Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jèn, se pou pwogrè w parèt klè

Jèn, se pou pwogrè w parèt klè

Jèn, se pou pwogrè w parèt klè

“Reflechi sou bagay sa yo, lage kò w ladan yo. Konsa, l ap klè pou tout moun, w ap fè pwogrè.” —1 TIM. 4:15, Bib Kreyòl La.

1. Ki sa Bondye vle pou jèn yo?

SALOMON, yon wa saj ki t ap dirije Izrayèl nan tan lontan te ekri pawòl sa yo: “Nou menm, jenn gason, pwofite jennès nou. Fè kè nou kontan pandan tout tan nou jenn gason toujou.” ​(Ekl. 11:9). Pawòl sa yo soti nan Jewova Dye. Donk, se sèten li vle pou jèn yo gen kè kontan. Anplis, Jewova vle pou kè kontan jèn yo genyen an dire. Sepandan, nan jou jenès yo, souvan yon moun konn fè erè ki fè l soufri e ki ka fè l pa gen kè kontan pi devan nan lavi l. Menm Jòb, ki te yon nonm fidèl, te gen lapenn paske l te santi li t ap peye “sa [l] te fè lè [l] te jenn gason”. (Jòb 13:26.) Pandan yon kretyen jèn, souvan li gen pou l pran gwo desizyon. Si l pran move desizyon, sa kapab gen gwo konsekans sou li nan domèn afektif e sa kapab ba l pwoblèm ki ka afekte tout rès lavi l. —Ekl. 11:10.

2. Ki konsèy biblik, lè jèn yo suiv li, ki ka anpeche yo fè erè grav?

2 Sepandan, jèn yo dwe montre yo gen bon jijman nan desizyon y ap pran yo. Gade ki konsèy Pòl te bay kretyen Korent yo. Men sa l te ekri: “Pinga nou vin timoun piti anrapò ak kapasite nou genyen pou nou konprann. [...] Se pou nou vin granmoun anrapò ak kapasite nou genyen pou nou konprann.” ​(1 Kor. 14:20, NW). Si jèn yo suiv konsèy sa a, ki mande yo pou yo chèche gen kapasite pou yo reflechi e pou yo rezone tankou granmoun, gen anpil erè grav yo pap fè.

3. Ki sa w kapab fè pou w gen matirite?

3 Si w se yon jèn, sonje ou bezwen fè efò pou w gen matirite. Men sa Pòl te di Timote: “Pa kite pèsonn meprize w dèske ou jèn. Okontrè, se pou w vin yon modèl pou moun ki fidèl yo nan pawòl ou, nan konpòtman w, nan lanmou w, nan lespri w, nan lafwa w epi ak yon konduit ki pwòp. [...] Li pou moun yo. Ankouraje yo. Anseye yo. [...] Reflechi sou bagay sa yo, lage kò w ladan yo. Konsa, l ap klè pou tout moun, w ap fè pwogrè.” ​(1 Tim. 4:12-15, Bib Kreyòl La). Jèn kretyen yo bezwen fè pwogrè e pwogrè sa yo bezwen parèt klè pou lòt moun.

Ki sa pwogrè ye?

4. Ki sa nou bezwen fè pou nou fè pwogrè nan domèn espirityèl?

4 Ou fè pwogrè nan yon bagay “lè w amelyore ladan l, lè w fè l pi byen toujou”. Pòl te egzòte Timote pou l kontinye fè efò pou l pwogrese nan pawòl li, nan konpòtman li, nan lanmou li, nan lafwa li, nan konduit ki pwòp li genyen e nan fason li akonpli ministè l. Li te dwe fè tout sa l kapab pou fason li viv sèvi yon egzanp pou lòt moun. Se sa k fè Timote te bezwen kontinye fè pwogrè nan domèn espirityèl.

5, 6. a) Ki lè pwogrè Timote yo te kòmanse parèt klè? b) Anrapò ak fè pwogrè, ki jan jèn yo jodi a kapab imite Timote?

