Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se pou nou apresye Gran Moyiz la

Se pou nou apresye Gran Moyiz la

Se pou nou apresye Gran Moyiz la

“ Bondye, Mèt nou an, gen pou l voye yon pwofèt ban nou tankou l te voye m lan. Se va yonn nan frè nou yo. Se pou nou koute tou sa l’a di nou. ” — TRA. 3:22.

1. Ki jan Jezi Kris enfliyanse listwa ?

SA GEN de mil an depi yon tigason te fèt. Jou sa a, te gen yon pakèt zanj nan syèl la ki t ap louwe Bondye pou sa, e gen kèk bèje ki te tande yo (Lik 2:8-14). Trantan apre, tigason sa a ki te grandi te kòmanse yon ministè ki t apral dire twazan edmi sèlman, men ki te chanje listwa limanite. Men sa yon istoryen nan 19yèm syèk la ki rele Philip Schaff di konsènan li : “ Li pa t ekri anyen, men yo ekri anpil bagay sou li. Yo ekri plis diskou sou li, plis gwo liv sou li, yo fè plis travay atistik ak chante louwanj pou li pase tout lòt moun enpòtan ki te viv ni nan tan lontan ni nan epòk nou an. ” Moun estrawòdinè sa a se Jezi Kris.

2. Ki sa apot Jan te di konsènan Jezi e konsènan ministè L ?

2 Apot Jan te ekri istwa ministè Jezi e nan fen istwa sa a, li te di : “ Jezi te fè anpil lòt bagay ankò. Si yon moun ta pran ekri liv pou rakonte yo tout, [...] mwen pa kwè ta gen plas sou latè pou mete liv sa yo. ” ​(Jan 21:25). Jan te konnen sa l te rakonte yo se te yon ti pati toupiti nan tout sa Jezi te di ak tout sa l te fè pandan ministè L ki te dire twazan edmi e ki te chaje ak evènman. Poutan, evènman Jan rakonte nan Evanjil li te ekri a gen yon pakèt enpòtans.

3. Ki sa ki ka ede nou pi byen konprann wòl Jezi jwe nan objektif Bondye ?

3 Apa bagay yo rakonte nan kat Evanjil yo ki enpòtan, gen lòt pasaj nan Bib la ki ban nou yon seri enfòmasyon anrapò ak lavi Jezi ki ka ranfòse lafwa nou. Pa egzanp, gen bagay Labib rakonte konsènan kèk gason fidèl ki te viv anvan Jezi te vin sou tè a ki bay yon seri enfòmasyon ki ede nou pi byen konprann wòl Jezi jwe nan objektif Bondye. Annou egzamine kèk nan enfòmasyon sa yo.

Kèk gason fidèl ki te jwe wòl ki bay yon apèsi sou wòl Kris la

4, 5. Site kèk moun ki te jwe wòl ki bay yon apèsi sou wòl Jezi jwe, e bay ki wòl yo te jwe.

4 Ni Jan, ni twa lòt moun ki te ekri Evanjil yo pale de Moyiz, David ak Salomon kòm moun ki te jwe kèk wòl ki bay yon apèsi sou wòl Jezi t apral jwe antanke Moun Bondye wenn nan e antanke Wa li chwazi a. Nan ki sans sèvitè Bondye sa yo ki t ap viv nan tan lontan te gen resanblans ak Jezi ki te gen pou vini, e ki sa nou kapab aprann nan sa Labib rakonte sou yo ?

5 Labib mansyone kèk wòl byen presi Moyiz te jwe. Li pale de li antanke yon pwofèt, yon medyatè e yon sovè. Jezi jwe wòl sa yo tou. David te yon bèje e yon wa ki te ranpòte laviktwa nan gè li te fè ak ènmi Izrayèl yo. Jezi tou se yon bèje e yon wa ki ranpòte laviktwa nan gè li fè yo (Eze. 37:24, 25). Lè Salomon te fidèl, li te yon dirijan ki saj, e pandan rèy li a, te gen lapè ann Izrayèl (1 Wa 4:25, 29). Jezi saj tou ; li gen yon kokenn sajès e yo rele l “ Prens lapè ”. (Iza. 9:6, NW.) Li klè, Jezi Kris jwe wòl ki sanble ak wòl mesye sa yo te jwe nan tan lontan, men, wòl li jwe nan objektif Bondye siperyè nèt parapò ak wòl mesye sa yo te jwe. Toudabò, annou konpare Jezi avèk Moyiz e annou wè ki jan sa ka ede nou pi byen konprann wòl Jezi jwe nan objektif Bondye.

