Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon ti gwoup moun pral dirije, men anpil moun ap jwenn benediksyon

Yon ti gwoup moun pral dirije, men anpil moun ap jwenn benediksyon

Yon ti gwoup moun pral dirije, men anpil moun ap jwenn benediksyon

DEPI nan epòk apot yo, Bondye ap chwazi yon kantite kretyen fidèl pami lèzòm pou l adopte kòm pitit li, sepandan kantite sa a limite. Chanjman moun sa yo sibi a tèlman total, Pawòl Bondye a dekri l kòm yon nouvèl nesans. Objektif nouvèl nesans sa a se prepare sèvitè Bondye ki fèt yon lòt fwa yo pou y al dirije antanke wa nan syèl la (2 Timote 2:12). Pou yo vin wa, apre yo mouri, yo resisite yo pou y al viv nan syèl la (Women 6:3-5). Lè yo rive la, yo “va gouvènen [...] latè” kòm wa ansanm ak Kris. —Revelasyon 5:10; 11:15.

Sepandan, Pawòl Bondye a fè konnen tou gen moun ki pa fèt yon lòt fwa ki gen pou yo jwenn lavi etènèl. Nan Bib la (ni nan Ekriti ebrayik yo ni nan Ekriti grèk kretyen yo), yo pale de entansyon Jewova genyen pou l sove de gwoup moun: yon kantite moun limite ki pral viv nan syèl la ak yon kantite moun yo pa ka konte ki pral viv sou tè a anba dominasyon Wayòm nan. Pa egzanp, remake ki sa apot Jan te ekri kwayan parèy li yo ki te jwenn nouvèl nesans lan lè li t ap pale de Jezi: “Jezikri te ofri tèt li tankou bèt yo ofri bay Bondye, pou Bondye te ka padonnen peche nou yo, pa peche pa nou yo ase [kantite moun limite a], men peche tout moun tou [kantite moun yo pa ka konte a].” —1 Jan 2:2.

Remake tou ki sa apot Pòl te ekri: “Tout kreyasyon Bondye a [kantite moun yo pa ka konte a] ap tann konsa kilè pitit Bondye yo [kantite moun limite a] va parèt.” ​(Women 8:19-21). Ki jan pou nou konprann pawòl apot Jan yo ak pawòl apot Pòl yo? Nou dwe konprann yo konsa: moun ki fèt yon lòt fwa yo pral fè pati yon gouvènman ki nan syèl la. Pou ki rezon? Pou yo ka vide benediksyon sou kantite moun yo pa ka konte ki pral viv sou tè a anba gouvènman Bondye a. Se sa k fè Jezi te anseye disip li yo pou yo priye konsa: “Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.”Matye 6:10, NW.

Menm verite sa a konsènan de gwoup moun ki pral sove yo nou jwenn li nan Ekriti ebrayik yo tou. Pa egzanp, remake ki sa Jewova te di Abraram, yon zansèt Jezi: “Grasa desandans ou a [kantite moun limite a], tout nasyon sou tè a [kantite moun yo pa ka konte a] pap manke pa beni tèt yo paske w te koute vwa mwen.” ​(Jenèz 22:18, NW). Wi, tout nasyon yo ta gen pou yo jwenn benediksyon grasa desandans Abraram nan.

Kiyès ki “desandans” sa a? Desandans sa a se Jezi Kris ansanm ak moun ki jwenn nouvèl nesans lan, sètadi moun Bondye adopte kòm pitit li yo. Men sa apot Pòl te esplike: “Si se pou Kris nou ye, donk, se desandans Abraram nou ye tou.” ​(Galat 3:16, 29, Bib Kreyòl La). Ki benediksyon moun ki sot nan tout nasyon yo jwenn grasa “desandans” sa a? Se privilèj yo genyen pou yo rejwenn favè Bondye e pou yo jwenn lavi etènèl nan paradi sou tè a. Men yon pwofesi salmis David te bay: “Moun ki jis yo pral posede tè a, e y ap rete sou li pou toutan.” —Sòm 37:29, NW; Izayi [Ezayi] 45:18; Revelasyon 21:1-5.

Vrèman, se kèk moun ki gen pou y al dirije nan syèl la, men, anpil moun pral jwenn benediksyon gouvènman ki nan syèl la pral pote yo, sètadi lavi etènèl sou tè a ak tout lòt benediksyon ki makònen ak lavi etènèl la. Nou swete ou menm ak fanmi w ap pami moun ki pral jwenn benediksyon k ap dire pou toutan Wayòm Bondye a ap pote yo.

[Foto nan paj 30]

Anpil moun pral jwenn lavi etènèl sou tè a. Èske w ap la tou?