5 Lè Pòl te ekri Timote pou l ba l konsèy sa a, ant ane 61 ak ane 64 epòk nou an, Timote te deja yon ansyen ki gen eksperyans. Li pa t yon moun ki te fèk ap pwogrese nan domèn espirityèl. Nan ane 49 oswa ane 50 nan epòk nou an, petèt Timote te nan fen peryòd adolesans li oswa li te nan kòmansman ventèn li. Lè sa a, “Frè ki t’ap viv nan List ak Ikonyòm yo”, ki te wè pwogrè li te fè nan domèn espirityèl, “te bay bon rapò” sou li (Tra. 16:1-5). Se nan epòk sa a Pòl te pran Timote pou l akonpaye l nan vwayaj misyonè li t ap fè yo. Apre l te fin obsève lòt pwogrè Timote te fè pandan kèk mwa, li voye l Tesalonik pou l ankouraje kretyen ki gen nan vil sa a e pou l fè yo kenbe fèm. (Li 1 Tesalonisyen 3:1-3, 6.) Pa gen dout nan sa, Timote te kòmanse fè pwogrè ki te parèt klè pou lòt moun depi lè l te jèn.

6 Ou menm jèn ki nan kongregasyon an, se kounye a ou bezwen travay pou ou kiltive kalite espirityèl ou bezwen yo yon fason pou pwogrè w fè nan fason w aplike prensip biblik yo nan lavi w ak pwogrè w fè nan fason w anseye verite biblik yo parèt klè. Depi lè Jezi te gen 12 an, li te gentan ap “devlope nan sajès”. (Lik 2:52, Bib Kreyòl La.) Kounye a, annou egzamine ki jan w kapab fè pwogrè w parèt klè nan twa domèn nan lavi w: 1) lè w rankontre pwoblèm, 2) lè w ap prepare w pou maryaj e 3) lè w ap fè efò pou w vin “yon bon sèvitè”. —1 Tim. 4:6.

Se pou w fè fas ak pwoblèm yo avèk “bonsans”

7. Ki jan sitiyasyon ki bay strès kapab afekte jèn yo?

7 Men sa yon sè ki rele Carole * ki gen 17 an di: “Pafwa, kò m ak lespri m tèlman fatige mwen pa santi m vle reveye nan maten.” Poukisa li te dekouraje konsa? Lè Carole te gen dizan, manman l ak papa l te divòse, e li te oblije viv ak manman l ki te rejte prensip moral ki gen nan Bib la. Menm jan ak Carole, petèt w ap fè fas ak kèk sitiyasyon difisil ki ba w strès, e ou santi pa gen posiblite pou sitiyasyon an amelyore.

8. Ki pwoblèm Timote te genyen?

Timote te fè pwogrè nan domèn espirityèl, men bagay yo pa t fasil pou li tou. Pa egzanp, li te gen “maladi lestonmak” souvan (1 Tim. 5:23). Lè apot Pòl te voye l Korent pou l rezoud kèk pwoblèm ki te genyen lefètke kèk moun pa t respekte otorite Pòl, Pòl te mande kongregasyon an pou yo kolabore ak Timote yon fason pou l te “santi l lakay li” pami frè yo (1 Kor. 4:17; 16:10, 11). Sanble Timote te yon moun ki timid.

9. Ki lè yon moun gen bonsans, e ki diferans ki gen ant bonsans ak lachte?

9 Pou Pòl te ede Timote, men sa l te fè l sonje annapre: “Bondye pa t fè nou vin gen lachte, men li te fè nou vin gen pisans, lanmou ak bonsans.” ​(2 Tim. 1:7, NW). Lè yon moun gen “bonsans”, li anmezi pou l panse e pou l reflechi yon fason ki rezonab. Sa vle di li gen kapasite pou l wè bagay yo jan yo ye a, e non pa jan l ta renmen yo ye a. Kèk jèn ki pa gen matirite antanke kretyen demontre yo lach. Lè yo fas ak sitiyasyon ki ba yo strès, toutan yo nan kabann yo oswa yo pase tout tan yo devan televizyon, yo pran dwòg, yo bwè alkòl aleksè, yo toujou nan fèt oswa yo lage kò yo nan imoralite seksyèl. Sepandan, kretyen yo jwenn ankourajman pou yo ‘renonse ak mechanste, ak dezi lemonn. Epi pou yo aprann viv ak kontwòl, ak jistis, ak devosyon’ nan sistèm y ap viv ladan l kounye a. —Tit 2:12, Bib Kreyòl La.