Moyiz te jwe kèk wòl ki bay yon apèsi sou wòl Jezi t apral jwe

6. Ki jan apot Pyè te montre li nesesè pou nou koute Jezi ?

6 Yon ti tan apre fèt Pannkòt ane 33 epòk nou an, apot Pyè te site yon pwofesi Moyiz te bay ki te reyalize sou Jezi Kris. Lè sa a, Pyè te kanpe devan yon foul moun ki te vin adore nan tanp lan. Moun yo “ te sezi ” anpil lè yo te wè Pyè ak Jan geri yon mandyan ki te enfim depi lè l fèt e yo te vle konnen ki jan yo te rive fè sa. Pyè te esplike yo aksyon ki te fè yo sezi a, se nan non Jezi Kris li te fèt, grasa lespri sen Jewova. Apre sa, li site yon pawòl ki ekri nan Ekriti ebrayik yo. Men sa li di : “ Se konsa Moyiz te di : Bondye, Mèt nou an, gen pou l voye yon pwofèt ban nou tankou l te voye m lan. Se va yonn nan frè nou yo. Se pou nou koute tou sa l’a di nou. ” — Tra. 3:11, 22, 23 ; li Detewonòm 18:15, 18, 19.

7. Sa k fè moun ki t ap koute Pyè yo te ka konprann sa l te di anrapò ak pwofèt ki t ap yon pi gwo pwofèt pase Moyiz la ?

7 Sandout, moun ki t ap koute Pyè yo te abitye ak pawòl sa yo Moyiz te di. Antanke Juif, yo te gen anpil respè pou Moyiz (Det. 34:10). Yo t ap veye e yo t ap tann pou pwofèt sa a ki pi gwo pwofèt pase Moyiz la vini. Pwofèt sa a pa t ap jis yon mesi, yon moun Bondye wenn menm jan ak Moyiz, men se li ki t ap Mesi a menm, “ Kris la [...], moun Bondye chwazi a ”. — Lik 23:35 ; Ebre 11:26.

Resanblans ki genyen ant Jezi ak Moyiz

8. Ki resanblans ki genyen ant lavi Moyiz ak lavi Jezi ?

8 Sou kèk aspè, lavi Jezi sou tè a te sanble ak lavi Moyiz. Pa egzanp, ni Moyiz ni Jezi te chape anba men dirijan mechan ki t ap chèche touye yo lè yo te tibebe (Egz. 1:22–2:10 ; Mat. 2:7-14). Annapre, yo toule de te “ sòti kite peyi Lejip ”. Men sa pwofèt Ocheya te di : “ Lè pèp Izrayèl la te timoun toujou, mwen te renmen l tankou pitit gason mwen. Mwen te rele l, mwen fè l sòti kite peyi Lejip. ” ​(Och. 11:1). Pawòl Ocheya te di la yo fè referans ak epòk nasyon Izrayèl la te kite Ejip anba direksyon Moyiz, moun Bondye te nome kòm dirijan yo a (Egz. 4:22, 23 ; 12:29-37). Sepandan, pawòl Ocheya yo pa fè referans sèlman ak evènman sa a ki te pase a, men tou, yo fè referans ak yon lòt evènman ki t apral fèt alavni. Pawòl sa yo se te yon pwofesi ki te akonpli lè Jozèf ak Mari te soti ann Ejip avèk Jezi apre lanmò wa Ewòd. — Mat. 2:15, 19-23.

9. a) Ki mirak Moyiz te fè e ki mirak Jezi te fè ? b) Bay kèk lòt resanblans ki gen ant Jezi ak Moyiz. (Gade kare ki gen tit  “ Lòt fason Jezi tankou Moyiz ”, ki nan paj 26.)

9 Ni Moyiz ni Jezi te fè mirak, konsa yo te demontre Jewova te avèk yo. Selon Labib, Moyiz se te premye moun ki te fè mirak (Egz. 4:1-9). Pa egzanp, Moyiz te fè mirak ki te gen rapò ak dlo. Li te fè dlo ki nan flèv Nil la tounen san ; li te fè letan ki te soti nan flèv sa a ki chaje ak pye wozo ladan yo tounen san tou. Li te fè lanmè Wouj fann an de e li te fè dlo soti nan wòch nan dezè a (Egz. 7:19-21 ; 14:21 ; 17:5-7). Jezi te fè mirak ki te gen rapò ak dlo tou. Premye mirak li te fè se dlo li te fè tounen diven nan yon nòs (Jan 2:1-11). Annapre, li te kalme lanmè Galile ki te move anpil. Yon lè, li te menm mache sou dlo (Mat. 8:23-27 ; 14:23-25). Nou kapab wè plizyè lòt resanblans ankò ant Moyiz ak Jezi, ki se Gran Moyiz la, nan  kare ki nan paj 26 la.

