworis, konsènan nouvo maladi k ap parèt, konsènan ansyen maladi ki rekòmanse bay pwoblèm, konsènan krim, povrete ak polisyon k ap fè dega. Nouvèl sa yo afekte moun Jewova konsidere kòm moun ki jis yo, sepandan, sa pa fè yo pè depase. Okontrè, yo rete “ konfyan ” e yo pa “ brannen ” parapò ak esperans yo gen pou lavni, paske yo konnen, talè konsa, Bondye ap etabli monn nouvo a, kote lajistis pral abite. Si gen dezas ki frape yo, yo plis anmezi pou yo fè fas ak yo paske yo konte sou Jewova pou l ede yo. Li pa janm kite moun ki jis yo “ brannen ”, men, li ede yo e li ba yo fòs pou yo andire. — Fil. 4:13.

16 Moun ki jis k ap sèvi Bondye yo gen opozan ki rayi yo e k ap fè manti sou yo, men, sa pa reyisi fè yo pe bouch yo e sa pap janm rive. Okontrè, yo kontinye fè travay Jewova ba yo fè a san yo pa pè, san yo pa brannen.Travay sa a se preche bon nouvèl Wayòm nan epi ede moun ki enterese nan mesaj yo a vin disip Jezi. Sandout, moun ki jis yo ap jwenn plis opozisyon toujou tank lafen an ap pwoche pi pre. Hèn sa a opozan yo genyen pou yo a ap rive nan nivo ki pi wo a lè Satan Ledyab, Gòg ki soti nan peyi Magòg la, pral atake yo sou tout tè a. Lè sa a, finalman, nou pral “ gade ènmi ” nou yo ki pral resevwa imilyasyon lè Jewova venk yo. Ala yon bèl eksperyans sa pral ye lè nou wè Jewova sangtifye non l nèt ! — Eze. 38:18, 22, 23.

‘ Y ap leve l avèk glwa ’

17. Ki jan “ y ap leve ” moun ki jis la “ avèk glwa ” ?

17 Ala bèl sa pral bèl lè moun Bondye konsidere kòm moun ki jis yo pral adore l nan inite, san yo pa jwenn opozisyon nan men Dyab la ak monn li an. Yo pral kontan fè sa pou tout letènite. Yo pap bese tèt yo paske yo wont oswa paske yo sibi defèt, paske Jewova pwomèt moun ki jis la “ y ap leve kòn li avèk glwa ”. (Sòm 112:9, NW.) Sèvitè Jewova a ki jis ap kontan lè l wè tout ènmi Jewova yo ki opoze ak souvrènte l yo peri.

18. Ki jan dènye pawòl ki nan Sòm 112 la ap reyalize ?

18 “ Mechan an ap wè sa, e se sèten l ap fache. L ap manje dan l e l ap disparèt toutbonvre. Sa mechan yo vle a pap egziste ankò. ” ​(Sòm 112:10, NW). Tout moun ki kontinye opoze ak pèp Bondye a, ki gen jalouzi nan kè yo kont li e ki rayi l ap “ disparèt ” talè konsa. Yo ta renmen kanpe travay n ap fè a, men, sa yo “ vle a ” pap janm rive, paske y ap peri nan “ gwo tribilasyon ” an ki gen pou vini talè konsa. — Mat. 24:21, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman.

19. Nan ki sa nou kapab gen konfyans ?

19 Èske w ap pami moun k ap sove lè nou ranpòte gwo viktwa sa a ? E si w ta mouri akoz maladi oswa akoz vyeyès anvan monn Satan an rive nan bout li, èske w ap pami “ moun ki jis ” ki pral resisite yo (Tra. 24:15, NW) ? Ou kapab reponn wi si w kontinye gen lafwa nan sakrifis ranson Jezi te bay la e si w kontinye imite Jewova, menm jan ak “ moun ” ki jis yo dekri nan Sòm 112 la. (Li Efezyen 5:1, 2.) Se sèten Jewova “ ap sonje ” moun sa yo e li pap janm bliye tout bon bagay yo te fè. L ap sonje yo e l ap kontinye renmen yo pou toutan. — Sòm 112:3, 6, 9.

[Nòt anba paj]

^ § 5 Nou ka wè de sòm sa yo makònen youn ak lòt nan fason yo ekri ak nan enfòmasyon ki ladan yo. Sòm 111 lan pale de kèk kalite Bondye genyen e Sòm 112 la montre “ moun ” ki gen krentif pou Bondye imite kalite sa yo. Ou kapab wè sa si w konpare Sòm 111:3, 4 avèk Sòm 112:3, 4.

Kesyon pou meditasyon

• Bay kèk rezon nou genyen pou nou di “ Alelouya ”.

• Ki sa ki pase nan epòk nou an ki fè vrè kretyen yo kontan ?

• Ki fason Jewova renmen pou moun bay ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 25]

Pou Bondye toujou konsidere nou kòm moun ki jis, nou dwe gen lafwa nan san Jezi te vèsè pou nou an.

[Foto nan paj 26]

Yo sèvi ak ofrann volontè nou fè yo pou pote sekou e pou distribye piblikasyon ki baze sou Bib la.