10, 11. Ki jan bonsans ap ede nou vin gen plis fòs nan domèn espirityèl?

10 Labib ankouraje jèn yo “pou yo kenbe tèt yo anplas”. (Tit 2:6.) Si w koute konsèy sa a, w ap priye e w ap konte sou fòs Bondye bay lè w ap fè fas ak pwoblèm yo. (Li 1 Pyè 4:7.) Konsa, w ap gen yon konfyans total nan “fòs Bondye” bay. —1 Pyè 4:11.

11 Bonsans ak lapriyè te ede Carole. Men sa li di: “Youn nan bagay ki te pi difisil pou mwen, se te pou m pran pozisyon kont vi imoral manman m t ap mennen an. Men, lapriyè te vrèman ede m fè sa. Mwen konnen Jewova avèk mwen, e sa fè mwen pa pè ankò.” Pa bliye, pwoblèm yo kapab fè nou vin yon pi bon moun e yo kapab fè nou vin pi solid nan lafwa (Sòm 105:17-19; Lam. 3:27). Kèlkeswa pwoblèm ou rankontre, Bondye pap janm abandone w. L ap ‘ede w’. —Iza. 41:10.

Fason pou w prepare w pou w reyisi maryaj ou

12. Poukisa yon kretyen ki vle marye ta dwe reflechi seryezman sou prensip nou jwenn nan Pwovèb 20:25 lan?

12 Gen jèn ki fèk kite peryòd adolesans yo ki kouri marye paske yo kwè se sa ki solisyon pou yo jwenn kè kontan, pou yo soti nan solitid, pou yo pa santi yo annuiye e pou yo kouri pou pwoblèm yo gen lakay yo. Sepandan, ve moun fè lè y ap marye a se yon bagay ki gen anpil enpòtans. Nan tan biblik yo, gen moun ki te konn fè ve bay Bondye sou kout tèt, san yo pa menm pran tan yo pou yo analize sa yo t ap fè a. (Li Pwovèb 20:25.) Pafwa, jèn ki fèk kite peryòd adolesans yo pa reflechi seryezman sou tout responsablite ki gen nan maryaj. E se apre yo fin marye yo konn vin rann yo kont maryaj mande plis pase sa yo te konprann nan.

13. Ki kesyon moun ki panse renmen ta dwe egzamine, e ki kote y ap jwenn konsèy k ap itil yo?

13 Se poutèt sa, anvan ou renmen, ou ta dwe poze tèt ou kesyon sa yo: ‘Poukisa mwen vle marye? Ki sa m ap atann de maryaj? Èske moun sa a ap yon bon konjwen pou mwen? Èske m pare pou m ranpli wòl mwen nan maryaj la?’ Pou ede w egzamine sijè sa a avèk bonjan disènman, “esklav fidèl ki prevwayan an” pibliye anpil atik ki bay enstriksyon trè dirèk sou sa * (Mat. 24:45-47, NW). Ou bezwen konsidere enfòmasyon sa yo kòm konsèy Jewova ap ba ou. Byen egzamine yo epi aplike yo. Veye pou w pa janm tonbe nan pyèj pou w ta vin “tankou chwal osinon tankou milèt ki san konprann”. (Sòm 32:8, 9.) Se pou w vin granmoun nan kapasite ou genyen pou w konprann tou sa maryaj enplike. Si w santi w pare pou w renmen, toujou sonje ou dwe “yon modèl [...] nan [...] konduit ki pwòp”. —1 Tim. 4:12, Bib Kreyòl La.