Se pou nou rekonèt wòl Kris antanke pwofèt

10. Ki sa yon vrè pwofèt ye, e ki sa k fè Moyiz te yon vrè pwofèt ?

10 Anpil moun panse yon moun se yon pwofèt lè l anonse sa k pral rive alavni. Men, sa se sèlman yon aspè nan travay yon pwofèt. Yon vrè pwofèt se yon moun Jewova enspire e ki sèvi kòm pòtpawòl li, yon moun k ap fè konnen “ bèl bagay Bondye te fè ”. (Tra. 2:11, 16, 17.) Lè moun sa a ap pwofetize, li kapab anonse evènman ki pral rive alavni, li kapab fè konnen kèk aspè ki gen nan objektif Jewova oswa li kapab pwoklame jijman l yo. Moyiz se te yon pwofèt konsa. Li te anonse alavans chak flewo nan dis flewo ki te tonbe sou Ejip yo. Se li menm Jewova te itilize pou l fè alyans Lalwa a ak Izrayèl nan mòn Sinayi. E li te fè nasyon an konnen volonte Bondye. Men, te gen yon moun ki t ap yon pi gwo pwofèt pase Moyiz ki te gen pou vini.

11. Ki fason Jezi te jwe wòl pwofèt ki pi gwo pwofèt pase Moyiz la ?

11 Apre sa, nan premye syèk la, Zekarya te pwofetize lè li te fè konnen objektif Bondye konsènan Jan, pitit li a (Lik 1:76). Pitit sa a se li ki te vin Jan Batis. Li te fè moun yo konnen pwofèt yo t ap tann depi byen lontan an, pi gwo pwofèt pase Moyiz la, t apral rive, anpalan de Jezi Kris (Jan 1:23-36). Antanke pwofèt, Jezi te anonse yon pakèt bagay ki t ava rive. Pa egzanp, li te pale konsènan lanmò l, li te anonse ki fason li t ap mouri, ki kote li t apral mouri e kiyès ki t ap touye l (Mat. 20:17-19). Jezi te anonse tou Jerizalèm ak tout tanp li a t apral detwi, e sa te fè moun ki t ap koute l yo sezi (Mak 13:1, 2). Pwofesi l te bay yo ap akonpli menm nan epòk pa nou an. — Mat. 24:3-41.

12. a) Ki jan Jezi te poze fondman pou travay predikasyon ki t apral fèt sou tout tè a ? b) Ki jan nou suiv egzanp Jezi kite pou nou jodi a ?

12 Anplis wòl pwofèt Jezi te jwe a, li te yon pwoklamatè e li te yon anseyan. Li te preche bon nouvèl Wayòm Bondye a, e pa gen pèsonn ki te pale avèk plis kran pase l (Lik 4:16-21, 43). Antanke anseyan, li pa t gen parèy. Gen moun apre yo te fin koute l ki te di : “ Nou poko janm wè yon nonm ki pale tankou nonm sa a. ” ​(Jan 7:46). Jezi te sèvi ak tout fòs li pou l simaye bon nouvèl la e li te bay disip li yo menm zèl sa a pou yo travay pou Wayòm nan. Konsa, li te poze fondman pou travay predikasyon ak travay ansèyman ki t apral fèt sou tout tè a e ki kontinye ap fèt jodi a (Mat. 28:18-20 ; Tra. 5:42). Ane pase, gen sèt milyon disip Kris ki te pase anviwon 1 500 000 000 èdtan nan travay preche bon nouvèl Wayòm nan ak nan travay anseye moun ki enterese nan verite ki nan Bib la. Èske w patisipe otan w kapab nan travay sa a ?