14. Ki jan pwogrè w fè nan domèn espirityèl kapab ede w si w marye?

14 Anplis, lè yon moun gen matirite espirityèl, sa ap fè l jwenn siksè apre l fin marye. Yon kretyen ki granmoun nan domèn espirityèl fè tout sa l kapab pou l rive nan ‘nivo Kris ye a, e pou l vin konplè, menm jan avè l’. (Efe. 4:11-14, NW.) Li fè tout efò l pou l vin gen yon pèsonalite ki sanble ak pa Kris la. Antanke Modèl nou, Kris “pat chache sa ki te fè l plezi”. (Wom. 15:3.) Lè yon mari ak yon madanm kontinye chèche avantaj youn lòt, e yo pa chèche pwòp avantaj pa yo sèlman, y ap santi yo anpè e an sekirite nan maryaj yo (1 Kor. 10:24). Yon mari ta dwe demontre li renmen madanm li e li dispoze fè sakrifis pou li, e yon madanm ta dwe dispoze soumèt devan mari l, menm jan Jezi fè sa devan Chèf li a. —1 Kor. 11:3; Efe. 5:25.

“Akonpli ministè ou byen”

15, 16. Ki jan w ka fè pwogrè w parèt klè nan ministè a?

15 Pou Pòl te atire atansyon Timote sou enpòtans asiyasyon li te resevwa a, li te ekri l pou l mande l ‘devan Bondye ak devan Senyè Jezi Kris pou l preche pawòl la e pou l pèsevere’. Li te di l ankò: “Fè travay evanjelis. Akonpli ministè ou byen.” ​(2 Tim. 4:1, 2, 5, Bib Kreyòl La). Pou Timote te ranpli responsablite l, li te dwe “nouri tèt li ak pawòl lafwa a” ​(Bib Kreyòl La). —Li 1 Timote 4:6.

16 Ki jan ou kapab ‘nouri tèt ou ak pawòl lafwa a’? Pòl te di: “Li pou moun yo. Ankouraje yo. Anseye yo. Reflechi sou bagay sa yo, lage kò w ladan yo.” ​(1 Tim. 4:13, 15, Bib Kreyòl La). Pou nou amelyore nou, nou bezwen fè etid pèsonèl nou avèk dilijans e avèk swen. Ekspresyon “lage kò w” la gen sans plonje nan yon aktivite. Ki jan w gen abitid etidye? Èske w se yon moun ki lage kò w nan “bagay pwofon Bondye yo”? (1 Kor. 2:10, NW.) Oubyen èske w pa fè anpil efò pou w etidye? Lè w reflechi sou sa w etidye yo, sa ap pouse kè w pou l aji. —Li Pwovèb 2:1-5.

17, 18. a) Ki kapasite ou ta dwe fè efò pou w devlope? b) Lè w chèche gen menm etadespri ak Timote, ki jan sa ap ede w nan ministè a?

17 Men sa yon jèn sè ki pyonye ki rele Michelle di: “Pou m ka vrèman efikas nan ministè a, mwen gen yon bon pwogram pou m fè etid pèsonèl mwen e mwen asiste reyinyon yo regilyèman. Se sa k fè mwen toujou ap grandi espirityèlman.” Si w pran sèvis pyonye, sa ap ede w itilize Labib nan ministè a avèk plis abilte e sa ap ede w fè pwogrè nan domèn espirityèl. Fè efò pou w li byen e pou w fè kòmantè ki byen reflechi nan reyinyon yo. Si w se yon jèn ki vle gen matirite espirityèl, ou ta dwe byen prepare ekspoze ou gen nan Lekòl ministè teyokratik la yon fason pou yo enstriktif, toutpandan ou byen suiv enstriksyon yo ba w yo.