13. Ki sa k ap ede nou pou nou “ pa kite dòmi pran nou ” ?

13 Pa gen dout nan sa, Jewova te reyalize pwofesi li te bay konsènan pwofèt li t ap voye ki tankou Moyiz la. Lefètke w konnen sa, ki efè sa gen sou ou ? Èske sa fè w gen plis konfyans nan pwomès Bondye enspire yo ki gen pou reyalize nan yon avni ki pa twò lwen ? Vrèman, lè nou medite sou egzanp Gran Moyiz la, sa ede nou pou nou ‘ pa kite dòmi pran nou, pou nou kenbe tèt nou anplas ’ pou n ka wè sa Bondye pral fè talè konsa. — 1 Tes. 5:2, 6.

Se pou onore Kris ki se Medyatè a

14. Ki jan Moyiz te sèvi kòm medyatè ant Izrayelit yo ak Bondye ?

14 Menm jan ak Moyiz, Jezi te yon medyatè. Yon medyatè se yon moun ki tankou yon pon ant de gwoup moun oswa ant de moun. Jewova te sèvi ak Moyiz kòm medyatè lè l t ap fè alyans Lalwa a ak Izrayelit yo. Si pitit Jakòb yo te obeyi kòmandman Bondye yo, yo t ap toujou rete pwopriyete espesyal li, kongregasyon li (Egz. 19:3-8). Alyans sa a te valab soti nan ane 1513 anvan epòk nou an rive nan premye syèk nan epòk nou an.

15. Sa k fè Jezi se yon pi gwo medyatè pase Moyiz ?

15 Nan ane 33 nan epòk nou an, Jewova te fè yon pi bon alyans ak yon lòt Izrayèl, “ Izrayèl Bondye a ”, ki vin tounen yon kongregasyon mondyal ki fòme ak kretyen wen (Gal. 6:16, NW). Alyans Bondye te fè pa mwayen Moyiz la te gen lwa ki te ekri sou wòch plat yo ladan l, men alyans li fè pa mwayen Jezi a pi bon pase l. Bondye ekri lwa alyans sa a nan kè moun ki fè pati alyans lan. (Li 1 Timote 2:5 ; Ebre 8:10.) Se sa k fè kounye a “ Izrayèl Bondye a ” se pwopriyete espesyal Bondye, ‘ yon nasyon k ap bay rannman ’ ki mache ak Wayòm Mesi a (Mat. 21:43). Moun ki fè pati nasyon espirityèl sa a se yo menm ki manm nouvo alyans lan. Men, se pa yo menm sèl ki jwenn benediksyon ki soti ladan l yo. Grasa alyans sa a ki pi bon pase lòt la, gen yon kantite moun nou pa ka konte, menm moun k ap dòmi nan lanmò kounye a, ki pral jwenn benediksyon k ap dire pou toutan.

Se pou nou onore Kris ki se Sovè a

16. a) Ki fason Jewova te sèvi ak Moyiz pou sove Izrayelit yo ? b) Selon Egzòd 14:13, kiyès ki Sous delivrans lan ?

16 Nan dènye nuit Izrayelit yo te pase ann Ejip, anpil nan yo te devan yon gwo danje. Youn nan zanj Bondye yo t apral pase sou peyi a pou l touye tout premye pitit yo. Jewova te di Moyiz premye pitit Izrayelit yo t ap ka sove si Izrayelit yo te pran san timouton Pak la e yo te pase l sou chanbrann ak lento pòt lakay yo (Egz. 12:1-13, 21-23). E se konsa sa te pase. Annapre, tout nasyon an te vin devan yon lòt gwo danje. Yo te bloke ant lanmè Wouj ak lame ejipsyen an ki t ap rapousuiv yo ak cha de gè. Yon lòt fwa ankò, Jewova te sèvi ak Moyiz pou l delivre yo. Moyiz te fè yon mirak pou l fann lanmè a an de. — Egz. 14:13, 21.

17, 18. Nan ki sans Jezi bay yon pi gwo delivrans pase Moyiz ?

17 Se vre, aksyon sa yo Jewova te fè pou l delivre Izrayelit yo te estrawòdinè, men delivrans Jewova bay pa mwayen Jezi a pi estrawòdinè toujou. Se pa mwayen Jezi moun ki obeyisan yo delivre anba esklavaj peche (Wom. 5:12, 18). E delivrans sa a se “ pou tout tan ”. (Ebre 9:11, 12.) Non Jezi siyifi “ Jewova se delivrans ”. Antanke Moun ki delivre nou, sètadi Sovè nou, nonsèlman Jezi libere nou anba peche nou te fè yo, men li pèmèt nou gen espwa n ap gen yon bèl avni tou. Lefètke Jezi delivre disip li yo anba esklavaj peche, li sove yo anba kòlè Bondye e li fè yo vin gen bonjan relasyon ak Bondye. — Mat. 1:21.