18 Ou ‘fè yon travay evanjelis’, lè w fè efò pou w vin pi efikas nan ministè w e lè w ede lòt moun jwenn delivrans lan. Sa mande pou w devlope kapasite ak ladrès pou w “konvenk moun” nan ansèyman w (2 Tim. 4:2, Bib Kreyòl La). Lè w fè aranjman pou w patisipe nan ministè a avèk moun ki gen eksperyans, w ap aprann anpil bagay nan metòd ansèyman yo itilize yo, menm jan Timote te aprann anpil bagay lè l te travay ansanm ak Pòl nan ministè a (1 Kor. 4:17). Anpalan de moun Pòl te ede yo, li fè konnen li pa t sèlman preche bon nouvèl la avèk yo, men li te bay ‘ata vi l’ pou l ede yo, paske li te renmen yo anpil (1 Tes. 2:8). Pou w ka suiv egzanp Pòl nan ministè w, ou bezwen gen menm etadespri ak Timote. Li te gen bonjan sousi pou lòt moun e li te ‘travay pou bòn nouvèl la’. (Li Filipyen 2:19-23.) Èske w demontre ou gen menm espri sakrifis sa a nan ministè w?

Lè w fè pwogrè, ou ka jwenn vrè satisfaksyon an

19, 20. Poukisa lè yon moun ap fè pwogrè nan domèn espirityèl, sa fè l gen kè kontan?

19 Pou w fè pwogrè nan domèn espirityèl, sa mande pou w fè efò. Men, si w pran tan w pou devlope kapasite ou genyen pou w anseye, avèk letan w ap gen privilèj “fè anpil moun [vin] rich” espirityèlman. Y ap ba w ‘lajwa e y ap yon kouwòn epi yon lwanj’ pou ou (2 Kor. 6:10; 1 Tes. 2:19, Bib Kreyòl La). Men sa Fred, yon frè ki nan sèvis aplentan esplike: “Kounye a, mwen pase plis tan nan ede lòt moun. Pa gen dout nan sa, yon moun vrèman jwenn plis kè kontan lè l bay pase lè l resevwa.”

20 Gen yon jèn sè ki pyonye ki rele Daphnée ki gen lajwa ak satisfaksyon dèske li fè pwogrè nan domèn espirityèl. Men sa l di: “Tank mwen t ap aprann konnen Jewova pi byen, se tank relasyon m genyen avè l la te vin pi sere. Lè w sèvi ak tout kapasite w nèt pou w fè Jewova plezi, ou santi w byen anpil. Wi, ou vrèman jwenn satisfaksyon!” Menmsi moun pa toujou remake pwogrè w fè nan domèn espirityèl, Jewova toujou wè yo e li ba yo anpil valè (Ebre 4:13). Pa gen dout nan sa, ou menm, jèn kretyen, ou kapab bay Papa w ki nan syèl la glwa ak louwanj. Donk, kontinye fè pwogrè w parèt byen klè, e konsa, w ap kontinye fè kè l kontan. —Pwo. 27:11.

[Nòt anba paj]

^ § 7 Gen non moun yo chanje.

^ § 13 Men kèk kote w ap jwenn enfòmasyon sou sijè sa a: “Est-ce la bonne personne pour moi?”, nan liv Les jeunes s’interrogent — Réponses pratiques, volim 2; “Laissez-vous guider par Dieu dans le choix d’un conjoint”, nan Toudegad 15 me 2001 (fransè); “Est-il sage de se marier pandant l’adolescence?”, nan Réveillez-vous! 22 desanm 1983.

Ki sa nou sot aprann?

• Ki sa yon moun bezwen fè pou l fè pwogrè nan domèn espirityèl?

• Ki jan w ka fè pwogrè w parèt klè ...

lè w rankontre pwoblèm?

lè w ap prepare w pou maryaj?

nan ministè a?

[Kesyon]

[Foto nan paj 15]

Lapriyè kapab ede w fè fas ak pwoblèm.

[Foto nan paj 16]

Ki fason nouvo pwoklamatè yo kapab chèche jwenn metòd ki efikas pou anseye?