18 Grasa delivrans Jezi ban nou an, finalman nou pral libere anba konsekans ki pi grav peche pote pou nou yo, anpalan de maladi ak lanmò. Yon bagay ki ka ede nou imajine ki jan sa pral ye, se lè nou konsidere sa k te pase lè Jezi t al lakay yon mesye ki rele Jayiris ki te gen yon pitit fi l ki te gen 12 an ki te mouri. Men asirans Jezi te ba li : “ Ou pa bezwen pè, sèlman, montre w gen lafwa, e l ap sove. ” ​(Lik 8:41, 42, 49, 50, NW). Jan Jezi te di sa, tifi a te sove, sètadi li te resisite. Èske w ka imajine jan paran l yo te kontan ? Donk, sa ka ba w yon ide konsènan lajwa estrawòdinè nou pral genyen lè “ tout moun ki nan tonm souvni yo pral tande vwa [Jezi] epi y ap soti ” nan tonm sa yo lè rezirèksyon an ap fèt (Jan 5:28, 29, NW). Vrèmanvre, Jezi se yon Sovè, se li menm ki delivre nou ! — Li Travay 5:31 ; Tit 1:4 ; Rev. 7:10.

19, 20. a) Lè nou medite sou wòl Jezi jwe antanke Gran Moyiz la, ki efè sa gen sou nou ? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

19 Piske nou konnen nou ka ede lòt moun jwenn delivrans Jezi bay la, sa pouse nou patisipe nan travay predikasyon an ak travay ansèyman an (Iza. 61:1-3). Anplis, lè nou medite sou wòl Jezi jwe antanke Gran Moyiz la, sa fè nou vin gen plis konfyans l ap delivre disip li yo lè l ap egzekite jijman Bondye sou mechan yo. — Mat. 25:31-34, 41, 46 ; Rev. 7:9, 14.

20 Pa gen dout nan sa, Jezi se Gran Moyiz la. Li fè anpil gwo bagay Moyiz pa t ap janm ka fè. Pawòl Jezi te di antanke pwofèt ak aksyon li te fè antanke medyatè pote byenfè pou tout limanite. Antanke Sovè, Jezi pa delivre limanite pou yon ti tan, men li fè sa pou toutan. Sepandan, nou gen anpil bagay toujou nou ka aprann sou Jezi lè nou konpare l ak mesye fidèl ki t ap viv nan tan lontan yo. Nan atik ki vin apre a, nou pral pale sou fason Jezi se Gran David la ak Gran Salomon an.

Èske w ka esplike ?

Ki jan Jezi se yon pi gwo

• pwofèt pase Moyiz ?

• medyatè pase Moyiz ?

• sovè pase Moyiz ?

[Kesyon]

[Kare/Foto nan paj 26]

  Lòt fason Jezi tankou Moyiz

□Yo toule de te kite gwo pozisyon yo te genyen pou yo sèvi Jewova e pou yo sèvi pèp li a.—2 Kor. 8:9 ; Fil. 2:5-8 ; Ebre 11:24-26.

□Yo toule de te sèvi Bondye antanke moun Bondye wenn, sètadi antanke ‘ kris ’.—Mak 14:61, 62 ; Jan 4:25, 26 ; Ebre 11:26.

□Yo toule de te vini nan non Jewova.—Egz. 3:13-16 ; Jan 5:43 ; 17:4, 6, 26.

□Yo toule de te demontre yo gen imilite.—Nonb 12:3 ; Mat. 11:28-30.

□Yo toule de te bay foul moun manje.—Egz. 16:12 ; Jan 6:48-51.

□Yo toule de te sèvi kòm jij e kòm moun ki bay lwa.—Egz. 18:13 ; Mal. 4:4 ; Jan 5:22, 23 ; 15:10.

□Yo te konfye yo toule de otorite sou kay Bondye a.—Nonb 12:7 ; Ebre 3:2-6.

□Yo pale de yo toule de kòm temwen fidèl Jewova.—Ebre 11:24-29 ; 12:1 ; Rev. 1:5.

□Apre lanmò Moyiz e apre lanmò Jezi, Bondye te fè kò yo disparèt.—Det. 34:5, 6 ; Lik 24:1-3 ; Tra. 2:31 ; 1 Kor. 15:50 ; Jid 9.